12.07.2015 Views

Kondisyon Akò pou Kliyan E-ZPass - E-ZPass New York Service ...

Kondisyon Akò pou Kliyan E-ZPass - E-ZPass New York Service ...

Kondisyon Akò pou Kliyan E-ZPass - E-ZPass New York Service ...

SHOW MORE
SHOW LESS

Create successful ePaper yourself

Turn your PDF publications into a flip-book with our unique Google optimized e-Paper software.

AplikasyonAPLIKASYON APAPA POU KONT BIZNISAplikasyon sa a se pou veyikil ki gen 2 aks ak 4 wout moun posede apa/lwe pou anpil tan, epi ki gen yon pwa britmaksimòm 7,000 liv (veyikil + chay) (ansanm avèk RV ak kamyon pikòp ki gen wou dèyè yo double ak motosiklèt)HTE-ZPass New York Service CenterP.O. Box 149001Staten Island, NY 10314-90011-800-333-TOLL (8655)(Faks) 718-313-9725Aplike sou entènèt nan sitwèbwww.e-zpassNY.com1) ENFÒMASYON PÈSONÈL SOU MOUN KI APLIKE A (Non moun nan sèlman) Nimewo Idantifikasyon PèsonèlNon Fanmi Prenon Dezyèm Prenon Ou fèt pou chwazi yon PIN 4 chif pou ka antre nan kont lanAdrès Postal (Bay adrès kay ou si ou chwazi yon Plan Rabè Rezidan) Vil Eta/Pwovens Kòd Postal/Nimewo PostalTelefòn Lajounen Telefòn Selilè Imèl Lè Ou Vle Resevwa Etadkont E-ZPass ou - Chwazi youn( ) ( ) a Imèl chak Mwa a Kourye De Fwa pa Mwa2) ENFÒMASYON SOU VEYIKIL LA Endike yon veyikil pou chak Transpondè ou mande ak tout veyikil ou ka itilize yo. Ou ka transfere Transpondè yo pami veyikil menm kalite.Kòd Kalite Veyikil la A: Vwati/Veyikil Itilitè Espò/Mini-Kamyonèt P: Kamyon pikòp P2: Kamyon pikòp ki gen wou dèyè yo double V: KamyonètM: Motosiklèt R4: RV ki gen 4 wou R6: RV ki gen wou dèyè doubleNIMEWO PLAK LA (TANPRI EKRI AKLÈ AN LÈT DETACHE) ETA/PWOVENS KÒD KALITE VEYIKIL LA ANE MAK MODÈLPLIYELA A3) DEPO LAJAN POU TRANSPONDÈ/PEYAJ KI PEYE DAVANS Antre kantite Transpondè ou mande yo (Maksimòm 4 nou aksepte):KANTITE TRANSPONDÈKaz A: Depo Lajan ou Dwe pou TranspondèKAZ A Si ou chwazi Opsyon 1 oswa Opsyon 2 nan Seksyon 6, ou pa gen pou depoze lajan, selon kondisyon espesifik plan an. (antre 0 nan Kaz A). Si ou chwazi Opsyon 3 nan seksyon 6 la, oswa plan Pay Per Trip san ou pa bay yon dezyèm kat kredi, w ap oblije fè yon depo $10.00 pou chak transpondè ou mande.$Kaz B: Kantite Lajan Minimòm Peyaj ki Peye Davans KAZ BSi ou chwazi plan Pay Per Trip, pase yon kwa sou $25.00 epi antre $0.00 nan Kaz B. $ 25.00KAZ CKaz C: Kantite Lajan Siplemantè pou Peyaj ki Peye Davans (si ou ta renmen mete plis lajan nan premye peyaj ou peye davans yo)$PLIYELA A4) PLAN RABÈ OCHWA YORanpli seksyon sa a sèlman si ou chwazi yon Plan Rabè E-ZPass. Gade Seksyon E-ZPass ki nan sitwèb E-ZPass nan www.e-zpassNY.com pou jwenn plis enfòmasyonkonsènan Plan Rabè ki disponib yo anvan ou ranpli seksyon sa a. Kantite lajan ki endike sou lis Plan Rabè E-ZPass se kantite lajan obligatwa ou peye davans pouplan sa a. Antre Kòd Plan ki anvigè a ak peman davans ki obligatwa a nan kaz ki koresponn yo.5) PREMYE PEMAN Total Kaz A, B, C ak DKantite Lajan $ Plan Rabè Ochwa Ou Chwazi6) METÒD PEMAN/OPSYON POU METE LAJAN NAN KONT OU Chwazi Opsyon 1, Opsyon 2 oswa Opsyon 3OBLIGATWAKÒD PLAN PEMAN DAVANS$$PREMYE PEMAN $OPSYON 1: Peman avèk Kat Kredi - Fason ki pi Fasil pou PeyeLè balans ou peye davans lan rive nan yon sèten nivo, depo lajan ap fèt otomatikman nan kont E-ZPass ou. Depo lajan pa obligatwa pou Transpondè a.# Kat kredi: Dat ekspirasyonKalite kat kredi: Visa Mastercard American Express DiscoverOPSYON 2: Depo lajan otomatik ki sòti nan kont kouran ouLè balans ou peye davans lan rive nan yon sèten nivo, depo lajan ap fèt otomatikman nan kont E-ZPass ou. Depo lajan pa obligatwa pou Transpondè a.Nimewo idantifikasyonlabank ou (9 chif)Nimewo kont labank ou (3-17 chif)(Enfòmasyon sa yo disponib nan labankou oswa anba chèk ou.)KAZ DPLIYELA AAKÒ KLIYANDezyèm Kat Kredi: Si metòd peman nan opsyon 1 oswa opsyon 2 pa mache, n ap itilize yon dezyèm kat kredi, si ou te bay youn.# Kat Kredi: Dat ekspirasyonKalite kat kredi: Visa Mastercard American Express DiscoverMwen otorize E-ZPass pou pran peman kantite total lajan ki endike nan Kaz “Premye Peman” imedyatman nan kat kredi mwen oswa nan kont kouran mwen. Kèlkeswa lè balans peye davansmwen diminye oswa lè balans lan rive anba pwen kote pou mwen mete lajan nan kont mwen, mwen otorize E-ZPass pou pran kantite lajan pou mete nan kont mwen nan kat kredi mwen oswanan kont kouran mwen. Mwen rekonèt E-ZPass ka ajiste kantite lajan an chak peryòd jan sa dekri Kondisyon E-ZPass yo. Mwen rekonèt y ap kontinye pran frè sa yo jouk lè yo sispann kontE-ZPass oswa jouk lè mwen anile otorizasyon sa a alekri. Si mwen pa ta remèt Transpondè a (yo) oswa si mwen ta mande yon ranplasman, oswa si mwen dwe yon frè administratif oswa yonfrè E-ZPass Plus, mwen otorize E-ZPass pou pran peman an nan kat kredi mwen oswa, jan sa anvigè, nan kont kouran mwen pou kantite lajan mwen dwe a dapre Kondisyon E-ZPass yo Mwenrekonèt yo ka ajiste kantite lajan pou mwen mete nan kont mwen pou montre vrè itilizasyon an. Mwen otorize E-ZPass, jan li vle, pou resevwa dènye enfòmasyon sou kat kredi mwen, ansanmavèk nouvo nimewo kont ak dat ekspirasyon yo, nan enstitisyon finansye ki ban mwen kat kredi a.Ou Fèt pouSiyenX___________________________________________________Siyati Moun ki gen Kont lan obligatwa pou Opsyon 1 ak Opsyon 2_____ /_______ /_______Dat laOPSYON 3: Mete Lajan nan Kont ou avèk Chèk oswa Lajan Kach• Yon depi Transpondè $10.00 obligatwa pou chak Transpondè. • Ou kapab mete lajan nan kont ou depi ou voye yon chèk pa lapòs ki ekrisou non “E-ZPass” oswa depi ou fè yon peman avèk lajan kach nan youn nan sant pou ale san randevou ki endike nan aplikasyon sa a. • Ouresponsab pou kontwole kont ou epi pou toujou gen yon balans pozitif sou li. • PA VOYE LAJAN KACH PA LAPÒS.Depi mwen ranpli fòm Aplikasyon an, peye lajan, epi siyen anba la a, sa vle di mwen dakò pou itilize E-ZPass ki depannde tout kondisyon kianvigè yo. Mwen rekonèt epi mwen dakò pou lè mwen itilize pòs peyaj E-ZPass yo, y ap pran frè mwen dwe a nan kont E-ZPass mwen. Mwen rekonèt epimwen dakò mwen li, konprann ak aksepte Kondisyon ki akonpaye Aplikasyon sa a epi ki endike nan fòm sa a, tout sa ki fè pati nan akò mwen.PLIYELA AOu Fèt pouSiyenX_______________________________________________________Siyati Moun ki Aplike pou E-ZPass obligatwa_____ /_______ /_______Dat la


Kondisyon Akò pou Kliyan E-ZPassKLIYAN E-ZPassNY AP RESEVWA RABÈ SA YO:• Rabè lè pa gen veyikil ak rabè lè gen anpil veyikil nan tout kwazman ak navetè PA, rabè ki disponib pou ko-vwatiraj ak veyikil ki eko-enèjetik• Rabè nan pòs peyaj Wout Rapid • Tarif redui nan pòs peyaj ki pran lajan kach nan Pon ak Tinèl MTA• Ekonomi lajan nan vwayaj ale-retou nan Pon Verrazano-Narrows • Rabè nan Pon Marine Parkway-Gil Hodges Memorial akPon Cross Bay Veterans Memorial • Rabè nan pòs peyaj Pon Discount off PeacePLAN RABÈ E-ZPass KI PA OBLIGATWAOu ka kalifye pou pi gwo ekonomi lajan avèk youn nan Plan Rabè nou ofri pou kliyan E-ZPass New York yo. Tanpri konekte sou entènèt nan sitwèb E-ZPass nanwww.e-zpassNY.com pou jwenn plis enfòmasyon sou plan rabè nou ofri yo. Si nenpòt nan plan ki endike a bon pou ou, ranpli Kòd Plan ekivalan an ou jwenn nanepi mete kantite lajan (si genyen), nan seksyon 4 fòm aplikasyon E-ZPass ki vini ansanm avèk dokiman sa a.Kondisyon sa yo, ansanm avèk aplikasyon ou pou E-ZPass (“Aplikasyon”),reprezante Akò E-ZPass ou (“Akò”). E-ZPass se yon sistèm rekouvreman peyajelektwonik ki pèmèt ou peye frè ou dwe nan pòs peyaj E-ZPass yo. E-ZPassNew York opere avèk sipò Administrasyon Pon ak Tinèl Triborough (“TBTA”)(ki rele tou Pon ak Tinèl MTA), the Administrasyon Wout Rapid Eta New York(“NYSTA”), ak Administrasyon Pò New York ak New Jersey (“PANYNJ”). KontE-ZPass ou (“Kont”) ap kapab fonksyone nan tout pòs peyaj E-ZPass, kèlkeswakote yo ye. N ap afekte kont ou ba youn nan ajans New York ki endike anwoa, epi Akò ou a fèt avèk ajans patikilye sa a. Idantifikasyon ajans New Yorkkote Kont ou afekte a, ajans ou gen Akò ou avèk li ap parèt sou transpondèE-ZPass ou (yo) (“Transpondè”). Tanpri li kondisyon sa yo epi konsève yo poudosye ou. Lè ou louvri Kont ou oswa lè w ap itilize Transpondè E-ZPass, ou dakòavèk kondisyon ki anba la yo:1) JENERALa. Si ou pa respekte Akò sa a sa ka lakòz nou anile Kont ou.b. Ou pa ka transfere obligasyon oswa avantaj Akò sa a.c. Si ou pa peye frè yo nan Kont ou sa ka lakòz ou jwenn sanksyon jan lalwa prevwa sa.d. Ou dwe pwoche ak pase nan liy peyaj E-ZPass yo nan limit vitès ki afiche a. Si ou parespekte limit vitès ki afiche a sa ka lakòz nou sispann oswa anile Kont ou, epitou/oswa sa kalakòz ou jwenn lòt sanksyon jan lalwa prevwa sa.e. Ou fèt pou respekte tout lwa, règleman, pano ak limyè sikilasyon ki anvigè, akenstriksyon tout pèseptè peyaj ak ofisye lapolis yo.2) ITILIZASYON TRANSPONDÈa. Kliyan k ap itilize lajan kach oswa chèk fèt pou peye yon depo $10 pou chak Transpondè.N ap remèt ou lajan depo a lè ou fèmen Kont ou ak lè ou remèt nou Transpondè a nan boneta jan E-ZPass sèlman detèmine sa. Nou pa pran depo lajan Transpondè a pou kliyan kiotorize peman pou mete lajan sou Kont yo nan sistèm frè otomatik avèk yon kat kredi, oswaretrè lajan otomatik nan yon kont kouran.b. Ou ka itilize Transpondè a sèlman sou yon kategori veyikil ki koresponn avèk kategoriTranspondè E-ZPass ba ou.c. Dapre Seksyon 5 ki endike nan dokiman sa a, ou fèt pou remèt yon Transpondè imedyatmanlè nou mande ou li.d. Lè ou itilize Transpondè a nan nenpòt pòs peyaj E-ZPass, ou otorize E-ZPass pou pran lajannan Kont ou pou frè ou dwe yo.e. Si ou itilize Transpondè a nan pòs peyaj E-ZPass ki diferan avèk pòs peyaj E-ZPass NewYork, ou depannde lwa ak règleman ki detèmine itilizasyon pòs peyaj sa yo.f. Ou fèt pou toujou genyen yon balans lajan ki ase nan Kont peman davans ou, epitou ou paka itilize Transpondè aoswa ou pa ka pèmèt itilizasyon Transpondè a sof si ou toujou gen yonbalans lajan ladan.g. Ou fèt pou enstale Transpondè a kòrèkteman nan oswa sou veyikil ou dapre eksplikasyonmontaj yo bay ou avèk Transpondè ou (yo). Si ou pa enstale Transpondè a kòrèkteman saka lakòz lekti Transpondè a pa fèt nan liy lan, ba a p ap monte nan kèk pòs peyaj, epi saka lakòz ou fè yon vyolasyon ki ka fè ou peye frè administratif ak jwenn lòt sanksyon, janlalwa prevwa sa. Si ou pa enstale Transpondè ou kòrèkteman sa ka lakòz tou nou fè fotoplak veyikil ou pou idantifye pwopriyetè ki anrejistre a, epitou sa ka lakòz nou ajoute plak ousou Kont ou dapre dosye anrejistreman veyikil-a-motè. Nou ka itilize foto sa yo pou mete frèpeyaj yo dapre tarif avèk lajan kach ak/oswa lòt frè administratif nan Kont ou.3) KONT OUa. Ou fèt pou toujou gen yon kantite lajan ki peye davans nan Kont peman davans ou pou peyefrè ki anvigè yo nan Kont ou.b. N ap pran frè ki anvigè yo, si genyen, nan Kont ou chak fwa ou itilize Transpondè a.c. E-ZPass ka pran frè administratif ki anvigè ou dwe nan kont ou dapre kondisyonAkò sa a.d. Nou ka sispann Kont ou dapre vyolasyon limit vitès, vyolasyon ou pa peye epi/oswa poutètou pa peye frè administratif yo.e. Nou p ap peye enterè sou balans lajan ki nan Kont ou oswa sou depo lajan ki ranbousab nanTranspondè ou.f. W ap resevwa yon etadkont chak peryòd sof si pa gen ni tranzaksyon ni aktivite finansye nanKont ou pandan peryòd anvigè ki konsène pou chak etadkont. Ou gen obligasyon pou revize etadkontsa yo epitou pou swiv pwosedi ki nan Seksyon 6 la si ou vle konteste nenpòt frèt.g. W ap peye yon frè pou nenpòt demann ou fè pou jwenn yon etadkont nou te ba ou deja.h. Pou egzakteman kat (4) fwa chak ane, ou ka sispann plan itilizasyon chak mwa sa yo pou omwenyon semèn, epi ou ka pwolonje peryòd mwa a pou kalkile frè minimòm deplasman ou depi ou rele1-800-333-TOLL (1-800-333-8655): Tappan Zee Bridge Commuter (TZC), Tappan Zee BridgeCarpool Commuter (TZPL), Grand Island Commuter (GIC), New Rochelle Commuter (NRC), YonkersCommuter (YKC), Harriman Commuter (HAC), ak Bridge Authority Discount (NYSBA). Premyeitilizasyon Transpondè a nan pon ki anvigè apre peryòd minimòm yon semèn nan ap re-aktive planitilizasyon mwa a.i. E-ZPass, jan li vle, ka resevwa dènye enfòmasyon sou kat kredi ou, ansanm avèk nouvonimewo kont ak dat ekspirasyon, nan enstitisyon finansye ki ba ou kat kredi a.j. E-ZPass, jan li vle, ka resevwa dènye enfòmasyon sou adrès ou nan Sèvis Lapòs Etazini.4) PEMAN KONT DAVANSa. Ou fèt pou peye yon kantite lajan minimòm davans ki ase pou peye frè yo nan Kont ou pouyon peryòd yon mwa.b. Ou fèt pou mete lajan nan Kont ou pou kantite lajan davans ou lè balans Kont ou diminye oswa lèbalans lan anba pwen pou mete lajan ki espesifik pou plan Kont ou. Dat w ap gen pou mete lajannan Kont ou p ap menm selon aktivite Kont ou. Ou ka chwazi pou mete lajan nan Kont ou nanyoun nan fason sa yo:1. Otorize E-ZPass pou pran debite kat kredi ou oswa pou pran lajan otomatikman nan kontkouran ou pou tout frè ou dwe nan Kont ou.a. Pou kliyan k ap itilize kont kouran pou mete lajan sou Kont yo otomatikman:1. Ou dakò epi ou konnen ou otorize E-ZPass davans pou pran lajan nan kont labank ouchak fwa balans Kont ou diminye oswa chak fwa balans lan anba pwen pou mete lajan kiespesifik pou Kont ou.2. Ou dakò epi ou konnen kantite lajan Chanm Konpansasyon Otomatik (ACH) ap prannan kont kouran ou pou peye peyaj ou yo ak frè yo ka kòmanse depi $0.01 pou rive nan$3000.00, selon aktivite kont E-ZPass ou.2. Ou dwe ekri chèk yo oswa (Chèk Postal yo) sou non E-ZPass an dola ameriken sèlman. N ap fèou peye yon frè $25 pou chak chèk ki retounen nan E-ZPass lè bank ou pa peye chèk la.3. Peman avèk lajan kach ki fèt nan yon Sant Sèvis Kliyan E-ZPass sèlman an dola ameriken oswaan dola kanadyen dapre to chanj E-ZPass ka detèmine.PA VOYE LAJAN KACH PA LAPÒS.c. Nou fè yon analiz Kont ou sou tout nouvo Kont nan 35 jou ki vini apre premye itilizasyonTranspondè a epi nan chak 90 jou apre. Si itilizasyon ou chak mwa toujou depase oswa anbakantite lajan ki peye davans lan, E-ZPass ap ajiste kantite lajan ki peye davans ou pou estime yonnivo itilizasyon pou yon mwa.d. Si ou chwazi pou mete lajan nan Kont ou avèk yon kat kredi, ou ka antre nan pwogramE-ZPass Plus. Pwogram sa a pèmèt ou itilize Transpondè ou nan pòs peyaj E-ZPass Pluski otorize yo. Si ou itilize Transpondè ou pou peye frè nan E-ZPass Plus, lè sa a E-ZPass ka pranpeman an nan kat kredi ou pou kantite lajan sa a. Frè n ap pran nan kat kredi a ka diferan avèkkantite lajan ou mete sou Kont ou, epi n ap pran peman an nan kat kredi ou nenpòt kilè. Si oupatisipe nan E-ZPass Plus, ou dakò pou bay non ou ak adrès ou ba operatè pòs peyaj E-ZPassPlus pou yo touche frè yo. Si ou chwazi pou pa patisipe nan E-ZPassPlus, ou dwe fè Sant Sèviskliyan E-ZPass konnen sa.e. Selon itilizasyon an oswa selon lòt frè nan Kont ou, ka gen plis pase yon tranzaksyonmete lajan nan Kont ou nan yon peryòd etadkont.5) VYOLASYON YOa Si ou itilize Transpondè a lè Kont ou gen yon balans negatif, sispann oswa anile akòz vyolasyonvitès E-ZPass oswa pou nenpòt lòt rezon, oswa apre ou rapòte yo Transpondè a pèdi oswa si yovòlè li, ou ka: gen frè administratif pou peye jiska $50 pou chak vyolasyon; peye tout frè sa sanrabè; epi/oswa nou ka mande ou pou remèt Transpondè a nan E-ZPass nan kourye sètifye oswa baanplwaye pòs peyaj lab. Si ou itilize Transpondè a nan yon veyikil ki pa kategori Transpondè deziyen an, ou kagen frè administratif pou peye jiska $50 pou chak vyolasyon epi/oswa nou ka mande ou pou remètTranspondè a nan E-ZPass nan kourye sètifye oswa ba anplwaye pòs peyaj la. Si ou kontinye fèmove itilizasyon sa a sa ka lakòz anilasyon Kont ou.Kontinye padèyè


Kondisyon Yo (kontinye)6) KONTESTASYONOu otorize E-ZPass pou pran desizyon toudabò nan chak kesyon oswa kontestasyon ki genyennan, anba, anrapò avèk oswa ki konsène Akò sa a, tankou, san limit, enpozisyon peyaj, frè, oswalòt frè ou dwe, ki aplike oswa ki endike nan itilizasyon oswa move itilizasyon Transpondè oswaKont ou. Ou fèt pou soumèt tout kontestasyon alekri ba Sant Sèvis Kliyan E-ZPass nan 180 jou kivini apre avi ki endike ou dwe yon peyaj, frè oswa lòt frè nan Kont ou. Ou dakò si nou voye avia pa lapòs oswa si nou imèl li nan adrès ou te bay nan E-ZPass, oswa selon chanjman Sèvis LapòsEtazini fè, sa ap reprezante avi pou ou sou peyaj yo, frè yo ak lòt frè ki endike ak pou nenpòtdesizyon E-ZPass pran sou kontestasyon ou soumèt la. Rezolisyon reklamasyon kont PANYNJ,NYSTA ak TBTA ki genyen nan, anba, anrapò avèk oswa nan nenpòt fason ki asosye avèk Akòsa a, tankou, san limit, enpozisyon peyaj, frè, oswa lòt frè ou dwe, ki aplike oswa ki endike pouitilizasyon oswa move itilizasyon Transpondè ou oswa Kont ou, anvigè jan sa endike anba la a:• PANYNJ – dispozisyon Lwa Eta New York ki pa Ranfòse, Seksyon 7101 jiska 7136oswa Lwa Jeneral New Jersey ki pa gen Kritik, Seksyon 32:1-157 jiska 32:1-176.• NYSTA – dispozisyon Seksyon 361-b Lwa Administrasyon Piblik Eta New York yo.• TBTA – okenn aksyon pa dwe fèt oswa sipòte, sof si aksyon an dwe kòmanse nan yon ane kivini apre desizyon E-ZPass sou avi a konsènan kontestasyon ou te soumèt dapre Akò sa a.7) TRANSPONDÈ KI PÈDI/YO VÒLÈOu p ap responsab pou itilizasyon Transpondè ki fèt san otorizasyon ou apre ou fè E-ZPasskonnen, aloral oswa alekri, lè ou pèdi li, lè yo vòlè li oswa lè yo itilize li san otorizasyon ou. Men,si yon ou rapòte yon Transpondè ki pèdi, yo vòlè, oswa ou jwenn ki nan move eta oswa ki domaje,w ap gen pou peye $16 pou Transpondè andedan ak $22 pou Transpondè deyò. Si Transpondè apa fonksyone pou rezon ki diferan avèk avi oswa itilizasyon ki pa kòrèk, epi si ou remèt li nan yonSant Sèvis Kliyan E-ZPass, E-ZPass ap ranplase li san ou pa peye lajan.8) AVÈTISMANOu rekonèt E-ZPass ak tout ajans k ap bay sèvis E-ZPass yo pa bay, epi demanti fòmèlmannenpòt reprezantasyon oswa garanti, fòmèl oswa tasit konsènan Transpondè a, ansanm avèk, sanlimit, nenpòt garanti tasit oswa fòmèl pou valè machann, kalifikasyon pou yon rezon patikilyeoswa konfòmite pou modèl yo oswa echantiyon yo. Ou dakò pou E-ZPass ak tout ajans k ap baysèvis E-ZPass yo p ap gen okenn obligasyon oswa responsablite pou ou anrapò avèk itilizasyonpèfòmans Transpondè a. Ou dakò pou asire ak pwoteje E-ZPass ak tout ajans k ap bay sèvisE-ZPass yo nan ak kont tout domaj, pèt, frè, depans oswa responsablite ki konsène oswa kigenyen nan oswa akòz itilizasyon oswa pèfòmans Transpondè a.9) ANILASYONOu ka anile Akò sa a nenpòt kilè. Pou fè sa, ou dwe mande anilasyon sa a alekri, epitou oudwe remèt Transpondè E-ZPass la (yo). Ou ta dwe remèt Transpondè yo ba nan yon Sant SèvisE-ZPass an pèsòn oswa ou ka voye yo nan kourye sètifye. Transpondè yo se pwopriyete ajans kap bay sèvis E-ZPass yo. Depi nou fè dediksyon tout frè ou dwe yo nan Kont ou apre anilasyonAkò sa a, epi depi ou remèt Transpondè a (yo), n ap remèt ou nenpòt balans lajan ak lajan depoTranspondè a (yo). N ap fè ranbousman sa a sou fòm yon chèk oswa kredi nan kat kredi ou,selon mannyè ou te chwazi pou mete lajan nan balans Kont ou.10) REKOUVREMAN DEPANSOu dakò pou peye tout frè, tankou frè avoka, ou dwe avèk E-ZPass ak tout ajans k ap bay sèvisE-ZPass pou touche nenpòt lajan ou dwe dapre kondisyon Akò sa a.11) MODIFIKASYONAjans New York kote Kont ou afekte a ka chanje kondisyon Akò sa a nenpòt kilè. Pou fè sa, y apba ou yon avi alekri davans. Kondisyon sa yo ki chanje a fèt pou anvigè nan dat ki endike la a.Envalidite nenpòt kondisyon oswa plizyè kondisyon Akò sa a pa dwe afekte okenn lòt kondisyonAkò sa a, ki dwe rete anvigè nèt.12) LWA KI ANVIGÈYo fèt pou administre ak entèprete Akò sa a dapre lwa Eta New York.13) CHANJMANou dakò pou fè E-ZPass konnen nenpòt chanjman nan enfòmasyon ou bay E-ZPass, tankou, menpa sèlman:• Adrès ou,• Enfòmasyon sou veyikil ou,• Credit Enfòmasyon sou kont kat kredi (sètadi, nimewo, dat ekspirasyon),• Enfòmasyon sou kont kouran,• Metòd peman,• Imèl,• Nimewo telefòn.14) PRENSIP POU PA DIVILGE ENFÒMASYONE-ZPass respekte enfòmasyon prive tout moun ki gen Kont yo. Nou p ap divilge enfòmasyon souKont lan ba twazyèm pati san konsantman ou, sof jan lwa ak règleman E-ZPass ak ajans k apbay sèvis E-ZPass yo egzije oswa pèmèt sa.15) PEMAN YO, TRANSPONDÈ YO, AK KORESPONDANSTanpri voye tout korespondans, peman, Transpondè w ap remèt yo, oswa demann ransèyman sou vyolasyon nan:SANT SÈVIS KLIYAN E-ZPassAPLIKASYON AKTRANSPONDÈ W AP REMÈT:PO Box 149001Staten Island, NY 10314-9001DEPO LAJAN SOU KONTPEMAN YO:PO Box 15185Albany, NY 12212-5185PEMAN POU VYOLASYONAK DEMANN RANSÈYMAN SOU VYOLASYON:PO Box 15186Albany, NY 12212-5186KORESPONDANS KONSÈNAN KONTKLIYAN:PO Box 15187Albany, NY 12212-518716) BARÈM DEPO/FRÈ ADMINISTRATIFDepo lajan pou chak Transpondè (kliyan ki chwazi pou fè depo lajan kach oswa chèk) $10.00Depo pou chak Transpondè (kliyan ki chwazi pou fè depo lajan otomatikavèk kat kredi oswa kont kouran)anileFrè pou Transpondè a si li nan move eta, domaje, pèdi oswa si yo vòlè li Andedan $16.00Deyò $22.00Tranzaksyon peman ACH labank refize peye Jiska $25.00Frè pou chèk ki retounen $25.00Etadkont chak mwa pa lapòs, frè chak ane $ 6.00Diplikata kopi Etadkont $ 2.00Frè sèvis Kont PANYNJ chak mwa $ 1.00Frè anilasyon Kont $25.00Frè garanti Transpondè $25.00Frè administratif pou lòt move itilizasyon Transpondè/vyolasyon Jiska $50.00E-ZPass ak ajans k ap bay sèvis E-ZPass yo gen dwa pou fè ou peye frè siplemantè.17) LÒT KONDISYON POU KLIYAN KI CHWAZI POU ANTRE NANPLAN PAY PER TRIP E-ZPassa. Depi ou louvri yon kont Pay Per Trip E-ZPass, ou fèt pou bay nimewo idantifikasyon labank ou aknimewo kont ou (ou ka chwazi pou bay yon kredi kat sipò).i. Ou dakò epi ou konnen ou otorize E-ZPass davans pou pran lajan nan kont labank ou chak jou lèou dwe frè peyaj ak frè pou kont ou genyen an.ii. Ou dakò epi ou konnen kantite lajan Chanm Konpansasyon Otomatik (ACH) ap pran nan kontkouran ou pou peye peyaj ou yo ak frè yo ka kòmanse depi $0.01 pou rive nan $300.00.iii. Ou dakò epi ou konnen lajan ACH ap pran nan kont kouran ou ka nan oswa toupre joutranzaksyon peyaj yo pou total tout tranzaksyon peyaj ak frè yo.1. Pou peyaj ak frè ou dwe nan jou wikenn ak jou ferye, nou ka touche lajan an nan kont ACH lanan jou ouvrab ki vini apre a.b. Ou dakò pou toujou gen ase lajan nan kont labank ou pou peye tout frè E-ZPass yo, epi ou ka pa jwennpèmisyon pou itilize Transpondè a sof si ou gen yon balans lajan ki ase nan kont labank ou, oswa w apfè peman an avèk kat kredi sipò valab ou te bay la.c. Sizoka labank ou refize peye nenpòt tranzaksyon ACH pou E-ZPass, epi si ou te bay yon kat kredi valabpou peman, ou dakò pou nou konvèti Kont ou an yon Kont pou fè depo lajan avèk kat kredi pou pemandavans, epi lè sa a Kont ou ap depannde kondisyon peman davans, jan sa endike nan aplikasyon an.d. Sizoka labank ou refize peye nenpòt tranzaksyon ACH pou E-ZPass, epi si ou pa t bay yon kat kredisipò, ou dakò pou nou konvèti Kont ou an yon Kont peman davans avèk lajan kach. Ou pa fèt pouitilize transpondè E-ZPass ou (yo) jouk lè ou mete lajan nan Kont lajan kach sa a.e. Si ou itilize Transpondè a lè kont labank ou pa gen ase lajan ladan epi si ou pa fè peman an avèk katkredi sipò ou, ou ka gen pou peye frè administratif ki ka rive jiska $50 pou chak vyolasyon; ou ka genpou peye tout frè a san rabè; epi/oswa nou ka mande ou pou remèt Transpondè a nan E-ZPass nankourye sètifye oswa ba anplwaye pòs peyaj la.f. Ou dakò pou fè E-ZPass konnen nenpòt chanjman nan enfòmasyon sou kont labank ou, epi si li nesesè,nan enfòmasyon sou kat kredi ou te bay nan E-ZPass.g. Yon depo $10 pou chak transpondè obligatwa si ou pa bay yon kat kredi sipò nan Kont ou.h. Si nenpòt nan kondisyon ki nan Seksyon 17 la pa dakò avèk dispozisyon ki nan Seksyon 1 jiska 16, lèsa a dispozisyon ki nan seksyon 17 la dwe aplike pou kliyan yo ki chwazi pou antre nan Plan Pay PerTrip E-ZPass.TANPRI KONSÈVE LI POU DOSYE OU.NANUETRockland PlazaRoute 59 and Middletown RoadNanuet, NY 10954QUEENS19-02 Whitestone ExpresswayCollege Point, NY 11357STATEN ISLAND1150 South AvenueStaten Island, NY 10314YONKERS730 McLean AvenueYonkers, NY 107041-800-333-TOLL (8655) TDD/TTY 1-800-772-7935www.e-zpassNY.comSant Sèvis yoNEW YORKSANT SÈVIS KLIYANApati Mwa Novanm 2012

Hooray! Your file is uploaded and ready to be published.

Saved successfully!

Ooh no, something went wrong!