15.11.2023 Views

Haiti Liberte 15 Novembre 2023

You also want an ePaper? Increase the reach of your titles

YUMPU automatically turns print PDFs into web optimized ePapers that Google loves.

Kwonik Kreyòl

Ti patat fè chay

Mwen gen yon zanmi fi nan

vil Nouyòk, li se yon doktè.

Tout tan lè m ekri l, mwen toujou

eseye konvenk li pou l pa bliye

Ayiti ak tout pwoblèm li yo, pou

l bay yon kout men nan gwo jefò

yon pakèt moun ap fè pou wete

peyi a lan fènwa.

Mwen toujou esplike

li, gen yon gwo aparèy ak yon

gòm kolosal ki la pou efase,

reye, tache, tout bon pawòl, espwa

ak prensip òganizasyon yon

ti gwoup ap eseye pentire sou

tablo lavi pèp Ayisyen an.Anfèt,

nou bezwen plis konesans, fòs

ak volonte pou nou kapab bloke

aparèy sa a ki vle anpeche nou

ale annavan. Kòm pwovèb la di:

Okap: yo jwenn yon zonbi

Estefani Gason

Yon sèl dwèt pa manje kalalou.

Yon bon jou, manmzèl

monte sou plim li, epi li fè m

yon jounal repons. Nan premye

pati lèt la , li di m sa kasayòl te

di bèf la : Mwen byen dwòl ak

byen pèmèt pou m trete l tankou

yon moun ki san konsyans,

yon moun ki sèlman ap panse

sou kesyon lajan, yon mèsenè

lamedsin, elt…Pou l atake m pi

di, doktè a di mwen : Tout tèt

mwen se figi m, tout figi m se

dyòl mwen, tout dyòl mwen se

dan m, tout dan mwen se kras…

Lòt bagay li te di m yo, mwen pa

kab ekri yo.

Morelyen Morel

Samdi 11 novanm 2023 nouvèl

sa a fè tou Okap. Yon swadizan

zonbi yo jwenn vivan nan nò peyi

a. Zonbi sa a rele Estefani Gason,

li gen 36 lane. Se yon moun ki te

mouri epi yo te antere nan mwa

out pase a . Enben, yo te jwenn li

nan ri 14 L nan Okap, epi ansyen

mari l idantifye l, limenm tou

idantifye ansyen mari l.

Yon tranblemanntè 5.1 mayitid

souke Ayiti, Repiblik

Dominikèn

ak zile Tirk

ak Kaikos

Yon

tranblemanntè

5.1 te souke Ayiti

,Repiblik Dominikèn

ansanm ak Zile Tirk ak

KaiKos vandredi 10 novanm

2023 ki sot pase

a. Se 3 peyi nan Karayib

la, tranblemanntè sa a, te

afekte, se Repiblik Ayiti,

Repiblik Dominikèn ak

Zile Tiks ak kaikos, dapre

kèk enfòmasyon ki disponib.

Erezman pa gen

okenn vi moun ni bèt ki

pèdi.

Konprann

nou non

Lagonav ! Anpil moun panse

Ou se yon peyi etranje, wi !

Ou konnen mwen, men pou mwen

Mwen pa panse sa ditou

Gen moun ki di konsa

Se oumenm ki pi pòv nan peyi a

Nou konnen ou se lye

Yo panse ki pa vo anyen ditou

Men n ap kenbe tèt nou papa !

Lagonav se oumenm ki branch trip

mwen

Mwen pap janm bliye ou

Ou mèt wè tout moun meprize w

M ap toujou la ak ou

Anpil moun panse

Depi yon moun soti Lagonav

Se moun sòt li ye

Grasadye, m pa konn pou tout moun

Mwen m ap kenbe tèt mwen papa

Mwen konn tande y ap di

Jeremi se la tout powèt rete

Men yo panse pou Lagonav

Se la tout ras moun sòt rete

Se la tout moun pi pòv yo kave kò yo

Enben sa pou n fè papa

Se pou tout nèg Lagonav kenbe tèt

yo.

Yves Simon, nèg Toujak

(Lagonav)

Renmen ak

lanmou mele

Nou kab renmen san fè lanmou

Nou kab fè lanmou san n pa renmen

Men lè lanmou ak renmen mele

Dous pase sa pa gen sou latè

Ak libète

Se sèl ki leve zonbi

Se sèl lavi

Paul Laraque

Lespwa

6 Haiti Liberté/Haitian Times

Vol 17 # 20 • Du 14 au 20 Novembre 2023

Hooray! Your file is uploaded and ready to be published.

Saved successfully!

Ooh no, something went wrong!