19.07.2023 Views

Haiti Liberte 19 Juillet 2023

You also want an ePaper? Increase the reach of your titles

YUMPU automatically turns print PDFs into web optimized ePapers that Google loves.

Kwonik Kreyòl

Fenomèn Zafè m : Yon kou siprann

J. Fatal Piard

Pa sezi si yon tèks Zafèm sòti

nan egzamen ofisyèl literati

kreyòl nan nouvo segondè a.

Pwonostik yon bon Ayisyen

Dimanch 9 jiyè 2023 a, minis

edikasyon nasyonal peyi

Ayiti, Nesmi Maniga, rete atansyon

anpil moun ak mesaj sa a li

pibliye sou paj Facebook li : “Se

an Kreyòl enèji nou sanble! Pa

sezi si yon tèks Zafèm sòti nan

egzamen ofisyèl literati kreyòl

nan nouvo segondè a nan bakaloreya

2023. Menmjan sa deja

fèt ak Bic Tizon Dife, Mauris Siksto,

Franketytèn. Se pa sèlman

pawòl minis la, se pawòl mizisyen

an tou.

Efektivman dimanch 9 jiyè

a Zafèm montre tout fanatik bon

konpa sa l vo. Se nan yon lagaj

konsa yon fanatik Zafèm t ap fè

pwonostik. Anpil dout wi sou 2

mesye yo sou rezo yo ak kalib

postè sa a. Donk mwen poko vle

pale sou sa e ou di m sa w tande

deyò a. Yon imaj vle di anpil

bagay. Gen moun k ap analize

l sou plan oryantasyon seksyèl

mesye yo. Gen lòt ki analize l

sou kwayans espirityèl yo E ou

ki sa w konprann ?

« Zafè m, yè se te yon

pwojè anpil medya t ap pase

nan rizib. Men kòm nou tout

ka rive wè l ak pasyans Denè

Seyid ak bon matchòpwèl li

Rejinal Kanje rive wè trip

fwoumi fou. Jounen jodi a,

sa yo pat vle kwè a tounen

reyalite nan boul figi yo. Anpil

moun renmen kalib mizik

Zafè m nan ki dous kou siwo

ti moulen nan plenn Disid.

Depi jounen jodi a Zafè m

pral tounen yon bon souvni

nan memwa tout ansyen

malpalan yo ». Se konsa Jid

Brega wè koze Zafè m nan.

Pi devan daprè Jenms Pyè

men sa “Zafè m ye: Timoun te

depale. Lanati fè l bwè bave l.

Granmoun obsève. Kounye

a limyè fè l briye. Desepsyon

tounen mèt resepsyon.

Denè Seyid ak Rejinal Kanje

Timoun li granmoun konprann.

Sa vle di espirityalite koumanse

nan moun menm kote limyè

entelijans ak refleksyon koumanse

patèt pwent pye l. Se

LA DIFFERENCE

AUTO SCHOOL

LEARN TO DRIVE

La Différence Auto School

836 Rogers Avenue

(between Church Avenue

& Erasmus Street)

Brooklyn, NY 11226

Manager: Ernst Sevère

Tel: 718-693-2817

Cell: 917-407-8201

diskou Rejinal Kanje, Zafè m!

Premye fwa Zafè m parèt tout kò

l nèt li fè yon gwo malè.

Anplis prestasyon l te bay

la se te tout yon gwo majè Ochan

Prime Time

Driving School

Learn to Drive Cars

& Buses

Driving instructors wanted!

$17-$25 per hour.

Must have highschool

diploma or GED

1628 Nostrand Avenue

Brooklyn, NY 11226

718-859-8526

PrimeTimeDrivingSchool.com

pou Kilti Vodou tradisyonèl. Depi

sou gangans rad ki te sou Denè

Seyid ak sou Rejinal Kanje yo.

Se te pi bèl fason orijinal pou yo

voye atizan lakay yo monte epi

ankouraje pwodiksyon nasyonal

la. Gras ak mòd rad lakay sa a yo

Zafè m fè n sonje enpòtans atizana

lakay epi tou ki jan l fasil pou

kore pwodiksyon nasyonal la. Sa

montre tou, nou ka toujou montre

bagay tou nèf sa nou pa bijo

koupe fache ak tradisyon dantan

lontan yo.

Se sa Tikè Magazin, Karèl

Pèd, Gi Wewe, Woutchèl Ayiti

Byografi Wòm Babankou ekri sou

paj ofisyèl Zafè m. San nou pa

bezwen pale twòp twòp lansman

Zafè m Samdi 8 ak dimanch 9

jiyè a nan Nouyòk montre Zafè m

se Zafè tout moun ki renmen bon

konpa. Kalte pwezi ladoudous

ki gen nan bèl tèks yo mete sou

mizik siwolin siwo yo vin fè Zafè

m tounen Zafè tout moun nan

moman an. Zafè m moman sa a

se moman pa w. Kontinye fè zafè

w. Bèl kout kòd Denè Seyid met

sou vwa l ak vwa Rejinal Kanje

ede Zafè m fè zafè l.

6 Haiti Liberté/Haitian Times

Vol 17 # 03 • Du 19 au 25 Juillet 2023

Hooray! Your file is uploaded and ready to be published.

Saved successfully!

Ooh no, something went wrong!