24.03.2013 Views

Hip hop has a vagina. - Brown University

Hip hop has a vagina. - Brown University

Hip hop has a vagina. - Brown University

SHOW MORE
SHOW LESS

You also want an ePaper? Increase the reach of your titles

YUMPU automatically turns print PDFs into web optimized ePapers that Google loves.

Si ou te ka wè andedan nanm mwen,

wè andedan kè mwen,

ou tap konnen kòman mwen bezwen ou

nenpòt lè nou pa ansanm.

Si ou te ka wè andedan tèt mwen,

si panse se te yon bagay nou te kapab wè avèk je nou,

ou tap konnen kijan mwen renmen ou,

sa ou vle di pou mwen.

Tout jan ou rekonfòte mwen,

jan ou kenbe’m pre ou,

jan ou konnen kisa pou fè

pou kapab kouri dèyè tout sak k fè mwen pè.

Briyans ki nan bel je ou yo,

souri ou, ri ou, jan ou manyen m’,

sa se yon ti kal nan tout rezon

mwen renmen ou anpil konsa.

Jan mwen konnen ke m’ ka pale avèk ou

de nenpòt bagay ak tout bagay,

lè fini jan mwen konnen ke n’ap toujou

kapab pèsevere nan tout obstak ke lavi a ka pote.

Mwen ka chèche nan tout monn nan

men, mwen konnen vrèman,

mwen pa te kapab jwenn yon lòt lanmou

tankou lanmou mwen jwenn avèk ou.

Menmsi avèk chak nouvo jou, chak solèy leve,

nou pa kapab konnen ki sa k’ap tann nou,

gen yon sèl bagay mwen konnen tout bon,

chak jou mwen renmen ou pi plis.

Donk, si ou te ka wè andedan tèt mwen,

si panse se te yon bagay nou te kapab wè avèk je nou,

ou tap konnen kijan mwen beni

pou’m genyen ou la avèk mwen.

(Haitian Creole)

30

Andedan

mwen

Max Clermont

Gedes’ Mirror Effect by Patrick Sylvain

Photo of a Vodoun ceremony celebrating the Day of the Dead. © P. Sylvain, Nov. ‘04

Hooray! Your file is uploaded and ready to be published.

Saved successfully!

Ooh no, something went wrong!