23.12.2012 Views

Entimidasyon sou Entènèt (Cyber-entimidasyon) - Florida ...

Entimidasyon sou Entènèt (Cyber-entimidasyon) - Florida ...

Entimidasyon sou Entènèt (Cyber-entimidasyon) - Florida ...

SHOW MORE
SHOW LESS

Create successful ePaper yourself

Turn your PDF publications into a flip-book with our unique Google optimized e-Paper software.

Kilè pou ou kite pitit ou pou

kont yo nan kay la

Tout paran ap rive nan moman kote yo fè fas ak kestyon sa

a: “eske pitit yo gran ase pou yo kòmanse rete nan kay la

pou kont yo?” Lè timoun yo twouve yo nan yon sityasyon

endepandans yo kapab jere, sa kapab ede yo aprann responsabilite.

Sepandan, lè ou egzije twòp de timoun lan lè li pako pare pou sa,

gen danje ladan l epi kapab genyen konsekans e pou timoun lan e

pou paran yo.

Timoun ki rete san sipèvizyon oubyen ki nan swen frè ak sè ki

jèn toujou gen plis risk pou yo gen aksidan ki rive yo epi pou yo

gen pwoblèm konpòtman oubyen pwoblèm nan lekòl. Lwa Florid

lan pa gen yon règleman ki klè epi san eksepsyon sou lè sa posib

pou timoun kapab rete pou kont yo, men olye de sa li atann pou

paran yo pran tout sikonstans an konsiderasyon lè yo deside ki nivo

sipèvizayon timoun yo bezwen.

Kòm chak timoun genyen matirite a yon vitès diferan, pa gen

yon laj kote ou kapab di san fot timoun lan “gran ase” pou li rete

lakay li pou kont li pandan ti peryòd kout. Paran yo dwe evalye

devlopman pèsonèl ak kapasite fizik pitit yo.

Kanpay ki rele National SAFE KIDSCampaign rekòmande pou timoun pa rete pou kont yo anvan yo rive nan laj

12 an. Anpil lòt timoun pap ko pare lè sa a. Epi tou, dapre avètisman ekspè yo, le pli souvan gran frè ak gran sè pa

pare pou responsabilite sipèvize timoun ki pi jèn avan yomenm yo rive nan laj 15 an oubyen pi gran toujou.

Men kèk kestyon fanmi yo dwe poze tèt yo anvan yo pran desizyon enpòtan sa a:

� Eske pitit mwen an alèz, gen konfyans nan tèt li epi dakò pou li rete pou kont li nan kay la?

� Eske pitit mwen swiv règ mwen epi direktiv mwen regilyèman?

� Eske pitit mwen deja pwouve li gen tèt li an plas epi kapasite pou li rezoud pwoblèm?

� Eske pitit mwen kapab kenbe tèt li kalm epi pa panike lè li twouve l anfas bagay li pap atann?

� Eske mwen reflechi byen ak pitit mwen sou tout divès sityasyon li pa ta atann e ki kapab rive lè li pou kont li epi

kijan pou li jere sityasyon sa yo?

� Eske pitit mwen dim la verite regilyèman? Eske li vin bò kotem lè li gen pwoblèm oubyen preyokipasyon?

� Eske pitit mwen konprann jan sekirite enpòtan epi eske li konn pwosedi sekirite de baz yo?

� Eske pitit mwen pral pran desizyon pou li rete an sekirite, menmsi pou lòt timoun oubyen pou granmoun sa ta fè l

parèt maledve oubyen kapon?

� Eske pitit mwen kapab kenbe kalm li pou li bay non, adrès, nimewo telefòn epi endikasyon pou rive nan kay nou si

gen yon ka ijans ki prezante?

� Eske pitit mwen kapab fèmen a kle fenèt ak pòt nan kay nou?

� Eske pitit mwen kapab li lè sou revèy?

� Eske pitit mwen kapab fè devwa li pou kont li an tout endepandans?

� Eske mwenmenm ak pitit mwen nou etabli yon woutin ki byen klè pou lè li lakay pou kont li, avèk responsabilite

epi privilèj ki byen klè tou?

� Si mwen gen plis pase yon pitit kap ret pou kont yo nan kay lan, eske timoun yo montre yo kapab antann yon

byen epi rezoud konfli san yo pa goumen oubyen san yon granmoun oblije entèvni?

� Eske pitit mwen avèk mwenmenm fè kèk “esè” pou pèmèt li egzèse kapasite li pou li okipe tèt li pandan m nan kay

lan, men m fè ekspre pou mwen “pa disponib”?

� Eske katye nou an san danje?

� Eske nou gen vwazen pitit mwen konnen epi ke mwen fè konfyans?

Apre ou fin etidye list kestyon sa yo, wap kapab wè pi klè si pitit you pare pou li ret nan kay lan pou kont li. Sa se

kèk direktiv jeneral sèlman. Se pou paran avèk responsab yo etidye lòt eleman ki konsène pitit yo an patikilye epi

sikonstans fanmi an pou yo kapab pran desizyon ki pi bon an.

Zouti avèk konsèy

pou paran ak

responsab timoun

Jiwèt pou prevansyon® Gid Devlopman Familyal 2012 • 65

Hooray! Your file is uploaded and ready to be published.

Saved successfully!

Ooh no, something went wrong!