Grave acciDent à Delmas ! - Haiti Liberte
Grave acciDent à Delmas ! - Haiti Liberte
Grave acciDent à Delmas ! - Haiti Liberte
Create successful ePaper yourself
Turn your PDF publications into a flip-book with our unique Google optimized e-Paper software.
Kwonik Kreyòl

Pouvwa Martelly a ak akolit li yo ap

fè mannèv pou retounen ak yon

lame restavèk nan peyi a

Sipòtè Martelly yo devan Palman an, lendi 8 janvye 2012 la pou apiye

pwojè retou Lame kraze zo a

Nan mwa janvye 1995, yon arete

prezidansyèl mete fen nan sèvis

lame FADH la nan peyi a. Desizyon sa

a pase san bri, san kont paske tout popilasyon

an te bouke ak krim, ekzaksyon

epi vyolasyon dwa moun lame a t ap fè

nan peyi a. Depi apre depa rejim Duvalier

yo an 1986, se lame a ki te mete,

wete prezidan, minis kou direktè jeneral.

Li te gen kontwòl yon bon pati nan

ekonomi peyi a sitou sila a ki chita sou

trafik dwòg ak kontrebann lan.

Jodi a, devan mannèv Martelly

ak akolit li yo pou retounen ak lame

bouyon rechofe a, tout moun serye

ki te viv peryòd sa a ap poze tèt yo

kesyon pou konnen, èske pouvwa a

kwè li kapab retounen peyi a nan rèy

baboukèt ak kraze zo a?

I. Riz pouvwa a ak konpayèl li yo

ap itilize pou yo tounen ak fòs lame

kriminèl menmjan ak FADH la.

Menmsi, swadizan, gen twa (3) pouvwa

nan tèt Leta a, jounen jodi a, lè

yon ekip monte sou pouvwa ekzekitif

la epi li bezwen fè yon pwojè pase, se

ak otorite titèl yo li diskite l dabò epi

apre li chache jwe nan lòlòj popilasyon

an pou l pa pwoteste kont pwojè sa a.

Martelly ak patizan l yo vle fè

konprann, se lame ki te kreye nasyon

Ayisyèn lan, se lame ki pou retire l

nan move pas li ye a. Non ! Se nasyon

Ayisyèn lan ki te kreye lame endijèn li

pou libere l anba esklavaj epi rive jete

baz Leta d Ayiti. Yon ti tan apre, lelit

yo ak negosyan etranje yo rekipere

BOUKAN

101.9 FM • SCA

Radyo Pa Nou

Emisyon KAKOLA

Konbit Ayisyen pou Kore Lit la ann Ayiti

• Nouvèl •

• Analiz •

• Kòmantè •

• Deba •

Pou yon Ayiti Libere

(917) 251-6057

www.RadyoPaNou.com

Mèkredi 9-10 pm

lame a pou mete l osèvis yo kont enterè

nasyon an. Lè lame sa a te fin depafini,

Meriken debake an 1915, li mete n

anba okipasyon epi li kreye Gad d Ayiti

ki vin tounen FADH, ki te la pou kraze

zo popilasyon an pou pwoteje enterè

Meriken ak oligachi a.

Patizan lame pèpè a vle fè kwè

se lame ki ka garanti envestisman

etranje nan peyi a, pwoteje fwontyè yo

epi ranplase MINUSTAH lè li ale. Soti

1920 rive 1995, te genyen yon lame

restavèk nan peyi a. Apati fen ane 1940

yo, prèske tout envestisman etranje tèt

chat ki te vini avèk okipasyon an ale

epi yo pa janm tounen. Pandan tout

peryòd ekzistans FADH la, pi espesyalman

apati 1957, fwontyè nou yo

tounen yon paswa pou trafik dwòg,

zam, braseròs ak bòt pipòl, men lame

a pat janm fè anyen pou frennen sa,

okontrè se li ki t ap asire pwoteksyon

trafikan yo.

II. Ki objektif kache ki dèyè pwojè

retou ak yon lòt fòs lame tyoul

nan peyi a?

Se te fòs rezistans pèp la ki te kreye

kondisyon pou pèmèt negosiyasyon

pou retou Aristide ak kraze lame a rive

fèt. Ansyen prezidan Clinton ak lòt otorite

titèl yo rive mare sosis yo ak ekip

Martelly a epi, ansanm ak kèk sektè

nan mafya lokal la, yo renmèt li pouvwa

a an 2011 lan. Kidonk Prezidan

Martelly ak konpayèl li yo se popetwèl;

yo pa fouti retounen ak yon lame nan

peyi a si yo pa gen aval Meriken.

Dapre dokiman ekip Martelly

a prepare sou kesyon fòs lame a, se

yon veritab pouvwa paralèl li vle mete

sou pye ak Konsèy Nasyonal Defans

ak Sekirite a (CNDS). Nan misyon l, l

ap gen pou okipe kesyon pwoteksyon

sivil, anviwònman, ransèyman, fwontyè,

dlo, enèji, espas ayeryen, defans,

sekirite piblik ak devlopman. Se Chèf

Leta a k ap nan tèt Konsèy sa a epi l ap

gen ladann: Premye Minis lan, Minis

Defans lan, Minis Jistis la, Minis Enteryè

a, Minis Afè Etranjè a, Minis Ekonomi

ak Finans lan epi tout lòt moun

Prezidan an chwazi pou sa.

Prezidan Martelly ak akolit li yo

dèyè pou yo fè dekabès nan koze lame

sa a. Yon bò y ap bay oligachi a ak

konpayi miltinasyonal ki enterese vin

souse peyi a yon lame restavèk kraze

zo pou garanti enterè yo epi, yon lòt

bò, y ap konsantre tout pouvwa Leta

a nan men yo. Si yo rive mete CNDS

lan kanpe, yo pap bezwen ni palman,

ni pouvwa jidisyè, ni gouvènman ankò

pou regle kèlkeswa gwo koze ki ta oblije

yo pase devan enstans sa yo.

III. Ki atitid fòs pwogresis yo

dwe genyen fas ak volonte pou

retounen ak yon lame gwo ponyèt?

Pwogresis yo pa dwe pran pawòl lame

sa a pou pawòl van; yo pa dwe kwè

entènasyonal la pa dèyè kesyon an.

Depi 1994, peyi a genyen yon anbago

pou l pa achte zam lòt bò dlo. Jounen

jodia, y ap anvizaje kijan pou leve anbago

sa a. Nan premye manch titèl la,

kote y ap kreye kondisyon pou konpayi

miltinasyonal yo vin tabli nan 25 zòn

franch k ap fèt yo, se MINUSTAH ki gen

koze sekirite a nan men l. Nan dezyèm

manch titèl la, se Depatman Leta Meriken,

atravè yon pouvwa ak yon lame tyoul

an Ayiti, ki pral fè l. Yo bay Martelly

ak ekip li a wòl pou teste teren an, pou

ka wè kijan pou regle koze a pi devan.

Jodi a, pandan fòs pwogresis yo

ap chache òganize tèt yo yon lòt fwa

ankò epi makonnen yo piplis ak popilasyon

an, yo dwe devlope yon veritab

kanpay konsyantizasyon ak mobilizasyon

nan peyi a kont titèl entènasyonal

la, kont retou pouvwa gwo ponyèt nan

tèt Leta ak tout fòm lame kraze zo sou

teritwa a.

Astride MALEBRANCHE

Santinèl pèp la

Volim II, Nimewo

7 Novanm 2011

Independent Rent a Car (IRC)

Tels: 3712-2510/ 3407-8172/ 3749-6635

USA: (203) 6670261

Email: independentrentacar@yahoo.fr

irc.rental@gmail.com

Adresse: Fontamara 43, Rue Sassine #12

P.au.P, Haiti

Jijman Duvalier :

KOSIJID mande Lajistis

pran responsabilite l

Kòdonatè KOSIJID la, Raymond Davius

Lundi 16 janvye 2012 ki fè yon lame

depi ansyen diktatè Jean Claude

Duvalier te retounen nan peyi a ; Kolektif

Sitwayen pou Jije Duvalier (KOSI-

JID) mande Lajistis ayisyen pou l pran

responsabilite l, nan mete tout sa ki

nesesè an plas pou Jije Jean Claude Duvalier.

Kòdonatè KOSIJID la, Raymond

Davius denonse konplisite gouvènman

Martelly/Conille lan k ap tolere

enpinite nan peyi a, pandan y ap pale

sou Etadedwa. Selon Raymond Davius,

pa ka gen rekonsilyasyon si Lajistis

pa fè travay li, pa ka gen Etadedwa

nan enpinite. Prezans Jean Claude Duvalier

nan peyi a san kòd Lajistis pa

nan kou l, se tolerans enpinite pou 30

mil moun rejim Duvalier yo te touye,

nan tout kondisyon.

Viktim yo sezi tande ak ki

awogans, Jean Claude Duvalier ak

konplisite prezidan Michel Martelly ap

pase anba pye dwa viktim yo, fwase

viktim yo, lè yo wè yon kriminèl notwa

konsa ap mache nan tout peyi a.

Lendi 16 janvye a, Jean Claude

Duvalier te vizite vil Jakmèl ak kèk

komin nan depatman an. Viktim yo

denonse monte desann Jean Claude

Duvalier ap fè nan peyi a, yo fè

konnen aktivite sa yo, se yon move

siy pou Lajistis, pou demokrasi ak

Etadedwa nan peyi a. Viktim yo fè

konnen wè pa wè fòk Jean Claude

Duvalier jije e fòk yo jwenn jistis ak

reparasyon. « Kolektif sitwayen pou

Jije Duvalier « KOSIJID » ap pran yon

minit rekèyman pou salye memwa

plis pase trant mil 30.000 viktim

rejim sanginè, sanmanman Duvalier

yo te touye, sasinen, masakre, tòtire,

disparèt pandan 29 lane yo pase sou

pouvwa a.

Kolektif pou jije Duvalier « KO-

SIJID » santi l endiye devan konpòtman

dwayen ak etidyan Fakilte Dwa

Gonayiv la, pou reyabilite Jean Claude

Duvalier, Pitit Tig la, masakre plizyè

milye Kretyen Vivan nan sosyete Ayisyen

an. Sa a se yon wont pou entelektyèl

nan peyi a.

Kolektif Sitwayen pou Jije Duvalier

« KOSIJID » ap raple pèp Ayisyen

an, Jean Claude Duvalier ansyen sanginè

diktatè a ki akize pou krim kont

limanite, nan konplisite Prezidan Joseph

Michel Martelly , yon fwa ankò,

t al Titanyen, Jedi 12 Janvye 2012 la .

Aprè 25 lane li pase nan peyi

Lafrans, jodi lendi 16 Janvye 2012 la

fè yon lane depi ansyen diktatè Jean

Claude Duvalier retounen nan peyi a.

Plizyè dizèn viktim déjà depoze plent

devan Lajistis pou krim li komèt pandan

15 lane rejim li an. N ap raple pou

tout moun lajistis déja enkilpe Jean

Claude Duvalier pou detounman lajan

Leta e kounye a Lajistis ap kontinye

pousuiv Jean Claude Duvalier pou

krim li komèt sou pèp Ayisyen an.

Jean Claude Duvalier ensilte

memwa viktim yo se te yon lòt afwon

pou pèp ayisyen an tann jistis ak

reparasyon pou disparisyon , masak,

asasina, manman, papa, frè ak sè yo

ki te koule sou rejim Kriminèl Duvalier

a ak akolit li yo.

Kolektif pou jije Duvalier KOSI-

JID ap mande Jij Carvès Jean ki kote

li ye ak dosye Jean Claude Duvalier a

ki akize pou krim kont limanite k ap

paweze lib e libè nan peyi a ? Fè tout

sal deside san kè l pa sote. Duvalier

ak akolit li yo ap bay Lajistis ayisyen

defi, paske Lajistis mete sou rezidans

siveye, men l ap mache nan tout peyi

a, si Lajistis refize travay li.

Kolektif Sitwayen pou jije Duvalier

KOSIJID ap entansifye demach ak

aksyon li yo nan.

1) Ekri yon lèt ouvèt ak otorite

Ayisyen yo pou yo pran responsabilite

yo nan dosye Jean Claude Duvalier a

pou lenpinite kaba, pou Lajistis ak la

verite triyonfe.

2) Fè manifestasyon, sitin ak lòt

aksyon pou fòse chak aktè nan dosye

Jean Claude Duvalier a yo deside aktive

l pou fè jistis ak reparasyon pou viktim

yo tounen yon reyalite.

3) Kolektif pou jije Duvalier

KOSIJID ap di pou Bawon k ap sipòte

kòz Jean Claude Duvalier a, rejim sa

a pa t janm kwè ni nan zanmitay ni

nan patizan piske Baby Docratophobie

se sèlman yon kontinwite papa Doc te

aprann makout yo ki te di :

1) Rekonesans se yon lachte

2) Tout ayisyen ki pa renmen

Duvalier se yon enmi danjere patri a

3) Tout makout dwe bay tout

apui li, dwe aplodi ak de men l e touye

tout kamoken ak moun nan opozisyon

k ap nwi tèt Duvalier.

4) Pèsonn pa dwe pran chans

rezève oubyen ki fè tètdi, ki fè vini sispèk

: « yon senkyèm kolòn. »

Kolektif Sitwayen pou jije Duvalier

KOSIJID ap raple nou Jean Claude

Duvalier te itilize tout moun kòm yon

pyon nan jwèt echèk, li toujou prè pou

l livre nenpòt nan pyon. Kesyon n ap

poze ak resèlè k ap sipòte ak pwoteje

Jean Claude Duvalier yo, eske yo prè

pou yo aksepte viktim yon fason e yon

lòt nan foli kriminèl li toujou devlope

lakay li ak akolit li yo. Ekzanp : ansyen

kòmandan Makout Palè Nasyonal byen

zele yo te rele Justin Bertrand.

KOSIJID ap fini pou l di wè pa wè

Jean Claude Duvalier ap jije. Pèsonn

paka anpeche jijman sa fèt. Fok viktim

yo jwenn jistis ak reparasyon e fòk

enpinite kaba nan peyi a. »

Viv Jistis ak reparasyon pou tout

viktim yo !Aba Babydocratopholbie !

Viv yon Etadedwa san demagoji !Viv

Ayiti ! Aba Enpinite !

6

Haiti Liberté/Haitian Times

Vol. 5, No. 27 • Du 18 au 24 Janvier 2012