Haiti Liberte 6 Decembre 2023
You also want an ePaper? Increase the reach of your titles
YUMPU automatically turns print PDFs into web optimized ePapers that Google loves.
Kwonik Kreyòl
Machatè toujou wouj ak san viktim
yo: Masak 6 Desanm 1929 la nou
pa kab bliye l !
5 Desanm : Yon dat
krim ak san
Marin meriken an Ayiti an 1915
Masak meriken Machatè a pa dwe
antere nan padone kriminèl! Jistis
ak reparasyon pou peyizan Machatè
yo
Nan lane 1920 yo, okipan yo te
kreye plizyè lwa ki te kraze ekonomi
sik ak kleren an Ayiti, epi ki te limite
kantite tè ayisyen te ka genyen nan
men yo. Restriksyon sa yo te fè anpil
ayisyen fache. Lavichè monte men
otè.
Dat 6 desanm 1929 lan, peyizan
yo te rasanble nan Machatè pou
manifeste kont taks okipasyon an t ap
fè yo peye; marin yo te tire sou foul
la, plizyè peyizan te mouri. Se yonn
nan evènman ki pral lakòz okipasyon
an fini.
Nou pa kapab bliye terib masak
sa a, yon masak peyizan san zam,
nan kad premye okipasyon Ameriken
an soti 1915 pou rive 1934 ki te
benefisye konplisite klas dominan yo
ak entelektyèl ki te dèyè yo.
Vrèmanvre, depi Prezidan James
Monroe te enonse, an 1823, doktrin
ki pote non li a, sètadi “Amerik pou
Ameriken yo”, repiblik ki gen plizyè
zetwal la te bay tèt li misyon pwolonje,
inilateralman, politik li yo. dominasyon
ekonomik, epi pafwa militè
sou tout Amerik Latin nan ak tout
Karayib la.
1500 peyizan te reyini nan kwa
Mati, jou 6 desanm 1929 la. Yo te
refize peye taks okipan an te mande
pou yo peye. Kriminel meriken te simen
bal sou gwoup peyizan konsekan
sa yo. Anpil fanm kou gason te tonbe
!
Chalmay Peral ak Benwa Batravil
te reziste anba fòs fènwa meriken
yo. Jistis ak reparasyon n ap mande
pou Peyizan Machatè yo.
Okipan yo te retounen ak kòve.
Bagay sa a te bay peyizan yo plis fòs
ankò pou yo revòlte, goumen komsadwa
kont okipan yo.
Nou pa bliye tou 5 desanm
1492, jou piyajè, atoufè Kristòf kolon
te debake sou tè sa a. N ap mande jistis
ak reparasyon pou tayinos yo, kolon
te fin touye yo ewpi piye yo.
FRANTZ DANIEL JEAN
FUNERAL SERVICES INC.
• Funerals in All Boroughs
• Transportation of Remains
• Cremation
Nou pale kreyòl.
5020 Foster Avenue
Brooklyn, NY 11203
718.613.0228
J. Fatal Piard
Bay kou toujou bliye
Pote mak toujou sonje
Pwovèb Ayisyen
desanm 2023 sa a fè 523 lan
5 men pil longè depi yon bann ak
yon kolonn kolon anjandre te debake
an chango ak yon krèy bib
tout koulè pa bò isit. Kretyen bò
katedral sa a yo te vin pote yon
bann moso bondye depaman vin
foure an travè nan gagann Tayino
yo ki t ap viv byen poze sou zile a.
Kòm blan kretyen sa a yo sèl inik
grenn ki te gen tout verite nan de
pla men yo, yo deklare se yo sèl ki
sivilize pase sa tout lòt pèp yo.
Sa tande a sa te ba yo tout
dwa pou yo te bay tout lòt pèp yo
deklare k sovaj ki merite Bwa Kale.
Efektivman sivilize kretyen loksidan
an yo mache bay tout Tayino
yo Bwa Kale tout longè tout gwòsè
tout lajè. Nan yon ti bat je nan non
makòn bondye akwòkwò pa yo a,
loksidan akwò fin kankannen tout
Tayino yo tou vivan devan de kalalou
je tout makòn dye loksidan
an yo. Menm dye san memwa sa a
te gen tan prese bliye si yo te di sispann
sasinen moun bann ansasen.
Wi se nan tout paj nan bib
blan an yo krèy dye Izrayèl yo te di
piga n fout touye moun ankò bann
kannibal pwofesyonèl. Antere
moun tou vivan, boule moun tou
vivan. Koupe 2 men yo san anestezi
lè yo pa travay byen pou fè yo
vin rich. Koupe 2 pye yo san anestezi
pou w pa gen pye pou w kouri
sove nan dife lanfè lesklavaj detan
y ap pase mizè 24/24. Kole fè cho
nan do yo. Foure fè cho tou wouj
nan dèyè yo pou sori nan gòj yo.
Detan sa a menm y ap fòse
yo di Zezi renmen yo. Antere tout
Kristòf Kolon
kò yo nèt kite ti tèt yo deyò sèlman
badijonnen l ak siwo pou fwomi
flanman, krabanbara, aganman,
koulèv sèpan, annipye, vennkatrè
rat sourit fin manje yo jis yo trepase
ak 2 gren je yo tou kale devan 2
genn je menm bondye sa a yo ki di
pigan n fout touye moun ankò yo.
Detan y ap trepase pè episkopwèl
fè krèy ak pè legliz katolil apostolik
pou fòse yo konfese peche yo pou
yo ka al nan paradi tèt dwat.
Anvan yo fin trepase pè sadik
yo fòse Tayino yo chante « N
ap di bondye Izrayèl yo mèsi. Pou
tout masak yo voye kolonn kolon
san zantray yo fè pou Tayino
yo. Yo voye kretyen kakatolib vin
ban nou Bwa Kale. Chak jou n pe
di yo milya mèsi. Si yon jou n rive
bò lanmè Sayira nan Yogann si n
panche fèy zòrèy nou bò mang yo,
n pe tande Rèn Anakawona ki pe
chante ti chante remèsiman sa a
detan l t ap kankannen anba flanm
dife espayòl kretyen yo.
Si van an ta soufle pi fò toujou
nan fèy mang yo w ap tande
tout santèn mily Tayino yo k pe
chante. Y ope chante pou yo di
krèy dye Izrayèl yo mèsi anpil.
Mèsi pap sifi pou di dye Izrayèl yo
poutèt yo te voye kriminèl Espayòl
yo vin mare yo, fè kakadejak sou
yo epi boule yo tou vivan ak tout
kay kote yo te rete a. An tou ka
tout sa n sot di k te rive Tayino yo
se gras a pisans levanjil kriminèl
kolonn kolon kretyen kakatolib espayòl
yo.
« Nan kad travay memwa,
kidonk sonje sa k te pase yè pou
n konprann sa k ap fèt jodia epi
kòman pou n pare move kou ke yo
ka pote n demen ». Sa a se diskou
pè Reno Franswa ki lage kò l
toutouni nan batay pou liberasyon
Mas Pòv yo detan l pa pè je pou l
manje tè
6 Haiti Liberté/Haitian Times
Vol 17 # 23 • Du 6 au 12 Décembre 2023