14.06.2014 Views

Counting Down to Kindergarten: - Countdown to Kindergarten

Counting Down to Kindergarten: - Countdown to Kindergarten

Counting Down to Kindergarten: - Countdown to Kindergarten

SHOW MORE
SHOW LESS

Create successful ePaper yourself

Turn your PDF publications into a flip-book with our unique Google optimized e-Paper software.

Counting Down to

Kindergarten:

Yon Manyel itil pou fanmi matenel (KO-

K1) nan Lekòl Piblik Boston yo

Produced by the Department of Early Childhood in the Boston Public Schools and Countdown to Kindergarten.

Countdown to Kindergarten is sponsored by Mayor Thomas M. Menino, the Boston School Committee, the Boston

Public Schools and our community partners.


BOSTON PUBLIC SCHOOLS

Chè Fanmi,

Byenvni nan Lekòl Piblik Boston yo! “Department of Early Childhood” pran plezi pou l kòmanse

vwayaj edikatif long sa a avèk nou. Se ak anpil eksitasyon n ap asosye avèk ou pou n plase pitit

ou yo sou yon chemen siksè kòm etidyan e kòm sitwayen.

Avèk gid sa a, n ap entwodui ou nan salklas matènèl “K0” ak “K1” nou yo pou timoun ki nan laj 3

ak 4 an yo, ak tout kourikoulòm modèn n ap itilize avèk yo an: “Opening the World of Learning

(OWL)” e “Building Blocks”. Nou devlope kourikoulòm sa a pou n ka bay pitit ou an konesans pratik

ki pi rich lan, e ki baze sou rezilta rechèch konsènan kijan jenn timoun yo aprann kòrèkteman.

Nou kouramman ap devlope tou yon kourikoulòm tounèf pou pwogram kindègadenn timoun 5 an yo.

Konsa nou pral angaje pitit ou an nan yon eksperyans edikatif serye ki pral ba li yon fondasyon

akademik, sosyal, e emosyonèl ki nesesè pou asire siksè sou tout wout lekòl li ak tout lòt aktivite

aprè lekòl nan lavi li.

Nou ta renmen tande tout reyaksyon ou gen nan lespri pa w e atravè tout eksperyans ou nan

pwogram pou timoun sa a (Early Childhood) nan Lekòl Piblik Boston lan yo. Tanpri rele depatman

an nan 617-635-6768 oubyen voye pou mwen yon mesaj “email” nan jsachs@boston.k12.ma.us. Ou

kapab pwofite tou de anpil resous sa yo nou enskri pou ou nan lis sa a w ap jwenn nan lafen gid sa

a. Ou ka jwenn enfòmasyon tou nan “Countdown to Kindergarten”, nou devlope pou ede w tou nan

tranzisyon enpòtan sa a. Tanpri, pa ezite rele “Countdown to Kindergarten” nan nimewo 617-

635-6816 oubyen vizite “website” nou nan www.countdowntokindergarten.org.

Nou voye meyè souwè nou yo ba ou pou lane lekòl sa a k ap pwoche an,

Jason Sachs

Dr. Jason Sachs

Director, Department of Early Childhood

(Direktè Depatman Klas Matènèl yo)

Denise Snyder

Denise Snyder

Director, Countdown to Kindergarten

(Direktè Kont Arebou Sou Matènèl)


Timoun yo Kòmanse

Aprann Lakay

Konte sou sa a! Chak bagay fanmi yo fè pou yo elve

e pwoteje pitit yo make yon diferans. A kèlkeswa

laj yon timoun kòmanse frekante lekòl, paran yo ak

lòt fanmi yo se premye moun nan lavi timoun sa a ki

kapab apresye ki kalite moun li ye, ak kisa li kapab fè.

Lè paran ankouraje kiryozite lakay timoun yo, kominike

yo valè nan fanmi an, epi montre yo yon apresiyasyon

sensè, fanmi sa yo etabli yon fondasyon solid e dirab

pou timoun lan aprann.

Timoun grandi e devlope

byen lè paran yo, lòt

manb nan fanmi an

ak lòt grandèt koze

epi jwe avèk yo. Se

grandèt lakay yo ki

premye pwofesè timoun

yo. Grandèt yo montre

timoun yo pale yon

lang pandan y ap koze

ansanm, youn rakonte lòt

istwa, youn chante pou

lòt, elatriye.

Jenn timoun kapab reyisi pi fasilman nan lekòl lè yo

aprann anpil mo e ke yo kapab eksprime ide yo ak

nesesite yo. Si ou pran tan pou w jwe epi pale ak

pitit ou yo, ou ede yo ogmante vokabilè yo, ou ede

yo santi yo konfòtab, ou ede yo kòmanse lekòl ak

antouzyasm, e konsa yo prepare pou yo kontinye

aprann.

1


Lè ou pran tan pou w pale ak pitit ou, ou montre

timoun sa a ou renmen li, ou ba li valè, epi w ap pran

swen li. Anplis asirans ak konfò atansyon w sa a asire

lakay pitit ou an, ou bati yon sans pèsonalite solid

lakay li, e li pral apiye sou karaklteristik sa a pandan

tout rès lavi li.

Jwèt ki pou Ede Pitit ou an

Aprann

Aktivite sa yo koute kòb, yo pa boule kalori, e yo pa

bezwen batri!

Anpil pami bagay sa yo w ap fè pou w ede timoun

ou an li yo, yo fasil, yo gratis, epi yo anmizan. Ou

pwobableman akonpli anpil pami yo san ou pa menm

rann ou kont. 20 minit sèlman pa jou kapab make yon

gwo diferans.

PALE

Pale souvan ak pitit ou epi tande swayezman kisa

limenm li gen pou l di w pou w ka ankouraje l koze avèk

ou tou. Plis timoun lan tande mo ak fraz ou yo, plis

limenm li pratike yo nan koze avèk ou, se plis l ap konprann kijan langaj fonksyone.

Aranje w pou youn di lòt istwa, pou youn bay lòt blag.

Aktivite: “Te gen yon fwa” Ba li yon listwa sou oumenm. Di li ki moun zansèt ou yo

te ye, oubyen di li yon listwa nan lavi pa w lè w te timoun. Lè pitit ou

an ap tande w ap di li kisa ki te rive w nan lavi pa w, l ap aprann divès

mo nouvo. Istwa w yo ede l renmen istwa, e sa ede li aprann li lekti

tou! Mande l di w yon listwa, limenm.

Depi nan tan lontan, youn rakonte lòt listwa, se te toujou yon fason

pou nou transmèt valè, kwayans, epi konesans sou fanmi yo. Rakontaj

listwa gen anpil enpòtans kote paran, lòt manb nan fanmi an, ak lòt

grandèt kapab ede timoun yo aprann pale, epi pou yo jwe wòl yo kòm

manb nan avansman kominote an.

2


JWE

Pèmèt pitit oan jwenn anpil tan pou l jwe. Lè timoun

la nap fè kozman pandan l ap jwe ak ti oto, ak blòk,

oubyen ak lòt jwèt, l ap itilize imajinasyon li, l ap

pratike langaj, epi l ap anmize li tou. Lè w ap jwe ak

pitit ou, se yon gran moman pou nou de an—oubyen

pou tout fanmi an—pou nou pataje anpil mo ak ide.

Chwazi oumenm

pwogram TV ak jwèt

video pou timoun yo.

Plase limit nan kantite

tan ak ki tip pwogram

TV pitit ou an kapab

gade. Byenke gen

pwogram TV ki edikatif, rechèch montre tou ke timoun

ki pase mwens tan ap gade televizyon travay pibyen

nan lekòl. Epi tou, lè timoun yo chita twò lontan devan

yon TV, sa redui kantite ekzèsis kote yo ta dwe ap

itilize kò yo ak imajinasyon yo.

ALE PONMENNEN

Lè nou nan pwomnad, nou souvan gen yon bann

bagay nouvo ki pou f è nou koze. Sonje, anpil bagay

ki regilye pou ou se kozman nèf pou pitit ou an.

Menm lè nou chanje wout pou n ale nan estasyon

otobis lan, nan boutik lan, oubyen nan “landri” ou

“Laundromat” lan, sa ap ban nou bagay tou nèf pou n

wè.

FÈ DESEN OU “EKRI”

Se nan fè majigridi ak trase desen timoun yo kòmanse

aprann ekri, konsa ekri e trase desen ak timoun yo.

Lè w ap ekri lis pou w al achte, mande pitit ou an pou l

“ekris” pwòp lis pa li tou, menm si lis li an se majigridi.

Se senpleman papye blan, ou papye ize, ak kreyon

koulè oubyen makè efasab, pitit ou an bezwen pou

li kreye “pyès metrès” li yo. Tout timoun renmen fè

majigridi, trase dessen, oubyen fè

tankou se ekri y ap ekri—e tout aktivite sa yo bay

timoun yo tan pou yo devlope adrès ak imajinasyon

yo.

Aktivie: “Chante

yon Chanson”

Chante pou pitit ou,

e avèk li. Mizik se

yon kozman inivèsèl

e li anmizan pou

tout moun. Mizik kalme e

rekonfòte timoun. Mizik

an jeneral, mizik popiplè ou

chanson pou timoun, se yon

bon fason pou timoun yo

konekte mo yo ak sans yo.

Aktivite:

“Ann fè

Tankou” Fè

tankou ou

pral ponmenmen ak pitit ou

an, oubyen imite aktivite

ki entetrese li. Ou ka fè

tankou w ap òganize yon fèt

anivèsè, ou prale nan yon

restoran, pran avyon, ale

naje, ou nan difikilte. Ou pa

bezwen konsidere sezon an.

Sonje, se sèlman imitasyon.

Aktivite: “M ap Espyone”

Ou ka fè jwèt sa a tout jan:

nan oto an, nan otobis lan, ou

nan boutik lan. Chwazi yon

lèt nan non pitit ou an, epi

wè si ou ka jwenn yon bagay

ki gen menm fòm ak lèt sa a,

oubyen pran lèt sa a nan yon

ansèy. “Eske ou ka jwenn

lèt M?” “S”,

“T”, “V”, “C”,

“O”, “E”, epi

“H” se lòt lèt

fasil pou w

kòmanse.

3


Aktivite: “Ekri yon Lèt” ede

pitit ou an trase yon desen.

Ansuit ekri sa li di w ekri

sou desen sa a. Li

sa w ekri an pou

li. Kite timoun lan

limenm deside a kilès

moun li pral voye foto an

bay: yon paran, yon zanmi,

yon pwofesè. Mete foto an

nan yon anvlòp, epi bay ou

poste l bay moun lan.

Aktivite:

“W ap di

Mwen”

Aprè ou

rakonte yon

listwa ou li

yon liv pou pitit ou an, mande

li kisa ki te rive. Ankouraje l

pou l rakonte w menm istwa

a nan pwòp mo pa li. Kite li

pran tout plezi li vle. Si w

wè gen kote li pa t konprann,

pa pase l nan betiz pou sa.

Pale senpleman piplis sou

listwa a. Kite li itilize pwòp

imajinasyon pa li pou li bati

pwòp istwa pa li.

LI (LEKTI)

Byen o kòmansman, paran, manb fanmi, ak lòt

grandèt bezwen bay jenn timoun yo liv pou yo li.

Yon fason pou n ede timoun yo bay liv valè, se

mete pou n mete liv yo nan yon plas espesyal pou

n ka ankouraje timoun yo pran liv sa yo, yomenm,

sèvi avèk yo jan yo vle. Lè gen opòtinite pou

distribye kado, mande fanmi ak zanmi yo pou yo fè

timoun yo kado liv. Se pa sèlman lè yon liv nèf ki

fè li se yon gran liv. nou ka itilize liv gran frè, gran

sè, ou liv kouzen, oubyen nou ka achte yo nan

etalaj kote y ap vann liv dezyèm men!

Paran, manb fanmi, ak lòt grandèt k ap gade

timoun dwe bay timoun yo liv depi yo ti katkat.

Yon fason pou n entwodui abitid li lakay timoun yo

pou rès lavi yo se lè n ap gade foto yo nan liv lan

pandan n ap pale sou yo. Grandèt yo ka montre

timoun yo kijan pou yo itilize yon liv lè grandèt ap

montre timoun yo kijan pou yo kenbe liv yo pandan

y ap tounen paj yo. Jenn timoun yo aprann

apresye liv apati grandèt ki plase ekzanp sa yo.

Anplis aprann yo aprann kijan pou yo bay liv yo

valè, anpil timoun pran plezi nan atansyon yo

jwenn lè y ap eseye pale avèk yon grandèt k ap

pataje plezi li yon liv avèk yo.

Aktivite: “Pran yon ti Poz”

Aprè nou li yon liv plizyè fwa,

fè yon poze, epi kite timoun

lan repete kèk pami mo yo epi

li avèk ou. Touche kèk pòtrè

pou w ba li yon ti apèsi.

Aktivite: “Pati sa m Pi

Renmen an” Aprè ou li

yon liv, koze ak pitit ou an

sou chak pati nan istwa a

ou pi renmen.

4


Fè tèt ou pwomès pou w li ak timoun yo chak jou.

Ou ka fè sa nenpòt lè nan jounen an. Men si w fè

yon lekti ak yo kèk minit anvan y al kouche, se yon

bon fasòn pou nou mete yon bout nan yon jounen

nou pase ansanm. Sa kapab tradui an pibon 20

minit pandan yon jounen.

Aktivite: “Rime Mo yo” Liv

ki gen rim anmizan pou timoun

yo. Li nenpòt nan liv “Mother

Goose” ou “Dr. Seuss” yo.

Aprè ou li yon liv ak rim, ou

ka fè kèk rim komik, oubyen

nou ka jwe pwòp jwèt pa nou,

kote n ap bati rim ak mo nou

konnen yo. Pa ekzanp, “dime,”

“time,” “rhyme” ou “lime.”

Ajoute piplis rim pou nou ka

mete piplis kouplè nan yon

chanson.

Aktivite: “An n Wè sa k

rive” Se pou kirye avèk pitit

ou an. Chèche nan liv pou nou

jwenn piplis enfòmasyon sou

nenpòt bagay — ke seswa liv

lakay, ke seswa nan bibliyotèk

lan.

Rezime Kourikoulòm

Bi pwogram Lekòl Piblik Boston (BPS)

pou timoun piti yo (early childhood) se

pou li plase timoun yo sou yon wout kote

yo pral gen siksè pou tout lavi yo kòm

etidyan e sitwayen. Pou yo rive nan bi sa

a, timoun yo dwe reyalize fondasyon sa

yo ki pral ede yo asire siksè akademik,

menmjan yo dwe bati abilte pèsonèl ak

sosyal ki nesesè nan kominote nan salklas

lan. Kourikoulòm nan klas matènèl “K0”

an (salklas pou timoun ki gen 3 zan) epi

“K1” (salklas pou timoun ki gen 4 an)

satisfè rekòmandasyon “Massachusetts

Guidelines” pou “Preschool Learning

Experiences (MA Dept of Early Education

and Care)” yo. Nou te chwazi rekòmandasyon sa yo espesyalman pou n akonpli bi

sa a.

5


Nou baze kourikoulòm “K0” ak “K1” lan sou rechèch ki chita sou fason senpl nou

konnen timoun pran konesans: timoun aprann pibyen lè y ap chwazi, lè yo okipe ak

materyèl, ak lè y ap pale ak grandèt epi ak lòt timoun. Lekòl Piblik Boaton yo itilize

yon konbinezon kourikoulòm pou matematik avèk zèv tankou “Opening the World of

Learning (OWL)” e “Building Blocks (BB)”. Atravè kourikoulòm “OWL/BB” an, timoun

yo aprann abilte nan fondman lekti, devlòpman sosyal e emosyonèl, rezònman nan

syans ak nan matematik. Pandan yon jounen nòmal, timoun yo pral mennen aktivite

pou gwoup antye (jwe, chante, resite pwezi), patisipe an gwoup nan ti aktivite kote

y ap bati abilte yo, epi chwazi divès pami anpil opsyon nan mitan jounen an. Nou

anvizaje kourikoulòm sa a pou nou sipòte devlòpman langaj, ak abilte nan lekti ak

nan matematik.

Aktivite yo kapab varye si n ap travay ak timoun “K0/K1” nou plase ansanm nan yon

menm salklas, selon laj timoun lan yo.

Anba a, nou prezante yon rezime konpozan kourikoulòm pou klas “K1” an.

APRANN LI

Gen senk (5) abilte nan fondman pou timoun aprann li, e yo tout yo trese atravè

kourikoulòm “OWL” lan. De (2) premye abilte yo ede timoun yo jwenn siyifikasyon

nan itilizasyon langaj.

1. NAN LANGAJ PALE/KONPREYANSYON

nou refere nou a abilte pou elèv lan angaje li

nan konvèzasyon a 2 sans (back-and-forth)

kote n ap pale sou sijè ki depase sa k ap rive

koulye la a (here-and-now). Nan aktivite sa

yo, nou itilize langaj pou konvèzasyon, pou

solisyone konfli, rakonte istwa e imite jwèt,

epi aprann enfòmasyon epi teknik pou nou

konstwi yon bagay.

Ekzanp: “Peter pa kontan paske li vle soufle,”

oubyen “Maten an, mwen te wè refleksyon

otobis lan nan fenèt lan!”

2. VOKABILÈ ki vle di kantite, varyete, ak

konpleksite mo timoun yo konprann e itilize e

vokabilè vle di tou pou w okouran mo familye

yo, menmjan ak anpil mo ki pa familye, e ke

nou pa tande nan kozman n ap koze chak jou

yo.

Ekzanp: “Sandwich sa a te delisye,” ou

“Sandwich sa a te apetisan!”

6


Nou itilize twa abilte piba yo pou n dekòde, oubyen pou

nou bay kòd ekri pou langaj pale an sans. Chak jou,

timoun ap jwe jwèt nan gwo oubyen nan ti gwoup piti,

e pafwa endividyèlman, e jwèt sa yo kapab ranfòse

konesans timoun yo nan lèt alfabè yo, nan son lèt sa yo,

epi ak kisa lèt yo sanble lè nou enprime yo.

3. KONESANS LÈT ENPRIME gen anndan

li konesans ke lèt alfabè yo ak nonb yo gen

siyifikasyon, ke lèt enprime ale de goch a dwat, e

ke gen espas ki separe mo yo.

Ekzanp: Timoun kenbe liv tèt anlè e tounen paj yo

sòti de goch a dwat.

4. KONESANS ALFABÈ an se konesans fòm ak non lèt yo. Li gen ladan li

kijan pou nou diferansye lèt yo youn de lòtepi pou nou konnen non yo.

Ekzanp: “Hey, mwenmenm tou, mwen gen ‘J’ nan non pa m tou!”

5. KONESANS FONOLOJIKAL (PHONOLOGICAL AWARENESS) gen

anndan li fason timoun lan konprann tout son ki konbine pou fòme mo yo. Nan

konesans sa a, timoun lan kapab divize mo yo an silab, idantifye premye son

nan yon mo (tankou /t/ nan tòp), rekonèt rim (rhymes) epi distinge mo yo youn

de lòt. Li enpòtan tou pou yon timoun aprann kijan pou li idantifye lèt yo ak

son yo.

Ekzanp. “Jelly (jele), belly (vant), Nelly (Nelie) – yo rime!” ou “Samaya ak

Sara, yo tou 2 kòmanse avèk /s/!”

Chak jou timoun yo tande yon listwa ak yon vokabilè

rich e yon devlòpman enteresan. Pandan yon peryòd

tan kout, nou li menm istwa a 3 ou 4 fwa pou yo. Yon

fwa timoun yo familyarize yo ase avèk istwa a, n ap

tann pou yo sonje sekans lan yo, diskite karaktè yo,

santiman yo, epi siyifikasyon istwa a.

Anplis aktivite tande e pale sou liv istwa yo, pwofesè

an ap li liv ki gen enfòmasyon reyèl (non-fiction)

pandan yon peryòd daktivite nou rele “Let’s Find Out About It (An Al Wè Sa k Pase).”

Lekti ki baze sou syans ogmante rezèvwa konesans timoun yo pandan l ap alonje

vokabilè yo.

7


MATEMATIK

Metòd “Building Blocks (BB)” an suiv pwogresyon devlòpmantal naturèl yon an

ansèyman matematik. “BB” santre li sou:

• NONB: konte, korespondans youn-a-youn, konparezon ansanm

nonb, rekonesans ti koleksyon yo, konpozisyon (konsèpt mòso [‘parts’]

ak antye [‘wholes’]), adisyon/soustraksyon;

• FIGI JEOMETRIK: rekonèt et idantifye yo, matchye e konpare yo

figi yo; epi

• FÒM TRASE E MEZIRAJ.

Apwòch fondamantal nan kourikoulòm sa a, se pou nou jwenn matematik nan

aktivite timoun yo, epi pou nou devlope matematik

apati menm aktivite sa yo. Materyèl yo plase

aksan sou pwoblèm matematik ki gen sans, epi yo

eksplore konsèpt matematik yo an pwofondè.

Pou w aprann piplis sou kozman “Building Blocks”

lan, vizite paj fanmi an yon an “TRIAD web site,

www.ubtriad.org.”

DEVLÒPMAN SOSYAL & EMOSYONÈL

A ki pwen sentiman timoun yo osi enpòtan ke fason yo panse, patikilyèman nan

preparasyon yo pou lekòl. Siksè nan lekòl (Academic), mache kole kole ak abilte

sosyal e emosyonèl byen devlope. Jenn timoun yo aprann trè byen nan anviwònman

kote ki gen relasyon pozitif, e yo pa pral aprann kote yo santi yo pa an sekirite, kote

lòt moun pa renmen yo e ofri yo sipò.

WOUTIN/ABITID

Pwofesè yo etabli woutin nan salklas yo pou ede elèv yo konnen kisa k ap rive, e sa

ede yo regilarize yomenm pwòp aktivite pa yo. Pa ekzanp, divès pwofesè itilize yon

chanson pou ede timoun yo sonje ke li lè pou netwayaj, oubyen pou yo kwoke yon

tablo sou mi an ki endike orè pou travay lajounen an.

ÒGANIZASYON KOMINOTÈ

Pwofesè ede timoun yo aprann ke yo fè pati de yon kominote kote yo dwe devlope

yon sans de responsablite youn pou lòt pandan dewoulman konvèzasyon ak

règleman sou sekirite, konnen plas pa w, pataj, ofri èd, e jwenn solisyon pou

konfli. Nan divès salklas, nou bay timoun yo “djyòb” tankou monitè (“line leader”)

ou gadyen pòt (“door holder.”) Pandan reyinyon an gwoup yo, timoun yo jwenn

opòtinite pou yo pataje ide, panse, epi eksperyans yo antre yo.

8


SIJÈ INITE YO (UNIT THEMES)

Alò ke lavi nan salklas lan ofri divès opòtinite pou timoun yo konprann mond sa a

kote y ap viv lan ak tout moun ladan li, gen inite avèk sijè espesifik nan kourikoulòm

lan ki santre sou topik sa a. Nan Inite #1 an Sou Fanmi, pa ekzanp, elèv yo aprann

divès wòl manb fanmi an yo kapab jwe, divès tip fanmi, e kisa sa vle di pou w se yon

pati nan yon fanmi. Inite #2 Sou Zanmi an ede timoun yo konprann kilès ki se yon

zanmi, ak kisa divès zanmi kapab fè ansanm. Timoun yo vini okouran divès kalite

travay plizyè moun reyalize tou, ansanm ak wòl, responsablite, epi sèvis moun k ap

travay nan kominote an reyalize. Lòt Inite “OWL” yo eksplore Van avèk Dlo, Mond

lan ak Divès Koulè li yo, ak Lonbray, epi Refleksyon, epi Bagay k ap Grandi. Anvan

chak Inite “OWL” ou “BB” kòmanse, w ap resevwa enfòmasyon sou pwochen Inite

k ap vini an, e ide konsènan aktivite ou ka mennen avèk pitit ou pou w sipòte l nan

leson l ap aprann yo.

SYANS

Atravè aktivite ti gwoup piti ak tan santral, menmjan

ak diskisyon nan gwo gwoup, timoun yo gen

opòtinite pou yo aprann e pratike sa syantifik yo fè:

obsève, eksplore, predi, mezire, reflechi e anrejistre

eksperyans yo avèk materyèl, epi objè nan anviwònm,

an kote y ap viv lan. Pa ekzanp, lè elèv yo ap etidye

“Mond lan ak Divès Koulè li yo”, y ap aprann koulè

distenk lan yo nan fwi, nan legim, ak nan zannimo, epi

siyifikasyon koulè yo nan kominikasyon (limyè trafik

nan lari, siy ki endike danje, elatriye).

DEVLÒPMAN FIZIK

Abiolte timoun yo pou yo souke kò yo devlope

rapidman, e yo bezwen dives opòtinite pou yo mouv

kò yo pou yo ede kozman grandi sa a.

GWO MOUVMAN: Timoun yo devope abilte gwo

aksyon yo atravè aktivite mouvman nan salklas lan

menmjan ak lè y ap jwe andeyò salklas lan yo. Kèk

ekzanp se danse, sote kòd, grenpe, sote alapèch,

jwe boul, glise, balance sou teren jwèt lan.

TI MOUVMAN: Timoun yo devlope abilte yo pou ti aksyon atravè aktivite y ap

reyalize ak men yo tankou lè y ap fè desen, y ap ekri, pentire, koupe, konstwi,

jwe ak “puzzle”, epi ak ti materyèl piti tankou aranjman kare kole yo (legos), ak

eksplorasyon materyèl pou sans tankou dlo ak pat ajil.

9


AKTIVITE ATISTIK & MIZIK

Anplis abilte nan lekti ak nan matematik, “art” ak mizik ofri opòtinite pou timoun yo

eksplore kreyativite yo, e pou yo eksprime ide yo ak santiman yo.

Timoun yo chante e eksplore chema ritmik (rhythmic patterns) pandan aktivite nan

reyinyon gwo gwoup yo. Aktivite ak ti gwoup piti nan mitan jounen an antre nan

eksplorasyon nan domèn mizik e enstwiman.

Anpil aktivite nan mitan jounen an e ak ti gwoup

piti ofri opòtinite pou timoun yo eksplore materyèl e

devlope reprezantasyon vizyèl. Trase desen, desine

an koulè, reyalize kolaj, epi travay ak pat a modle,

ajil ak lakòl, se kèk ekzanp pami aktivite sa yo.

Pwofesè yo pale ak elèv yo tou sou ilistrasyon ki nan

liv lan yo.

Anpil lekòl ofri piplis pwogramasyon pou aktivite

atistik, mizik, edikasyon fizik, oubyen kèk konbinezon ak tout kozman piwo sa yo.

Anviwònman Salklas lan

Nou ranje salklas “K1” yo yon fason pou yo ofri bonjan opòtinite pou gwoup antye, ti

gwoup piti, epi elèv endividyèlman, aprann. Eksepte nan tan repo, salklas “K1” yo

pa fasilman trankil. Nou angaje timoun yo aktivman nan opòtinite ansèyman, kote

nou ankouraje yo pale, eksplore, epi travay an kooperasyon.

KARE REYINYON (MEETING AREA RUG): Se yon zòn kote nou reyini timoun yo

pou yo mennen aktivite anba direksyon pwofesè yo, e nan zòn sa a, nou gen pratik

istwa, chanson, jwèt ak lòt mouvman konbine ak lekti epi matematik. Nou souvan

itilize kare sa a pou jwèt an blòk, oubyen pou fouyaj nan liv yo.

enterè timoun yo tou.

SANT DANSÈYMAN: Nou divize salklas lan an

divès sant dansèyman tankou sant ansèyman an

blòk, sant atistik ak facilitatè, sant sabl ak dlo, sant

redaksyon, sant matematik ak konte, sant pou

teyat, epi yon sant pou liv. Gen salklas ki gen sant

pou konpyoutè tou, sant pou syans, epi oubyen

yon sant pou odisyon. Nou bay timoun yo opòtinite

pou yo chwazi pami yon pati nan sant yo, ou pami

tout sant yo. Pwofesè yo chanje elèv nan aktivite

nan sant sa yo, selon sijè y ap etidye yo, e selon

10


Yon Jounen Kòm Echantiyon nan “K1”

DEJENE

REYINYON NAN MATEN

Gwoup lan chante yon chanson byenveni. Pwofesè an li plan pou jounen

an, epi li entwodui timoun yo nan sant ki pral disponib lan.

NAN MITAN JOUNEN AN

Timoun yo chwazi pami divès sant ansèyman yo tankou blòk, aktivite

atistik, redaksyon, liv, puzzle, epi manyèl, matematik, sabl/dlo, teyat, epi

syans.

CHANSON, JWÈT AK MO & LÈT

Nan yon gwo gwoup, timoun yo chante e jwe jwèt enstwiksyon ki gen

kapasite pou konstwiksyon konesans lèt yo, vokabilè, epi konesasn

fonolojik.

MATEMATIK POU GWOUP ANTYE & SANT MATH

Pwofesè an ofri yon varyete aktivite matematik pratik pou timoun yo chwazi

l ap travay ak ti gwoup piti kote l ap anseye e evalye konsèp matematik

yo.

REPA

TAN POU TRAVAY MOUVMANTE/ANDEYÒ

TAN POU ISTWA

Pwofesè li e diskite liv ki gen rapò a sijè Inite an.

REPO

ESPÒ, MIZIC, KONPYOUTÈ OU ESPESYALIS NAN “ART”

Aktivite sa yo varye selon lekòl lan.

TI GWOUP PITI

Pwofesè an ofri e gide yon bann aktivite nan lekti ak nan syans kote

timooun yo ap chanje (rotation) de plas an plas.

REYINYON OREVWA & LAGE KLAS

11


Antre nan “Kindergarten” (Transition)

Transitions” kapab yon gran defi pou tout moun,

grandèt kòm timoun, espesyalman antre ou

kòmanse nan klas matènèl, ke timoun lan ap antre

nan K0, K1 ou K2. Sepandan, anpil fwa, antre nan

klas matènèl pi di pou paran an ke pou timoun lan.

Pwogram “Countdown to Kindergarten” ak “BPS

Department of Early Childhood” ofri kèk sigjesyon

pou aktivite ki ka fasilite tranzisyon an pou paran

ak timoun lan nan klas matènèl ou kindergarten

lan.

MENNEN TIMOUN LAN AVÈK OU ALE VIZITE LEKÒL NOUVÈL LAN.

Se yon pati enpòtan pwosesis tranzisyon an. Chak Lekòl Piblik nan Boston ap

ofri yon Sesyon Byenvni pou nouvèl fanmi matènèl yo abityèlman ant mwa avril

e mwa jen. Se yon opòtinite sipèb pou paran yo rankontre prensipal lekòl lan ak

pwofesè matènèl lan, epi dekouvri lekòl lan. Si se posib, vizite lekòl lan plizyè fwa

pandan sezon lete an, epi kite pitit ou an jwe sou teren jwèt lan. Pitit ou an ap vini

familyarize li ak anviwònman lekòl lan, e lè mwa septanm lan rive, lekòl lan p ap yon

milye etranj pou timoun sa a.

KOZMAN KONSÈNAN TRANZISYON. Pa ekzanp, “nou prale nan bibliyotèk lan.

Aprè sa, n ap pase nan sipèmakèt lan kote n ap achte kèk atik, e pou fini, n ap antre

lakay kote nou pral manje kèk bagay, epi fè yon ti dòmi.”

KREYASYON ABITID (ROUTINES). Fikse lè pou n kouche dòmi e lè pou n leve,

epi pa chanje lè sa yo. “Routine” sa a ap ede timoun lan konnen kisa pou l

fè, e l ap asire pou timoun lan gen ase repo tou.

LI DIVÈS LIV sou ale lekòl, men tou, kontinye

li avèk pitit ou an pou plezi lekti an tou. Si pitit ou

an renmen yon liv, li liv sa ak plizyè fwa ak timoun

lan. Si w bezwen yon lis liv nou rekòmande yo,

ale nan paj resous nou an, nan fen ti livrè sa

a. Pandan n ap li, poze kesyon, “Kilès?” “Kisa?”

“Kilè?” epi “Kikote?” pou w ede pitit ou an gen

konpreyansyon. Kite pitit lan li istwa pou ou. Li

kapab di w kisa li wè nan desen ilistrasyon yo.

Mande l pou predi kisa ki pral rive aprè. Vizite

souvan bibliyotèk nan zòn lakay ou an. Yo

gen yon seri pwogram lekti sipèb e gratis pandan

sezon l ete an.

KIJAN POUM

JWENN YON KAT

BIBLIYOTÈK?

Chak branch bibliyotèk nan

vwazinaj lan gen yon Biwo

Sikilasyon. Jeneralman, Biwo

sa a lokalize li nan antre chak

batiman. Pou w jwenn yon kat

bibliyotèk, ou dwe ranpli yon

fòmilè aplikasyon bibliyotèk

lizibleman, epi pòte fòmilè sa

a ak idantifikasyon ki gen non

ou, adrès ou, epi siyati ou nan

Biwo an.

12


ANKOURAJE ENDEPANDANS. Bay pitit ou

lespas pou l chwazi fè kèk bagay pou kont li pou w

ka devlope endepandans nan abitid li yo. Mande

l si l vle mete chemiz wouj lan ou chemiz jòn lan?

Kite l abiye pwòp tèt li. Si l pankò janm ouvri bwat

manje li oubyen tèmòs ji li an pou kont li, montre

li kijan pou li ouvri yo. Timoun yo gen dwa pòte

pwòp repa pa yo nan lekòl lan, e nan ka sa a, yo

dwe aprann kijan pou yo ouvri pwòp bwat manje

yo ak pwòp boutèy ji pa yo. Konsa tou, si pitit ou

an gen pou li mete soulye ak lasèt, ou dwe anseye

li kijan pou li lase soulye li e mare lasèt li yo.

KONPLETE KESYONÈ POU PARAN YO Nou

attaché kesyonè an nan pakè sa a, ou ka jwenn li

nan pakè lekòl la nap ba ou an tou. Enfòmasyon

sa a pral ede pwofesè an konnen timoun ou an

pibyen.

APÈSI: Premye jou lekòl

lan, abiye pitit ou an

konfòtabman. Mete

pantalon ak kilòt ak senti

elastik sou timoun lan

(zip, sentiwon, epi bouton

ka twò jenan pou timoun lan

pandan kèk jou). Yo ka kreye

pwoblèm si ti moun lan tann

lontan pou l di li bezwen

twalèt. L ap pi fasil si timoun

lan ka rale yo desann. Si

timoun ou an pa konnen kijan

pou li lase soulye li, mete

soulye ak fèmti elastik nan

pye li. Lè timoun ou an gen

plis matirite pou l debouye l

pou kont li nan aktivite rad ak

soulye, wa kite l abiye jan li pi

pito.

SELEBRASYON TRANZISYON NAN

KINDÈGADENN. “Countdown to Kindergarten

ofri yon kantite evènman atravè lavil lan pou ede

nan selebrasyon kozman enpòtan sa a. Pase

pran pakè “Kindergarten Readiness” gratis pa w

ki gen anndan li mayo “I’m going to Kindergarten”,

DVD “I’m Ready!”, epi yon gid “Aktivite” ki gen yon

lis evènman gratis atravè lavil lan. Nou mete pake

say o disponib nan bibliyotèk bò lakay ou an.

KALANDRIYE TRANZISYON

“COUNTDOWN TO KINDERGARTEN”

AVRIL-JEN: Patisipe nan yon Sesyon Byenvni nan lekòl pitit

ou an. Lekòl pitit ou an pral voye yon envitasyon ba ou.

ME-JEN: Pase pakè preparasyon w lan (readiness packet) ki

gen mayo gratis lan (free t-shirt) ak DVD an nan bibliyotèk bò

lakay ou an.

JIYÈ-OUT: Patisipe nan evènman lete gratis atravè tout

lavil lan, avèk ladan li pwogram lekti lete an (Summer Reading

Program) nan bibliyotèk bò lakay ou an. Mande bibliyotekè w lan

enfòmasyon konsènan kat gratis (free passes) pou dives mize (museums).

OUT: Selebre jounen matènèl (Kindergarten Days) nan bibliyotèk

bò lakay ou an. Patisipe nan Selebrasyon Kindègadenn nan “Children’s

Museum” lan. W ap resevwa envitasyon de “Countdown” nan Out ou visite

www.countdowntokindergarten.org pou evènman anvi yo.

SEPTANM: Premye jou kindègadenn lan se premye lendi aprè “Labor

Day” an.

13


DEVLOPE YON PLAN POU PREMYE JOU KINDÈGADENN LAN. Lè ou vizite

lekòl pitit ou an nan sezon prentan an, mande prensipal lan pou l ba ou yon kopi

ajanda (guidelines) pou premye jou lekòl lan. Èske yo pral pèmèt pou w mennen

pitit ou an antre anndan lekòl lan? Gen lekòl ki gen yon règleman serye kote yo

prefere pou paran an rete deyò pou li di timoun lan “good-bye”. Ou kapab prepare

timoun ou an davans pou li ka konnen kisa k ap rive. Ou kapab tou mete yon sijè

fanmi w nan sak timoun lan. Si lekòl pitit ou an gen yon politik ki otorize w antre

nan salklas lan, mande yo pou konbyen tan ou pral la (ou ka senpleman bezwen

10-15 minit). Lè w di “good-bye”, di li tout bon vre.

Si ou panse davans yon difikilte ka rive avèk pitit ou an, pandan peryòd repo

oubyen separasyon nan maten, bay tèt ou yon ti tan pou w diskite l avèk pwofesè

pitit ou an oubyen prensipal lekòl lan, yon fason pou nou ka mete ansanm pou nou

fasilite tranzisyon an poupitit ou an. Sonje, se oumenm ki konnen pitit ou an

pibyen pase tout lòt moun.

Ou pral remake yon postè ki make “Inivèsite Kòmanse nan Klas Matènèl”

(“College Begins In Kindergarten”) nan salklas pitit ou an. Postè sa ap fè w

sonje ke lane sa k ap vini an nan yon salklas kindègadenn nan BPS se yon pa

pwochen nan vwayaj edikatif pitit ou an. Se vole tan an ap vole, e anvan lontan

ou pral genyen pou w di pitit ou an good-bye lè w ap kite l nan inivèsite. Anmize w

byen! N ap di w mèsi pou tèt ou chwazi Lekòl Piblik Boston.

14


Kesyonè Pou Paran “Kindergarten” yo

Nou priye w pran detwa minit pou w reponn kesyon piba yo, epi voye kesyonè

konplete an tounen bay pwofesè tounèf klas “kindergarten” pitit ou an. Kesyonè

sa a pral ede pwofesè an konnen pitit ou an pi byen epi tou l ap fasilite pwogram

enstwiksyon pou li. Mèsi!

NON TIMOUN LAN: __________________ DAT NESANS: _________

KOTE L TE FÈT: ___________________________ LAJ LI: ________

1. Nou priye ou ekri yon lis ki gen non ak laj tout frè ak tout sè pitit ou an, epitou tout

lòt timoun k ap viv nan kay lan.

2. Kilès langaj nou pale piplis nan kay lan? Èske gen lòt lang nou pale tou? Èske

pitit ou an pale piplis pase yon langaj?

3. Avèk kilès moun pitit ou an ap viv (nou vle di: manman, papa, granmè, ou lòt

moun)?

4. Èske ou antrene pitit ou an pou li ale nan twalèt pou kont li? Si non, nan ki pwen

li ye?

5. Dabitid a ki lè pitit ou an ale kouche?

6. Ki responsablite pitit ou an genyen nan kay kote n ap viv lan?

17 15


7. Tanpri di nou kisa ki ka fè pitit ou an pè (chen? Lè li pou kont li? Kisa?, etc).

8. Lè pitit ou an fache oubyen pa kontan, kisa ki kapab kalme li, ki ka fè kè li kontan?

9. Kisa pitit ou an renmen genyen ou renmen fè (interests and hobbies)?

10. Èske gen yon lòt bagay konsènan pitit ou an ou ta renmen pataje avèk nou

(«routine quotidienne», sa li renmen/sa li pa renmen)?

11. Èske pitit ou an gen alèji? Eksplike nou kisa ki ba li alèji an. Kijan sa rive.

12. Èske nan fanmi w gen selebrasyon espesyal ke ou ta renmen pataje avèk nou?

13. Èske pittit ou an te gen eksperyans anvan nan yon gadri oubyen nan yon lekòl

matènèl (preschool or daycare setting)? Si w reponn wi, di nou non etablisman sa

yo.

14. Kisa ou ta renmen pou pitit ou an jwenn nan pwogram “Kindergarten” pa nou

an? Ki aktivite espesifik ou ta renmen wè nou kondui ane sa a? Kisa ou ta renmen

wè rive?

15. Nou priye ou pataje kèk bagay espesyal konsènan piitit ou an avèk nou.

Èske gen kèk lòt enfòmasyon enpòtan ou ta renmen pataje yon ti jan pi an prive

oubyen pi an sekrè avèk nou. Nan ka sa a, tanpri plase yon randevou avèk pwofesè

pitit ou an.

Nou voye meyè souwè nou ba ou pou yon lane eskolè eksitan k ap pwoche! Mèsi

anpil pou tan sa ou pran pou w ranpli kesyonè sa a.

16


Resous pou Paran yo

“Websites”:

http://www.ed.gov/pubs/CompactforReading/tablek.html

Kondui aktivite an pwofondè avèk pitit ou an pou ankourajman devlopman lekti.

http://www.familyeducation.com/home/

Enseye paran yo sou sa an jeneral y ap tann nan pwogram kindègadenn lan. Gen

rankont tou (forums) avèk konsèy lòt paran yo bay.

http://www.kinderart.com/littles/

Anba sijè ki gen jwèt pou itilize sans, pou devlope santé, ak pou idantifye e konpare,

nou kategorize divès aktivite ou ka eseye avèk timoun ou yo.

http://www.seussville.com/

Gen divès aktivite entegre ki anmizan e edikatif pou pitit ou an.

http://www.jstart.org/

“Jumpstart’s website” sa a prezante yon gid chak mwa pou preparasyon timoun

yo pou lekòl, e gen lòt zouti tou pou fanmi yo.

http://www.ubtriad.org/

Plis enfòmasyon konsènan pwogram kourikoulòm math “Building Blocks” lan.

http://www.ncela.gwu.edu/pathways/reading/index.htm

Anpil pratik pou w anseye timoun bileng yo kijan pou yo li (lekti).

http://www.rif.org/leer

Aktivite “Reading is Fundamental” pou fanmi ki pale panyòl lan yo.

Resous:

Boston Public Schools

Telefòn prensipal: (617) 635-9000

http://www.bostonpublicschools.org

Countdown to Kindergarten

Telefòn “hotline”: (617) 63LEARN

http://www.countdowntokindergarten.org

School Hotline

(617) 635-9046

(Out & Septanm)

Special Education

(617) 635-8599

Transportation

(617) 635-9520

BOSTNET

(Rele pou opsyon anvan & aprè klas)

(617) 720-1290

English Language Learners

617-635-9435

Food & Nutrition Services

(617) 635-9144

Boston School Committee

(617) 635-9014

Citywide Parents’ Council

(617) 635-9210

Childcare Choices of Boston

(Rele pou posiblite gadri)

(617) 542-5437

17


Resous pou Paran yo

Liv

Piba, nou prezante yon lis liv nou sigjere pou w li avèk pitit ou an. Vizite

nenpòt bibliyotèk nan Boston (Boston Public Library) pou w prete liv sa

yo!

Jamaica’s Blue Marker

pa Juanita Havill

A, My Name is Alice pa Jane Bayer

When a Line Bends... A Shape Begins

pa Rhonda Gowler Greene

Arf! Beg! Catch!: Dogs from A to Z

pa Henry Horenstein

Mouse Paint pa Ellen Stoll Walsh

Giraffes Can’t Dance pa

Giles Andreae & Guy

Parker-Rees

When I Grow Up

pa Mercer Mayer

Little Blue and Little

Yellow pa Leo Lionni

Mama Always Comes

Home pa Karma Wilson

How Big is a Pig?

pa Clare Beaton & Stella Blackstone

Brown Bear, Brown Bear,

What Do You See? pa Eric

Carle

Amazon Alphabet

pa Martin Jordan & Tanis

Jordan

Uncle Nacho’s Hat/El sombrero del tío

Nacho pa Harriet Rohmer

We Share Everything! pa Robert N.

Munsch & Michael Martchenko

Morris the Moose pa Bernard

Wiseman

Eating the Alphabet pa Lois Ehlert

Shape Space pa Cathryn Falwell

Bear’s Picture pa Daniel Pinkwater

De colores: Bright with Colors

pa David Diaz

Minji’s Salon pa Eun-hee Choung

(Also El Salón de Minji)

Oh! The Places You’ll Go!

pa Dr. Seuss

I Love Saturdays y Domingos

pa Alma Flor Ada

The First Strawberries

pa Joseph Bruchac

Lily Brown’s Paintings

pa Angela Johnson

18


THANK YOU

Countdown to Kindergarten and Boston Public Schools Early Childhood

Department extends it sincere gratitude to the Early Childhood Coaches

and the following Boston Public Schools Kindergarten Programs:

East Boston Early Education Center

Richard J. Murphy K-8 School

Baldwin Early Education Center

John Marshall Elementary School

Maurice J. Tobin K-8 School

William E. Russell Elementary School


1 2 3 4 5 6 7 8 9

c M L b a

p C A E

PRODUCED BY:

Sonia Gómez-Banrey

Program Manager

Countdown to Kindergarten

Chris Bucco

Early Childhood Coach

Boston Public Schools

Karen Sheaffer

Early Literacy Facilitator

Hanson Initiative for Language and Literacy (HILL)

MGH Institute of Health Professions

Carol Darcy

Hanson Initiative for Language and Literacy (HILL)

MGH Institute of Health Professions

Krystal Beaulieu

Program Assistant

Countdown to Kindergarten

Hooray! Your file is uploaded and ready to be published.

Saved successfully!

Ooh no, something went wrong!