12.07.2015 Views

NOU KA PREVWA, NOU KA EVITE - Croix-Rouge canadienne

NOU KA PREVWA, NOU KA EVITE - Croix-Rouge canadienne

NOU KA PREVWA, NOU KA EVITE - Croix-Rouge canadienne

SHOW MORE
SHOW LESS
• No tags were found...

You also want an ePaper? Increase the reach of your titles

YUMPU automatically turns print PDFs into web optimized ePapers that Google loves.

NOU KA PREVWA,14 NOU KA EVITENOU KA EVITE15NOU KA PREVWA,Eleman kle ki riske dekalnche vyolans apre yon dezasKondisyon anviwònman aksitiyasyonNan lane 2009, 42.3 milyon mounte blije kite kay yo poutèt konfli,vyolans ak vyolasyon dwa moun. xxiiAnpil nan moun sa yo te fòse alnan kan katye defavorize oswa abripwovizwa.Faktè spesifik risk vyolans anndankan yo:→→Manke sekirite ak prezans lapolis;→→Move sekirite nan perimèt kan an;→→Manke limyè;→→Move twalèt/latrin ak enstalasyonpou moun benyen anndan ak nanzòn kan an;→→Manke entimite lè moun ak sèvi akenstalasyon ijyèn yo;→→Move chèltè ki pa ofri sekirite;→→Twòp moun nan menm espas la;→→Manke sistèm pwoteksyon fòmèlak enfòmèl;→→Posibilite pou yo fòse moun yo kitekan an (souvan sa rive anpil fwa);→→Manke analiz ak konpreyansyonnan fòm vyolans lan nan momankote katastwòf la fèk pase a; epi→→Manke volonte pami lidè yo poupriyorize prevansyon kont vyolansTwòp chay ak responsabilite sousipò kominotè a ak sistèm pwoteksyonyoNan moman katastwòf, sistèm sipòfòmèl ak enfòmèl ke moun kontesou yo nan lavi chak jou yo pou yojere strès ak pwoblèm yo ka genyentwòp chay ak responsabilite sou yoki ka demantibile yo. Lè konsa, riskpou moun jere strès ak mwayen ki kaprezante danje vin pi enpòtan.Faktè ki ka parèt nan momankatastwòf:→→Entèripsyon ak yon diminisyonnan disponibilite oswa aksè, kaliteak rapidite, sipò ke gouvènmanan oubyen ajans sivil ak non-gouvènmantalyo ap founi;→→Feblès nan fòs lapolis la— enpinite;→→Move reyaksyon lapolis poubezwen viktim/sivivan yo parapò akoupab yo;→→Mezi pou pwoteksyon ki pa asepou moun ki siviv vyolans yo, kimete moun yo a risk oswa nan yonsitiysayon pou yo soti viktim ankòepi yon defisi nan sipò pou ede akblesi fizik ak sikolojik;→→Pa genyen sistèm pou fè rapò;→→Pa genyen ase enfòmasyon soupwosesis pou fè rapò sou zakvyolans;→→Separasyon fanmi, timo un ki separeak granmoun yo oubyen ki pèdimanman ak papa;→→Moun ki temwen zak vyolans kikanpe la ap gade ki santi y ap andanje si yo ta fè yon entèvansyonoswa fè yon rapò, ki pa konn sapou yo fè, oubyen ki panse kevyolans akseptab; epi→→Moun ki nan pozisyon otorite ki apeksplwate vilnerabilite zòt.Manke edikasyon pou prevansyonkont vyolans ak sistèm pwoteksyonNivo konpreyansyon kominote yogenyen sou prevansyon ak sistèmpwoteksyon anvan yon katastwòfrive, ap genyen yon enpaksou sekirite moun ak kominote yopandan repons ak retablisman aprekatastwòf la. xxiiiPami twou enpòtan yo konn genyen:→→Opòtinite edikasyon ak posibilitepou fè benefisyè yo pran konfyansnan tèt yo ki manke;→→Edikasyon limite pou moun ki apreyaji apre dezas yo sou pwogramtankou dezas, sante, eksetera...;→→Depistaj ki manke sou moun ki apreyaji apre katastwòf yo pou asireyo ke yo pa tounen yon menas poubenefisyè yo; epi→→Defisi nan sistèm anndan òganizasyonyo pou kreye anviwònmansen, san vyolans, ki genyenpwosedi operasyon nòmal poupreparasyon nan ka katastwòf,reyaksyon ak retablisman.Aksè a byen ak sèvis ki fèt akdifikilteNan kèk sitiyasyon dezas, èd imanitèa ka la, men jwenn aksè a li a kagenyen difikilte ladann. Kesyontankou kiyès ki ap kontwole aksèa, kiyès ki gen difikilte nan aksedea li, epi pou kisa, kiyès yo neglije,tout sa yo vin enpòtan nan momanyon katastwòf. Lè manke aksè a èdimanitè sa ka kreye yon depandanskay moun ki genyen move entansyon,sa ki kapab ogmante risk pou abipouvwa ak vyolans.Aksè kle yo→→Aksè limite a aktivite ki pou pèmètmoun jwenn mwayen ak lajan pouyo viv;→→Distribisyon inegal èd imanitè nanka ijans anndan oswa ant kan;→→Pouvwa inegal ak règ sosyal kianpeche aksè a sèvis ak sipò poufanm, timoun, granmoun, ak mounki andikape;→→Sipò ki manke pou moun ki genyenpwoblèm mantal pou yo jwennaksè a sèvis;→→Swen sante ak mwayen pou jwennlamanjay san danje ki manke,chèltè ak lwil pou fè manje; epi→→Laperèz pou kontre ak zak vyolanspandan moun ap eseye jwennbyen, sèvis ak sipò.Risk pou vyolans ki te deja egzisteVyolans genyen yon enpak katastwofiksou moun tout laj, klas sosyal,kapasite, sèks ak kwayans. Pandantout moun ka afekte, genyen kèkgwoup moun ki pi ekspoze pase dòt.Nan moman yon katastwòf, gwoupmoun ki gentan genyen vilnerabilitepou vyolans yo gen plis chans pouyo menase paske eleman ki meteyo nan pozisyon risk la vin pi fò. Nanmajorite kominote ak kilti, gwoupsila yo se timoun ak fanm.Timoun fè fas a gwo risk nan momandezas paske yo pi piti, pi fèb epise yo ki pi depandan nan yon sosyete.Lè genyen katastwòf, toutvilnerabilite sa yo fè youn. Timounki separe ak fanmi yo oswa ki pèdigranmoun yo fè fas a plis danje:vilnerabilite yo miltipliye lè yo pèdimoun ki responsab yo a ak lè mankesistèm pwoteksyon fyab nan momankatastwòf.Fanm pa toujou vilnerab, men katonbe nan sitiyasyon sa a, poutètfaktè sosyal ak kiltirèl tankoudiskriminasyon sou fanm akinegalite ki ka ogmante nan ka ijans.Majorite moun ki mouri nan katastwòfnatirèl se fanm; fanm genyentandans gen mwens aksè a resousesansyèl pou preparasyon, soulajmanak reyabilitasyon. xxiv Fanm kafè fas tou a wo nivo vyolans seksyèlapre katastwòf, menm jan akdiskriminasyon nan pwosesis asistanslan. xxv Anplis, vyolans sou fanmka grandi lè gason santi ka genyenchanjman nan relasyon pouvwa yopaske fanm ap jwe wòl ki dabitid segason ki sipoze ap jwe yo, lè konsayo vin genyen plis responsabilite akopòtinite nan inisyativ retablismanyo. xxviVyolans sou fanm, se yon menas toupou gason ak pou moun ki pa dakòak wòl ke sosyete yo a di dwe poufanm oswa gason. Anplis, lòt faktèki rann sèten gwoup pi vilnerab avyolans ka: ras, popilasyon endijènak tribi spesifik, koulè po, si yonmoun fè pati tèl klas oswa kas ki sekaraktersitik klas sosyal ak ekonomikpòv yo, konpòtman rayisab pouetranje, estati imigrasyon oubyenyon moun ki blije kite kote li rete anòmalman, oryantasyon seksyèl, lajkit li granmoun kit li jenn, andikap,kwayans politik oswa relijyon.Nenpòt ki gwoup ke lòt gwoup kakonsidere kòm “enferyè” oubyen“diferan” fè fas a risk vyolans.“Vyolans kraze fanmi, kominote ak peyi. Veye moun ki bokote w’ e pwoteje kominote w’ la.” Kanpay SMS PrevansyonVyolans Kwa Wouj, Ayiti. \\ Kwa Wouj Kanadyèn

Hooray! Your file is uploaded and ready to be published.

Saved successfully!

Ooh no, something went wrong!