10.09.2013 Views

A MANUAL FOR THE USE OF SCHOOLS AND ... - HAITI

A MANUAL FOR THE USE OF SCHOOLS AND ... - HAITI

A MANUAL FOR THE USE OF SCHOOLS AND ... - HAITI

SHOW MORE
SHOW LESS

Create successful ePaper yourself

Turn your PDF publications into a flip-book with our unique Google optimized e-Paper software.

Si tol asye ondile yo komanse rouye se pou yo repintire yo

pou yo ka dire plis.grate pati ki rouye yo avek yon bagay en

asye e pase papye carborundum sou tol yo ., le twati

galvanize yo ki nan bon kondisyon pintire ,donk yo dwe itilize

yon apret spesyal pou evite pinti a kaye. Sepandan si tol yo

rouye,donk yo dwe itilize yon apret metal oksid rouj ansanm

avek 2 kouch pinti briyant. Toujou itilize yon pinti ke koule pa

two fonse paske li ka reflete chale a. .

Ninpot travay yap reyalize ak twati ki fet avek asye ondile nou

dwe pran anpil prekosyon . tol yo pa two pwes e yo pa ka

sipote pwa yon moun san ke li pa sibi domaj,.

Si nou ta bezwen retire klou yo, fok se yon mato ki kapab fel

san l pa domaje tol yo asye ondile yo. E pou vis yo nap itilize

yon kle ki de tay pou tol asye ondile a pou pa domajel.

TWATI KI FET AK FIB SIMAN

Pwoblem ki konn rive ak jan de twati sa yo parey ak twati tol

asye ondile yo.e se preske menm jan de reparasyon yo ki

pou reyalize.

Gen yon lot ti pwoblem ki konn rive anko avek jan de twati sa

yo. Yo fet avek yon materyel rijid ,di ki vin pi di lel gen plis

tan. Donk yo kase oubyen yo fann tres fasilman..

Donk tol ki fann oubyen ki endomaje yo dwe ranplase yo.

Retire klou yo oubyen vis a tol ki adjasan yo avan ke nou

retire tol ki fann yo e mete nouvo tol yo.

Si twou kote pou vise tol yo oubyen klouwe yo vin pi laj e yo

koule,,,en plus pa ta gin lajan pou ranplase tol yo, twou sa yo

ka bouche avek silicon oubyen yon ti motye melanj siman,ak

sab . li pap fin paret two bel,,men li efikas.

4. TIP TWATI YO

Dwe genyen yon keson pou antre nan chak plafon pou yon

moun ka aksede espas chapant la poul ka inspekte twati yo

pou sita gen yon pwoblem,pou pote ti reparasyon, inspekte

plafon en bwa yo o mwen yon fwa pa ane.

Si pandan nap inspekte bwa 2 pa 4 yo, nou remake gen kek

domaj ke temit yo fe, insek yo oubyen sak komanse pouri

paske twati yo koule, nou sipoze jwenn yon solisyon pou

remedye avek sa osi vit ke posib.

Si bwa 2 pa 4 yo sibi ti domaj insek ak temit donk nou ka jis

netwaye bwa yo e trete yo kont lot atak insek yo(itilize lwil

machin,se yon metod efikas e ki bon mache.

Si domaj la pi grav donk nou dwe pran pi gwo mezi.lap difisil

pou nou retire bwa ki afekte yo tankou anba fetay kay la san

ke nou pa retire twati a. Donk lap posib pou nou retire twati a

avan nou retire bwa ki afekte yo.

Nap koupe pati ki afekte a nan bwa a oubyen tou nou ka

kole lot moso ladan yo pou fe longe nou bezwen an. Li

inpotan pou nou trete tout bwa 2 pa 4 yo avan nou repare yo.

Maintenance Manual Page 26

Hooray! Your file is uploaded and ready to be published.

Saved successfully!

Ooh no, something went wrong!