29.05.2019 Views

Haiti Liberte 29 Mai 2019

You also want an ePaper? Increase the reach of your titles

YUMPU automatically turns print PDFs into web optimized ePapers that Google loves.

Kwonik Kreyòl

Miyami : Kominote Ayisyen nan Ti Ayiti andèy ! Veritab

Soti agoch pou ale adwat Gedeon Desir13 zan, Richecarde Dumay17 tan

ak Lens Desir15 zan

Kominote Ayisyen an

nan Little Haiti (Ti Ayiti)

pran yon kokenn kou

samdi maten 25 me a.

Lè yo aprann twa jèn gason

ki fè pati ekip foutbòl

Ekip Little Haiti FC a

Little Haiti FC la, Gedeon

Desir, 13 zan, Richecarde

Dumay, 17 tan ak Lens

Desir,15 zan, te jwenn lanmò

yo lapoula vè 5 kè 30

konsa nan kwen lari Nòdès

13zyèm Avni ak 125yèm

kote yo t ap tann otobis

ekip la ki pou te mennen

yo sou teren kote yo ta pral

jwe a.

Se yon dansè 31 lane,

Men kote aksidan an te fèt

Mariam Coulibaly ki touye

3 jèn yo. Mariam ap pran

swen nan lopital pou kounyea

anvan pou lajistis deside

ki sanksyon y ap pran

kont li.

Kominite! Kominike!

Kolektif 7 jiyè 2018 ak Renouvo Demokratik ap envite kominote

a vin tande Mèt Jaccéus Joseph nan yon konferans laprès

l ap bay nan La Difference Auto School , 836 Rogers Avenue,

Brooklyn, samdi premye jen a 6zè diswa pil.

Mèt Jaccéus Joseph ki se yon dirijan Bureau des Organisations

de Défense des Droits Humains (BODDH) ap pale ak kominote a

ak laprès sou 4 gwo pwen ki konsène yo :

Problèm legal sitwayen ki te manifeste 6, 7, 8 jiyè, 17 oktòb,

ak 18 novanm Jovenel Moise ak bandi legal te arete san

jistifikasyon legal. Ki sa k ap fèt pou ba yo jistis?

Ki kote lit sou Petwokaribe ak koripsyon an rive?

Pou kisa lit la bloke?

Kiyès ki lotè masak Lasalin ak lòt masak sou mas popilè yo?

Ki politik ki dèyè yo?

Plis lòt pwojè mèt la pral prezante bay kominote a.

Vin tande ! Vin pale !

An n kole zepòl ak pèp Ayisyen an pou n konbat politisyen ak

pati politik kowonpi, boujwazi antinasyonal santi, ak anbasad

Kò Gwoup enperyalis piyajè.

Bay kòb PetwoKaribe a !

Pou yon Ayiti Souvren, Mèt Tèt li.

Pou tout enfòmasyon :

347-760-8929

Lam veritab

Veritab, se yon plant ki soti

nan peyi Sidès Azyatik yo.

Soti nan zòn sila a, li ale nan zile

Polinezi yo. Nan peyi sa a, veritab

se youn nan prensipal viv

ki sèvi nan alimantasyon moun.

Apre sa, veritab al chwe nan

peyi Tayiti. Soti la, li rive nan

peyi Karayib yo nan lane 1792,

kote kaptenn Bligh (Blay) te pote

li nan bato Bounty. Kounye a, yo

kiltive veritab nan tout peyi cho

e ki imid sou latè. Se yon plant

yo kiltive anpil nan zòn Sidès,

nan anpil kote nan Sid ak nan

Grandans peyi Ayiti.

Veritab gen de kalite

flè: flè mal ak flè femèl. Flè sa

yo sou menm pyebwa a. Men,

yo pa menm kote. Se poutèt sa

yo di veritab se yon plant monoyik.

Flè femèl la won. Se li ki

bay fwi yo rele veritab la. Yon

bagay enpòtan nan veritab pou

nou konnen: fwi yo devlope

san polinizasyon flè femèl la. Se

poutèt sa, veritab se yon fwi ki

pa gen grenn ladan. Flè mal la

rele pòpòt. Li long, li sanble yon

ke chat. Yo sèvi ak li pou fè konfiti.

Veritab, se yon fwi

moun ka manje konsa lò li vèt

oubyen lò li mi. Yo konn swa

bouyi swa boukannen veritab.

Yo ka kwit li lan fou tankou

pen. Veritab ka sèvi pou grese

kochon. Yo sèvi ak li lò li bouyi

pou fè pire, kwòkèt ak ze bouyi,

retay pwason ak retay lanmori.

Yo fè labouyi oubyen pouding ak

li. Yo manje l fri. Lò sa a, Ayisyen

rele l akòdeyon . Lò li sèk,

veritab ka fè farin ki sèvi nan patisri

ak nan boulanjri. Farin veritab

ka melanje ak farin ble pou

fè pen. Veritab se yon manje ki

antre nan kilti moun Grandans

ak moun Okay. Paske, li sèvi

pou fè tonmtonm veritab ak kalalou

gonbo ak krab. Yo sèvi tou

ak veritab pou fè ponch oubyen

salad.

Franswa Sevren

Libète No 185 10 avril 1996

6 Haiti Liberté/Haitian Times

Vol 12 # 47 • Du 29 mai au 3 juin 2019

Hooray! Your file is uploaded and ready to be published.

Saved successfully!

Ooh no, something went wrong!