You also want an ePaper? Increase the reach of your titles
YUMPU automatically turns print PDFs into web optimized ePapers that Google loves.
Kwonik Kreyòl

Ile-à-Vache: Laurent Lamothe debake pou mete peyizan yo deyò

Laurent Salvador Lamothe ak minis touris la Stephanie Villedroin

Samdi 28 jen pase a, Premye

minis Laurent Salvador Lamothe

debake nan zile Ile-à-Vache ak yon

lame nèg ak gwo zam fannfwa pou

l al mete peyizan yo deyò sou ti

moso tè yo. Li te pote kèk sak diri

pèpè pou distribye bay peyizan yo,

ki te move kou konng. Lamothe te

pwomèt peyizan yo, lajan pou yo fè

komès, konstriksyon yon ayewopò,

lekòl, Lopital yon fason pou l te ka

pran zile a pou l konstwi yon zòn

franch touristik ak gwo kokennchenn

otèl pou kolon yo ak okipan

yo vin pran plezi yo, fè trafik dwòg

la pi byen nan zòn sid la.

Anyen pa janm fèt, se sèl

yon komisarya yo konstwi pou yo

ka ranfòse kò ame yo nan zile a.

Pandan Premye minis la debake

ankachèt pou vin mete peyizan yo

deyò sou tè yo, menm ti gout dlo

abitan yo pa ka jwenn pou yo bwè,

yo koupe dlo peyizan, se sèl kote

ki gen otèl yo ki gen dlo. Aprèsa se

Okay pou moun yo al chache ti gout

dlo, selon responsab Konbit Peyizan

Ilavach (KOPI), Kenol Alexis,

ki t ap reyaji sou sitiyasyon tèt chaje,

peyizan yo ap viv nan zile a. Se

yon veritab kouvrefe Premye minis

lan vin enstale nan zile a, zam yo

pwente sou peyizan yo, y ap mache

ak yon jijdepè pou arete militan k ap

pwoteste kont plan lanmò a.

Peyizan yo bò kote pa yo,

pa t pè yo te boule kawotchou,

bare wout, manifeste kont prezans

Premye mafia Lamothe nan zile a.

Kenol fè konnen Premye mimi an

achte konsyans preske tout moun

nan zile a ak zòn Sid, kouwe: pastè,

pè, palmantè yo ak yon bon pati

nan laprès la, òganizasyon dwa

moun yo elatriye pou yo pa pale

sou dosye Ilavach. Li pwofite dewoulman

koup mondyal foutbòl la

pou l vare sou tè peyizan yo nan

zile a. Li lanse yon apèl bay òganizasyon

dwa moun k ap defann enterè

pèp la nan nivo nasyonal kou

entènasyonal pou yo vin foure je

gade sa k ap pase nan zile a jounnen

jodi, kote dwa peyizan yo pa respekte,

kote pouvwa tètkale ap marinnen

tout kalte konplo kont peyizan

yo. Kenol Alexis lanse yon apèl tou

bay tout lòt peyizan ki viktim anba

men pouvwa reyaksyonè ak tizanmi

Martelly-Lamothe la, pou mete

tèt yo ansanm pou bloke pwojè yo

genyen pou mete peyizan yo deyò

sou ti moso tè yo nan peyi a, menm

jan y ap mache kraze kay moun yo

nan Pòtoprens epi mete kanpe yon

politik tòl wouj nan peyi a.

Papa polisye Jean Maltunes

Lamy kontinye mande liberasyon

pitit li, ki fèmen nan prizon depi

mwa fevriye 2014 la, poutèt li te

mete l bò kote peyizan yo ki t ap

revandike dwa yo genyen pou viv

sou tè yo nan zile a. Li fè konnen

pitit li a pa yon kidnapè, li pa

yon dilè dwòg, se poutètsa menm

yo mete l nan prizon. Si l te konn

bwote dwòg ba yo, al fè kidnapin

pou yo, yo pa t ap mete l nan prizon.

“Mwen te pase anpil mizè

pou m te fè edikasyon pitit mwen,

Jean Maltunes pou l te ka vin sèvi

popilasyon an. Men li t ap fè travay

li, Lamothe arete l al fèmen l

nan prizon. Sa a sanble tèt koupe

ak zak tonton makout Duvalier yo.

Se nan epòk lane 57 yo nou tounnen

ankò, se makout yo ki retounen

sou pouvwa a pou vin konmèt tout

kalte enjistis sou pèp la. Se sa k fè

nou jwenn legliz, laprès, boujwagrandon

yo ak gwo peyi enperyalis

yo, tankou : Etazini, Lafrans, Kanada

ak Oganizasyon mondyal yo ak

rejyonal yo, kouwè : ONU, OEA,

UNION EUROPEENNE elatriye k ap

fè konplo kont peyi a ak kont pèp

ayisyen an’’

N ap raple, aprè enfòmasyon

k ap sikile nan peyi a, pouvwa tètkale

Martelly-Lamothe la gen yon

Laurent Salvador Lamothe

pwojè pou l mache pran tout tè ki

bò lanmè yo, sitou sa ki nan zile

yo nan peyi a. Lidè peyizan Papay

la, nan Plato Santral la, Chavannes

Jean-Baptiste déjà di peyizan yo file

manchèt yo mete la, pou yo moun

k ap vin mete yo deyò sou moso tè

yo. Nan sans sa a, anpil moun déjà

prevwa pouvwa tètkale a, k ap kale

tèt pèp ayisyen ap prepare yon gè

sivil nan peyi a lè l ap atake peyizan

yo sou tè. Pwojè pou mete peyizan

yo deyò sou tè yo se kontinite

plan lanmò politik neyoliberal la,

ki te touye kochon kreyòl peyizan

yo, ki te reprezante kanè bank yo,

nan lane 80 yo, kraze pwodiksyon

nasyonal la sou rejim militè makout

yo, privatize antrepriz piblik yo sou

rejim defakto Alexandre-Latortue

ak sou 2 manda Rene Préval yo, fè

goud la tounen zorèy bourik, mare

peyi a nan pye tab enstitisyon finansyè

entènasyonal yo tankou

: FMI, BANK MONDIALE, BID ak

UNION EUROPEENNE. Li revi tou

likidi rès ti resous peyi a bay nouvo

kolon yo ak gwo peyi enperyalis yo

epi lage peyizan yo ap mache 2 bra

balanse nan peyi a.

Altènativ yo genyen se : antre

nan gran vil yo pou al travay

nan faktori soutretans yo pou yon

ti bouda monnen, ki redui yo nan

yon fòm mandisite, al vann pwodui

gwo konpayi miltinasyonal yo,

tankou : DIGICEL, NATCOM, BRAS-

SERIE NATIONALE elatriye ou byen

pwodui konpayi transnasyonal yo

ki tabli nan Repiblik Dominiken.

Anpil nan Ayisyen yo denatire yo

sètoblije travèse fwontyè a pou

al pran imilyasyon lakay vwazen

oubyen pran kanntè pou wè si

yo ta ateri nan peyi Etazini ak lòt

peyi nan Karayib la. Jounen jodi an

pwojè sa a vin transfòme pwodiktè

yo an senp jounalye. Altènativ la

pou viktim politik neyoliberal yo

: se òganize yo, mobilize nèt ale,

kontinye fè rezistans kont plan lanmò

sa a jiskaseke yo rive dechouke

makout sa yo sou pouvwa a, k ap fè

tout kalte konplo pou vann peyi a.

Konbit Solèy leve onore 4 jèn nan Site Solèy

Konbit Solèy leve, se yon mouvman

ki pran nesans depi 25

jen 2011 ki regwoupe plizyè sektè

ak òganizasyon nan Site Solèy la,

ki repoze sou fòs ak kapasite moun

nan kominote a, Y ap travay pou fè

ranfòsman nan lapè ak chanjman sosyal

nan komin site solèy. Sousa depi

plis pase 3 lane inityativ sa a, etabli

nan kominote a, Moun site solèy

retwouve yo anpil nan mouvman sa

a, parapò avèk liy yo kenbe pou fè

enpak osinon enfliyans pozitif pou

valorize ak ranfòse kapasite moun k

ap viv nan Site Solèy.

Mirak la ! Se paske aprè plis

pase 15 lane, sosyete a ansanm ak

otorite leta yo, pi fasil jwenn plis enterè,

pou fè bèl pwomosyon sou nivo

mizè ak pèsepsyon negatif sa yo

tankou : Chimè, Vòlè, Bandi, Move

zafè osinon Kidnapè sou tout moun

k ap viv nan ominote a, poutan ki

pa janm vre. Men ansanm, nou rive

travay, kolekte fòs pou rive fè kominote

nasyonal la ak entènasyonal la

konprann , apati dat ki te jedi 25 jen

2014 la, nan apre midi, gen 4 jèn ki

onore pami plizyè santèn lòt pou

sakrifis, onètete yo ak entegrite yo

RADIO

PA NOU

1685 Nostrand Avenue

Brooklyn, NY 11226

67 Khz

www.radyopanou.com

Depuis 2002

• Nouvelles

• Analyse

• Publicité

Fondateur: Jude Joseph

Bureau:

(718) 940- 3861

Studio:

(718) 701- 0220 • (718) 856- 8702

(718) 928- 7022 • (718) 462- 0992

(718) 469- 8511

BOUKAN

101.9 FM • SCA

Radyo Pa Nou

Emisyon KAKOLA

Konbit Ayisyen pou Kore Lit la ann Ayiti

• Nouvèl •

• Analiz •

• Kòmantè •

• Deba •

Pou yon Ayiti Libere

(917) 251-6057

www.RadyoPaNou.com

Mèkredi 9-10 pm

nan travay y ap fè pou ranfòse lapè

ak chanjman sosyal nan Site Solèy.

Nou rete kwè : Mouvman Konbit

Solèy leve a, avèk 4 plak onè sa

yo, rive touche sansibilite, volonte

ak nanm 4 jèn sa yo, nan Site Solèy,

ki se yon aksyon etènèl, kote y ap

konprann popilasyon an gen je sou

yo, epi konprann bon travay y ap fè

nan ranfose lapè ak chanjman sosyal

nan site a.

Louino Robillard se jèn gradye

ak yon Metriz nan Chanjman Kominote

ak konstwi lapè se jèn ki enspire

lide sa a. E li espere tou Site Solèy ap

kontinye pran responsabilite li pou

l kontinye onore pitit li k ap travay

pou chanjman dirab ak lapè.

Plizyè Jèn site solèy ki kwè

nan travay sosyal sa deklare: yo pap

janm dekouraje pou ede site a jwenn

bonjan chanjman. Y ap preche chak

jou bondye mete selon yomenm

yon Levanjil Sosyal, paske Site a ka

chanje, Site solèy ap chanje, fòk site

solèy chanje epi n ap goumen kont

tout fòs fènwa k ap vle vin domine

nou .

Men lis non jèn sa yo, se: Stephen

Italien, 26 lane ki sòti nan 3

bebe, katye La Difference. Frantz

Francois, 38 lane, sòti nan ri Volcy,

SAKALA & Touris Ghetto. Alashkar

Milien, 26 lane, sòti nan : Solèy 17,

Volontè Konbit Solèy Leve, ak Sadrack

Joseph, 27 lane ki sòti nan :

Solèy 4. ID-Haiti & Site Soleil Basketball

Team.

Daniel Tercier & Wendel Polynice

6

Haiti Liberté/Haitian Times

Vol. 7 • No. 51 • Du 2 au 8 juillet 2014