05.01.2014 Views

Berthony Dupont - Haiti Liberte

Berthony Dupont - Haiti Liberte

Berthony Dupont - Haiti Liberte

SHOW MORE
SHOW LESS

You also want an ePaper? Increase the reach of your titles

YUMPU automatically turns print PDFs into web optimized ePapers that Google loves.

Kwonik Kreyòl

Poukisa yo bandonnen kay zansèt

nou yo nan vil Desalin?

Sa a se kay Madan Desalin Claire

Heureuse

De ti kay Desalin te kite

Kay kote yo te konn fè poud pou kanno

Plas Desalin

Kay kokenn ewo gasonkanson :

Chaloten Makadye

Desalin se yon bèl vil ki bare ak mòn

nan pati Nò li, mòn sa yo byen

solid ak anpil wòch te sèvi pwoteksyon

pou papa Desalin lè li t ap mennen batay

pou endepandans peyi a kont kolon

fransè yo.

Desalin sitiye anviwon 460 km

ak kapital la Pòtoprens e li chita nan

mitan depatman Latibonit. Se 138 mil

451 moun k ap viv nan vil sa a ki

pote non yon ansyen kolon yo te rele

Marchand.

Se nan vil sa a jeneral Desalin te

tabli rezidans li, se nan sans sa a, li te

vin tounen premye kapital Ayiti aprè

lagè endepandans lan ki te vin ba nou

libète pou nou viv tankou moun e se sa

k fè tou, yo te rele l : Machan Desalin.

Mezanmi, li pa kòrèk di tou, apre

plis pase 200 lane endepandans pou

yon awondisman peyi a pote non yon

ansyen kolon ak yon rebèl. Li ta bon

pou otorite yo nan peyi a panse chanje

non zòn sa a pou rele l Desalin. Desalin

merite sa, paske li te travay pou sa.

Men pi gwo bagay ki fè anpil

moun progresis tris se paske yo wè anpil

kay zansèt nou yo te kite nan vil

sa a bandonnen. Nan vil Desalin nou

jwenn Kay Anperè Desalin ak tout kay

madanm li Claire Heureuse. Gen kay

Charlotin Marcadieu, sitwayen sa a ki

te mouri ak Desalin PonWouj krible ak

bal . Nou kapab jwenn kote konbatan

yo te konn fè poud pou kanno yo,

elatriye…tout bagay sa yo ki ta sanse

yon moniman sanse bandonnen. Kay

Desalin yo nan yon lakou izole, pa

janm gen anyen ki fèt pou amenaje

espas sa yo ki ta dwe yon kote pou

touris al vizite. Vil Desalin lan se yon

gwo lye istorik ak touristik menmjan

ak Kap Ayisyen. Depi 12 Out 1995,

te genyen yon arete prezidansyèl ki te

pran e ki deklare moniman istorik sa yo

patrimwàn nasyonal, malgresa anyen

pa janm fèt pou leve figi kay sa yo ki ta

dwe konsidere kòm sit istorik.

Depi sasinay papa nasyon an,

Jan Jak Desalin, 17 Oktòb 1806 jouk

jounen jodi a, genyen tandans pou

devalorize zèv Desalin yo, paske li te

goumen pou te wete pèp ayisyen an

nan lesklavaj epi bay peyi a endepandans.

Kolon fransè yo ak restavèk yo

nan peyi a pa janm padone Desalin, yo

di tout kalte vye bagay sou li. Se nan

menm vye lojik sa a ki fè moniman istorik

sa yo nan vil Desalin rete bandonnen

nan peyi a.

Listwa yon peyi se sous richès

li ye pou pèp li. Moniman istorik nou

yo pa dwe rete bandonnen paske yo se

yon sous richès pou pèp la tou.

Rezolisyon Sena

ayisyen an pou mande

Nasyonzini dedomaje

viktim kolera yo !

Jou jedi 9 me 2013 la nan Sena

ayisyen an, sou 17 senatè prezan,

kòm prezidan sena a limenm pa kab

vote, 15 senatè ye vote « POU», zewo

vote «KONT», epi yon sèl ki se senatè

Delacruz te vote «ABSTANSYON»

rezolisyon an»

Gen yon konsideran ak 6 zyèm

pwen nan premye atik rezolisyon an

senatè yo amande. Konsideran an se

« Lè n konsidere plizyè peyizan ayisyen

plenyen lakòz kèk sòlda MINISTA volè

kabrit yo ak viv nan jaden yo » Sizyèm

pwen an se « Pwopoze “Avenan” nan

Akò 9 jiyè 2004 la (paragraph 59)

k ap limite envyolabilite barakman

Kèk viktim maladi kolera a an Ayiti

MINISTA yo, ak iminite ajan l yo nan

ka enfraksyon grav ak enfraksyon

flagran . Avenan silayo ap kenbe kont

sou tout mankman ki konstate nan

akonplisman manda MINISTA denpi

nan dat li deplwaye, ki se premye jen

2004 ».

Pou listwa, men lis senatè ki te

Ki kalte dlo sal, jòn sa a, machin Minista a ap vide la a ?

prezan nan asanble a: Desras Dieuseul

Simon, Andris Riché, Lebon Fritz

Carlos, Steven Benoît, John Joël Joseph,

Jocelerme Privert, Francky Exius,

Maxime Roumer, Delacruz Francisco,

Melius Hyppolite, Jeanty Jean William,

Edo Zeny, Wencesclas Lambert,

Suite à la page (14)

Venus

RESTAURANT

Specializing in

Caribbean &

American Cuisine

We do Catering

Available for all

Occasions

Fritaille etc..

670 Rogers Avenue

(Corner of Clarkson Ave)

Brooklyn, NY 11226

“Venus, l’entroit idéal”

718-287-4949

KATOU

RESTAURANT

5012 Ave M

(Entre E. 51 et Utica)

10h am – 10h pm

Une innovation dans la cuisine

haïtienne à Brooklyn

Tous les plats haïtiens réalisés par une

équipe de cordons bleus recrutés sous

la supervision de Katou

Griots – Poissons – Poissons Gros Sel

– Dinde – Poulet – Cabri

– Boeuf – Légumes

Bouillon le samedi – Soupe le

dimanche – Bouillie de banane le soir

Appelez le 718-618-0920

Livraison à domicile

Si vous avez du goût, vous ne

lâcherez pas Katou Restaurant

Immaculeé Bakery

& Restaurant

2 Locations en Brooklyn

Spécialités

• Pâtés • Pain • AK-100 • Gâteaux

• Jus citron • Bonbon amidon

• Bouchées • Cornets

• Pain patate (sur commande)

• Bouillon (chaque samedi)

• Soupe (chaque dimanche)

1227 Nostrand Avenue

(entre Hawthorne & Winthrop)

Tél: 718.778.7188

1411 Nostrand Avenue

(entre Linden & Martense)

Tél: 718.941.2644

FRITAYE 5 STAR

• Breakfast • Lunch

• Dinner • Fritaille

Catering for all occasions

Gran Pan-Pan Rice

FOR SALE:

Wholesale & Retail

1347 Flatbush Avenue

(bet. Foster Ave. & E. 26th St.)

Brooklyn, NY 11226

718-975-0915-6

6

Haiti Liberté/Haitian Times

Vol. 6 • No. 45 • Du 22 au 28 Mai 2013

Hooray! Your file is uploaded and ready to be published.

Saved successfully!

Ooh no, something went wrong!