Create successful ePaper yourself
Turn your PDF publications into a flip-book with our unique Google optimized e-Paper software.
Bon Nouvèl

Jounal pou moun ki renmen lang manman yo

42º ane * nº 462 * jen 2009 Pri jounal la : 10 goud

Triyo Dòzèl, revelasyon mizikal 2009

2 Avangou : Diskou Prezidan Preval nan Akayè

3 Koze mande chèz : Kouman pou n kaba koze

pa konn li ak ekri

Pozisyon KONAP sou lwa ki konsène

Travay Domestik la

5 Diskou Prezidan Preval (swit) :

7 Touris lokal : Mibalè

9 Paj Fanatik : Yon bon Papa

10 Paj pou jèn yo :

Triyo Dozèl

Ki pwoteksyon pou refijye ayisyen yo

Lit kont dwòg

Papa (pwezi)

Se pa dan k ap griyen

14 Pawòl Bondye : Pyebwa se poto mitan lavi

16 Blag ak Mo kwaze

Baton ki nan men ou, se ak li ou pare kou

42 lane nan batay pou lang pèp ayisyen an
Avangou

Fanatik Bon Nouvèl yo bonjou,

Nan mwa sa a n ap prezante diskou prezidan Rene Preval te fè Akayè

alokozayon fèt drapo a. Anpil bèl pawòl. Li fè n konprann kouman nan

epòk n ap viv la pèp Ayisyen an dwe batay pou yon dezyèm endepandans,

ki se endepandans ekonomik la, pou n ka retire etikèt mandyan sou do nou

pou n kapab pran desten peyi a nan men nou. Batay sa a mande tèt ansanm

ak dyalòg. Men li mande tou pou reskonsab yo pran men yo pou yo travay

toutbon pou byen kominote a, men se pa pou enterè pa yo ak klan yo a.

Men diskou chèf deta a :

Pèp Ayisyen,

Moun Akayè,

Si an janvye 1804, nou te kapab pwoklame endepandans peyi nou devan lemonn antye, se paske

nan konba nou te mennen yo, nou te reyisi chita pale youn ak lòt. Se paske nou te resi pran

desizyon pou nou mache men nan men. Nan demach sa a, apati lane 1803, li te vin nesesè pou

nou te bay tèt nou yon sèl senbòl ki t ap pwòp senbòl pa nou. Tout fòs ki te leve kanpe kont

esklavaj la te bezwen yon drapo, pwòp drapo pa yo. Drapo a se te siyal rasanbleman tout gwoup ki

te sou tè pa nou an ki te deside pou yo pa t fè bak ankò, ki te deside mennen batay la jiskaske tè

kote y ap viv la vin tounen yon peyi endepandan.

Lè nou gade drapo nou an, nou santi nou fyè poutèt pakèt batay zansèt nou yo te aksepte mennen

pou nou te ka vin yon pèp lib.

Endepandans nou te bay tèt nou an 1804 la, se te yon endepandans politik ki te pèmèt nou

egziste kòm peyi, yon peyi ki lib chwazi pwòp Konstitisyon pa l, pwòp systèm politik pa l, yon peyi

ki ka deside genyen relasyon avèk peyi li vle. Pou nou ka bay endepandans politik sa a jarèt, nou

genyen pou nou mennen yon lòt kalite batay: li nesesè, jodiya, pou nou genyen endepandans

ekonomik nou.

Jodiya, nou konn sa, nou pa genyen endepandans ekonomik nou paske peyi a pa pwodui ase

richès pou l ka fè pwòp chwa devlopman pa l, paske nou sou kont peyi ak enstitisyon etranje pou

nou ka jwenn lajan pou nou fè devlopman nan peyi nou an. Nou manke endepandans ekonomik.

E, manke endepandans ekonomik sa a, li rann frajil endepandans politik nou te jwenn an 1804

la.

Pèp ayisyen, nou dwe pran fòs nan selebrasyon drapo nou an, pou, nan dyalòg ak solidarite, nou

kapab batay pou nou ka vin genyen plis endepandans ekonomik. Batay sa a, nou dwe mennen l;

se sèl fason nou kapab bay endepandans politik nou an fòs.

Lè nou gade bidjè nasyonal nou an, nou ka konprann fasilman kijan endepandans ekonomik nou

an fèb. Pou ane sa a, nou genyen yon bidjè 80 milya goud. Nan 80 milya goud la, se sèlman

anviwon 32 milya goud ki soti nan resèt lajan nou fè nan peyi a. Rès 48 milya goud la ta dwe soti

nan èd entènasyonal. Sa vle di, pou nou jwenn lajan pou Leta a ka fonksyone e ka bay kèk sèvis

epi pou nou jwenn lajan pou nou kapab reyalize kèk pwogram ak pwojè devlopman, 60% nan

lajan nou bezwen se èd etranjè.

kontinye nan paj 5

2 Bon Nouvèl Jen 2009
Koze mande chèz

Kouman pou n kaba koze pa konn li ak ekri a nètalkole?

Nan okazyon semèn aksyon

mondyal 2009 edikasyon pou tout

moun nan, divès enstitisyon k ap

milite nan domèn nan jwenn ak lòt

sitwayen, pouse yon gwo rèl pou

fòse zotobre nan Leta a pran

reskonsabilite l sou kesyon an. Yo

te pwofite brase lide sou nesesite

alfabetizasyon nan peyi a ak sou

nesesite pou kaba nètalkole zafè

pa konn li ak pa konn ekri.

Reprezantan kolektif òganizasyon

sa yo te mande leta pou l fè yon

refleksyon sou fason pou l devlope

edikasyon nan avantaj tout jèn ak

tout granmoun.

Semèn aksyon mondyal edikasyon

an te koumanse 20 avril la. Nan

yon dokiman yo remèt laprès,

òganizatè, yon ventèn anviwon, di

yo konstate: Plis pase lamwatye

popilasyon an, 52,7% pa konn li

ak ekri, genyen plis pase 3 milyon

moun ki pa konn li ak ekri soti 14

Pozisyon KONAP sou lwa ki

konsene «Travay Domestik»

palmante ak palmantèz yo vote

nan dat 7 ak 12 me 2009 la

KONAP rekonèt jefò Palmantè fanm

kou gason nan Sena ak nan chanm

depite a ki vote lwa ki konsène

«Travay Domestik» la. Yon lwa ki

sipoze rekonèt moun k ap fè travay

kay moun pou yo viv, se travayèz

menm jan ak tout lòt travayèz ! Se yon

pa enpòtan nan batay pou fè respekte

dwa kategori travayè ak travayèz sa

yo ak pou kondisyon lavi yo chanje.

KONAP rekonèt nouvo Lwa sou

«Travay Domestik» la, kapab pote

alemye pou fanm ak gason k ap travay

kay moun kòm mwayen pou yo viv.

rive 50 lane, pifò moun ki pa konn

li ak ekri yo se fanm (52,88 %

fanm, 47,12% gason ).

Yon lòt kote, selon sa ansanm

enstitisyon yo ki gen ladanl:

Sosyete Animasyon ak

Kominikasyon Sosyal (Saks),

Jounal Bon Nouvèl, Regwoupman

edikasyon pou tout moun (REPT)

elatriye, 61 sou chak 100 moun k

ap viv nan zòn pwovens yo pa konn

li ak li, 63 pou san moun ki pa gen

mwayen lajan pa konn li ak ekri, plis

pase 1/3 nan jèn ki gen laj 16 rive

24 lane pa konn li ak ekri, anpil nan

jèn sa yo ak granmoun ki te

koumanse konn li ak ekri vin pèdi

kapasite sa a paske yo pa ka

kontinye lekòl akòz kondisyon lavi

a ak lamizè ap maltrete yo.

Kolektif òganizasyon ki pote non

yo anba dokiman pou laprès la di

menm si yo rekonèt gen jefò ki fèt

Men li rekonèt tou, nouvo lwa sa a gen

anpil limit pou l ta rive konfòm ak dwa

kategori travayèz ak travayè sa yo

genyen kòm moun k ap vann fòs travay

yo.

1) Menmlè, tankou kòd travay la te fè

l, nouvo lwa a pa pale de moun kay

ankò, «gens de maison» nan lang

franse, KONAP pwofite okazyon an

pou fè remake mo domestik la pa gen

menm sans nan langaj kreyòl ak langaj

franse. Se poutèt sa li regret se mo

domestik la ki sèvi pou fè diferans ant

kategori travayèz ak travayè sa yo avèk

lòt yo. KONAP ap fè remake tou, yon

gwo erè ki pou korije anvan egzekitif

la pibliye nouvo lwa sa a nan jounal

Monitè a, san li pa kite twòp tan pase,

nan premye viza ki nan koumansman

nan sans sa a, men yo twouve sa pa

pa ase. Pou yo leta dwe fè plis jefò.

«Jounen jodiya nou menm

òganizasyon, enstitisyon ak moun

ki fè deklarasyon sa a, ap fè n sonje

pwoblèm analfabetis, sitiyasyon pa

konn li pa konn ekri a, se pi gwo siy

feblès nan zafè edikasyon. Pwoblèm

analfabetis la dwe poze nan sans

inegalite : kondisyon miwo miba ki

egziste lè se yon ti pòsyon moun ki

rive jwenn lakonesans epi pifò moun

pa jwenn », se sa yo te di, anvan yo

te ajoute pi lwen pwoblèm

edikasyon an gen relasyon tou ak

fenomèn double klas ak zafè kite

lekòl anvan lè a san nou pa bliye

kondisyon ekonomik moun yo ap viv

chak jou a.

Pi devan, pil òganizasyon sa yo fè

konnen «se yon kondisyon enpòtan

pou ankouraje majorite moun nan

popilasyon an patisipe ak kontribye

lwa a, yo mete atik 135 nan plas atik

35. Se atik 35 lan, ki gen pou wè ak

kesyon travay nouvo lwa ap trete a.

2) Nan fason nouvo lwa sa a ekri, depi

nan papòt nan premye atik li, li reprann

menm pawòl atik 257 kòd travay la ki

di : “ Sa kòd travay la di sou moun k

ap travay nan sektè endistriyèl

agrikòl ak komèsyal la pa konsène

travay domestik”. Koze sa se

manifestasyon yon kokenn chenn

diskriminasyon, paske kòd travay la gen

dispozisyon ki konsène divès lòt kategori

travayèz tankou pa ekzanp sila yo k ap

travay nan sektè agrikòl, ak nan lanmè,

ki pa gen okenn pawòl ki fikse menm

presizyon k ap fè diskriminasyon sa yo.

3)Anplis, nouvo Lwa a repran tennfas

plizyè regleman nan kòd travay ki pa

Bon Nouvèl Jen 2009 3
Koze mande chèz

anpil nan konstwi devlopman san

fòs kote, ede anpil pou fè

demokrasi tounen demokrasi

toutbonvre ». Pou yo, pa gen pyès

jistifikasyon pou zafè pa konn li

ak pa konn ekri a pa kaba nètalkole.

Yo voye jete tout pretèks ki ka

anpeche revandikasyon yo reyalize

tankou: lòt priyorite nasyonal,

politik neyoliberal, ak lòt gwo peyi

k ap kraze Ayiti. Se volonte politik

ki pa genyen selon enstitisyon yo

ki fè yon grav konsta nan domèn

nan. Selon yo « Alfabetizasyon pa

fèt paske sektè demokratik ak

popilè a, sitwayen ak sitwayèn

angaje poko mobilize ase pou fòse

pouvwa ekzekitif ak palman an

pran desizyon toutbonvre pou

travay nan sans pou kaba ak zafè pa

konn li pa konn ekri a , nan devlope

edikasyon debaz pou jèn ak

granmoun ».

demontre lwa a konsidere tout bon vre,

moun k ap fè travay nan kay kòm

mwayen pou viv, tankou travayèz ak

travayè. Se pou sa KONAP ap atire

atansyon sou koze sa yo : Lwa a rete

bèbè sou salè minimòm travayè-z

domestik yo - Lwa a fikse plis lè

travay pou kategori travayèz sa yo

(14 zè d tan.) Alòske, kòm travayèz

ak travayè, yo ta dwe gen yon salè ki

pèmèt yo pran reskonsablite tèt yo ak

fanmi yo, yo ta dwe tou travay menm

kantite tan, ki vle di 8 è pa jou jan lalwa

prevwa tan travay pou travayèz ak

travayè nan peyi a.

Regleman ki fikse nan lwa sou travay

domestik Palmantè-z yo fenk vote nan

koumansman mwa me 2009 la,

demontre klè kou dlo kòk, gen anpil

chemen ki rete pou siyonnen pou Ayiti

fin efase tras lesklavaj ki rete tanpe

sou li toujou nan fason ni lalwa ni

sosyete a trete travayè fanm kou

gason k ap travay kay moun yo.

KONAP ap fè sonje nan lane 1997/

CRAD (Sant Rechèch ak Aksyon

pou Devlopman), CEAAL Ayiti

(Konsèy edikasyon granmoun nan

Amerik Latin nan) ansanm ak tout

lòt òganizasyon, enstitisyon ak

moun ki siyen deklarasyon sa a

mande pou pouvwa egzekitif la,

palman an ak koletivite teritoryal

nan peyi a respekte ak aplike atik

32-9 konstitisyon ki di : “ Leta ak

kolektivite teritoryal yo, dwe fè

tout sa yo kapab pou tout moun rive

konn li, rive konn ekri”. Pou pouvwa

egzekitif, palman an ak kolektivite

teritoryal nan peyi a kreye

kondisyon pou popilasyon an ka

patisipe toutbonvre nan travay pou

kaba nètalkole zafè pa konn li pa

konn ekri a.

Fòk se yon alfabetizasyon ki

kòdone epi ki desantralize ». Yo te

mande tout asosyasyon ak tout

regwoupman yo « fè fòs pou nou

1998 divès òganizasyon feminis te

negosye ak Palmantè 46yèm lejislati a,

yo te pwopoze chanje kèk atik ki te

charye diskriminasyon sou fanm epi ki

pase dwa yo anba pye nan Kòd penal,

Kòd sivil ak Kòd travay.

KONAP regret 13 lane apre, se tikal

repons k ap pote, ki pa tabli gwo

chanjman sou revandikasyon pi

enpòtan yo. Menmjan an tou, KONAP

deplore Palmantè yo pat tabli yon

pwosesis konsiltasyon dirèk bò kote

òganizasyon feminis yo, sendika yo ak

lòt sektè ki konsène pou yo pran

pozisyon yo sou lwa egzekitif la

pwopoze pou yo vote. Sa ki ta pèmèt

Palmantè yo vote yon lwa ki pote plis

jistis epi ki garanti bon jan kondisyon

travay pou fanm kou gason k ap vann

fòs kouray yo nan travay kay moun.

Yon lwa ki rekonèt toutbon vre, dwa

kategori travayè sa yo fanm kou gason,

egal ego ak lòt travayèz-travayè, t ap

valorize travay anndan kay, li tap

fè presyon, fè pwopozisyon ak

patisipe avèk koyerans nan aksyon

ki nesesè, pou peyi d Ayiti ka libere

anba zafè pa konn li pa konn ekri a,

pou popilasyon an ka tounen yon

popilasyon alfabetize ».

Semèn sa a fè egzakteman 9 lane

depi Fowòm mondyal edikasyon te

fèt nan ane 2000 nan Daka nan peyi

Senegal kote plis pase 100 peyi

sou latè te renouvle angajman yo

te pran nan lane 1990 pou

edikasyon pou tout moun nan

tounen reyalite. Manman lwa peyi

d Ayiti di nan atik 32.9 “Leta ak

kolektivite teritoryal yo, dwe fè

tout sa yo kapab pou tout moun rive

konn li, rive konn ekri”. Ventde z

an apre pèp ayisyen te pwoklame

Konstitisyon 1987 la, kesyon

edikasyon pou tout moun nan poko

janm reyalize.

Ladensonn Flerival

ankouraje tou pataj travay anndan kay

ant fanm ak gason.

Lwa ki gen pou vote yo merite ale pi

lwen pou pote chanjman tout bon vre

nan kondisyon lavi fanm ak rès

popilasyon an. Se pousa nan

KONAP, nou rete mobilize pou n

kontinye lite pou dwa tout travayè

fanm kou gason respekte. Pou Leta

pran reskonsablite li pou l rive jwenn

estrateji k ap pèmèt li defini mezi k

ap akonpaye epi fasilite aplikasyon

lwa yo. Menmjan an tou, pou Leta

devlope sèvis sosyal, kreye

enfrastrikti ki pou soulaje moun k ap

fè travay kote yo touche pi piti salè

yo, travay epi viv nan diyite. Kidonk,

detwa chanjman ki parèt ak nouvo

lwa ki rele « Lwa sou Travay

domestik » la, se yon gany. Men nou

gen anpil batay pou n mennen anvan

nou kapab kriye laviktwa.

Pòtoprens, 20 me 2009

Olga Benoit Samia Salomon

4 Bon Nouvèl Jen 2009
Spesyal diskou prezidan an

swit paj 2 a

Sitiyasyon sa a mande pou nou reflechi e pou nou chwazi, nan dyalòg ak solidarite,

nan ki direksyon n ap travay pou peyi nou ka devlope.

Nou depann twòp de èd etranjè pou nou ka fè pwogrè ekonomik. E, lè nou depann

konsa de peyi etranje, de enstitisyon etranjè, li nòmal pou peyi sa yo, pou enstitisyon

sa yo, poze kondisyon pa yo anvan yo fè nou jwenn enpe nan lajan nou bezwen pou

nou ka fè kèk travay nan peyi a. E, laplipaditan, nou oblije respekte kondisyon yo

enpoze nou yo. Nou vin pi konprann sa pi byen paske nan mitan gwo kriz menm peyi rich yo ap

viv la, mwayen pa yo ankò pi fèb e nou kapab jwenn mwens èd.

Pèp Ayisyen, depann de volonte enstitisyon entènasyonal ak peyi etranje pou nou jwenn mwayen

pou nou fè devlopman, depann de kapasite ak volonte peyi sa yo, se siy ki montre nou manke nan

endepandans ekonomik.

Kijan n ap fè soti nan sitiyasyon sa a kote se tankou nou sou kont peyi ak enstitisyon sa yo pou

nou ka devlope? Pou nou ka reponn kesyon sa a, nou bezwen chita pale ansanm, nou bezwen

dyaloge youn ak lòt, fòk genyen solidarite ant tout fòs, ant tout gwoup nan peyi a.

Reponn kesyon sa a pa fasil men se yon devwa si nou vle respekte sa k te pase isit la Akayè, se yon

devwa. Si nou vle respekte sa k te pase isit Akayè, se yon devwa pou n pwoteje endepandans

politik ak plis endepandans ekonomik.

Pa gen lontan de sa, mwen kreye yon Komisyon sou kesyon konpetitivite, sa vle di ki sa k ta dwe

fèt pou ekonomi peyi nou an ka pwofite de resous pa li, de tout chans li genyen li menm, pou li ka

vanse menm jan anpil lòt peyi rive fè pwogrè. Kreyasyon Komisyon sa a se yon ekzanp, se yon

ekzanp kote nou chita sou prensip dyalòg. Andedan Komisyon sa a divès gwoup sosyal chita

ansanm ap reflechi, ap dyaloge.

Egzistans Komisyon an se yon modèl dyalòg ki dwe genyen nan tout peyi a pou nou ka chèche

ansanm chemen k ap pèmèt nou vin granmoun tèt nou nan domèn ekonomik.

Premye kondisyon pou genyen devlopmam ekonomik se estabilite politik ak sekirite. Depi 3 zan,

nou fè anpil efò, e jodiya, nou ka di stabilite politik la ranfòse nan peyi a. M ap pwofite, yon fwa

ankò, felisite tout aktè politik yo ki te travay pou sa fèt. Sitiyasyon sekirite a vin amelyore anpil

pa rapò a jan bagay yo te ye an 2006. M ap pwofite felisite yon lòt fwa ankò PNH la e mande l pou

l kontinye san febli mennen batay pou n ka genyen plis sekirite toujou. M ap remèsye MINUSTAH

pou bourad li bay lapolis la nan efò l ap fè pou bay Pèp Ayisyen an sekirite.

Yon lòt kondisyon, pou nou genyen endepandans ekonomik, se kreye dyòb. Premye sektè ki ka

pèmèt nou kreye dyòb pi fasil se sektè agrikòl la. Anpil Ayisyen se peyizan, pifò ladan yo. Men, yo

bezwen dlo pou wouze, angrè bon mache, semans bon mache, traktè ak zouti pou yo travay tè.

Akote sektè agrikòl peyizan an, nou konnen gen anpil moun ki pa gen tè pou yo travay, e pou

milye moun sa yo ki pa gen tè pou travay, pi gwo opòtinite jodiya se Akò Ayiti jwenn ak peyi

Ameriken pou sèten pwodui nou fè isit antre lakay yo san peye taks. Fòk nou pa bay tèt nou

manti. Si nou jwenn Akò sa a se paske Ayiti se youn nan peyi ki gen mendèv pi bon mache. Si

Ayiti se peyi ki gen mendèv pi bon mache se paske Ayiti se youn nan peyi ki gen plis chomaj.

Mendèv bon mache! Chomaj! Kidonk, nou gen pou n kenbe kont de 2 reyalite sa yo:

1) Ogmante pri mendèv la pou ouvriye yo gen plis kòb nan men yo pou yo viv;

2) Pa ogmante chomaj la, kote plis moun pap gen anyen pou viv.

Pwoblèm nan serye, li grav, li mande anpil analiz. Li mande anpil chita pale, diskisyon serye pou

n abòde l byen.

Bon Nouvèl Jen 2009 5
Spesyal diskou prezidan an

Gen lòt sektè ki kapab kreye richès, ki kapab pèmèt nou ranfòse endepandans ekonomik

nou. Youn ladan yo se touris. Touris lokal la kòmanse avèk sekirite a. Anpil moun nanpeyi

a al an pwovens kouliyeya. Anpil Ayisyen k ap viv lòtbò dlo anvi tounen lakay yo pou fèt

patronal, vin fè vakans.

Se yon aktivite ki ka pote kòb anndan peyi a. Avèk sekirite a ki retounen, wout k ap fèt, nou

kòmanse wè aktivite touris swa lokal, swa dyaspora kòmanse pran jarèt. Nan wout k ap fèt jounen

jodiya, nou kapab site pa ekzanp:

- Wout Sid la ki soti Pòtoprens depase Okay, rive Pòsali e k ap kontinye;

- Wout Platosantral ki rive Mibalè , y ap travay kouliye a sou wout Mibalè-Ench, nou gen

tan jwenn finansman pou Ench-Okap la;

- Wout Okay-Jeremi an pral kòmanse nan mwa jiyè k ap vini la a;

- Wout Nasyonal Nº1 an ap refèt, fòk nou jwenn resous pou nou fè Senmak jis Okap;

- Pou nou chèche resous tou pou n fè wout Gwomòn-Pòdpè;

- Epi wout Miragwàn-Titwoudenip.

Wout sa yo ap koute anpil kòb. Men annatandan, CNE ki remete kanpe kòmanse bay gwo bourad

nan fè wout, kanal irigasyon, pwoteje tè peyizan kont inondasyon.

Pou tout devlopman sa yo fèt, fòk gen kouran anndan peyi a. Leta fè efò mete plis pase 60 megawat

kouran anplis nan peyi a. Nou wè sa nan Pòtoprens, nou wè sa Okap, nou wè sa Gonayiv, nou wè

sa Okay. Men, gen yon lòd ki pou mete nan zafè kouran an. Leta pa ka kontinye ap pwodui

kouran pi chè pase jan l ap vann kouran an. EDH pa ka kontinye pa touche plis pase 50% kouran

li pwodwi a. EDH jwenn yon sibvansyon plis pase 100 milyon dola nan men leta ayisyen. Fòk nou

met yon lòd pou nou kapab rekipere 100 milyon dola sa a. Ak 100 milyon dola sa a nou ka fè lekòl,

nou ka fè sant sante, nou ka fè wout, san nou pa nan tanpri souple.

Fòk nou met lòd, fòk nou serye, E, se nan met lòd nan jesyon finansyè peyi a, kominote

entènasyonal la, enstitisyon finansyè avèk peyi etranje nou te dwe, nan mwa jiyè k ap vin la a, ap

efase dèt Ayiti pou plis pase yon milya dola, paske nou gen lòd. Efasman dèt sa a ap fè gen plis

pase 50 milyon dola Ayiti pap peye ankò pou dèt li. 100 milyon EDH, 50 milyon dola dèt nou pap

peye paske nou serye, se yon ekzanp sa nou kapab fè pou nou pa nan tanpri souple ankò.

Pèp Ayisyen, nan selebrasyon fèt drapo nou an, nou pap kapab ap sonje sèlman sa k te pase

lontan. Se vre, nou fyè anpil pou kouraj ak volonte zansèt nou yo te genyen, pou viktwa san parèy

sa a yo te ranpòte a. Men tou, fòk nou sèvi ak egzanp yo ban nou an, pou nou chèche chemen k ap

pèmèt nou soti nan sitiyasyon kote nou pa genyen ase endepandans ekonomik.

Nou deja sou wout la, jan m sot di sa. Ilsifi nou kontinye chita pale antre nou, ilsifi nou fè efò pou

estabilite sa a, sekirite sa a nou kenbe l, nan bay travay, nan mete wout, nan bay elektrisite, nan

mete plis lòd toujou nan jan Leta ap depanse lajan. Fòk nou fè efò tou pou gen kontinyite. Fòk

nou fè efò pou CNE pa kraze jan l te kraze a, kote nou oblije achte yon lòt CNE; pou Sèvis Plis pa

kraze jan l te kraze a, kote nou oblije achte yon lòt Sèvis Plis. Fòk nou fè efò pou wout n ap konstwi

yo, pou nou kenbe yo, fè antretyen yo tout tan pou se pa toujou rekòmanse chak ane.

Jodi a, Pèp Ayisyen, pou nou bay fèt drapo a tout sans li, fòk nou bay endepandans ekonomik peyi

nou an tout chans li. Pou nou bay fèt drapo a tout sans li, fòk nou bay batay pou devlopman

ekonomik peyi a tout chans li, nan chita pale, nan dyalòg.

Mwen di nou mèsi anpil.

6 Bon Nouvèl Jen 2009
konnen peyi ou

Mibalè

Nan Mibalè, kouran elektrik

agogo 24 sou 24 toulèjou. Dlo

pasi pala. Sa ki diferan nan lòt

vil ki nan peyi a. Men privilèj sa

yo pa sifi pou atire envestisè vin

tabli biznis ki ka kreye travay an

favè popilasyon an nan komin

sila a.

Ale nan vil Mibalè lajounen jodiya

pa dekouraje moun ankò. Wout la

pa bay kè sote menm jan sa te konn

fèt lontan nan zòn Mòn Kabrit. Nan

dat 4 avril 2006 la gouvènman

tranzisyon an te siyen kontra ak

konpayi ELSAMEX pou te

konstwi wout la. Yon travay ki fèt

selon konsta Bon nouvèl nan yon

virewon lite fè nan zòn nan

Kout pye nan Mibalè

Soti Pòtoprens pou ale Mibalè, yon

moun ap pran anviwon in è d tan.

Wout la degaje, pa gen blokis, epi

ou ap woule nan ladoudous. Mibalè

se yon ansyèn vil kolonyal ki fonde

nan lane 1702 konsa. Mibalè plase

nan mitan depatman Sant la Li

fonksyone tankou yon sant vre.

Paske li relye ak tout rès Plato

Posibilite san mwayen!

santral la, men tou

li bay ouvèti sou

depatman Nò,

depatman

Latibonit ak

depatman Lwès.

Mibalè ki gen yon

distans anviwon

swasant kilomèt

parapò ak kapital

la, se komin ki pi

peple nan Plato

Santral. Li gen pou

kont li, 115 mil kretyen k ap viv

ladan l si nou ka kwè deklarasyon

prezidan konsèy kominal la Lagè

Locha (Laguerre Lochard).

Sitiyasyon sa a, se rezilta ekzòd riral

komin nan sibi. Peyizan yo kite mòn

pou vin tabli nan vil la. Kòm yo pa

gen kay, ni fanmi nan vil la, se pa

etonan pou jwenn pami moun vini

yo k ap dòmi nan lari. «Kategori sa

a reskonsab move imaj lamizè ak

mandisite etranje genyen sou

komin nan», selon deklarasyon

Lagè Locha. Nou jwenn kat

seksyon kominal nan Mibalè:

Gaskòy, Krèt Brile, Sarazin, Gran

Boukan. Sen patwon zòn nan se Sen

Lwi yo fete 25 dawou chak ane. Gen

anpil pyebwa k ap koupe nan komin

Mibalè. Se prèske chak jou Bondye

mete, gwo kamyon chabon ap vin

debake ) nan kapital la. Mibalè ak

Lagonav se prensipal komin k ap

founen chabon bwa nan kapital la.

Selon yon notè nan zòn nan ki rele

Jil Eli Boskè (Jules Elie Bosquet),

«Gen travay k ap fèt pou devlope

Boukankare, yon ansyen seksyon.

Gen yon pwojè wout pou antre

Sodo, yon lokalite ki louvri sou

Akayè ak Titanyen. Donk Mibalè

vin pi santre toujou. Avèk wout

Mibalè ki fèt la, mwen konsidere

Mibalè tankou yon lakou nan

Kwadèboukè».Prensipal

pwodiksyon Mibalè se mango

fransik, men li fè tou bannann, pwa,

diri, pitimi, mayi, patat elatriye.

Se nan antre Mibalè lak atifisyèl

pelig ki bay kouran nan Pòtoprens

twouve l. Ri nan Mibalè yo trè byen

trase, dayè se yon vil kolonyal. Nan

wout anndan kou deyò, non ri yo

make. Gen 2 simityè nan vil la,

youn nan chak seksyon kominal.

Gen plizyè relijyon: katolik,

pwotestan, vodouyizan. Men gen

plis pwotestan, selon premye

sitwayen vil la. Gen plizyè gagè k

ap fonksyone yon fwa pa semèn.

Yon trantèn enstitisyon eskolè ap

asire levasyon pitit tè Mibalè. Gen

lekòl primè, Segondè ak 2 anèks

Inivèsite ki nan Pòtoprens.

Prezans Leta

Anplis lameri, nou jwenn nan

Mibalè yon tribinal lapè, yon pakè,

yon dirèksyon jeneral enpo (DGI),

yon komisarya lapolis, yon

dirèksyon depatmantal EDH, yon

reprezantasyon ministè TPTC, yon

Bon Nouvèl Jen 2009 7
Konnen peyi ou

biwo Teleko, yon dirèksyon

edikasyon, ak yon ekstansyon ajans

kwa wouj.

Kote prive, gen yon sikisal

Sogebank, yon Unibank, divès

mezon transfè tankou Initransfè,

Sogeksprès, Kamtransfè. Nan

konpayi selilè, Digisèl ak Vwala ap

layite kò yo nan komin nan. Nou

jwenn tou de Koperativ ki se

Fonkoze ak Kodekrèm

(Codecrème). Gen plizyè otèl

tankou : Miraj Otèl, Wozo plaza,

Jera Otèl, Sen Nikola Otèl. Plizyè

klèb mizik mete gete, kreye

anbyans ak animasyon nan vil la.

Posibilite komin Mibalè

Mibalè, yon vil ki konstwi nan tan

lakoloni, gen plizyè rès fò ki rete

ladan l tankou : vil fò Bovè nan

lwès Mibalè, fò Wochanbo nan Nò

Mibalè, fò Anglè nan lès Mibalè,

ak fò anglè kote toujou gen priyè

ki fèt nan espas la. Li vin tounen

yon kote moun al fè pelerinaj. Rès

konstriksyon yo toujou la.

Nan domèn espò, jèn nan Mibalè

pratike Volebòl, foutòl avèk Baskèt

bòl. AS Mibalè, yon ekip foutbòl

nan premyè divizyon chanpyona

nasyonal la fenk sot chanpyon nan

tounwa ki te òganize pou 8 meyè

ekip yo.

Pa gen anpil espas lwazi nan Mibalè.

Sepandan, pou moun ki renmen

espektak tankou Teyat, Mizik gen

klèb maseyè (Marseillais),

oditoryum Lise nasyonal Mibalè a,

ak « chez Bibine ». gen tou yon plas

piblik, ki rele Plas dam.

Tikal listwa

Nan lane 1702, Galifè (Galiffet) ki

te gouvènè pou yon ti bout tan, te

vizite zòn nan. Li tou fè bati vil

Mibalè. Nan koumansman

kolonizasyon, Mibalè te gen pou

Sitiyasyon ekonomik pwojè a fòse nou monte pri jounal la yon ti kras

depi janvye 2009

Pri yon jounal pou ane 2009 : si ou vin pran l nan Bon Nouvèl,

ou byen si ou achte l nan men yon revandè : 10 goud

Pri abònman pou 2009

An Ayiti :

1 abònman rive 50 (pou 1 ane ) 100 goud pou chak abònman

51 pou rive 100 abònman : 90 goud pou chak abònman

101 pou rive 250 : 80 goud pou chak abònman

250 pou rive plis : 65 goud pou chak abònman

1 Abònman pa lapòs : Pòtoprens : 250 goud

An pwovens : 300 goud

Pou peyi Etranje :

misyon pwodwi zannimo pou

ravitaye popilasyon an ak vyann.

Apati 1718, yo te kòmanse plante

endigo ladan l. yo te pouse tèlman

ki fè nan lane 1730, te genyen nan

Mibalè 39 endigotri. Men yo te

konn kiltive tou kafe ak, diri, koton,

kann, kakawo pandan yo t ap fè elvay

volay, cheval ak bèt ak kòn. An 1752

te gen 310 fabrik digo 289.860

pye koton 55.400 pye kafe 630 pye

kakawo ak 11.364 zannimo tout

kalite. An 1789 ; nou te konte 308

endistri digo ; 16 fabrik koton ; 19

moulen kafe elatriye.

Mibalè te viv tout batay ant Tousen

Louvèti ak Espayòl yo ak anglè yo.

Nan lagè lendepandans, Mibalè te

toujou nan kè batay ant twoup

endijèn yo ak lame fransè. Men an

2004 ankò, rebèl ki

te pran lèzam kont

Aristid yo te lanse

goumen nan Mibalè.

Ozetazini : 1 abònman : 30 $ US

Ewòp : 1 abònman : 40 $ US

Ladensonn Fleurival

8 Bon Nouvèl Jen 2009
Paj fanatik

YON BON PAPA

Yon papa ki renmen manman

Tankou l renmen pwòp tèt pa l

Yon papa ki respekte manman

Ki dolote manman

Se yon modèl nan je timoun.

Se pa papa k al nan jwèt zo

Rantre byen ta lakay

Sou kon pipirit

Frape madanm, frape timoun

Poutèt manje kwit twò ta

Sila pa ko papa.

Yon papa ki pa zanmi laparès

Men k ap fouye, chèche, travay

Potekole ak yon manman

Pou pran swen pitit li

Se yon zetwal pou tout timoun.

Se pa papa kò lonyon

Ki kite pichon laparès

Kokobe manm li

Lage kò l sou kont manman

K ap triminen lejou lewa

Sila pako prèt pou papa.

Yon papa ki konn chita

Nan reyinyon pitit, manman

Pou pataje bon prensip lavi

Pou pitit li vin bon sitwayen

Se yon limyè pou peyi a.

Se pa papa ki nan move zafè

Kidnaping, zenglendo

Fimen sigarèt dwòl

Manm asosyasyon malfèktè

Ènmi piblik nimewo en

Sila pa ko janm yon papa.

Yon papa ki se zanmi pitit li

Ki met pitit li sou zepòl li

Pou li ka wè pi lwen

Pou pitit li depase l

Se yon solèy pou lasosyete.

Se pa papa k ap avili pitit

Fè yo wont devan zanmi

Kout pye jete, kout pye leve

Di timoun se tibèt

Ki merite baton, ki merite souflèt

Sila pa ka di l se yon papa.

Yon papa ki koute pitit li

Ki chèche konprann pitit li

Ki korije pitit li

San li pa maltrete l

Se yon bon egzanp pou lasosyete.

Se pa papa sa l fè l fè,

Jan l pase l pase, tout voum se do

Pitit antre sòti lè yo vle

Okenn kontwòl, okenn baryè

Yon papa demisyonè lage bay

Sila pa ka pretann li se yon papa.

Yon bon papa

Se sila bon dyòl rele gason total

Ki konn travay, ki pa pè travay

K ap foure dwèt nan gòj lavi

Ki pèdi tan pou l gen tan.

Yon bon papa

Se sila ki toujou nan mitan fanmi l

K ap dirije fwaye l kon yon

kaptenn bato

Fèm lè sa nesesè

Dous lè sa mande sa.

Yon bon papa

Se yon pòt labanyè

Toujou devan tout sitiyasyon

Kanno pa fè l pè

Boulèt pa fè l pè

Devan enterè fwaye l .

Yon bon papa

Se yon bon jij

Ki toujou ap reflechi

Pou l pa fè lenjistis

Chak zak li poze dwe yon fimye

K ap fè lavi fleri.

Yon bon papa

Se yon mizisyen k ap akòde

K ap chèche amoni

Nan bèl konsè lavi

Pou lanmou ka souri.

Yon bon papa

Se yon papa bon kè

Toujou prèt pou konsole

Toujou prèt pou padone

Ki pa janm renye pitit li

Malgre vanzemare.

Yon bon papa

Pa renmen pitit pase pitit

Li gen lanmou egal pou chak

pitit

Li prèt pou bay Bondye lavi l

Pou pitit li ka viv.

Yon bon papa…

Yon bon papa…

Mac-Donald D. Prosper,

Sen Mak

Bon Nouvèl. Jen 2009 9
Paj pou jèn yo

TRIYO DÒZÈL : Yon fòmasyon mizikal ki vle fè diferans

Soti nan Mis Videyomaks nan

lane 2005, pase nan konkou

Chante Nwèl Telemaks nan menm

ane a pou rive nan mizik

Melomanya a ki soti nan ane

2009 sa a, Triyo Dòzèl yon

nouvèl fòmasyon mizikal, vle fè

diferans nan chante ak jwe yon

pakèt mòd mizik.

Nesans ak fòmasyon gwoup la

Triyo Dòzèl se yon jèn fòmasyon

mizikal, ki pran nesans li nan lane

2005 gras avèk patisipasyon li nan

Mis Videyomaks answit nan

konkou chante nwèl Telemaks ki te

òganize nan menm ane sa a kote li

te pami senk (5) finalis yo. Gwoup

sila a genyen ladan l twa frè menm

manman menm papa ki se lafanmi

Dòzilma (Dorzilma), e se nan siyati

fanmi an Dòzel la soti. E kòm se

twa frè nou vin jwenn non Triyo

Dòzèl la.

Evennsi (Evency), se premye nan

frè yo, li gen 27 lane e li se yon

polisye ki reskonsab relasyon

kominotè nan polis nasyonal la.

Dezyèm nan se Ribenns (Rubens)

li gen 25 lane, li se yon etidyan nan

kominikasyon. Denyè frè a se

Wensli li gen 22 lane epi li se yon

elèv nan klas tèminal. Twa mesye

sa yo gen yon bon edikasyon

mizikal ki makonnen ak estil klasik

yo, e yo tout gen pasyon pou mizik.

Wensli li gen 22 lane epi li se yon

elèv nan klas tèminal. Twa mesye

sa yo gen yon bon edikasyon

mizikal ki makonnen ak estil klasik

yo, e yo tout gen pasyon pou mizik.

Estil mizikal Triyo Dòzèl

Nan yon entèvyou Evennsi te bay

Jounal la lendi ki te 4 me 2009 la,

fè konprann Triyo a se yon gwoup

ki jwe tout kalite mizik, yo pa gen

yon estil espesyal yo jwe. Nan triyo

Dòzèl nou jwe wòk, opera, blouz,

dennsòl, awenbi, rege elatriye. Se

sa Evennsi te fè konprann. Premye

nan frè yo te fè nou konprann yo

pa tèlman jwe konpa men yo gen

yon mizik ki gen pasay konpa ladan

l e ki ap sou albòm yo ki deja an

preparasyon.

Melomanya yon bèl reyalizasyon

Depi anviwon twa mwa

Melomanya, premye mizik (test

presign) Triyo Dòzèl reyalize deja

ap woule nan estasyon radyo ak

chèn televizyon. Otè bèl

konpozisyon sa a se Evennsi.

Melomanya se yon Omaj ak tout

moun ki renmen mizik, se fason

pa nou pou nou onore yo. Se

konsa Evennsi te ap pale bay yon

jounalis Bon Nouvèl. Mizik sila a

jwe nan estil wòk e li te reyalize

gras ak sipò plizyè mizisyen ki soti

nan ENARTS (Ecole nationale des

arts / lekòl nasyonal atis yo) ak

Sentrinite. Otè Melomanya a

ajoute pou fè konnen mizik sila se

yon egzèsis vokal, ki vle di, youn

nan objektif konpositè a se ofri ak

tou moun ki ap aprann chante yon

mizik modèl ki kapab ede yo

amelyore kapasite vokal yo. Mizik

sila a tèlman gen siksè, gwoup la

te twouve l nesesè pou l te reyalize

yon konsè nan lekòl Mari Estè

(Marie Esther) jounen samdi ki te

25 avril la, ki te pote mak fabrik

Melomanya a. Tout moun te

felisite nou, yo reyalize gwoup la

gen yon bèl jwèt ansanm. Sa fè

yo plezi pou yo wè Ayiti gen

gwoup Senkwonize konsa. Se sa

Evennsi te fè konprann. Chantè

prensipal melomanya a pa t kache

satisfaksyon l pou bèl nòt yo bay

mizisyen li yo e pou piblik ki te

deplase an mas vin sipòte Triyo a.

Pwojè Triyo Dozèl yo anpil, men

sa ki pi pwòch yo se ta soti premye

albòm gwoup la pandan gran vakans

la. Rèv gwoup la pou ane sila a se

jwenn plas revelasyon ane 2009 la.

N ap travay pou nou ka tou soti

revelasyon pou ane 2009 la. Se

sa Evennsi te fè konnen nan

entèvyou li te bay Jounal la. Atis la

nan ekspresyon figi li fe santi ogèy

li pou rive reyalize rèv sa a.

Toutfwa nou konnen nan jan mizik

ayisyen an prale la, Triyo Dòzèl

pral bezwen mete plis zèl pou

jwenn plas revelasyon ane 2009 sa

a.

Pitèsonn PÒL (Peterson PAUL)

10 Bon Nouvèl . Jen 2009
Paj pou jèn yo

Ki pwoteksyon pou refijye ayisyen yo?

20 Jen 2009 se jounen mondyal

refije yo. Kantite refijye ki gen nan

mond lan pa bouke kwaze kalfou.

Nan lane 2007, ajans nasyonzini

pou refijye yo fè konnen depi 2002

te gen plis pase 10 milyon refijye

sou latèbeni. Kretyenvivan

toupatou sou latè k ap pati kite peyi

yo pou y al chache lavi miyò yon

lòt kote pa sispann ogmante. Se

konsa, jounen jodiya gen preske 3

milyon ayisyen k ap viv deyò peyi

a e yo gaye kò yo nan tout rakwen

sou latè. Prensipal peyi yo ale se

Etazini, Kanada, Repiblik

Dominikèn ak lòt peyi ki pi prè zile

a. Vag krazerak sa a te kòmanse nan

peyi d Ayiti lapoula aprè Franswa

Divalye ki te gen ti non Papa Dòk

te fin pran pouvwa a an 1957. Nan

kòmansman refijye ayisyen se te

moun ki te konn egzile tèt yo pou

chape poul yo anba rejim Divalye

a. Lè sa pifò nan yo se te refijye

politik. Depi kèk tan, pwoblèm

politik mele ak chomaj,ensekirite,

yon espwa pou yon lavi miyò ak

yon chans pou tabli yon veritab lapè

nan vi yo se kèk nan koz ki pouse

ayisyen kite peyi a pa bann pa

pakèt, malgre gen kèk kote

sitiyasyon an imilyan pou yo.

Gwoup pou apiye rapatriye ak

refijye yo (GARR), nan rapò anyèl

2007 li a sou sitiyasyon dwa moun

nan mond lan, te fè panse ak kalvè

refijye ayisyen ap monte nan peyi

tankou Kanada, Etazini, Repiblik

Dominikèn elatriye.

Daprè rapò a nan kad refijye

ayisyen , ak ayisyen k ap mande

azil yo, peyi Kanada, Repiblik

Dominikèn ak lòt peyi k nan

Karayib la pa ba yo okenn

pwoteksyon kòm sadwa nan sa ki

gen pou wè ak prensip non

refoulman an (nonrefoulement)

oubyen prensip ‘’pa voye tounen

an’’.

Konvansyon 1951 an ak pwotokòl

1967 sou estati refijye yo ba yo

yon latriye dwa tankou : dwa pou

yo jwenn pwoteksyon, dwa pou yo

pa voye yo tounen (non

refoulement), dwa libète pou yo

sikile, dwa pou yo jwenn

ledikasyon, dwa pou yo vwayaje,

dwa pou yo travay…

Konvansyon sila a kondane tout

aksyon ki gen tandans pase dwa sa

yo anba pye. Se konsa òganizasyon

pou defans refijye yo ‘’Refugees

international’’ (RI) ak sèvis literyen

imigrasyon ak refijye (LIRS) te

mande, an janvye 2007, Repiblik

Dominikèn ak Ayiti pou yo mete

sou pye yon politik migratwa byen

djanm ak yon sistèm efikas pou bay

dwa pou azil. Yo te ankouraje tou

komisarya pou refijye a (le haut

commissariat pour les refugiés/

HCR) pou l mete sou zile a yon

biwo ki va konseye gouvènman yo

sou estati refijye ak moun k ap

mande azil yo; e biwo sa a ta va

fè respekte dwa moun refijye

ayisyen sila yo. Tousa se te you

mannyè pou mete yon fren ak

sitiyasyon malouk ayisyen ap viv

nan repiblik dominikèn. Yon vi san

pwoteksyon materyèl, sosyal ak

jiridik.

Soti nan mwa d janvye ane 2009

sa a pou rive nan me k sot pase a,

plis pase 26 ka vyolans grav fèt sou

migran ayisyen nan repiblik

dominikèn. Vyolans pèsekisyon

tanmen pou pi rèd nan degonn

ayisyen nan dominikani, peyi

vwazen an. Jou ki te 2 me 2009 la

yon gwoup dominiken koupe tèt

yon jenn ayisyen, Kalòs Nerilis

(Carlos Nérilus) ak yon sèl kout

rach.

Zak sila a te fèt nan mitan 2 grenn

je yon bann espektatè nan lari

bwenòsayilès (Buenos Aires) zòn

lwès Santodomengo, kapital

dominikani. «Nan moman yo t ap

koupe tèt Kalòs Nerilis la, gwo

aplodisman te fè mikalaw. Anba yon

sèl kout rach tèt Kalòs Nerilis te

vòltije. Timoun kon granmoun te

itilize selilè yo pou yo te fime tèt

jenn ayisyen an ki t ap woule sou

plizyè met distans ». Selon ajans

près ayisyèn nan (AHP).

Anvan yo te koupe tèt Kalòs

Nerilis, yo te desonnen l, maspinen

l pandan yon bann tan san lapolis

dominikèn pa t rive met pye.

11 me 2009, kidonk 9 jou aprè

dominiken te fin koupe tèt Kalòs

Nerilis, yon lòt gwoup dominken

te pase pran zòrèy 3 jenn ayisyen

ki te nan travay latè: Elijèn Egzavye

(Eligèn Exavier), Dezi Renòl

Bon Nouvèl Jen 2009 11
Paj pou jèn yo

(Desir Renold), Chal Newostèn

(Charles Nerostène) nan jaden

touprè Karata zòn fwontyè blòk Ti

lori. Dominiken yo fin koupe zòrèy

3 ayisyen sa yo, anplis yo te

dekwele yo ak divès kout pik, kout

kouto nan do yo, nan dèyè ak nan

lestomak yo.

Jounen mondyal refijye a ane sa a

ta dwe vini avèk anpil refleksyon

ak desizyon byen djanm nan peyi d

ayiti tankou nan paeyi repiblik

dominikèn sou sitiyasyon migran yo

nan chak bò fwontyè a ki separe lil

la.

26 jen 2009: Jounen mondyal lit kont dwòg. Yon dat ki mande anpil deba sou

fleyo sa k ap depafini ak sosyete nou an.

Dat 26 jen an, jan tout moun konnen

l, se dat ki pote mak jounen

mondyal lit kont dwòg. Se

òganizasyon nasyonzini an (ONU)

ki te adopte dat sila nan lane 1987

nan peyi Meksik ak patisipasyon

137 peyi manm.

Depi lè sa, divès peyi sou latè beni

ap kole zepòl pou fè fas kare ak

fenomèn dwòg la ki, limenm ak

sida, reprezante 2 pi gwo flewo pou

avni jèn yo, kidonk pou tout moun

k ap viv sou latè.

An Ayiti demach pou lite kont dwòg

la pafè yon pa nago yon pa kita,

tousenpleman paske anpil moun nan

peyi a pa bay inisyativ sa a pote gaz

pou yo.

Fenomèn dwòg la bay anpil traka

nan peyi d Ayiti tankou nan lòt peyi.

Jounen jodiya, an Frans preske 60%

moun ki pran dwòg trape yon

maladi yo rele epatit C. 180 milyon

moun sou tè a trape maladi sila a.

Papa

Nan ren ou mwen soti

Nan venn ou m sikile

M glise

M fofile

M chape

Ou montre m di Ba

Fè premye pa

Fè premye ba

Se dwòg ki bay maladi sa pi fasil.

Nan lane 80 yo, ann Ayiti, moun ki

te konn pran dwòg te konn pran l

pa okazyon e se te gwo zotobre nan

lame ki te gen monopòl trafik

dwòg la. Jounen jodiya flewo dwòg

la antre nan nannan sosyete a jouk

li tounen yon gangrèn, kidonk yon

maleng.

Nan mwa d me 2002 gouvènman

ayisyen an te mete sou pye

komisyon nasyonal lit kont dwòg

(CONALD) pou kontwole tout sa

k gen arevwa ak dwòg isit nan peyi

a. anvan kreyasyon komisyon sila

a, se te kèk enstitisyon nan sektè

prive a tankou Asosyasyon pou

prevansyon kont alkòl al lòt

akoutimans chimik (APAAC) ki te

enterese bay moun ki pran dwòg

laswenyay.

Yon rechèch fè konnen ti moun nan

lari yo ak elèv nan kèk lekòl nan

Ou sinifi fòs fanmi

Nan diksyonè kreyòl

Ou gonfle venn

Ou trase kata

Anba tivant lavi

zòn metropolitèn nan konsome

dwòg litlit depi nan laj 14 zan. E gen

moun ki vann dwòg tankou

marigwana, krak, kokayin arebò

lekòl sa yo.

Jèn yo pran dwòg pou plizyè rezon.

Genyen ki konsome dwòg pou yo

pa panse ak pwoblèm lavi. Gen lòt

menm ki pran l se pou plezi. Epi se

konsa, sa y ap chache nan dwòg la fè

yo pran l pi souvan e pouse yo al fè

nenpòt zak pou yo jwenn dwòg.

Boutpoubout, jèn sa yo vin gen yon

konpòtman ki deranje yon pa moun

k ap viv nan antouray yo e yon lot pa

tout sosyete a.

Pami tout danje dwòg ka lakòz,

simaye viris sida se youn. Menm jan

ak premye desanm ki se yon dat

konsakre ak sida, dat 26 jen an ta

dwe yon dat pou gwo levekanpe nan

tout peyi a pou reveye konsyans plis

moun sou fenomèn dwòg la.

Getro Bernabe

Chwal neglije

Ou se poto mitan

Mitan fouye dife

Ou se rasin pivo

Mayestwo nan òkès

fanmi

Ayibobo pou tout papa !!!

12 Bon Nouvèl Jen 2009
Paj jèn yo

Se pa dan k ap griyen

Nan peyi Dominikani

yon jèn Ayisyen

k al chache lavi

k al fè 2 kout tiwèl

pou 2 peso

mouri kou yon poul

20 lane

Kalo Merilus te gen 20 lane

Se pa dan k ap griyen

se tèt k ap koupe

ak rach

se pa tèt kochon

se tèt Ayisyen

ti moun ap fè foto

granmoun ap aplodi

tout sa, gwo lajounen

nan yon kapital lougawou

nan Santo Domingo

Tout sa deske lakay

tounen yon lanfè

pou malere

lakay tounen yon savann san

dirijan

sou bitasyon an

pa gen lekòl

pa gen travay

grangou a rèd

Nan banbòch dezespwa

nou janbe anba fil

pou n al bouske lavi

Kay vwazen nou se mò an vakans

men ki lanmò pou n chwazi?

lanmò grangou klowòks dezespwa

lakay

oswa lanmò tèt koupe , tèt rache

an Dominikani?

Toudejan nou pran

ret zonbi lakay etan gwo zotobre

ap gagote richès peyi nou

egal asid batri dezespwa garanti

janbe fwontyè Dominikani

pou al bouske lavi

se al pote fal nou bay yon kolonn

lougawou

ki mande bwè san Ayisyen gwo

lajounen

Anverite

nou bezwen yon peyi nouvo

kote nan chak seksyon

sou chak bitasyon

gen lekòl, gen travay

gen manje, jistis ak sekirite

peyizan bezwen tè pou l travay

Anverite Ayiti an danje

Li twò ta pou n pran kaka poul

pou bè

Sitiyasyon an twò grav pou n pran

nan bèl pawòl

Gade m nan je ma gade w nan je,

wayan !

nou pa bezwen yon leta delala tèt

anba

nou pa bezwen yon lelit tilolit

ki se kòkòt ak figawo ak rasis

Dominiken

k ap rache masakre frè n ak sè n

nan batey

k ap souse san yo nan zòn franch

Nou bouke ak politisyen popetwèl

malpouwont

k ap gagote kès pansyonè ONA

k ap gagote bidjè peyi a an ijans

nou pa deside kontinye vire won

sou chimen dezespwa

Men eske pa gen lòt chimen nou

ka pran?

Eske lè a pa rive pou n mache

kontre pou n rebati Ayiti ?

Nou bezwen yon Leta k ap bay

sèvis

Yon Leta ki ka defann tout

sitwayen Ayisyen

Nou pa bezwen anbasadè

ki konn ap fè koutay nan

anbochay

Nou bouke pran imilyasyon kay

vwazen

Nou bezwen yon peyi kote

tout Ayisyen, tout Ayisyèn

ka viv nan Diyite

Atansyon pa kapon

Dezyèm Masak la deja kòmanse

sou Pèp Ayisyen an

Grangou klowòks dezespwa

andedan

tèt rache an Dominikani

se yon sistèm mafya lougawou

nasyonal entènasyonal ki ap opere

yon pè zo byen monte

Aba tout kriminèl ki ap bwè san

Pèp Ayisyen lakay

Aba tout politik rasis ki ap

ankouraje kriminèl dominiken

fè san frè nou ak sè nou koule

Sitwayen Ayisyen, fanm kou

gason

An nou pran Responsabilite nou

Nanpwen fè bak ankò

Se pa dan k ap griyen

Se tèt k ap rache

Eske nou tande ?

Se tèt Ayisyen parèy nou

k ap koupe ak rach gwo midi

nan Santo Domengo

al pran imilyasyon kay Dominiken

sa fè 205 lane mezanmi , 205

lane

Twòp se twòp atò

Sonje se pa dan k ap griyen

Se tèt k ap koupe

Aba esklavaj lakay

Aba esklavaj an Dominikani

Libète ou lanmò

8 me 2009

Stephen William PHELPS

Tèks sa a te li devan palè nasyonal

bò 2 zè nan apremidi, nan finisman

mach pwotestasyon GARR ak

POHDH te òganize pou pwoteste

kont egzekisyon «barbare»

konpatriyòt nou, frè nou Kalòs

Nerilis (20 lane) yon seri

Dominiken te fè jou ki te 2 me

2009 la nan Santo Domengo.

Bon Nouvèl Jen 2009 13
Chandèl limen

Pawòl Bondye, yon pwojè pou lavi

Pyewa se poto mitan lavi

Zanmi Lekti kominotè Bib la, REBA ap kontinye

ak nou seri refleksyon sou : Pwoteje anviwònman

an se pwoteje lavi. Se sizyèm selebrasyon an:

Tèm nan se: Pyebwa yo se poto mitan lavi

Anvan selebrasyon an: Moun ki pare

selebrasyon an dwe ranje tout senbòl nou gentan

sèvi nan lòt selebrasyon yo..

1.Akèy:

-Animasyon.

- Moun ki pare selebrasyon an di yon mo byenveni

-Li mande pou yon moun fè lapriyè Lesprisen an

pou li ede n konprann Pawòl Bondye a pi byen

-Li fè moun yo sonje tout tèm nou te wè anvan yo.

Ki senbòl nou te genyen.

-Li fè moun yo repete tèm jeneral la :

“Pwoteje anviwònman an se pwoteje lavi”

yo pa twò apik pou moun pa ta ka monte yo, yo

chaje ak pyebwa, pyebwa sa yo wo anpil anpil, ou

ta di tèt yo ap flote nan syèl la; yo toujou vèt ak

bèl fèy yo. Mwen tonbe damou pou pyebwa

estrawòdinè sa yo, gen ladan yo ki t ap pote flè,

genyen ki te gen fwi. Mwen wè sis a wit kalite

pye palm, chak ladan yo gen bèlte pa yo. Gen bèl

pye bwapen tou, nou jwenn yon dal espès zwazo

e fwi tout kalite. Nou jwenn siwo myèl tou.

Epitou tè a rich anpil pou yon moun ta plante, fè

jaden, fè elvaj bèt tout plim tout plimaj, bati bouk

ak vil. Gen anpil kalite epis nan peyi a, e de

kokennchenn min lò ak lòt metal...”

-Kouman Kristòf Kolon te wè peyi nou an lè l

te rive lane 1492?

Gen yon lòt bagay ankò nou ta reflechi anvan nou

antre nan Pawòl la :

2. Bondye pale nan lavi nou :

a. Senbòl : Yon pyebwa dekore ak divès kalite

fwi…

Kisa pyebwa sa reprezante pou nou ?

Ki wòl yon pyebwa jwe nan lavi nou ?

b. N ap fè yon kout je nan listwa peyi nou.

-Eske nou tout konnen ki moun Kristòf Kolon te

ye ? Ki moun ki ka eksplike ki moun li te ye?

An n tande yon moso nan lèt Kristòf Kolon te ekri

Minis Finans peyi Espay pou pale sou Ayiti nan

dat 15 fevriye 1493.

“ Zile sa a chaje ak pyebwa. Gen anpil pò kote

bato ka koste, ou jwenn rivyè dlo dous k ap koule.

Tè a se pifò platon, ak anpil gwo mòn, ou jwenn

mòn dèyè mòn, plis ou ap gade, plis ou wè yo pi

wo. Mòn sa yo bèl anpil, yo gen tout kalite fòm,

14 Bon Nouvèl Jen 2009
Chandèl limen

-Apre lendepandans, lè Wa Anri Kristòf te pran

pouvwa a nan Nò, li te fè pote anpil pyebwa ki

pouse nan lòt peyi pou yo vin plante yo nan peyi

nou an.

-Kisa nou panse de sa ? Poukisa li te fè sa ?

-Ki pwojè li te genyen pou peyi a ?

-Kounyeya kijan peyi nou an ye ?

-Kisa ki lakoz?

3. Bondye pale nan labib la :

Lekti Jenèz 21,22-34

-Ki moun ki parèt nan tèks sa a?

-Ki pwoblèm yo?

-Ki kontra Abraram te pase ak Abimelèk?

-Kisa Abraram te fè?

-Kouman nou ka rekonet Papa Abraram se te

yon moun ki te konn pran swen lanati?

4. Ann kalkile sou pawòl la :

-Si nou se pep Bondye ki gen Abraram kom Papa

l nan Lafwa, kisa nou dwe aprann avek Papa

Abraram?

-Kisa nou dwe fe pou n pwoteje lanati menm jan

ak Papa Abraram?

Pou nou antre pi fon nan pawòl Bondye a

N ap kontinye li bel teks Bonel Oksine te ekri nan

Bon Nouvel mwa jen 2006 la :

«Fok nou travay di mezanmi jiskaske nou re abiye

peyi nou ki toutouni. Si Ayiti peri, nou tout ap

pedi. Nan tout korido pyebwa ap tonbe. Nenpot

farinay lapli fe dega, fe moun pe. Pa bliye lenmi

anviwonman an se debwazman. Pa bliye tout bel

pyebwa ki nan lot peyi yo se pa pou nou yo ye.

Ou ka ale jwi freche yo, pran bon jan van anba

yo. Le ou sonje peyi pa ou chagren ap monte sou

ke ou. Menm le ou te fe seman ou p ap janm

tounen viv ladan li anko, zanmi, mwen ka di ou

anto, ou manto petet; peyi ou se idantite ou”

-Ki leson nou tire jodiya pou lavi nou, pou

peyi nou an ?

5. An n lapriyè sou pawòl la :

Lapriye kominote

Nap chante yon chan lesprisen:

Nap mande Bondye padon :

-Paske anpil fwa kretyen yo pa pote patisipasyon

yo pou n bati ansanm yon sosyete ki mache dako

ak Pwoje lavi Papa Bondye genyen an.

-Paske anpil fwa nou menm, nou pa pran konsyans

de responsablite nou genyen nan destriksyon

anviwoman an, nou koupe pyebwa san gade deye,

nou fe fatra, nou degrade kreyasyon Bondye a.

Kom siy anganjman nou pran n ap plante ti pyebwa

yo nou pote yo. N ap wouze yo. N ap lapriye pou

nou ka pran swen lanati. Nou ka pran angajman

tou pou n refe lakou kay nou yo pandan n ap

pwoteje tet mon yo.

Papa nou ki nan syèl la

Lekti Labib pou mwa Jiyè 2009

Dimanch 5 Jiyè

14º dimanch òdinè

1.Ezekyèl 2, 2-5

2. 2Korentyen 12,7-10

3. Mak 6, 1- 6

Dimanch 12 Jiyè

15º dimanch òdinè

1. Amòs 7, 12 -15

2. Efèz 1,3 -14

3. Mak 6, 7- 13

Dimanch 19 Jiyè

16º dimanch òdinè

1. Jeremi 23, 1- 6

2. Efèz 2, 13-18

3. Mak 6, 30 - 34

Dimanch 24 Jiyè

17º dimanch òdinè

1- 2 Wa 4, 42- 44

2- Efèz 4, 1- 6

3- Jan 6, 1-15

Flerèt Matye

Bon Nouvèl Jen 2009 15
Blag ak Jwèt

Blag

Yon nèg kouri antre nan yon ba tou bouke, epi l di :

Gen yon moun la a ki pèdi yon gwo woulo lajan, woulo lajan sa a te

gen yon elastik ki mare l?

- Yon moun anndan ba a kouri vin bò kote nèg la, epi li di:

- Se pou mwen, se pou mwen !

- Nèg la lonje elastik la ba li, li di l, mwen jwenn elastik la pou

ou.

Anthony Cherubin berche001@yahoo.com

Pran agòch ale adwat

Mo Kwaze

mo kwaze mwa pase a

1

2

3

4

5

6

7

8

9

10

1 2 3 4 5 6 7 8 9 10

D E F I N I S Y O N

D A L D E B

B I D N E S E S E

A K O D E O N E T

T A J W E E V A

I S L A D I V E S

S Y A N S M E I

O M E R A E V

O N A R A J E N I

B K W E N N I L

1. Mòn - Li te ekri youn nan 4 levanjil yo.

2. Pantalon - Geriya Ayisyen.

3. Youn nan vwa koral k ap chante bay - Mache.

4. Zwazo ki renmen naje nan dlo.

5. Non yon fanm.

6. Yon plaj sou wout Nò Pòtoprens - Ki pase swaf.

7. Wòb pè yo mete - Yon estil mizik.

8. Veso solid ki gen manch - Ki pa anreta.

1

9. Teritwa - abreviyasyon Bon Nouvèl - Parazit nan entesten.

10. Pati nan machin ki kontwole kantite gaz nan motè. 2

Pran anwo desann anba

1. Zouti pou klouwe - Lajan.

2. Etap avan ou vin pè - fwi.

3. Liv ou bay elèv la apre chak egzamen - Fil an metal

4. Antant - Kostimdeben ki fè an de pyès.

5. Pwonon endefini pou reprezante plizyè moun - Danre.

6. Pou mezire twal - Ki pa wo

7. Twal koton rèd koulè bèj - Ki pa yon kote ki apla.

8. Esklav ki te mawon.

9. Awondisman ak komin nan depatman Sid - Premye fi

ki te sou tè a

10. Mache tou kole - Chif ki vini anvan de.

3

4

5

6

7

8

9

10

1 2 3 4 5 6 7 8 9 10

Bon

Bon

Nouvèl

Nouvèl

Jounal

Jounal

103, Ri Pave

B.P. 19252

HT-6112

Pòtoprens, Ayiti

Tel: 223-9186 ak 510-4477

bonnouvèl@yahoo.com

Site web :

www.bonnouvel.org

ISSN 1606-660X

Pwojè “Bon Nouvèl”

Sipèvizyon: Pè Gi Vandekandelare - Pè Lik Devègle

Dirèksyon: Pè Jan Out

Redaksyon: Wozilya Franswa.

Dokimantasyon: Wozilya Franswa

Sekretarya ak Pwomosyon: Flerèt Matye

Distribisyon: Jan Deni Tanis - Wilga Belanj

Administrasyon: Wilga Belanj

Antretyen: Yolèn Chal

Jan Fanaspò