Haiti Liberte 16 Mai 2018
You also want an ePaper? Increase the reach of your titles
YUMPU automatically turns print PDFs into web optimized ePapers that Google loves.
Kwonik Kreyòl

DRAPO N

Nou damou w anpil drapo n manman

peyi n

Nou renmen w anpil drapo n manman

Ayiti n

Nou dolote w anpil drapo n manman

cheri n

Nou kajole w anpil drapo n manman lavi

n

Ces souvenirs si chers qui de tes flancs

fusent

Pensons souvent à tes jours glorieux refusent

Devraient rester graver sur la voûte des

cieux

Humm salut joli drapeau sang de nos

aïeux

Drapo n manman cheri n toujou kanpe

avè n

Drapo manman Ayiti n w konn gou

kalvè n

Manman libète n w galgari ak gou mizè n

Manman solèy leve lè zetwal vire lanvè n

Manman solèy kouche ki pa janm tenyen

Manman solèy ki pa janm peri ni fennen

Jodi a n ap fete w nan doulè lokipasyon

214 lane n fin kase chenn kolonizasyon

Labou anba bòt Minista fè w tounen ranyon

Douvan de nawè oligachi malediksyon

Men w toujou rete sewòm zantray nèg

lakay

Ki vle batay pou wete w nan deblozay

Lonmen non zansèt yo reyaksyonè tranble

Men m si n tonbe nou gen pou nou releve

Nou pa gen kè kase depi ou blayi nan

syèl la

Nou renmen tout tan drapo manman

patri a

Nou renmen w anpil drapo manman

chéri n

Nou renmen w anpil drapo manman Ayiti

n

Drapo n drapo n, manman cheri lapatri n

Nou fou pou w anpil drapo manman lavi

n

Martine Millard

Siklòn Gaz

Metewo Tèt Kale anonse n

Gwo siklòn gaz pral monte l

Pèp souvren menm deklare l

Si lwa monte gaz ta monte l

Pou giyon lavichè pèsekite l

Depatcha lespwa, matirize l

Pèp souvren pap pè montre l

Lwa dechoukay ka monte l

Pèp souvren pa ta demontre l

Lwa dechoukay ka dechouke l

Lwa dechoukay ka demonte l

Lwa dechoukay ka demaske l

Lwa dechoukay ka fè l poze l

Lwa dechoukay ka dekare l

Si siklòn Tèt Kale ta montre n

Deklarasyon

tètanba

Ministè Jistis

ak Sekirite

piblik la

Li ta kite lwa dechèpiye sele l

Pèp souvren pare pou montre l

Li pap kite lwa awousa souse l

Lwa Tèt Kale pap defilfware l

Okontrè li dwe menm fouke l

Pou lwa Tèt Kale pa dekare l

Pou lwa Tèt Kale pa fin fware l

Si siklòn Tèt Kale demontre n

Van Petwo ka fin dechèpiye n

Si siklòn Tèt Kale demontre n

Lwa 4 milya Karinbe ka souse n

Pèp souvren pap fèmen je gede l

Pèp souvren dwe louvri je gade l

Je fèmen pèp souvren obsève l

Tèt Kale fèk kare demontre l

Jean Roudy Aly

Pawòl diyite lonèkte pa koze l

Koze pèsonalite pa dwe regade l

Tèt Kale nan jimnastik anjandre l

Ta fè lwa monte gaz ta monte l

Ta fè erè fè lwa monte gaz sele l

Met apse kalvè sou klou mizèrere n

Met apse mizè sou klou ma swife n

Siwo si dechoukaj t ap monte n

Siwo si mobilizasyon anjandre n

Siwo si mobilizisasyon t ap sele n

Siwo si mobilizasyon t ap montre l

Solisyon siklòn gaz se dechouke l

J. Fatal Pya

Ministè Jistis ak Sekirite piblik

nan yon lèt minis Jean Roudy

Aly mete piblik, li fè konnen jou ki

te mèkredi 9 me a, plizyè medya ak

jounalis pran plezi toutlasent jounen

ap bay bandi, lapolis ap chache pale

nan emisyon lib tribin yo. Komkwa

jounalis sa yo ta konplis ak bandi yo.

Deklarasyon sa a pou mete

baboukèt sou bouch moun nan laprès,

sanble tèt koupe ak pawòl makout Divalyeris

yo. Jean Roudy Aly nou pa tan

pentad ankò

Bilan Premye sesyon òdinè ane lejislatif la

Bilan premye sesyon òdinè ane lejislatif

la te fèt lendi 13 me a an akò

ak dispozisyon ki nan Konstitisyon 87

amande a. 24 Senatè ak 99 Depite te reponn

prezan lè apèl la t ap fèt. Yo te reyini

an Asanble Nasyonal pou yo te fèmen

premye sesyon ane a lejislatif 2018. Se

nan mwa jen sètadi dezyèm lendi nan

mwa jen an selon preskri Konstitisyon an

depite yo ap retounen . Sena a limenm ap

kontinye travay kòm dabitid.

Men rezime bilan sesyon an:

Chanm Depite yo:

5 Konferans Prezidan;

24 sesyon plenyè;

6 pwojè lwa te vote

8 pwopozisyon lwa te vote

3 pwopozisyon lwa te transmèt

epi depoze

6 pwopozisyon lwa te transmèt men ki

poko depoze

7 enstriman entènasyonal;

2 de atelye travay

Chanm Sena a:

6 Konferans Prezidan yo;

21 seyans plenyè;

3 seyans pou kontwòle gouvènman an;

1 rezolisyon ki gen pou l wè ak rapò sou

fon PetroCaribe a;

2 pwopozisyon lwa prezante;

3 pwojè lwa prezante;

Asanble Nasyonal la

3 lwa vote nan tou de chanm yo epi yo

retransmèt yo bay Egzekitif la;

3 tèks lwa toujou sou konsiderasyon

Asanble a;

10 tèks lwa sou konsiderasyon nan

komisyon yo

30 diferan komisyon pèmanan yo te

reyalize 10 seyans travay

Atak kont Biwo

Elektrisite an Ayiti !

Lannuit jedi10 pou vandredi 11 me

2018 la, kèk endividi sanfwanilwa

atake lokal Elektrisite Ayiti ki nan Chareron

ak Boulva Harry Truman lan. Se

sa Hervé Pierre-Louis ki se direktè bwat

sa a te rapòte nan 42zyèm Konferans «

lendi pou laprès » ki te fèt nan Ministè

Kominikasyon ak Lakilti lendi 13 me a.

Direktè a fè konnen yo pa pèdi

moun men gen gwo domaj ki fèt sou

lokal la. Li te tou pwofite raple pwodiksyon

Konpayi elektrik ki gen yon

pisans 115 megawat disponib. Santral

Idrolik Pelig pwodui pou piti 34 megawat

elektrisite ; pwodiktè elektrisite endepandan

75 megawat.

Pierre-Louis te siyale tou pou

mwa janvye 2018 la kantite enèji achte

pase 47% pou rive nan mwa mas 2018

la 56% nan Kapital la Pòtoprens,

Nan vil pwovens yomenm 29,9%

nan mwa janvye 2018 pou 33,7 % nan

mwa mas la. Konbinezon Pòtoprens ak

vil Pwovens yo sòti 43,4 % nan mwa

janvye 2018, li pase 51% nan mwa

mas la.

Lajan ki antre menm nan kès

konpayi Elektrik nan mwa fevriye

Hervé Pierre-Louis

2017, yo te rantre 276 milyon goud,

pou ane sa a se 313 milyon yo fè. Mwa

mas 2017, yo te fè 362 milyon, mas

2018 390 milyon goud. Avril 2017 :

279 milyon ; avril 2018 : 443 milyon.

Si nou konprann sa direktè Hervé

Pierre-Louis di la, bwat la ap bay randman,

pèp Ayisyen dwe veye anwo,

veye anba pou Jovenel pa vann li sou

konsèy FMI.

6 Haiti Liberté/Haitian Times

Vol 11 # 45 • Du 16 au 22 mai 2018