03.04.2024 Views

Haiti Liberte 3 Avril 2024

You also want an ePaper? Increase the reach of your titles

YUMPU automatically turns print PDFs into web optimized ePapers that Google loves.

Kwonik Kreyòl

Rara lage-Konpa patrimwàn !

Rara Lage

J. Fatal Piard

Depi w tande tanbou frape

Tout Ayisyen leve kanpe

Epòk pak se lè tout timoun an

vakans. Dantan lontan nan epòk

sa a te konn gen anpil amizman

tankou toupi, kap pou tout timoun

yo. Pou granmoun yo menm se rara

k lage. Nan lokazyon fèt pak sa a

Rara Ògèy nan vil Tigwav. Se nan

lannwit 1ye pou louvre 2 avril la

yo te fete l nan bèl anbyans mizik

tout lannwit. Nan lokazyon an, te

genyen divès aktivite ki te reyalize.

Pami yo, defile, konkou rara, elatriye.

Se plis pase 15 bann rara ki te

Tire

Bal la fè twou

pou-l pase rantre

l’ale, li travèse

depi se trip,

depi se pye, jizye,

mwèltèt.

Li pase an boulin,

an boulvès

li vire antre

bourade kraze

wa di

yon bagay

l’ap chache nan mitan fèy

papye.

bal la kwaze

ak kat tikatkat

ki te chita ap etidye

[…]

Georges Castera Fils

patisipe nan aktivite sila a, yo manje,

bwè epi fete nan tèt ansanm.

Rara Ògèy Lajenès 179 lane

Nan lokazyon 179 rèkòt kafe Rara

Ògèy la ki te fete nan vil Tigwav nan

lannwit 1ye pou louvri 2 avril ki sot

pase a, youn nan manm komite a,

mesye Lamòt te pran lapawòl nan

non yo tout. Nan diskou sikonstans

li a, li remèsye tout ginen yo, tout fanatik

yo, tout fòs viv komin nan. Li

te bay yon mo espesyal pou madam

Niva Ogisten ki sipòte yo nan tout

okazyon yo.

Pandansa li te deklare, se pou

premye fwa yo rive reyalize yon aktivite

konsa depi yo ekziste. Lamòt

te pale ak palmantè ki pral vini yo

pou vote lwa pou kapab mete lajan

nan bidyè peyi a. Se yon fason

pou tout rara nan peyi a rive

jwenn mwayen ekonomik pou yo

fonksyone pi byen. Paske daprè li,

Guarino Funeral Home

Serving the Haitian Community

for Over 30 Years

9222 Flatlands Avenue

Brooklyn, NY 11236

718-257-2890

rara yo genyen anpil depans yo bijo

fè, lè pou yo soti.

Selon sa Tribolan fè konnen

pou ane sa a, aktivite rara yo pase

san gwo pwoblèm. Zewo ka aksidan

daprè dirijan rara yo ak responsab

lopital jeneral Nòdam Tigwav, pou

ane sa a doktè Fred Jasmin, repòte

TRiboLAND medya te kontakte.

Konpa Dirèk

Konpa Ayisyen anvan lontan ka vin

enskri sou lis patrimwàn kiltirèl imateryèl

Fon Nasyon Zini Edikkasyon

ak Lasyans ak Lakilti Inesko (nan

lang franse) Delegasyon pèmanan

Ayiti nan Inesko anonse l prezante

kandidati Mizik Konpa pou vin fè

pati Patrimwàn Imateryèl Limanite.

Se nan yon komnike yo te mete

deyò jou k te madi 26 mas ki sot

pase a. men menm si w tande tout

bagay, w pa fouit pale de Konpa san

w pa pale de Papa Konpa a ki se Nemou

Janbatis

Nemou Janbatis

Nemou Janbatis, se yon gwo potorik

mizisyen san parèy ki te maton nan

ekzèsis soufle van nan bèk saksofòn

detan l pe manyen yon bann ti bouton

ak pwent dwèt li pou chanje son

yo. Anplis li te konn graje kòd gita l

byen tou guitariste. Nemou ak yon

bon matchòpwèl li Webè Siko se yon

menm yo te rele papa Konpa.

Nemou te fèt nan Pòtoprens

epi l te envante estil mizik sa a nan

lane 1955. Depi nan lane 1953 Nemou

te mete sou ye pwòp òkès li

kote l te toujou konn jwe nan yon

klèb ki te rele Okalbas. Gras ak yon

gwo gitaris ki te konn jwe ak li ki

te rele Remon Gaspa ansanm yo te

mete “Konpa Dirèk” la kanpe djanm.

Kèk tan pi ta yo vin rele l Konpa.

Oksid Janti

Anplis Nemou Janbatis, ak bon mon

konpè l Webè Siko de pi gwo Papa

Konpa a yo, gen kèk lòt mizisyen

tou ki te bay gwo kout men nan

mete mizik Konpa a kanpe. Youn

nan yo se Oksid Janti. Jal Oksid te

etidye mizik nan Konsèvatwa Mizik

nan vil Pari ki se kapital Lafrans.

Mizisyen sa a te konn ekri mizik pou

dan ri. Anpil moun ka pa konn si w

ap danse Konpa fòk ou konnen jal

Oksid Janti se tonton Konpa.

Si m di w li te konn konpoze

anpil mizik se si tou l te fè anpil albòm

konpa serye tou. Pou fini an n

fè yon ti pale de Jisten Eli, anplis li te

yon gwo konpozitè tou menm jan ak

jal Oksid Janti, Jisten Eli te plis konn

fè kòd pyano plenyen anba pwent

dwèt li lè l fin peze touch yo. Eli te

konn al depoze jis nan Konsèvatwa

Mizik Pari. Anpil moun te renmen

fason Eli mache estil Konpa l la Ozetazini.

LACROIX MULTI SERVICES

Tel: 718-703-0168 * Cell: 347-249-8276

Fax:718-703-4640

1209 Rogers Avenue, Brooklyn, NY 11226

www.lacroixmultiservices.com

• Income Tax • Electronic Filing

• Refund Anticipation Check (RAC)

• Direct Deposit - IRS Check

• Business Tax • Notary Public

• Immigration Services

• Translation, Preparation, Application, Inquiry letters

• 6 Hour Defensive Driving Course • Fax Send & Receive

• Resume • Property Management • Credit Repair

Lacroixmultiservices@yahoo.com

6 Haiti Liberté/Haitian Times

Vol 17 # 40 • Du 3 au 9 Avril 2024

Hooray! Your file is uploaded and ready to be published.

Saved successfully!

Ooh no, something went wrong!