VIS Pneumococcal Polysaccharide vaccine - Haitian Creole
VIS Pneumococcal Polysaccharide vaccine - Haitian Creole
VIS Pneumococcal Polysaccharide vaccine - Haitian Creole
You also want an ePaper? Increase the reach of your titles
YUMPU automatically turns print PDFs into web optimized ePapers that Google loves.
VAKSEN

POLISAKARID

NEMOKOKSIK

S A O U F È T P O U K O N N E N

Many Vaccine Information Statements are available in Spanish and other languages. See www.immunize.org/vis.

Gen anpil rapò sou enfòmasyon konsènan vaksen ki disponib nan lang panyòl ak nan lòt lang. Ale sou sit entènèt la nan www.immunize.org/vis.

1

Maladi nemokoksik

Se yon bakteri ki rele Streptococcus pneumoniae ki

lakòz maladi nemokoksik. Li se yon kòz prensipal

maladi vaksen ka anpeche ak yon kòz prensipal

lanmò Ozetazini.

Nenpòt moun ka gen maladi nemokoksik, men gen

sèten moun ki gen plis risk pou yo genyen l pase lòt :

• Moun ki gen 65 an oswa ki pi gran

• Moun ki jenn anpil

• Moun ki gen sèten pwoblèm sante

• Moun ki gen sistèm iminitè ki fèb

• Moun ki fimen

Maladi nemokoksik ka koze enfeksyon ki grav nan :

• Poumon (nemoni),

• San (bakteryemi), ak

• Kouch ki kouvri sèvo a (menenjit).

Nemoni nemokoksik touye apeprè 1 moun sou 20 pami

sa ki genyen l lan. Bakteryemi touye apeprè 1 moun

sou 5, epi menenjit touye apeprè 3 moun sou 10.

Moun ki gen pwoblèm sante nou dekri nan Seksyon

3 nan rapò sa a, ka gen plis chans pou yo mouri lè yo

gen maladi a.

2

Vaksen polisakarid nemokoksik

(PPSV)

Anvan sa, penisilin ak lòt medikaman te konn pi efikas

pou trete enfeksyon nemokoksik. Sepandan, gen sèten

souch maladi a ki vin rezistan a medikaman sa yo. Sa

ki fè vaksinasyon vin metòd pi enpòtan an pou anpeche

maladi a.

Vaksen polisakarid nemokoksik (PPSV) pwoteje kont

23 tip bakteri nemokoksik, menm sa ki gen plis chans

pou yo koze maladi grav yo.

Pifò adilt ki ansante ki pran vaksen an, devlope

pwoteksyon kont pifò oswa kont tout tip sa yo sou

2 a 3 semèn apre yo pran vaksen an. Moun ki aje

anpil, timoun ki gen mwens pase 2 zan daj ak moun

ki gen sèten maladi alontèm, ka pa reyaji osibyen

oswa yo ka pa reyaji ditou a vaksen an.

PPSV VIS - Haitian Creole (10/6/09)

Yo rekòmande yon lòt tip vaksen nemokoksik (vaksen

nemokoksik konjige oswa PCV) pou timoun ki gen

mwens pase 5 an daj. W ap jwenn enfòmasyon sou

deskripsyon PCV nan yon lòt Rapò sou Enfòmasyon

konsènan Vaksen.

3

Ki moun ki dwe pran PPSV ?

• Tout granmoun ki gen 65 an daj oswa ki pi gran.

• Nenpòt moun ki gen ant 2 zan a 64 an ki gen yon

pwoblèm sante alontèm, tankou :

- maladi kè

- maladi poumon

- anemi falsifòm

- dyabèt

- alkolis

- siwoz

- fwit likid sefalo-rachidyen oswa enplantasyon

kokleyè

• Nenpòt moun ki gen ant 2 zan ak 64 an ki gen yon

maladi oswa yon kondisyon ki diminye rezistans kò

a a enfeksyon, tankou :

- maladi Hodgkin

- lenfòm oswa lesemi

- ensifizans renal

- myelòm miltip

- sendwòm nefwotik

- enfeksyon VIH oswa SIDA

- larat ki domaje oswa pa gen larat

- grèf ògàn

• Nenpòt moun ki gen ant 2 zan ak 64 an k ap pran

yon medikaman oswa k ap swiv yon tretman ki

diminye rezistans kò a a enfeksyon, tankou :

- estewoyid alontèm

- sèten medikaman pou kansè

- radyoterapi

• Nenpòt adilt ki gen ant 19 an ak 64 an ki :

- fimen

- gen las (opresyon)

PPSV ka mwen efikas pou sèten moun,

sitou moun ki gen yon rezistans pi fèb a enfeksyon.
Men, se pou moun sa yo vaksinen kantmèm paske yo

gen plis chans pou yo gen konplikasyon grav si yo vin

gen maladi nemokoksik.

Timoun ki tout tan gen enfeksyon nan zòrèy,

enfeksyon sinis oswa enfeksyon vwa respiratwa

siperyè, men ki ansante otreman, pa bezwen pran

PPSV paske li pa efikas kont maladi sa yo.

4

Konbyen dòz PPSV ki nesesè

e kilè pou yo pran yo ?

Jeneralman, se yon sèl dòz PPSV ki nesesè, men nan

sèten sikonstans yo ka administre yon dezyèm dòz.

• Yo rekòmande yon dezyèm dòz pou moun ki gen

65 kan oswa ki pi gran e ki te pran premye dòz yo lè

yo te gen mwens pase 65 kan e gen deja 5 kan oswa

plis ane ki pase depi yo te pran premye dòz la.

• Yo rekòmande yon dezyèm dòz pou moun ki gen

ant 2 zan a 64 an daj, ki :

- gen yon larat ki domaje, oswa ki pa gen larat

- gen anemi falsifòm

- gen enfeksyon VIH oswa SIDA

- gen kansè, lesemi, lenfòm, myelòm miltip

- gen sendwòm nefwotik

- te fè yon grèf ògàn oswa mwèl zo

- ap pran medikaman ki diminye sistèm iminitè

(tankou kimyoterapi oswa estewoyid alontèm)

Lè y ap administre dezyèm dòz la, se pou yo

administre li 5 kan apre premye dòz la.

5

Gen sèten moun ki pa dwe pran

PPSV oswa ki ta dwe tann

• Nenpòt moun ki gen yon reyaksyon alèjik ki menase

lavi lè yo pran PPSV pa dwe pran yon dezyèm dòz.

• Nenpòt moun ki gen yon reyaksyon grav a nenpòt

eleman yon vaksen, pa dwe pran vaksen sa a. Fè

pwofesyonèl swen sante w la konn sa si w gen alèji

ki grav.

• Yo pral mande nenpòt moun ki malad plizoumwen

oswa ki malad grav lè yo gen randevou pou al

pran vaksen an, pou l tann jiskaske li refè anvan

pou l pran vaksen an. Yon moun ki gen yon maladi

modere ka jeneralman pran vaksen.

• Byenke pa gen okenn prèv ki endike PPSV

danjere pou swa yon fanm ansent oswa tibebe ki

nan vant li a, kòm mezi prekosyon, fanm ki gen

kondisyon ki mete yo andanje pou yo pran maladi

nemokoksik la, dwe vaksinen anvan yo tonbe

ansent, si sa posib.

6

Ki risk ki asosye avèk PPSV ?

Apeprè mwatye nan moun ki pran PPSV gen efè

segondè modere, tankou woujè oswa doulè kote yo

bay piki a.

Mwens pase 1% devlope lafyèv, doulè nan misk, oswa

reyaksyon ki pi grav kote yo pran piki a.

Yon vaksen, tankou nenpòt medikaman, ka koze yon

reyaksyon grav. Men chans ki genyen pou yon vaksen

koze gwo domaj, oswa menm lanmò, piti anpil

7

E si gen yon reyaksyon grav

ki prezante ?

Ki sentòm pou m siveye ?

Nenpòt eta ki pa nòmal, tankou gwo lafyèv oswa

chanjman nan konpòtman. Sentòm sa yo bay

endikasyon ke gen yon reyaksyon alèjik ki grav :

difikilte pou respire, vwa ki anwe oswa sifleman, itikè,

po ki vin pal, feblès, kè k ap bat vit oswa toudisman.

Kisa m dwe fè ?

• Rele yon doktè oswa mennen moun ki gen sentòm

sa yo kay doktè touswit.

• Di doktè a sak pase, ba l dat ak lè sa rive a, epi fè

l konnen kilè yo te administre vaksen an.

• Mande moun ki ba w swen sante a pou l ranpli yon

fòmilè Sistèm Rapò pou Reyaksyon Negatif apre

Vaksen (Vaccine Adverse Event Reporting System:

VAERS), pou l sa rapòte reyaksyon an. Oswa ou

ka soumèt rapò sa a atravè sit entènèt VAERS la

nan www.vaers.hhs.gov, oswa lè w rele nan

1-800-822-7967.

VAERS pa bay konsèy medikal.

8

Kijan mwen ka jwenn plis

enfòmasyon ?

• Mande moun ki ba w swen medikal la. Yo ka ba

w feyè enfòmasyon ki vini nan pakè vaksen an oswa

yo ka sigjere lòt sous enfòmasyon.

• Rele depatman sante lokal oswa depatman sante leta a.

• Kontakte Sant pou Kontwòl ak Prevansyon Maladi

(Centers for Disease Control and Prevention : CDC) :

- Rele nan 1-800-232-4636 (1-800-CDC-INFO) oswa

- Vizite sit entènèt CDC a nan www.cdc.gov/vaccines.

DEPARTMENT OF HEALTH AND HUMAN SERVICES

Centers for Disease Control and Prevention

PPSV - Haitian Creole (10/6/09) Vaccine Information Statement

Translation Provided by New York City Department

of Health and Mental Hygiene