21.09.2022 Views

Haiti Liberte 21 Septembre 2022

Create successful ePaper yourself

Turn your PDF publications into a flip-book with our unique Google optimized e-Paper software.

Kwonik Kreyòl

Yon lòt Ayibobo pou MorisoLewa

Fanfan Latou

Powèt MorisoLewa

M

’ pap kite mwa septanm

sa-a pase san m’pa chante

yon lòt ochan pou parenn lang

kreyòl-la, parenn kilti kreyòlla,

parenn mwen: MorisoLewa.

Mwen dwe-l sa, se yon 5 septanm

potorik gason-an kase koub

lavi-a pou rantre tou dous, tou

drèt nan jaden letènite, nan Ginen

zansèt-yo kote nou tout bay randevou

kamèmdekamèm, vle pa

vle, wè pa wè.

Nan lye verite kote ou ye

a, Moriso, ou dwe pa fè nouvèl

ditou, piske sou lalin kote w’ap

kontinye ekri bèl liv pou pèp ayisyen-an

nan pwen radyo, nan

pwen televizyon, alewè pou ta

genyen entènèt. M’vin pot nouvèl

pou ou, frè-m. M’vin di-w sa

rèd nèt. Sivilizasyon ap fini ak

pèp malere-yo. Gen oun nonm

yo bay pou Georges Bush. Se yon

ansyen prezidan peyi Etazini, oun

prezidan dyòl bòkyè, ki te pran

pouvwa-a daso.

Enben, frè-m, depi se afè

sivilizasyon se nan men-l menm

sa rete. Ou kwè se renmen limanite!

Ayayay! se chanpyon.

Koute sa. Li bese enpo, men se

pi rich-yo ki benefisye:1% moun

benefisye 43% rediksyon enpo-yo.

Te gen yon pwogram èd

pou timounn defavorize, li koupe

60 milyon ladan-l. Nan menm

kad afè timounn-nan, li koupe

35 milyon nan yon pwogram ki

fòme doktè espesyalis nan maladi

timounn.

Kòm chomè se yon klas

mounn ki pa enteresan, li koupe

200 milyon nan pwogram pou

ede yo aprann ti metye. Te gen

yon pwomès 100 milyon dola pou

pwoteksyon forè twopikal-yo.

Depi apre eleksyon Lula nan peyi

Brezil, sa nève-l, li refize bay senk

kòb. Malere te konn benefisye

yon pwogram èd pou ranje kayyo.

Se lontan nonm-lan te gentan

koupe 700 milyon nan lajan sa-a.

Fòk ou konnen, parenn,

bagay non sèlman yo pa chanje,

men yo vin pi mal. Afè pwogram

sosyal, bay imigran jarèt pou pran

pye nan peyi-a, lajan pou bay plis

mounn asirans-sante, pwogram

ki pou pèmèt timounn aprann

lekòl kòm sa ta dwa, enben se

bliye sa. Lajan-yo, milyon yo, se

pou peye aryennafè sipèvize afè

teworis.

Kounye-a, avan yon mounn

ou kite kay-ou, fò-w gade byen

nan glas pou wè si figi-w pa ta vle

sanble ak teworis. Lajan-yo se pou

fanmi-l, fanmi visprezidan-an, yo

tout ki mare sosis-yo ak gwo zouzounn

petwòl-yo nan Teksas. Lajan-yo,

se pou fabrike zam sofistike

ki pèmèt ou wè lennmi-a pi

byen, li te mèt se lannuit pou pete

fyèl-li pi byen. Prezidan meriken-an,

se nèg, osnon fò m’ta di

se blan ki pa respekte okenn òganizasyon

entènasyonal, non. Sa

yo bay pou L’ONI-a, se lòd menm

li pase-l. Nonm-lan gen oun lwa

pouvwa k’ap danse nan ètt-li, ak

kèk kòn malediksyon ki pouse

nan chak bò tèt-li. Se pa vini-w

ki pou sove-w. Se kòm youn Amagedon

ki vin pou ti peyi-yo.

Patizan AAA yo pa respekte

Papa nasyon an

Men sa AAA te rezève pou Desalin sou Channmas jou

fèt anivèse papa Nasyon an

Nan okazyon 264èm anivèsè nesans

fondatè nasyon an, Janjak

Desalin, kèk militant pati AAA ki sou

direksyon ansyen senate Youri Latortue

pa wè ki sa pou yo fè sou plas

Leyogàn an aksyon

Moun Leyogàn te manifeste kòmsadwa

jou ki te lendi 19 septanm

2022 a, anpil barikad te monte nan lari

a. Jounen sa a pat bon menm pou Unibank

kote pèp la pase woulo konpresè

Tèminal Vare a bloke

Ewo sou Channmas lan. Yo sal ak fatra

moniman Anperè a. Mete fatra bien wo

sou Desalin.

Eske se pa yon fason pou yo desann

valè, imilye Desalin.

li sou yon lokal Unibank nan Leyogàn.

Pèp souvren fè anpil dega nan

Unibank lan, kote yo pote ale anpil

materyèl tankou òdinatè, televizyon

elatriye.

Asuiv

Joel H. Poliard

M.D., M.P.H.

Family and Community

Medicine

Public health and Pediatrics

5000 N.E. Second Ave,

Miami FL, 33137

tel. (305) 751-1105

Anpil barikad te monte nan zòn

lan, anpil twou fouye fè aksè a

operatè yo, anplwaye yo ak kamyon

yo pa kab rive nan Tèminal la.

WINECO pa kab antreprann

okenn tranzaksyon pwodwi

petwòlye a. Yo oblije ap tann, si ap

genyen yon amelyorasyon. Nan sans

sa a, tout estasyon ponp gazolin yo

nan peyi a rete fèmen.

6 Haiti Liberté/Haitian Times

Vol 16 # 12 • Du 21 au 27 Septembre 2022

Hooray! Your file is uploaded and ready to be published.

Saved successfully!

Ooh no, something went wrong!