13.05.2014 Views

English I Through ESOL - The School District of Palm Beach County

English I Through ESOL - The School District of Palm Beach County

English I Through ESOL - The School District of Palm Beach County

SHOW MORE
SHOW LESS

You also want an ePaper? Increase the reach of your titles

YUMPU automatically turns print PDFs into web optimized ePapers that Google loves.

Hatian Creole Summary

Lesson 5:

Romeo ak Juliet (Act V), dapre William Shakespeare

Nan Sèn 1, nan Mantua, Romeo rève Juliet jwenn li mouri. Nan rèv la, Juliet bo Romeo

epi li reveye, apresa li vin tounen wa. Romeo entèprete rèv la tankou yon bon rèv konsènan

dousè yon vrè lanmou. Balthasar, sèvitè Romeo, rive ak nouvèl ki soti nan Verona. Kou

Balthasar di Romeo Juliet mouri, Romeo vin pal epi l anraje. Koulye a Juliet mouri, Romeo vle

kite imedyatman pou Verona, konsa li kapab mouri ak Juliet. Balthasar pa gen lèt Friar

Laurence te voye pou Romeo a. Romeo konnen yon famasyen pòv epi san espwa ki kapab

vann li pwazon, byenke penalite si w ou vann li se lanmò. Romeo peye famasyen an karant

(40) pyès annò pou kèk pwazon ki gen efè rapid ki ase vyolan pou touye ven (20) gason

touswit.

Nan Sèn 2, Friar John retounen sot nan vwayaj li nan Mantua pou l fè Friar Laurence

konnen yo pa janm delivre lèt Romeo a. Ofisye sanitè yo pa t kite Friar John ale delivre lèt pou

Romeo paske kay la te enfekte avèk epidemi maladi. Piske chak moun te pè pran epidemi

maladi, li te enposib pou jwenn yon lòt mesaje pou delivre lèt la. Friar Laurence pran yon pens

epi prese ale nan tonm Capulet. Juliet ap soti nan eta enkonsyan nan twa zèdtan. Friar dwe

kache Juliet jiskaske Romeo di yon mo.

Nan Sèn 3, Paris ak sèvant li sou tonm Capulet konsa Paris kapab pote flè pou Juliet.

Sèvant la tande yon bwi, epi li depoze flanbo a pou yo kache nan fènwa la kou legliz la tou pre

tonm nan. Romeo ak Balthasar rive avèk yon rach ak yon pens. Romeo bay sèvant li a yon lèt

pou l bay papa l nan landmen, epi li voye Balthasar ale. Balthasar pè pou Romeo pa komèt yon

zak danjere, donk li kache nan lakou legliz la. Romeo itilize pens la pou l fòse ouvè tonm nan,

ofri tèt li kòm manje pou zantray lanmò. Paris fè wè prezans, li kwè Romeo toujou ap chèche

revanj ak Tybalt. Romeo avèti Paris pou l pa mele, men Paris pèsiste, epi yo toude goumen ak

epe. Sèvant Paris la al rele jandam yo, lè Paris tonbe li mande pou yo plase l bò kadav Juliet.

Pou rezon sa a, Romeo transpòte kadav Paris nan tonm lan. Lè Romeo wè bouch Juliet ak po

figi l touwouj, li mande kijan l fè toujou bèl konsa. Romeo di Juliet orevwa epi li bali yon dènye

anbrase, bo li, bwè pwazon an, epi l tonbe li mouri. Friar Laurence rive nan tonm nan epi li wè

Balthasar k ap tann Romeo. Balthasar t ap dòmi pandan goumen an, epi li te pè ale nan tonm

nan. Lè Juliet reveye, Friar antre nan tonm nan li jwen Romeo blèm epi benyen ansan. Prèt la

di l Paris ak Romeo mouri, epi l ap eseye fè l ale. Juliet refize, epi lè li wè boutèy pwazon an

nan men Romeo, li eseye bwè kèk gòje nan boutèy vid la. Lè li tande jandam yo ap vini, li bo

Romeo epi l pran ponya li a, li ponyade tèt li. Lè jandam yo rive yo jwenn li cho, mouri. Jandam

yo rasanble Friar Laurence, Balthasar, Prince Escalus, ak Lord ak Lady Capulet nan tonm nan.

Seyè Montague rive ak sèvant li yo, epi Prince la kesyone Friar Laurence, ki eksplike toulède

fanmi yo tout bagay Lèt Romeo te voye pou seyè Montague la pwouve Friar ap di verite. Yo

tout te pini poutèt yo pa t sispan batay la. Responsab fanmi yo bay lanmen epi fè ve pou mete

de (2) estati an nò pi pou onore pitit yo, ki se viktim hèn yo.

Translated by the Creole Translation Team of the Multicultural Education Department School District of Palm Beach County –

November 2006- SY051222- Phone (561) 434-8620

English I Through ESOL: Romeo and Juliet

Page 4

Hooray! Your file is uploaded and ready to be published.

Saved successfully!

Ooh no, something went wrong!