12.07.2015 Views

NOU KA PREVWA, NOU KA EVITE - Croix-Rouge canadienne

NOU KA PREVWA, NOU KA EVITE - Croix-Rouge canadienne

NOU KA PREVWA, NOU KA EVITE - Croix-Rouge canadienne

SHOW MORE
SHOW LESS
• No tags were found...

Create successful ePaper yourself

Turn your PDF publications into a flip-book with our unique Google optimized e-Paper software.

NOU KA PREVWA,8 NOU KA EVITENOU KA EVITE9NOU KA PREVWA,YON PWOBLÈM NOU KA PREVWAVyolans moun fè sou moun, rive lè yon moun sèvi ak pouvwa li, nan nenpòt ki kad, pou li fèyon lòt moun oswa yon gwoup moun mal, swa fizikman, seksyèlman oswa sikolojikman.Nan mòd vyolans sila ou jwenn abi sou timoun, vyolans sou fanmi, vyolans sou fanm, mounki ap agrese zòt, abi sou granmoun, avèk vyolans sou kominote tankou vyolans gang. Pouchak ka vyolans sa yo, genyen yon moun ki ap fè vyolans sou yon lòt, yon viktim/ yon mounki siviv vyolans lan epi souvan moun ki rete ap gade zak la, ki tande oswa ki konnen sa kipase a. Moun ki ap fè vyolans sou tèt yo se moun ki fè tèt yo soufri, moun sa yo konn touyetèt yo tou.Chak jou, 4 200 moun mouri poutètzak vyolans (1.6 milyon pa ane);nan moun sa yo 2 300 touye tèt yo,1 500 mouri nan vyolans zòt fè souyo epi 400 mouri nan vyolans gwoup(tankou lè genyen lagè). i Chak ane,genyen 16 milyon ka moun ki blesegrav nan zak vyolans ki bezwenswen doktè nan lopital. ii Pou chakjenn moun ki mouri nan zak vyolans,genyen yon estimasyon 20–40 kiblese pou yo ale lopital. iii Kantitemoun ki fè eksperyans vyolans mounfè sou moun ak vyolans moun fèsou tèt yon an lavi yo rive nan chif kidepase san milyon. ivVyolans, nan diferan fòm li yo, sepami youn nan kòz ki pi evidanpou lanmò sou latè — li vin anvantibèkiloz, aksidan sou wout oswamalarya. v Poutan, prevansyon kontvyolans pa ko resevwa tout atansyonli ta dwe genyen an, resous ak sipòmenm jan ak lòt priyorite santepiblik yo. Sa sitou vre nan sitiyasyonkatastwòf, kote moun ki siviv premyechòk la, souvan vin viktim zakvyolans.Nan mezire gwosè enpak vyolans,chif lanmò yo montre yon imajenpòtan men enkonplè sou pwoblèmlan. Enpak vyolans pa ka defini sèlmanak moun ki pèdi lavi yo. Li manifesteli tou nan danje ki vini ak blesi,andikap, chòk, maladi, menm jan aklòt enpak ki mwen vizib tankou pèdilespwa, konfyans ak valè moun baytèt yo.Rapò 2007 Federasyon Entènasyonalla sou Dezas sou Latè, remake“dezas apre dezas pwodui prèv sanmanti ke lè genyen deplasman – keli ta rezilta katastwòf natirèl oswakonfli – risk abi fizik sou fanm ak tifiogmante anpil.” vi Malgre rasanblebon jan enfòmasyon sou gwosèenpak vyolans moun ap fè sou mounse yon defi nan nenpòt ki kontèks,epi rapòte li a genyen konplikayonlawont ladann tou, mak ak kotesekrè ki vini ak vyolans seksyèl, fizikak sikolojik, genyen tandans ki klè.Anpil sous konfimen ke apre dezas,chif vyolans ke yo montre nan sondaj,ke yo rapòte bay otorite ak ajansgouvènmantal epi nan apèl ki fèt souliy telefòn pou sitiyasyon kriz, chifsa yo ogmante. vii Lè nou konsidereansanm sitiyasyon an, prèv la klè:risk vyolans lan ka predi.Federasyon EntènasyonalENFÒMASYON SOU VYOLANSNAN MOMAN DEZAS NANAMERIK YOAyitiApre tranbleman tè 2010 la, rapò ki baze souevalyasyon yon kantite ajans ayisyen ak entènasyonalmontre ke vyolans moun ap fè sou moun, sitou vyolansseksyèl, anndan kan moun ki blije deplase apre katastwòfla nan Pòtoprens, te vin parèt tankou yon gwomenas imanitè. Menas la te pi enpòtan pou timoun (tifiak ti gason) ak fanm, epi te menm kontinye ennan edmiapre tranbleman tè a. Nan yon sondaj, 14 pousan fanmnan kan sila yo te rapòte youn oswa plizyè eksperyansvyolans seksyèl depi lè katastwòf la te fin pase. viiiYon lòt etid montre ke 60 pousan fanm ak tifi ki paseentèvyou, te di ke yo te pè pou zak vyolans seksyèl pafèt sou yo oubyen sou manm nan fanmi yo; menm etidla montre ke 70 pousan nan moun ki te reponn yo tegen plis laperèz kounye a pou zak vyolans seksyèl pafèt sou yo ke te genyen anvan tranbleman tè a. ixYon etid ki te soti nan biwo Wo- Komisyonè NasyonZini pou Refijye (WKNZR) te montre ke fanm ak jennfi te ap angaje tèt yo nan komès sèks — kote yo te apfè echanj sèks pou yo ka jwenn pwoteksyon, manje,swen sante oswa lòt sèvis debaz — anndan kan yo nanPòtoprens sa te ap fèt toupatou pandan plis pase yonlane apre tranbleman tè a, poutèt kondisyon lamizè akvilnerabilite. Nan fanm ak tifi ki te patisipe nan etid la,100 pousan te gen enplikasyon dirèk oswa te temwennan komès sèks la. xKarayibPandan de zan apre eripsyon vòlkan nan Monserat nanlane 1997, te gen yon ogmantasyon nan kantite vizitlopital swadizan poutèt zak vyolans. xiApre tanpèt Nwèl nan Repiblik Dominiken nan lane2007, dokiman te montre yon ogmantasyon nan rapò kite fèt sou vyolans seksyèl sou fanm ak tifi ki te ap vivnan chèltè pou tanpèt la. xiiNikaragwaApre tanpèt Mitch nan lane 1998, te gen yonogmantasyon nan akizasyon sou vyolans domestik. xiii27 pousan nan fanm ki siviv yo ak 21 pousan nan gasonyo te rapòte ke vyolans sou fanm nan fanmi ak nankominote yo te ogmante apre tanpèt Mitch. xivEtazini DamerikNan lane 2005, apre tanpèt Katrina te frape etaLwizyàn nan Misisipi, akizasyon sou vyolans patnèentim nan zòn ki te afekte yo te ogmante plis pasetwa fwa chif nòmal peyi a. xv Te genyen tou yonogmantasyon nan akizasyon pou vyolans fizik ak emosyonèlnan Lwizyàn. xviNan lane 1999, sis mwa apre tanpèt Floyd nanKawolindinò, kantite moun ki te blese nan sèvo yo tesenk fwa plis nan zòn dezas la te afekte. Moun ki te apfè rechèch yo te tire konklizyon ke ogmantasyon sila ate konsekans plis strès paran yo te vin genyen, sa ki tevin bay plis abi sou timoun yo. xviiPandan inondasyon nan eta Mizouri nan lane 1993, tegenyen plis moun ki te ap mande pou sèvis pwoteksyonpou fanm. Chif mwayen moun ki te refize vyolansdomestik nan chèltè kote inondasyon yo te fè gwoenpak te depase plis pase 111 pousan sou ane anvanan. Sèvis pou fanm yo te rapòte ke yo te blije mete plispase 400 pousan fanm ak timoun ke yo te antisipe nanchèltè poutèt vyolans. xviiiApre tanpèt Igo te frape Kawolindisid nan lane 1989,akizasyon pou abi sou timoun te ogmante, twa, sisak onz mwa apre tanpèt la, konpare a ane ki te vinanvan an. Nan premye twa mwa yo te genyen anviwonyon ogmantasyon 300 pousan akizasyon pou abi soutimoun. xixNan Kalifòni, ekip Agresyon Seksyèl nan Santakrouzte rapòte ke agresyon seksyèl te ogmante plis pase300 pousan apre tranbleman tè Loma Prieta a, epi toute genyen yon ogmantasyon 600 pousan nan rapò souvyolans domestik nan premye kat mwa apre tranblemantèa. xxRezilta rechèch yo, reprezante egzanp spesifik koteyo egzaminen pwoblèm lan. Poutan, an jeneral, reyaksyonaktè ki responsab reyaji kont vyolans yo, limite,manke, pa toujou genyen bon kalite, epi toujou fètapre sitiyasyon a alòs ke li ta dwe estratejik epi fasiliteantisipasyon. Nan anpil sitiyasyon dezas, moun neglijerisk yo ka predi yo ansanm avèk aksyon pou abòdepwoblèm zak vyolans.

Hooray! Your file is uploaded and ready to be published.

Saved successfully!

Ooh no, something went wrong!