14.06.2014 Views

Paj Denfòmasyon - Countdown to Kindergarten

Paj Denfòmasyon - Countdown to Kindergarten

Paj Denfòmasyon - Countdown to Kindergarten

SHOW MORE
SHOW LESS

Create successful ePaper yourself

Turn your PDF publications into a flip-book with our unique Google optimized e-Paper software.

FOCUS

On Children

Boston Public Schools

I‘m going to

Kindergarten!


www.countdowntokindergarten.org

Lekòl Piblik Boston

Gid Enskripsyon pou JadenDanfan

Pou Ane Lekòl SY 2014-2015

D C c 9 F X C h 8 K n 7


Tout Bagay sou Lekòl Piblik Boston

MISYON NOU

Lekòl Piblik Boston pran angajman pou transfòme lavi tout timoun atravè

yon ansèyman egzanplè nan yon sistèm lekòl akeyan inovatè dènye klas. Nou

asosye ak kominote a, fanmi, ak elèv pou devloe konesans, talan, ak karaktè

lakay chak timoun k ap aprann pou yo ka gen siksè nan inivèsite, nan karyè yo,

ak nan lavi a.

ELÈV AK LEKÒL

Lekòl Piblik Boston ap sèvi pase 58,000 elèv ki soti nan pase 140 diferan peyi

soti nan Afganistan pou rive nan Zimbabwe. Genyen pase 127 lekòl nan BPS

lèfini nan lekòl sa yo genyen:

7 Lekòl matènèl (K-premye ane oubyen twazyèm ane)

46 Lekòl elemantè (K-5)

27 Lekòl elemantè & mwayen (k-8)

9 Lekòl mwayen (6-8)

3 Lekòl mwayen & segondè (6-12)

3 Lekòl ak konkou (7-12)

25 Lekòl segondè (9-12)

7 Lekòl edikasyon espesyal

2 Pwogram altènatif (ak-risk)

www.countdowntokindergarten.org


LÒT VERITE

• Boston garanti yon plas jadendanfan tout jounen pou tout timoun ki gen

senk an. PBS ofri plis pase 2,200 plas lekòl jadendanfan tou nan “K1” pou

timoun ki gen kat ane ak plas limite nan “K0” pou timoun ki gen twazan.

• NAEYC te lisansye 22 pwogram jadendanfan epi genyen 14 lòt pwogram

ki ap travay pou satisfè egzijans yo pou yo lisansye.

• Depi an 2009, BPS kòmanse ogmante kantite lekòl ki gen lè aprantisay

pwolonje soti nan 4 lekòl rive sou 24 lekòl.

• Nan dènye 12 zan ki sot pase la yo, kapasite pwogram apre lekòl nan vil la

prèske double, nou rive sou 48,000 plas, ak plis pase 110 pwogram.

Y D C c 9 F X C 4 h 8 K n 7 2


Prepare pou Lekòl

Pale, fè lekti, ak jwe ak timoun lè yo tou piti ede yo grandi epi sa mete yo

nan bon chemen pou yo gen siksè lekòl. Vil Boston defini yon “timoun ki

pare pou lekòl” kòm yon timoun ki:

1. Kominike pozitivman ak lòt timoun epi granmoun;

2. Kreye epi renmen aprann bagay nouvo;

3. Kapab konsantre epi mete atansyon sou yon lòt moun oubyen

sou yon aktivite;

4. Santi l byen ak tèt li;

5. Kapab kontwole emosyon li;

6. Li an sante, an sekirite, byen repoze epi byen manje;

7. Gen konesans ki apwopriye;

8. Gen kapasite langaj ki apwopriye; epi

9. Gen kapasite fizik ki apwopriye.

Gen twa bagay si ou fè yo ak timoun chak jou – pale, fè lekti, ak jwe – ou

kapab sipòte pitit ou pou li pare pou lekòl.

Poukisa Pale?

Pale se youn nan bagay ki pi enpòtan ou kapab fè pou ede pitit ou aprann

pale epi ogmante vokabilè yo. Pale enpòtan tou pou aprann li ak ekri. Li di

pou timoun ki aprann li ak ekri mo yo poko janm tande se tankou yo t ap

aprann yon lòt lang tou nèf. Angwo, timoun aprann tande anvan, epi pale,

li ak ekri. Tande sa w ap di se premye pa a.

Nòt: pale kapab epi ta dwe pou fèt nan lang ou santi ou pi konfòtab la. Pa

fatige w si lang natif-natal ou se pa Angle.

www.countdowntokindergarten.org


Poukisa pou Fè Lekti?

Fè lekti pou pitit ou se youn nan bagay ki pi enpòtan ou kapab fè

pou ede yo ogmante vokabilè yo epi devlope lanmou pou aprann.

Lekti awotvwa esansyèl tou pou aprann li ak ekri yon fwa pitit ou

kòmanse lekòl.

Ou kapab ede pitit ou pou aprann li lè ou fè lekti pou yo oumenm

depi yo ti bebe. Lekti ede yo vin abitye tande lang, devlope plis

atansyon, plis vokabilè, epi yon anvi pou fè lekti.

Poukisa Jwe?

Jwe ak timoun kapab ba yo opòtinite pou yo kapab jwe pou kò yo

ap ede yo devlope kreyativite, imajinasyon, epi kapasite sosyalemosyonèl.

Timoun bezwen boustè ak entèaksyon pou nouri

devlòpman brenn yo. Se nan jwe timoun kapab rezoud pwoblèm,

apran travay an gwoup, pataje, negosye, pran defans tèt yo, epi

ranfòse kò yo k ap grandi.

Mete tan apa pou timoun jwe ap nouri imajinasyon yo, devlope

kapasite yo pou rezoud pwoblèm, epi ba yo tan pou envestige

tout bagay enteresan y ap aprann sou mond yo a. Ou pa bezwen

genyen okenn jwèt oubyen ekipman chè pou ankouraje jwe. Senp

bagay tankou blòk, bwat vit, oubyen vye rad pou abiye kapab

soulve imajinasyon jenn timoun pandan yon bann tan!

Y D C c 9 F X C 4 h 8 K n 7 4


Sou Konte an Desandan an

www.countdowntokindergarten.org


5. NOVANM – JANVYE: Vizite & Chwazi Lekòl

Fanmi ki ap enskri pitit yo nan jaden danfan pou lòt ane ta dwe vizite

“www.DiscoverBPS.org.”

Rankontre ak direktè lekòl la ak pwofesè, epi wè travay elèv yo nan Egzibisyon

nan Lekòl (16 Novanm) nou nan chak lekòl matènèl, elemantè, ak lekòl K-8.

4. JANVYE – FEVRIYE: Enskri pou Lekòl

Vizite nenpòt Sant Dakèy (WC) pou enskri. Ou kapab ekonomize tan pandan

vizit ou a si ou sèvi ak BPS Express pou enskri davans sou entènèt.

Nou vreman ankouraje w pou make omwens senk lekòl (plis pi bon) nan fòm

en skripsyon an epi pote li ak dokiman ki egzijib yo.

Si Angle se pa premye lang pitit ou a oubyen si yo pale yon lòt lang nan kay la,

epi pitit ou a ap antre nan K2, pandan li nan WC a, y ap tou ba li yon randevou

pou li ale fè yon evalyasyon nan Sant Evalyasyon ak Konsèy pou Moun Nouvo

(NACC).

3. MAS-JEN: Konnen Lekòl ou a

Fanmi ki enskri depi sou premye tou a (6 Janvye – 31 Janvye) ap resevwa

plasman yo pa lapòs nan fen mwa Mas.

Nouvo lekòl pitit ou a ap envite w nan yon Sesyon Byenveni pou vizite sal

klas yo, pale ak direktè a epi pwofesè yo, epi rankontre ak lòt fanmi nouvo yo.

2. JEN – OUT: Pare pou Lekòl

Asire w ou al pran Mayo/ T-shirt ou nan bibliyotèk sou katye w la epi tcheke

aktivite gratis pou fanmi jaden danfan nan vil la.

Plas nan otobis yo ap vin jwenn ou pa lapòs nan fen mwa Out.

1. SEPTANM: Kòmanse Lekòl!

Jeneralman jadendanfan nan Lekòl Piblik Boston kòmanse jou Lendi

apre Jounen Nasyonal Travay (Labor Day), men gen lekòl ki kapab kòmanse

anvan sa.

Y D C c 9 F X C 4 h 8 K n 7

6


Glosè

BPS: BPS se abrevyasyon pou Lekòl Piblik Boston.

Plasman administratif: Lalwa leta mande pou chak timoun k ap gen sizan 31

Desanm dwe kòmanse lekòl an Septanm. Si ou pa resevwa youn nan chwa lekòl

ou yo, oubyen si ou pa voye yon aplikasyon tounen pou yon timoun ki gen sizan

oubyen ki pi gran BPS ap plase elèv sa a nan yon lekòl ki gen plas ki pi pre lakay li.

Sant Dakèy BPS: Anplwaye nan nenpòt nan twa lokal yo (oubyen nan biwo

satelit ki louvri a mwatye tan nan East Boston) kapab esplike w ki chwa ou genyen

epi ede ou enskri pou lekòl.

Sant Evalyasyon ak Konsèy pou Moun Nouvo (NACC): Anplwaye nan NACC

evalye tout elèv ki kapab Elèv K ap Aprann Angle epi ba yo konsèy sou ki pwogram

ki pi kapab sipòte aprantisay elèv.

www.countdowntokindergarten.org


K2: Se yon jounen an antye (6 zèd tan) jadendanfan pou timoun ki gen senk

an premye Septanm. Alòs BPS paka garanti yon plas K2 nan yon lekòl paran an

chwazi, distri a ap bay yon plas K2 nan youn nan lekòl li yo pou chak aplikan ki

bezwen youn.

K1: Sa a se matènèl pou timoun ki gen katran premye Septanm. BPS ogmante

pwogram K1 li yo nan dènye twa zan ki sot pase la yo rive sou 2,200 plas; men,

plas nan pwogram sa yo toujou limite, epi nou paka garanti plasman nan K1.

K0: Yon ti kantite plas nan K0 la pou timoun ki ap gen twazan an Septanm. Tout

plas sa yo ranpli ak timoun ki genyen bezwen espesyal oubyen frè/sè yo se

timoun BPS.

Lekòl Matènèl (EECs) ak Lekòl JadenDanfan (ELCs): Twa lokal BPS sa yo ofri

K0 oubyen K1 rive nan premye ane epi yo genyen gadri anvan epi apre lekòl. Plas

nan pwogram sa yo toujou ranpli anvan premye tou enskripsyon an (6 Janvye –

31 Janvye).

Lekòl Pilòt: Lekòl pilot fè pati Lekòl Piblik Boston men yo pi fleksib nan eseye

nouvo apwòch nan edikasyon.

Y D C c 9 F X C 4 h 8 K n 7

8


Chwazi Lekòl

Kòmanse Janvye 2014, BPS ap sèvi ak yon nouvo regleman pou l bay plas dapre

yon plan Baze-Lakay pou elèv nan jadendanfan rive nan uityèm ane. Li pa sèvi ak

zòn ankò epi li ede elèv jwenn lekòl ki pi pre lakay yo ki gen bonjan kalite.

Plan lekòl Baze-Lakay la:

• Ogmante chans pou yon fanmi resevwa youn nan tòp chwa lekòl li yo

• Ogmante aksè a bonjan kalite lekòl angwo

• Asire li chak timoun jadendanfan k ap rantre lekòl kapab chwazi bonjan

kalite lekòl

• Retire 40% sou kantite distans yon timoun fè pou al lekòl

www.countdowntokindergarten.org


Anvan yo enskri an Janvye, fanmi yo ap gen chwa pou yo sèvi ak Plan Baze-

Lakay pou patisipe nan sezon Chwa Lekòl:

• N ap ofri yon lis chwa lekòl endividyèl pou chak fanmi baze sou adrès lakay

yo. Li gen ladan chak lekòl ki a distans yon mil ak lakay yo, si gen bezwen,

lekòl ki gen pi wo nivo pèfòmans nan MCAS ak pi bon randman.

www.DiscoverBPSorg

• Lis la kapab ogmante, si gen bezwen, pou asire fanmi yo gen opòtinite pou

aplike pou chwa K0, lang doub, enklizyon, ak plis toujou, epitou pou asire nou

kapab ofri chak timoun yon plas nan yon lekòl ki nan lis li a. Lekòl sa yo ap

rele “Chwa Lekòl.”

• Chak fanmi ap gen omwen 6 lekòl yo kapab chwazi ladan yo; anpil ladan yo

ap genyen an mwayèn ant 8-14 chwa.

• Fanmi yo kapab chwazi nan lis lekòl pou tout vil la.

• Menm jan ak premye plan twa-zòn yo, nou pakab garanti yon aplikan w ap

jwenn plas nan youn nan tòp chwa li yo – men tout aplikan nan K2-rive pou

uityèm ane ap jwenn yon lekòl nan lis endividyèl li a. Akòz plas limite, nou

pa kapab garanti yon plas lekòl pou K0 ak oubyen K1, menm jan nou pat ka

garanti sa anvan.

Y D C c 9 F X C 4 h 8 K n 7

10


Chwazi Lekòl

Plan Baze-Lakay la pou ka asire chak fanmi gen bonjan kalite lekòl nan lis

endividyèl yo a. Nou gwoupe lekòl nou yo an kat Nivo MCAS dapre jan elèv yo

pèfòme nan tès MCAS la nan de dènye ane ki sot pase la yo. Nou met an kont ni

pèfòmans angwo ni amelyorasyon, toulede. Chak fanmi genyen pou piti de nan

lekòl ki genyen rezilta ki pi wo yo (Nivo I – tòp 25%) epi pou piti kat lekòl nan tòp

pèfòmans MCAS nan mitan (Nivo I ak Nivo II) nan lis endividyèl yo a. Nivo III nan

51%-75% anba. Nivo IV nan dènye 25% yo. Nou konnen fanmi yo gade plizyè

faktè apre MCAS pou deside si pou yo chwazi yon lekòl ou pa, epi nou ap trvay ak

kominote a pou devlope yon pi bon mezi kalite ki dirab.

Pou Apranti Lang Angle ki andikape, plan Baze-Lakay la mache yon ti jan diferan,

li kreye yon kominote gwoup lekòl pou ede asire elèv yo kapab ale nan lekòl

ki ofri bonjan kalite pwogram ki pi pre lakay yo.

Plan Baze-Lakay la pi previzib epi li bay paran yo opòtinite pou konnen

chwa lekòl yo a davans. Sa vle di fanmi yo kapab aprann plis sou lekòl yo pi

bonè, sa kapab ede yo ranfòse koneksyon ant lekòl, elèv ak fanmi.

www.bostonpublicschools.org/register

www.countdowntokindergarten.org


Y D C c 9 F X C 4 h 8 K n 7

12


Enskri pou Lekòl

Kilès? Si pitit ou a ap gen senk an premye Septanm 2014, l ap elijib

pou Jadendanfan K2. Gen yon kantite plas nan jadendanfan K1 tou pou

timoun k ap genyen katran (4) an Septanm 2014. Gen yon ti kantite plas K0

ki la pou timoun ki ap gen twa zan (3) premye Septanm 2014. Plas K1 ak

K0 yo pa garanti. N ap fè w konnen alòs BPS eseye plase timoun nan lekòl

fanmi yo chwazi, sa pa toujou posib. Aplikan K2 kapab chwazi pou yo plase

yo administratifman pou yo kapab gen garanti yon plas nan fen premye tou

enskripsyon yo. Timoun k ap genyen sizan 31 Desanm ap jwenn yon plas

nan jadendanfan si youn nan chwa aplikan yo pa disponib.

Ki kote? Enskri nan youn nan Sant Dakèy BPS. Si pitit ou a antre nan K2

epi Angle pa lang natif-natal li, etap enskripsyon an ap gen ladan li yon vizit

nan Sant Evalyasyon ak Konsèy (NACC) pou yon evalyasyon nan lang Angle

ak konsèy sou chwa lekòl.

Dorchester

1216 Dorchester Ave.

Dorchester, MA

(617) 635-8015

Roxbury

75 Malcolm X Blvd.

Roxbury, MA

(617) 635-9010

Roslindale

515 Hyde Park Ave.

Roslindale, MA

(617) 635-8040

Lè nou louvri:

Lasemèn 8:30 AM – 5:00 PM

(Eksepte Mèkredi nou louvri a 12:00-7:00 PM)

Sant Evalyasyon ak Konsèy (NACC)

Konplèks Lekòl Segondè Madison Park

55 Malcolm X Blvd.

(617) 635-1565

Lè nou louvri: Lasemèn 9:00 AM – 5:00 PM

Lendi rive Vandredi

www.countdowntokindergarten.org


Kilè? Premye peryòd enskripsyon an kòmanse 6 Janvye, 2014 – 31

Janvye, 2014 dapre yon orè alfabetik (nou montre pi ba a). Enskri nan

peryòd sa a pou ka gen plis chans pou jwenn yon plas nan youn nan

lekòl ou vle yo.

Dapre siyati paran/responsab:

A-I: Jan 6-10

J-Q: Jan 13-17

R-Z: Jan 21-24

Tout: Jan 27-31

Pre-Enskripsyon kòmanse depi byen bonè an Novanm epi l ap kontinye

rive an Janvye. Ou kapab sèvi ak BPS Express pou pre-enskri pitit ou sou sit

entènèt!

“Pa gen twò lontan depi pitit mwen an di m konsa li se yon syantis paske li

renmen fè envestigasyon nan lakou lekòl la epi li fè eksperyans! Apresa li di

m ki diferans ki genyen ant opaq, translisid, ak transparan! Gwo konsèp pou

yon timoun 5 an!” - Paran BPS

Y D C c 9 F X C 4 h 8 K n 7 14


Lis Dokiman Enskripsyon

Tout fanmi k ap enskri yon nouvo elèv nan lekòl piblik Boston dwe pote

dokiman ki egzijib sa yo nan yon Sant Dakèy BPS; yo fè pati etap enskripsyon

an. Aplikasyon an pap kapab vanse san ou pa gen dokiman sa

yo.

TOUT sa yo:

● Batistè orijinal timoun nan, fòm I-94 oubyen paspò*

● Kanè vaksen ki ajou (al gade pi ba a)

● Foto idantifikasyon Paran/Responsab

*Pou sèvi ak Paspò fòk ou ranpli yon Afidavi Paran, w ap jwenn fòmilè a

nan Sant Dakèy BPS yo

Vaksen Obligatwa

Klas

K0 (laj 3 zan)

K1/K2

(laj 4-5 an)

Hepatit B 3 dòz 3 dòz

DtaP/DTP/DT/Td

>4 dòz DtaP/

DTP

5 dòz DtaP/

DTP

Polyo >3 dòz 4 dòz

Hib: 1-4 dòz 0

MMR 1 dòz 2 dòz

Varisèl (Saranpyon) 1 dòz* 2 dòz*

*oubyen dokimantasyon sou maladi a

www.countdowntokindergarten.org


Epi DE nan sa yo:

Dokiman ki pwouve kote w rete fèt pou yo enprime ak non epi adrès

ajou paran/responsab elèv la. Dokiman yo pa dwe dokiman ki nan

menm boul la.

● Yon fakti (se pa dlo oubyen telefòn) ki date nan dènye 60 jou ki sote

pase la yo

● Yon papye lwaye ajou, yon akò seksyon 8, oubyen afidavi prèv ou

rete nan Boston.

● Yon papye kay oubyen resi ou peye kay ou ki date dènye 60 jou ki

sot pase la yo, oubyen yon resi enpo nan dènye ane ki sot pase la yo

● Yon fòm W2 ki date nan ane a, oubyen souch chèk ki date nan dènye

60 jou di sot pase la yo

● Yon papye labank oubyen kat kredi ki date nan dènye 60 jou ki sot

pase la yo

● Yon lèt yon ajans* gouvènman an apwouve ki date nan dènye 60 jou

ki sot pase la yo

*AJANS GOUVÈNMAN KI APWOUVE: Depatman Asistans an Tranzisyon, Revni (DOR),

Sèvis Timoun ak Fanmi (DCF), Asistans an Tranzisyon (DTA), Sèvis Jenn (DYS), Sekirite

Sosyal, ak nenpòt lòt kominikason ak antèt Vil Masachousèt.

Y D C c 9 F X C 4 h 8 K n 7 16


Resous

Konte an Desandan nan Jadendanfan: (617) 635-9288

Nimewo Telefòn Lekòl Piblik Boston (BPS): (617) 635-9000

Sit Entènèt Lekòl Piblik Boston: www.bostonpublicschools.org

BOSTONavigator (jwenn pwogram nan Lè ki pa lè lekòl nan Boston):

www.bostonavigator.org

Komite Lekòl Boston: (617) 635-9014

Apranti Lang Anglè: (617) 635-9435

Sèvis Manje ak Nitrisyon: (617) 635-9144

Sèvis Sante nan: (617) 635-6788

Rezo Resous sou Edikasyon pou Moun Ki Pa Gen Kay: (617) 635-8037

Sant Evalyasyon ak Konsèy Moun Nouvo (NACC): (617) 635-1565

Biwo Angajman Fanmi Ak Elèv: (617) 635-7750

Nimewo 24 sou 24 pou Lekòl (Janvye, Out, ak Septanm): (617) 635-9046

Edikasyon Espesyal: (617) 635-8599

Pale, Fè lekti, Jwe (resous ak aktivite gratis pou fanmi ak jenn timoun):

www.talkreadplay.org

Transpòtasyon: (617) 635-9520

www.countdowntokindergarten.org


Inivèsite Kòmanse nan Jadendanfan

Kounye a w ap enskri pou jadendanfan, li lè pou kòmanse

panse ak chemen inivèsite. MEFA kapab ede ak

plan pou fè ekonomi pou al nan inivèsite. Ou kapab

kòmanse depi kounye a, ak $15 sèlman. Rele nan

800.449.6332 (MEFA) oubyen vizite www.mefa.org pou

plis detay.

Nou la pou nou ede!

Y D C c 9 F X C 4 h 8 K n 7

18


Haitian Kreyole

Hooray! Your file is uploaded and ready to be published.

Saved successfully!

Ooh no, something went wrong!