Create successful ePaper yourself
Turn your PDF publications into a flip-book with our unique Google optimized e-Paper software.
Kwonik Kreyòl

Ki valè dwa demokratik an Ayiti?*

Toujou gen rapò ant dwa demokratik

akrejim politik ki tabli anndan yon

sosyete. An Ayiti , kont revolisyon oktòb

1806 la te vire do bay tout valè demokratik

revolisyon 1791-1804 la t ap

charye. Depi lè sa a, oligachi ayisyen

an, pandan de syèk, amize l ap fotokopye

konstitisyon demokratik peyi

kapitalis endistriyèl yo, anndan yon

ekonomi ki gen yon karaktè feyodal,

pandan mas popilè yo anba yon rejim

apatèd. Nan lespas de syèk, oligachi a

fè vennsis konstitisyon swadizan demokratik

ki te sèvi dekorasyon sou

devanti systèm feyodal la. Ositou ,anvan

16 desanm 1990, pa janm genyen

yon grenn eleksyon demokratik an

Ayiti.

Nou konnen kisa lame an Ayiti te

fè ak eleksyon desanm 1990 la! Poutan,

te gen konstitisyon “demokratik” 1987

la ki, menm jan ak konstitisyon anvan

yo, te aliyen tout dwa fondamantal sitwayen

ayisyen yo: dwa pou yo viv epi

viv an sante, dwa pou yo gen libète endividyèl,

dwa pou yo pale ak ekri lib e libè,

dwa pou yo pratike relijyon yo vle selon

konsyans yo, dwa pou yo reyini osnon

san antrav, dwa pou yo travay, dwa pou

yo jwenn edikasyon nan bon jan lekòl,

dwa pou mennen aktivite yo an sekirite,

dwa pou yo posede pwopriyete.

Vennkat lane apre koudeta 30 septann

1991 la bagay yo pa chanje. Lennmi

anndan kou deyò angaje nan yon

ofansiv san pran souf pou demantibile

mouvman popilè ki te mennen dechoukaj

diktati a. Jounen jodi a tout endikatè

politik yo ap voye siyal pou di nou fachis

yo ap repran grad anndan nouvo

pouvwa a, pandan majorite moun nan

popilasyon an toujou nan malsite. Pi fò

sitwayen pa kapab jwenn laswenyay

avèk yon doktè pou di mil moun.Yo pa

jwenn bon kalite ansèyman pou pitit

yo paske sa koute chè, volim travayè

ki nan chomaj tèlman wo li difisil anpil

pou mezire ak presizyon, ensekirite

blayi toupatou, sektè ekonomi kriminèl

la ap fonksyone san mas lan figi, lajistis

tounen yon machandiz deliks. Patriyòt

pa fouti manifeste san lapolis pa benyen

yo ak gaz toksik osnon bat yo, arete yo

tire sou yo. Antretan, pouvwa a ap kreye

nouvo bidonvil ak refijye 12 janvye yo.

Kidonk, kous pou demokrasi zansèt

nou te tanmen nan mwa dawou 1791

sou bitasyon Bwakayiman an, nou poko

fini l an 2014. Popilasyon ayisyen an ap

reklame eleksyon demokratik, men sa yo

wè depi twa lane se mannèv dilatwa ak

deriv antikonstitisyonèl pou prepare lagè

elektoral.

Guy-Gérald Ménard

Sekretè Jeneral POHDH

* Editoryal Se Mèt Kò ki Veye Kò

oktòb 2014, bilten Plate-Forme des Organisations

Haïtiennes des Droits Humains

(POHDH)

Pozisyon kèk òganizasyon sou pri gaz

la ak pri transpò a, parapò ak pri petwòl

la sou mache entènasyonal la

Yon polisye k ap maltrete

yon sitwayen !

Daniel Tercier/Haiti Liberté

Pri petwòl la bese sou mache

entènasyonal la, men pri gaz la

pa desann sou mache nasyonal la

Nou menm, manm MODEP,

AKP ak SEK GRAMSCI, n ap suiv ak

2 nawè nou, konpòtman reyaksyonè

otorite peyi Dayiti yo genyen sou

dosye gaz la. Depi lanne 2014, galon

gazolin nan ap vann 215 goud sou

mache nasyonal la. Nan moman gaz

la t ap vann 200 goud sou mache a,

pri barik petwòl la te koute anviwon

100 dola vèt sou mache entènasyonal

la. Alòske jounen jodi a, Barik petwòl

la desann jouk nan 43 dola sou mache

entènasyonal la. Se nan moman

sa a, Leta kriminèl pouvwa tèt kale a

ap dirije a, chwazi kenbe galon gaz la

nan pri 215 goud.

Pou memwa ak pou listwa

- Nan mwa jen 2007, pouvwa LESP-

WA a te monte pri gazolin 95 lan a

209 goud, nan yon moman kote grangou

t ap kòde trip popilasyon an.

Alòske, barik petwòl la t ap vann ant

53 rive 92 dola sou mache entènasyonal

la. Savle di se pa premye fwa dirijan

ki nan tèt Leta pèpè a, ap tòde kou

popilasyon an nan dosye gaz la

- Nan lane 2008, nan moman

gwo kriz ki t ap brase bil sistèm

kapitalis la, kote baril petwòl la te

rive jouk nan 133 dola 40 sou mache

entènasyonal la, pri gaz la pat menm

rive nan 200 goud sou mache nasyonal

la.

- Se nan mwa mas 2011, anvan

prestasyon sèman ekip Tèt Kale

a, pouvwa antipèp Preval-Bellerive

la ta pral remete gazolin 95 lan nan

200 goud, sou pretèks Leta paka

sipòte sibvansyon li bay sou gaz la.

Anpil moun te konsidere desizyon sa

a tankou yon kado pouvwa Preval la

te bay ekip Mateli a.

Jounen jodi a, pouvwa Tèt Kale

a vin mete apse sou klou, lè li kenbe

pri galon gaz la nan 215 goud epi

nan mete taks tribò babò sou do mas

popilè yo, pandan li pran plezi nan

piye richès peyi a ansanm ak akolit

entènasyonal li yo. N ap raple, gaz la

se yon pwodui estratejik ki gen konsekans

sou yon bann lòt pwodui, lè

li monte sou mache nasyonal la. Nou

pa dwe bliye grangou klowòks 2008

la, ki se konsekans politik neyoliberal

la ak wotè pri gaz la nan peyi a. Sa ki

fè, nou oblije ap poze tèt nou kesyon,

pou ki rezon pouvwa anplas la kontinye

kenbe pri gaz la nan nivo li ye

jounen jodi a, malgre y ap aplike yon

politik neyoliberal ki vle pou mache a

kontwole pri yo. Menm jan pouvwa

monte pri gaz la lè pri petwòl la monte

sou mache entènasyonal la, se konsa

tou, yo gen pou desann pri gaz la, lè

pri petwòl la desann.

Poutèt tout rezon sa yo, MODEP,

SEK GRAMSCI ak AKP, ap pwofite

moman sa a pou li mande gouvènman

defakto Mateli/Evans Paul la,

pou li pran dispozisyon prese prese

pou desann pri gaz la ak pri transpò a

san pèdi tan. N ap pwofite okazyon sa

a tou, pou nou mande popilasyon an

ak tout òganizasyon konsekan nan

peyi a, pou yo rete mobilize, pou tout

inisyativ k ap pran pou fòse otorite

defakto yo desann pri gaz la ak pri

transpò a.

Viktwa, se pou pèp k ap

goumen !

Pou MODEP : GUY NUMA;

SEK GRAMSCI : FEGUENSON

HERMOGĒNE; AKP : MACĖNAT

ANDRĖ

Aksyon sa a polisye yo ap fè la a pa gen lòt siyifikasyon, se yon zak

makoutik rejim tètkale kaletèt peyi a tou woz la ap mete pou fè pèp la pè

pran lari pou mande pou Martelly demisyone

TÈK POU TAP

nouvèl monte

nouvèl desann

ateri sou boulva

tankou plon gaye

nouvèl kouri tèt bese

fè wout katòz chemen

kote l prale ?

li pa konnen

radyodyòl nan dyakout bidonvil

bato petwokaribe sou dlo

nou mèt chante jesuizere

plas lendepandans

krab malzòrèy sot nan twou

antre nan kous ak koulèv madlèn

dlo kowonpi anvayi machpye leta

grantoryan danse dans petwodola

aloufa dwèt long deside

fèmen pòt sou nou

nou elèv lekòl vant vid

timachann kout ponya denenfle

bòs mason san tiwèl san filaplon

malere malerèz k ap trimen

pou moso pen

pen kotidyen

chofè ap defann dèyè yon bwa volan

toutlasentjounen

pri gazolin monte mezi mizè n

lage n nan demele youn ak lòt

jwèt tèk pou tap pou ANADIP

ti dife boule pou Ministè Titintyèt

nan malè nou ye jouk nan prèl je n

dezagreman monte taptap

Delmas-Centreville

refize pye l touche tè

kafou aviyasyon

kousikui fè nou fè tolalito

dan chofè kamyonèt kase

nan chemen dekoupe

kontravansyon se pou leta

pwoblèm nou

yon lòt jan pou l rezoud

yon moun sonnen pou mwen souple

mèsi chofè mwen rive

Guy-Gérald Ménard

DENNIS MULLIGAN,

Attorney-at-Law

All aspects of Immigration Law

•TPS

•Residency

•Citizenship

Over 20 years experience

Nous parlons français

11 Broadway

New York, NY 10004

(near all trains)

646-253-0580

Menez Jean-Jerome

Attorney at Law

Real Estate

Immigration-Divorce

4512 Church Avenue

Brooklyn, NY 11203

Nou pale kreyòl!

(718) 462-2600

(914) 643-1226 cell

PAUL J. JOURDAN

ATTORNEY AT LAW

107 Kenilworth Place

Brooklyn, NY 11210

Phone:

(718) 859-5725

(347) 898-7514

•Immigration

•Divorce

•Business Formation

(Corporation & Partnership)

•Estate Administration - Wills

•Real Estate Closings

G.K. Multi-Services

• African & Haitian Movies

•CDs • Cellphones & Accessories

• Soap • Shampoo • Incense

• Perfume

(Guy & Vicky)

196-19 Jamaica Ave.

Hollis, NY 11423

718.217.6368

Suite de la page (3)

organisme convoité par les uns et les

autres. Certains auraient préféré un

Me. Néhémie Joseph à la tête du CEP

par rapport à ses prises de position

vis-à-vis du pouvoir.

D’autres vont même à regretter

l’absence de l’ancien Conseiller

Léopold Berlanger pour son indépendance

vis-à-vis du pouvoir dans ce

CEP qui, sauf imprévu, devrait pouvoir

organiser enfin les élections

pour combler tous les postes électifs

vacants de la République. La normalisation

de la situation politique et institutionnelle

d’Haïti passerait forcément

par ces femmes et ces hommes

sur qui tous les acteurs comptent

pour ramener la paix et la stabilité

dans le pays avec des élections inclusives,

justes et honnêtes. Souhaitons

que leur rêve ne se transforme en

cauchemar comme il en fut pour les

élections de 2011 dont l’actuel Président

du CEP était l’un des maitres

d’œuvre avec son ami Gaillot Dorsainvil.

C.C

6 Haiti Liberté/Haitian Times

Vol. 8 • No. 30 • Du 4 au 10 Fevrier 2015