09.08.2016 Views

Haiti Liberte 29 Octobre 2014

You also want an ePaper? Increase the reach of your titles

YUMPU automatically turns print PDFs into web optimized ePapers that Google loves.

Kwonik Kreyòl

Antèman Paul Ambroise

ak Michaël Benoit tounen

manifestasyon kont Martelly

Chante rezistans ak kontestasyon

Nan dyaspora ayisyen an lan new

york sou rejim duvalier yo

(Dezyèm pati) Guy Gérald Ménard

Paul Ambroise alias Ti koton

Antèman 2 militan Lavalas yo Paul

Ambroise alyas Tikoton, 40 lane

ak Michaël Benoit alyas Pouchon, 29

lane, bandi legal tètkale yo te touye

mèkredi 8 oktòb pase a devan estad

Sylvio Cator, te chante mèkredi 22

oktòb la, nan lokal ONG brezilyen an

Viva Rio, kote Tikoton t ap travay. Nan

sal kote pè a t ap chante antèman 2

militan sa yo, paran ak pwòch pa t

ka rive konsole, se te rèl ak dlo nan

je. Antèman an te chante anprezans

yon delegasyon òganizasyon politik

Fanmi Lavalas, ki te gen nan tèt li; Kòdonatris

la, Dr. Maryse Narcisse, Dr

Louis Gerald Gilles ak Schiller Louidor.

Senatè Moïse Jean Charles ak plizyè

lòt militan politik te prezan tou. Yo te

pwofite okazyon sa a pou lonje dwèt

yo sou ajan enterimè ki nan tèt meri

Pòtoprens lan, Pierre Richard Duplan

alyas Pierrot yo di ki te kòmandite sasina

2 militan yo epi polisye Gregoire

alyas Grèg te egzekite zak kriminèl sa

yo.

Aprè antèman an te fin chante,

militan yo te pran kadav yo, pote yo

rive devan legliz Saint-Jean Bosco, al

depoze yo nan pye papa Dessalines

nan Pon Wouj, kote plizyè militan te

pran lapawòl. Se nan yon anbyans

manifestasyon pèp la te pote sèkèy

yo sou tèt li, sòti Pon Wouj pase Site-

Solèy, Taba pou al antere yo nan komin

Kwadèboukè.

Plizyè santèn moun te kondui

kadav 2 militan Lavalas yo, kote yo t

ap chante: Martelly ba nou kou a, kou

a fè nou ma l o ! Pierrot ba nou kou

a, kou a fè nou ma l o ! Wè pa wè n

ap vanje yo! Jistis pout Tikoton! Jistis

Gen polisye pou kraze

manifestasyon popilè yo,

men pa genyen pou bay

pèp la sekirite

Plizyè katye popilè nan kapital la,

tankou : Site solèy, Pele-simon,

Lasalin, Solino, Matisan, Kafou nan

lamanten 54, anba lavil nan Kwa bosal

ak anpil lòt zon, se tèt chaje . Gwo

kout zam ap tire san rete,lajounen kou

lannuit. Nou pa janm kapb rive idantifye

kilès ki lapolis kilès ki Bandi Legal

paske tout jan ou vire l, se zak abitrè,

yo tou de ap fè sou pèp la.

Nan diferan katye popilè yo, se

batay ki genyen ant yo, batay sa yo

leplisouvan se boujwazi a ki alimante

yo pou fè se teworize youn ap teworize

lòt nan kan pèp la. Travay destabilizasyon

sa a fè Ayiti ap vin chak jou pi

mal. Bagay yo vin pirèd sou pouvwa

makouto-boujwa a, se kònmsi pouvwa

tèt kale a pa vin pou kite lavi ditou nan

mitan mas pèp Ayisyen an.

Pouvwa Tèt Kale a pa janm sispann

depanse gwo lajan pou achte

zam, fè pwogram ki pa janm rive ede

pèp la vre, aloske moun nan katye popilè

yo ap peri anba grangou roz. Genyen

tou, yon tandans chèf pouvwa

Tèt kale a mete nan katye popilè yo:

Bandi Legal, li etabli yo sou pretèks lidè

Benoit Michel alias Pouchon

pou Pouchon! Arete Pierrot ! » Asasina

2 militan Lavalas sa yo vin alonje lis

militan Lavalas ekip tètkale a touye

apre Fritz Gerald Civil nan Miragwàn

pou konviksyon politik yo ak pil ak

pakèt lòt moun rejimMartelly-Lamothe

la touye : komèsan Octanol Derissaint,

sou fwontyè a, jij Jean Serge Joseph,

Daniel e Girldy Larèche, Evinx Daniel

yo disparèt pou zafè dwòg, polisye

Walky Calixte ak anpil lòt militan nan

katye popilè yo tankou : Site Solèy, Lasalin,

Bèlè, Granravin, Senmaten, Taba

elatriye.

Pandan antèman t ap chante

kout zam t ap chante tou nan mache

Kwadèbosal ak zòn Lasalin lan. Se 2

gwoup ame k ap goumen pou pran

kontwòl mache a ki t ap tire kout zam

ak lapolis. Lapolis bò kote pa l pa t ka

reziste anba kout zam nèg ame yo, yo

te sètoblije fè bak devan nèg ame yo.

Sitiyasyon sa a te paralize tout aktivite

komèsyal yo, plizyè machann viktim

nan kouri, genyen ki blese anba bal,

gen lòt ki tonbe nan kanal dlo santi,

nan twou egou. Selon machann yo,

gen yon moun ki mouri anba bal epi

lage kadav la nan yon kanal.

Aprè asasina Fritz Gerald Civil

nan Miragwàn, na mwa avril pase a,

militan Lavalas yo pa sispann tonbe

anba bal bandi legal tètkale yo nan

katye popilè yo, menm jan Tikoton ak

Pouchon tonbe anba bal bandi legal

Pierrot yo. Nan Site Solèy, plizyè militan

Lavalas tonbe anba bal ajan enterimè

yo. Se sa k fè pèp la nan manifestasyon

yo ap chante: “ Prese, prese,

prese O ! Martelly di l ap touye pèp la O

! O ! O ! prese prese, prese voye l ale.»

Yon jèn gason, yo sasinen

nan katye Belekou

zòn, pandan y ap bay gwo zam pou fè

presyon sou pèp la, pou l pa manifeste:

Nèg yo san konsyans anpil, se mechan

ak kriminèl ki pran peyi a.

Gen yon gwo dram ki te pase nan

site solèy espesyalman nan Belekou

jou ki te samedi 23 Out 2014 la nan

maten. Li te anviron 5 kè nan aprè midi

plizyè nèg ki sòti nan Boule; youn nan

34 katye nan site solèy, Bandi ak gwo

zam te antre nan Belekou, yo touye 5

moun san konte plizyè lòt moun ki te

blese.

Suite à la page (19)

Tanbou Libète: yon egzanp pou lòt

gwoup kiltirèl yo

Menm jan Troupe Kouidor te jwe yon

wòl enpòtan lan devlopman yon nouvo

teyat ayisyen, se konsa Tanbou Libète

ap sèvi egzanp pou tout gwoup atistik

pwogresis ki pral epapiye lan dyaspora

ayisyen an. Jan nou te wè deja, Koral

Patriyotik Tanbou Libète jwe premye

chante l sou antèn emysyon radyo

L’Heure Haitienne an septanm 1971 e

depi lè sa a gwoup la te anime laplipa

miting politik ki te fèt epòk sa. Tanbou

Libète pase lan diferan faz pandan devlopman

li.

Pandan ane 71/72 yo enstriman

debaz koral la se te òg ak tanbou akote

gita, batri, klòch ak maraka ki t ap

akonpaye yon ventèn vwa ki divize ant

alto, tenò ak bariton. Koral la te monte

lan tradisyon koral tip Troupe Simidor,

Les Caracos Bleus osnon Troupe Michel

Déjean.Twa koral sa yo t ap fonksyone

ann Ayiti lan ane 60 yo. Pandan de

premye lane egzistans li, Tanbou Libète

te gen yon kolaborasyon sere ak òganizasyon

politik tankou MHAP (Mouvement

Haïtien d’Action Patriotique)

ak UFHAP (Union des Femmes Haïtiennes

Patriotes). Apati 1972 koral

la te gen kontak regilye ak jenn nan

rali Sacré-Coeur lan Queens epi jenn

nan rali Bushwick ak koral legliz Sainte

Thérèse lan Brooklyn. Plizyè manm

Tanbou Libète t ap travay ak jenn sa

yo pou aprann yo chante patriyotik epi

devlope talan atistik yo.

Manm koral patriyotik la te wè

travay yo lan gwoup la kòm pwolonjman

lit pou liberasyon nasyonal la sou

plan kiltirèl. Lefèt chante patriyotik yo

te parèt lan yon peryòd byen detèmine

nan istwa peyi nou, sa pral make ni kalite

atis yo ni tèm ak lide y ap chante yo.

Ositou nou jwenn lan chante yo menm

demach anti diktatoryal ak anti enperyalis

ou rejwenn lan mitan mouvman

patriyotik la. Youn lan chante ki karakterize

premye faz Tanbou Libète a se M

ale : Vye frè m, vye kouzen m, vye sè

m, vye zanmi yo m ale. Mwen pral wè

kote Lan Ginen rive…Mwen pran vye

dyakout san m pa bliye vye karabin

Frè Bout ki te tire, ki te tire, ki te tire...

Mwen pran devan pou m fè chimen pou

sa k rete dèyè, menm si gen van menm

si gen san n a vin jwenn mwen…Chante

sa a sou premye plak 33 tou gwoup la

mete deyò 22 fevriye 1973 avèk tit

Chants revolutionnaires haïtiens.

Lan mitan ane 1973 la Tanbou

Libète te redui ak yon dizèn manm

konsa. Kòm enstriman lè sa a te gen de

gita, yon pè bongo, yon tanbourin ak de

maraka. Se lan dezyèm faz sa a gwoup

la lage non Koral Patriyotik la pou pran

non Òganizasyon Kiltirèl Revolisyonè

Tanbou Libète. Non sa a te vin pi kadre

ak nivo devlopman pratik gwoup la

ki te angaje l sou plizyè chantye kiltirèl

alafwa. Anplis chante, gwoup la te

lage kò l tou lan teyat. Menm jan ak

Troupe Kouidor, Tanbou Libète te gen

yon konsepsyon modèn sou teyat . Li te

chwazi pou fè yon teyat total ki makònen

ansanm plizyè fòm atistik : chante,

dans, mim, pwezi eksetera. Piblik la tou

te gen yon patisipasyon lan teyat sa. Te

gen yon dekò minimòm sou sèn nan e

li te posib pou yon aktè jwe plizyè wòl

nan yon menm tablo. Tanbou Libète

te rele estil teyat sa a montaj e li te

renmen itilize ladan maryaj vwa, kote

plizyè vwa ap antre soti youn apre lòt.

Lè nou konsidere etap sa a nou

pa ka pale ankò de mizik patriyotik sèlman,

men fòk nou pale de yon mouvman

kiltirèl patriyotik ki t ap defann

souverènte teritoryal nou e mete sou

sèn osnon lan chante : reyalite peyi

d Ayiti. Tanbou Libète te prezante de

montaj. Youn se Si kacho pran pale, ki

montre represyon politik sou rejim Duvalier

yo. Lòt la se Sou lanmè tout kannòt

yo rasanble ki dekri tribilasyon botpipòl

yo ak pèsonaj prensipal Turenne

Deville ki te pito pann tèt li lan prizon

Krome Avenue tan pou yo te depòte li

tounen Ayiti anba bòt fachis makout

yo. Dezyèm montaj sa a te monte nan

kolaborasyon avèk Atis Endepandan.

Apa 33 tou a, Tanbou Libète te

pwodui de 45 tou ki pote non: 4 Chante

flè solèy (novanm 1973) ak 4 Chabon

dife (desanm 1974). Gwoup la te

prezante espektak lan New York, New

Jersey, Pennsylvania ak Canada. Lan

twazyèm faz egzistans Tanbou Libète

atis yo te itilize pyano, gita ak tanbou

jan sa parèt nan entèpretasyon adaptasyon

kreyòl Basta ya ! Mizik sa a se

kreyasyon Atahualpa Yupanki, yon

gwo chantè ak gitaris otoktòn ajanten :

Monkonpè koute on koze. M gon pawòl

pou mwen pale. M ap travay pou blan

angle. M ap travay pou de gouden. Lè

m pran l li pase lan menm oooo...Ki

moun ki genyen lagè a yo te fè lan mòn

Vyetnam ? Se yanki yo lan sinema, se

Vyetkong yo sou tè a…

Eksperyans Asosyasyon

RADIO

PA NOU

1685 Nostrand Avenue

Brooklyn, NY 11226

67 Khz

www.radyopanou.com

Depuis 2002

• Nouvelles

• Analyse

• Publicité

Fondateur: Jude Joseph

Bureau:

(718) 940- 3861

Studio:

(718) 701- 0220 • (718) 856- 8702

(718) 928- 7022 • (718) 462- 0992

(718) 469- 8511

Kiltirèl Solèy Leve

Nan fen lane 1972 Solèy Leve fè aparisyon

li sou sèn kiltirèl la apre yon seri

manm Tanbou Libète te kite gwoup la

pou al fòme pwòp koral pa yo. Ositou

se pa yon aza si de gwoup yo te

pòtre anpil lan yon premye tan. Tou de

te chita sou menm baz ideyolojik e yo

te gen menm konsepsyon mizikal ak

menm repètwa. Pi devan Tanbou Libète

ap vin kite estil koral Cœur Simidor la

ki te baze sou plizyè kategori vwa k ap

balanse ansanm. Solèy Leve okontrè ap

kenbe estil sa a nèt, sitèlman nou ka di

se te mak fabrik asosyasyon an. Enstriman

akonpayman yo se te òg, gita ak

tanbou. Kòd lonbrit asosyasyon an te

mare ak òganizasyon politik MHAP ak

UFHAP. Se konsa Solèy Leve te asire

animasyon kiltirèl pi fò rankont politik

gwoupman sa yo te òganize.

Sou plan atistik Asosyasyon Kiltirèl

Solèy Leve te gen yon atachman

espesyal ak Haïti Culturelle lan Boston

epi Gwoup Kiltirèl Vaksin lan Montréal.

Menm tip relasyon ki te gen sou plan

politik ant MHAP ak Groupe d’action

patriotique Vertières lan Boston e Mouvement

Patriotique Haïtien 18 mai

lan Canada. Menmman parèyman pou

UFHAP ak Détachement Féminin Vertières

lan Boston epi Comité Féminin

MPH 18 mai a. Kesyon lit pou liberasyon

fanm yo te gen yon gwo enpòtans

pou dènye gwoup sa yo. Se sitèlman

vre, sou premye plak Solèy Leve a ki

pote non li, gen senk powèm, chante

ak dyalòg ki debat divès aspè pwoblèm

sa a. Gen twa chante ki rele Fanm Ayisyèn,

Nou se fanm toutbon ak Fanm

vanyan, ni Tanbou Libète ni Solèy Leve

te konn chante, ki te sèvi kòn lanbi

rasanbleman pou mobilizasyon fanm

ayisyèn aletranje.

Asosyasyon Kiltirèl Solèy Leve

te gen yon repètwa laj e varye. Chante

Peyi an mwen ak N a prale poze pwoblèm

tribilasyon legzil ak konviksyon

nou pa vini tabli aletranje, depi lè a

sonnen n a prale lakay nou. Bèl flè d

Ayiti mande pou nou pa pran fanm

pou joujou men pou nou gade pito sa

yo pote. Lalam tire, Boukan ak Goudiye

sonnen raliman pou gwo batay

la ak asirans bato a gen pou rive lan

pò. Nesesite pou tèt ansanm poze nan

Ti sous ak Plante manyòk. Yon verite

rekonèt enpòtans lang kreyòl la pou

Ayisyen, yon eritaj nou dwe aksepte ak

fyète. N ap fè demen bèl ak Ayiti demen

montre liberasyon Ayiti ak lespwa pou

demen. Ayiti Demen se non twazyèm

plak Solèy Leve a tou.

Kwak gwoup sa a te plis espesyalize

nan chante li te eseye fòs li lan teyat

tou. Li te jwe yon pyès yo rele : Imigrasyon

Debake. Tit la tou di sijè pyès la.

Gen manm Solèy Leve ki te konn jwe

yon ti eskètch ki rele : Tribilasyon fanm

ayisyèn lan Nouyòk. Moso sa a sou

premye plak la. Gwoup la te prezante

tou de montaj atistik sou non Plante

manyòk ak Peyi an mwen. Ojis montaj

sa yo se te reprezantasyon vizyèl de

chante sa yo. Kidonk lan aktivite atistik

Solèy Leve nou jwenn : pwezi, chante

ak teyat.

Apa founi animasyon kiltirèl nan

miting politik jan nou te mansyonnen pi

wo a, Asosyasyon Kiltirèl Solèy Leve te

prezante plizyè espektak. Li te patisipe

lan piknik ak fèt etidyan. Epòk sa a li

te gen kat chante ki te mache lan san

piblik la anpil. Se : Peyi an mwen, Ayiti

Demen, Peze kafe ak Depi lendepandans.

Dènye chante sa a te jwenn yon

plas an desanm 1982 lan Sa k pase,

bilten Asosyasyon Etidyan Ayisyen lan

City College lan vil New York.

Eksperyans Gwoup

Atis Endepandan

Apa Tanbou Libète ak Solèy Leve ki

6

Haiti Liberté/Haitian Times

Vol. 8 • No. 16 • Du 29 Octobre au 4 Novembre 2014

Hooray! Your file is uploaded and ready to be published.

Saved successfully!

Ooh no, something went wrong!