10.09.2013 Views

A MANUAL FOR THE USE OF SCHOOLS AND ... - HAITI

A MANUAL FOR THE USE OF SCHOOLS AND ... - HAITI

A MANUAL FOR THE USE OF SCHOOLS AND ... - HAITI

SHOW MORE
SHOW LESS

Create successful ePaper yourself

Turn your PDF publications into a flip-book with our unique Google optimized e-Paper software.

Si nou remake gen temit nan batiman yo, donk cheche

jwenn nich yo pou nou detere yo e detwi yo pou yo pa abime

lekol la.

Pa kite gwo pouspous ak pyebvwa grandi sou kote lekol la e

koupe tout sa kap grandi pre lekol la. Pa kite gwo vejetasyon

tou grandi sou sit la paske yo abrite moustik ki ka bay lafyev

dengue .

Egou plivyal

Egou plivyal ki sou kote batiman yo e lot egou sou sit la

bezwen netwaye chak semen e nou dwe cheke bouch soti yo

tou pou si yo ta bloke sitou pandan sezon lapli.

Inspekte egou yo pou si gen kote ki fann, afese etc.. e lot ti

fay ki pwodwi chak ane . repare tout ti kote ki fann ak

motye(melanj siman/sab).

Si nou remake ke gen kote ki fann anpil e ki afese nan egou

yo, donk nap demoli pati ki afekte yo e rekonstwil swa avek

beton oubyen brik.

Si gen kote nan egou yo ,dlo a fe basin oubyen ma, nap pase

yon ti motye pou metel a nivo (nap itilize yon nivo ) pou dlo a

ka ale.

Plin epi mete anivo tout espas sou sit la ki kre oubyen ki

enfonse poul pa kenbe dlo.paske espas sa yo si yo kenbe dlo

yo ka kale moustik ki ka bay malaria.

Fos septik yo ak kanal egou yo

Inspekte tout lign kanal yo depi nan twalet yo al nan fos septik

yo chak mwa pou nou asire ke kouveti kof twalet yo an plas

e ke yo pa kase e ke tiyo yo pa koule. Ranplase tout kouveti ki

kraze e remonte sa ki lache yo avek yon ti motye.

Si nou remake ke tiyo yo koule, nou dwe jwenn yon plonbye ki

pou detere l epi repare l.

Inspekte tout fos septik yo chak mwa pou asire ke tet yo pa

kase oubyen lache. Ranplase oubyen remonte tet sa ki kase

yo avek yon ti motye. Cheke tiyo ayerasyon yo tou nan fos

septik yo pou verifye si yo pa bloke.

Gen de le, fos septik la gen pou li plin e le sa fok yo dechaje l.

Si pa gin yon moun ki pou fe sa donk nap konstwi yon lot fos

septik e egou yo ap devye nan nouvo system lan.

Ansyen fos la gen pou li vin sech e answit nou ka videl net

avek pel. Yon fwa ke li vide, nou ka rebouchel e itilize l le lot la

plin.Donk tou le 2 fos yo ka altene.

Maintenance Manual Page 33

Hooray! Your file is uploaded and ready to be published.

Saved successfully!

Ooh no, something went wrong!