10.09.2013 Views

A MANUAL FOR THE USE OF SCHOOLS AND ... - HAITI

A MANUAL FOR THE USE OF SCHOOLS AND ... - HAITI

A MANUAL FOR THE USE OF SCHOOLS AND ... - HAITI

SHOW MORE
SHOW LESS

Create successful ePaper yourself

Turn your PDF publications into a flip-book with our unique Google optimized e-Paper software.

13. INSTALASYON PLONBRI

Instalasyon plonbri an genyen kondwit dlo a, tiyo vidanj ,

twalet, lavabo ak lot akseswa tankou robine, robine daret, ak

valv. etcc.

Si lekol la gen kondwit dlo tiyo ki sot nan ninpot sous, tiyo

kondwit yo dwe swa an plastik oubyen asye galvanize. Le

tiyo sa yo koule se yon plonbye ki pou repare yo.

Li inpotan tou pou lekol la gen yon robine daret pou kanpe

dlo a le gen yon ti travay mintnans kap fet. Komite mintnans

lan dwe verifye si gen yon robine daret ou pa ,si pa gen

youn,,,yo dwe angaje yon plonbye pou metel..

Tiyo ki fet an asye galvanize yo konn koule pi souvan nan

jwenti yo , e le sa yap selman retire yo pou tepe jwenti yo e

revise yo anko.

Tiyo plastik yo( espesyalman si se sa ki mwen cher yo)

andomaje fasilman. Si yo andomaje oubyen kase, yap koupe

yon moso yap ranplase l ak yon moso ki sevi jwenti kap kole

nan tou 2 pwent yo e yap kole yo ak yon plastic disolvan. Tout

tiyo plastik yo dwe pwoteje : antere yo si yo deyo batiman yo,

epi mete yo andann mi yo si yo andan batiman an( we manyel

konstriksyon an).

Pwoblem ki rive pi souvan ak sistem kondwit dlo a se le tiyo

yo koule oubyen robine yo kase. Si robine yo koule se paske

dabitid rondel la nan robine a ize . femen kondwit dlo a retire

tet robine a epi chanje rondel la. Se pa yon job ki difisil. Si sa

pa mache, robine a dwe ranplase. Si li nan yon tiyo ki fet ak

asye galvanize, devise l nan tiyo a epi metel nan yon lot apre

ke ou fin tepe tet li ak tep plonbri avan!

Yon lot pwoblen ki konn rive anko se le siten dlo yo koule swa

nan bouch soti a swa anba li,oubyen a trave mi yo. Si bouch

soti a koule gravman, nap monte yon lot,. Nap retire sak te la

avan an, nap monte yon tiyo galvanize de 50mm de laj, 200

mm de long avek yon brid soude(we sketch la) e nap sirel ak

yon melanj beton , avek kol PVA pou li ka rezistan a dlo.

Answit nap poze seramik nan mi an sou kote bouch soti siten

lan nan tou 2 bo yo. Epi nap vise yon plug en deyo bouch

tiyo a epi nap tepel ak tep plonbri pou byen femen kote siten

lan debouche a..

Si lavabo yo tou monte nan twalet lekol la, yap ka kase

fasilman oubyen dekole nan mi an. Si yo kase , li sanble tap pi

bon pou nou pa ranplase yo paske sa ap koute cher e yo ka

kase anko fasilman. Lavabo yo ka itilize le gen yon kondwit

dlo. Siten dlo yo nan twalet la se yon sous dlo pi fyab e nou

kab fe mintnans lan pi fasil.

Si sepandan gen lavabo e yo vin bloke nap tou sinpleman

retire kolekte a si gen youn e nap netwaye l e ranplasel. Si pa

gen youn, men se yon tiyo ki genyen, donk nap cheche jwen

bouch soti a sa vle di,,kote siten lan devese e nap netwaye

tiyo vidanj yo..

Maintenance Manual Page 31

Hooray! Your file is uploaded and ready to be published.

Saved successfully!

Ooh no, something went wrong!