Haiti Liberte 15 Avril 2015
Create successful ePaper yourself
Turn your PDF publications into a flip-book with our unique Google optimized e-Paper software.
Kwonik Kreyòl

An nou oze envante lavni!

Kòdinasyon Desalin KOD

Twazyèm fowòm popilè!

Jodi 14 Avril 2015 lan, nan lokal « Bar

de l’ère » Pati politik popilè Kòdinasyon

Desalin te tanmen twazyèm fowòm li

pou l te kab braselide ak tout kanmarad,

zanmi, senpatizan ki vle kenbe beton

mobilizasyon an olye yo antre nan

souze zo eleksyon.

Li te 10zè tapan lè seremoni an te

konmanse pou resevwa tout delege yo.

Te gen plizyè gwoup atelye sou non

Makandal, Desalin, Bwa Kayiman,

Pyèsili, Peralt, Jan Dominik, Anil Lwijis

ak Rozalvo Bobo

Diferan moun ki te patisipe nan fowòm

sa a se sòti nan vil Pwovens ak nan Kapital

la. Men kèk òganizasyon ki te prezan

: Batay Ouvriye, MONOP, FOPARK,

MECHAN, Anbake pou chanje, UNNOH,

CTFP, MOPAM se nou BOUKE, Grenadier

07, MELA pou site sa yo selman

Nan jounal semèn pwochèn lan, n ap

pibliye rezolisyon ki sòti nan kokenn

aktivite sa a ki te fini vè 4trè 25 konsa.

Men deklarasyon dirijan yo nan

ouvèti Fowòm lan

Salitasyon Patriyotik pou tout moun,

manm senpatizan, zanmi Kanmarad

KOD ki reponn prezan pou nou kapab

chita, reflechi ansanm, pou n gade kòman

nou kapab abòde lafyèv elektoral la,

epi ki sa pou nou fè nan enpas sa a?

Alapapòt KOD ap deklare : Yon

pèp ki pa konn listwa l oubyen ki pa tire

okenn leson nan istwa l, kondane nonselman

pou l repete menm erè yo, men

tou pou l pa janm sòti nan tribilasyon li.

Premye leson nou dwe tire pèp Ayisyen

depi 1806 apre sasinay Papa nou,

Desalin poutèt li t ap mande pou richès

peyi a pataje ak tout pitit peyi a. Desalin

pat dakò ak politik « yon pati pran tout

ak yon pati pa jwenn anyen » k ap kontinye

jounen jodia ; kote yon ti minorite

pran tout richès peyi a pou li epi grann

majorite ki se pèp la, noumenm k ap

viv nan Lasalin, nan Site Solèy, nan Fò

Nasyonal, nan Raboto, nan Solino, sou

Bèlè, yo pa kite anyen pou nou. Okontrè

se nan yon esklavaj modèn nou ye.

Chak fwa yo fè yon eleksyon , se

ti minorite sa a ki pataje l ant yomenm

nan konplisite peyi enperyalis yo, peyi k

ap goumen ak Ayiti yo pou nou pa janm

fè yon pa kita yon pa nago. Se sa k fè

se toujou yon eleksyon-seleksyon yo fè

; sèlman nan lane 1990 te gen yon bon

eleksyon san okipasyon Nasyonzini,

men malgre tou, Wachintonn te kraze l

sèt mwa apre pou anyen pa janm chanje

pou nou. Depi apre koudeta 2004 la se

Meriken, Franse ak Kanadyen k ap deside

eleksyon pou nou.

Noumenm malere k ap bourike

nan faktori yo, noumenm peyizan pòv

yo, noumenm k ap travay kote se chak 9

mwa nou touche yon mwa. Noumenm

ki nan Batèy Sendomeng san nou pa

bliye moun nan Karakòl nan tout zòn

franch yo. Etidyan pitit malere-malerèz

k ap bourike pou fè san sòti nan wòch.

Se pa janm pou nou Klas dominant yo

fè eleksyon. Se poutètsa n ap di nou pa

pral nan Eleksyon Martelly-Evans Paul

ak Anbasad yo ap prepare pou yo kontinye

politik lamizè a, politik souse san

pèp la, politik vann tout richès peyi a bay

etranje a.

Noumenm nan KOD nou pa

ladann. Desalin pa ba nou dwa pou nou

vann okenn moso nan teritwa peyi a. Li

pa ba nou dwa pou n kolabore ak okenn

nouvo kolon ki vle rekolonize Ayiti.

Se pou sa nou di nou pa nan eleksyon

Machann peyi.

Si tèlman yo konnen y ap

eksplwate nou, matirize nou, yo mete

kanpe yon fòs Okipasyon pou sizanka

nou ta vle leve kanpe pou n revandike

dwa nou, pou vin tire sou nou. Lame

Minustah ki la a se menm wòl ak lame

kolonyal Bonapat te voye ak jeneral

Leklè nan lane 1801 pou te vin retabli

lesklavaj. Ki sa zansèt nou yo te fè ?

Twazyèm Fowòm Kòdinasyon Desalin KOD

Yo te kanpe djanm, goumen kont lame

kolonyal la. Yo pat ba yo kontwòl peyi a

konsa, yo pat ba yo fè eleksyon konsa.

Se goumen Tousen, Desalin, Kristòf ak

latriye lòt yo te goumen. Se pou sa noumenm

nan Kòdinasyon Desalin, nou vle

mache sou tras zansèt nou yo, se pou sa

nou di Aba Minustah ! Aba Okipasyon !

Fòk pèp la kontinye mobilize kont okipasyon

peyi a, kont elesyopn fo mamit

okipan yo ap ba nou pou yo toujou domine

nou.

Noumenm nan KOD, n ap di tout

kanmarad, senpatizan, zanmi ki la a, pa

gen wout pa bwa oubyen ou lan goumen

pou chanjman oubyen ou pa ladann, w

al jwenn lènmi pèp la.

Noumenm nou vle rete kanpe nan

kan pèp la ! Pou n pote limyè nan kalfou

danjere nou ye la KOD ap repwopoze sa

l te di deja nan lane 2013, nan premye

fowòm li : « Pa kab gen eleksyon ak

Martelly ! Pa kab gen eleksyon ak Lamòt

ni ak revè li Evans Paul. Pa kab gen

eleksyon onèt, lib sou Okipasyon »

Se pou pèp la leve kanpe pou voye

Martelly ak Evans Paul ale. Pou se yon

Gouvènman Pwovizwa Popilè ki pran

pouvwa ak yon Jij kou Kasasyon pou

nommen yon gouvènman, sètadi yon

premye minis, minis nan diferan ministè

yo. Ak yon nouvo Konsèy elektoral

Pwovizwa selon atik 289 Konstitisyon

an, ki pou fè eleksyon san pran yon peni

wouj nan men peyi enperyalis

Suite à la page (18)

FENK PARÈT

Nou toujou kontan, chak Ayisyen

te dwe kontan, kontan anpil,

chak fwa li wè yon ekriven, kit se yon

powèt, kit se yon romansye, kit se yon

eseyis, k ap bay lang kreyòl la jarèt,

k ap fè l mache ak lestonmak li byen

bonbe pou l pwomnen ak anpil fyète

akote lòt lang ki deja fè chimen yo nan

listwa lengwisyik limanite.

Men se pa tout. Youn se bay

lang lan fòs, fè l kanpe djanm nan

pami lòt zèv an kreyòl ki parèt deja.

Yon lòt bagay se fè lang nan pwogrese

antèm kalite lengwistik, antèm rafinman

lengwistik, antèm anrichisman

lengwistik, antèm pòte yon mesaj ki

gen arevwa ak lavi a, ak rechèch yon

depasman de noumenm.

Se tout sa ki prezan nan

rekèy pwezi Lenous Suprice sa a ki

rele Soukiyaki. Tit la gen yon kiryozite

ladan l, yon ti mistè ladan l. Mistè a

ou dekouvri l ofil twa moman kote otè

a ap deplòtonnen bèlte lang nan, toupandan

l ap fè yon mesaj pase, tankou

lò l ekri:

Ou di m ou prèt pou eklate,

lè w remake se pran sèlman

y ap pran nan men

w san menm yo pa rive

lonje ba ou, pou piti,

yon ti moso satisfaksyon

Si w ap gade Soukiyaki nan

orijinalite lengwistik li, li prezante

tankou yon ladous-kivyen-kenèp-timoun-la-yo-se-fonn-nan

bouch. Soukiyaki

eksplore tout chimen limyè ki

mennen pwezi a kòmsi m ta di w nan

yon konkirans ki pa rans ak lakansyèl,

ak ti dlo sous peyi lakay, ak yon

lalin won kou boul ou ta vle mande l

klere konsysans anpil moun ki pa gen

FILOKTÈT

Zile n ap make pa

Ou poli mo ou fè dyaman

Ou mitonnen pwezi anba sann cho

Pou lavi pa mouri

Ou menm ki jwe marèl ak lanmò

Pote Mama sou kè w

Jouk nan pòt simityè

Eske w konnen valè powèt

Ki suiv tras ou nan fèy kaye

Van Lasenjan fin pot ale ?

Chak riyèl nan Pòtoprens

pote mak pye w

Kou l fè nwa lasigal nonmen

MASKAWON

Twal lenj pandye sou fildefè

Chen ap tranpe kasav

Pou abitan nan vil Bonbad

Grantoryan lage pwa grate nan jaden n

Si memwa nou longè siga

Fò w kwè rèv nou gen dan doukla

Yon lapli demwazèl ap lave je Granri

okenn konsyans. Soukiyaki souke anpil

branch bwa pou fè zòtolan, toutrèl

ak ramye vin mennen w dekouvri nan

forè vire isit vire lòtbò lavi a, ki yo,

ki ya, ki ki, ki sou, ki sa ki plòtonnen

nan pwezi a pou ka deplòtonnen l, oumenm

menm.

F.L

NOTE:

An Ayiti se Communications

plus ki distribye rekèy la. Yo nan

24, Delmas 60, Musseau, BP 13205

Delmas, Haïti - HT6120; telefòn yo:

(509) 2816-0404; (509) 2230-1150;

kouryèl yo se: complusa@yahoo.com

Nan Monreyal, Kanada, kontakte

Éditions Trois Amériques, swa nan

(514) 508-8848, swa sou kouryèl yo:

editorial3americas@gmail.com

non w sou pòtay

Vwayaj powèt la bout

Li depoze chapo l

Demen granmoun a fè wonn

Limen gwo boukan

Pase te nan gòdèt

Divage nan veye

Timoun va rakonte

Yo te wè Filoktèt sele chwal Desalin

Yon maten mwa septanm

Foumi fou te fin fou ap chèche Pyè Sili

Guy-Gérald Ménard

Literati anba okipasyon/

literati sou okipasyon

Guy-Gérald Ménard

Wòl powèt yo, wòl ekriven yo, se

prezante reyalite a sou divès fòm atravè

kreyativite yo pou pèmèt tradisyon

nou, koutim nou, kontinye fè chemen

yo. Yo rakonte istwa nou, fè nou sonje

ki moun nou ye, kote nou soti. Yo ede

nou reflechi sou kote nou prale. Ekriven

ak powèt yo se memwa nou. Literati

sou okipasyon pèmèt nou pa bliye. Se

sa Georges Castera di nou nan Pyè Sili:

Jou apre jou mwen dòmi nan soulye m

Jodi a m deside vire do bay lawont

Nou sitèlman bat kò n

Nou manje nan tout plat

Lè libète ap boujonnen

Nou rekòlte foskouch makak

Guy-Gérald Ménard

M pap ekri anyen pou moun/Kenbe lan

kè apre san tan/Se jounen jodi/Moun

ap chache/Chimen lonè/Bagay byen

bèl/Bèl mèvèy sou late/Pyè Sili/Wi se

li/…Yo te vin chavire lèt nou/Sou dife/

Li di:Fe! sou lèlmi. Gen ekriven ak atis

ki imòtalize jès ewoyik ti sòlda ayisyen

sa a ki te deside se sou kadav li pou

anvayisè yo te pase 28 jiyè 1915, pou

yo te pran kontwòl Lasnal kote li t ap fè

Suite à la page (18)

6 Haiti Liberté/Haitian Times

Vol. 8 • No. 40 • Du 15 au 21 Avril 2015