15.02.2024 Views

NOT POU LAPRES 06.02

Press Release for the formation of the Guy Philippe/Moise Jean-Charles alliance "Tèt Ansanm pou Sove Ayiti"

Press Release for the formation of the Guy Philippe/Moise Jean-Charles alliance "Tèt Ansanm pou Sove Ayiti"

SHOW MORE
SHOW LESS

Create successful ePaper yourself

Turn your PDF publications into a flip-book with our unique Google optimized e-Paper software.

Pòtoprens, 6 Fevriye 2024

Pèp Ayisyen, Chè Konpatriyòt,

Nòt pou Laprès

Tèt Ansanm Pou Sove Ayiti

Jodi a, yon nouvo chapit ouvè nan listwa peyi nou an atravè yon antant istorik ki reyini 2 gran pèsonalite politik,

2 patriyòt. N ap pale de Moïse Jean-Charles ak Guy Philippe.

Antant sila a, se rezilta kri sitwayen yo toupatou, li se yon repons patriyotik tou a kriz malouk peyi a ap travèse

akòz move gouvènans, enkonpetans ak endiferans ekip ki sou pouvwa a. Kreyasyon nouvo espas kolaborasyon

sila a, fè pati yon apwòch nasyonalis ki dwe pemèt nou fini ak tout divizyon, tout chire pit ki bloke inite nan

mitan sitwayen yo. Sa se yon apwòch ki montre aklè angajman aktè kle sou tèren politik la ak fèm volonte yo

pou jwe yon wòl enpòtan nan amelyorasyon kondisyon lavi pèp ayisyen an k’ap lite san pran souf kont move

lavi ki enpeche l viv kou moun.

Atravè antant sila a, ki rele “Tèt Ansanm Pou Sove Ayiti” nou adopte yon pozisyon fèm fas ak yon sistèm

sanginè, pouri ak kriminèl. Nan tèt kole sa a, nou chwazi mete enterè peyi Dayiti an premye. Se yon

etap enpòtan sou chimen "Nouvèl Ayiti a". Nan moman desizif sa a, nan listwa nou kòm pèp lib, kote ke yon

aksyon popilè vin enperatif pou reyini fòs viv nasyon an, “Tèt ansanm pou sove Ayiti” fè yon gwo apèl pou

linyon epi mande popilasyon ayisyèn nan pou yo rasanble dèyè’l nan lide pou fè peyi a sòti nan twou l ap rantre

chak jou a

"Tèt Ansanm Pou Sove Ayiti" baze sou anbisyon komen ki vize:

1. Retabli jistis, garanti sekirite ak respè pou etadedwa sou tout teritwa a;

2. Ankouraje inite nasyonal pandan n ap kite dèyè diferans politik nou yo pou byennèt pèp ayisyen an;

3. Etabli yon mekanis konsiltasyon regilye pou ankouraje yon kominikasyon ouvè ak transparan;

4. Asire yon distribisyon ekitab pou responsablite yo nan strikti nou an;

5. Devlope ak egzekite yon ajanda gouvènans komen, ki konsantre sou bezwen prensipal nasyon nou an:

sekirite piblik, diplomasi, ekonomi, edikasyon, sante, jistis sosyal, eleksyon, pami lòt domèn kle;

6. Kiltive respè youn pou lòt ant manm yo, ankouraje tolerans ak kolaborasyon;

7. Aji ak transparans nan tout inisyativ nou yo pou pèp ayisyen an ak siyatè yo

8. Sipòte prensip fondamantal demokrasi a, ekspresyon volonte popilè ak demokrasi patisipatif.

Pou “Tèt Ansanm Pou Sove Ayiti"

Reprezantan Bòd Guy Philippe

Junior MAXI

Reprezantan Piti Dessalines

Jean Eugene GILOT

Email : tetansanmpousoveayiti@gmail.com Tel : +(509) 3117-1696 / (509) 3447-4849 / (509) 3137-0380

Hooray! Your file is uploaded and ready to be published.

Saved successfully!

Ooh no, something went wrong!