03.08.2022 Views

Haiti Liberte 3 Aout 2022

You also want an ePaper? Increase the reach of your titles

YUMPU automatically turns print PDFs into web optimized ePapers that Google loves.

Kwonik Kreyòl

Legliz: soti nan lidèchip tonbe nan dilèchip

Ajan Ladwann yo jwenn zam, minisyon ak fo lajan nan yon konntenè

sou non Legliz Episkopal an Ayiti

J. Fatal Piard

Si Pyè te trayi Jezi pou yon ti zing

afriba k fin fè vè

Pouki legliz pa ka trayi Ayiti ak

zam nan konntenè ?

14 jiyè ajan fouyapòt ladwàn Pòtoprens

yo nan fouye zo nan kalalou

konntenè, y al pantan sou yon

latriye zam sou non legliz episkopal.

Depi jou sa a pèsonn pap janm ka

bliye fidèl chanpyon nan ekzèsis

ipokrizi tonbe kakaye nan megafòn

nan tout kalfou depi bajou kase pou

jis labrin tonbe. Yo tout vin gen yon

sèl grenn diskou trayizon ki pa fè

pèsonn sezi. « Legliz episkopal pa

legliz katolik ». Epoutan tout moun

konnen tout legliz se legliz.

Legliz katolib, apostolib women,

legliz anglikan, legliz òtodòks,

legliz vye òtodòks tout se menm vye

bagay yo. Yo tout se menm tenten,

menm ansasen yo ki pase 36 lane

ap sasinen moun an Ewòp nan fè

lagè sangadedèyè. Yo tout sèvi ak

bout labou pentire kòm sendenden

pou fè mago sou moun yo pran pou

makòn tenten. Kòmkwa bout labou

sa yo kapab rezoud tout pwoblèm

malere ak malerèz nan yon bat je.

Antouka !!! Pèsonn pa menm

bezwen gwo ougan pou l rive konprann

krèy mantè pwofesyonèl a

bib yo nan tout legliz, yo pran tout

moun pou makak. Tout legliz gen

menm misyon menm objektif ki se

blofe moun. Bay moun presyon pou

fòse yo pot mago ba yo pou yo ka fè

yo jwenn 1ye plas nan paradi a 4,2

milya lane apre yo fin mouri. M kwè

nou tande salami ? Y ap fè moun

nan filalang ak ak yon lamayòt yo

rele paradi ki tanto atè tanto anlè.

Men se lè yo fin kadav !!! Èsketèt

moun ki kwè istwa Bouki ak Malis

sa yo dwat ?

Anplis maton nan benyen

moun ak kèk majè manti menm

gwosè ak Sitadèl la, sa k pi mal la yo

jwenn moun vin achte fo sakreman

ekspire depi sou tan benmbo nan

men yo. Se tou nòmal pou tout pè

pran tout moun yo kite jwe sou emosyon

yo gwo pou makak sale. Men

sa blofè a bib sa a yo bliye, se pa

tout moun nèt ki fin makak nètnèt.

Pa ekzanp senmenn pase a gen yon

sitwayen ki rele Tetsouya Yamagami

ki sasinen ansyen 1ye minis japonè

a Chenzou Labe. Pouki sa ?

Se paske se nan relijyon ki rele

sèk Moun nan ansyen 1ye minis

la mache. Enben, ansasen an repwoche

relijyon sa a dèske l dechèpiye

fanmi l nèt jis yo vin pi pòv pase

Jòb. Epoutan bonjan eksperyans

sou teren montre n depi sou Galile,

blofè legliz ap dechèpiye pòv malere

ak malerèz nan tout rakwen an Ayiti

nan vann yo pil vye sakreman

ki pa itil anyen. Ni yon pè, ni yon

monseyè yo youn pa janm menm

pran yon grenn kout wòch nan men

youn nan moun yo dechèpiye yo.

Depi Galile, Legliz Katolik,

Episkopal, Anglikan, Vye Òtodòks

elatriye tout se menm bagay yo.

Tout se menmman parèyman yo,

menm lòbèy yo, menm boutik mirak

yo, menm boutik sakreman avarye

yo. Yo tout se boutik ki la pou

vann fo mirak tèt nèg. Mezi kòb ou,

se mezi mirak ou. Mezi lajan ou se

mezi sakreman ou. Yo la pou vann

batèm tout klas, konfesyon, kominyon,

renouvèlman, konfimasyon.

Tout legliz katolik yo vann

maryaj 1ye, 2yèm, 3zyèm klas,

lantèman 1ye, 2yèm, 3zyèm klas,

mès mò, mès rekriyèm, mès nwa

pou bay moun madichon, mès nwa

pou voye moun al fè aksidan pou yo

mouri, mès nwa pou fè moun vin

fou, mès mò ak kalis ak balèn limen

tèt anba pou detounen sèvo moun,

libera elatriye. Se tout sakreman sa

a yo ekspè mafya entènasyonal nan

legliz katolik sa a yo envante nan

laboratwa mètdam yo pou fè mago

sou moun.

Sa yon moun ki gen bon sans

pa Menm lè w fin mouri, lè w fin

mota konprann menm lè ou fin

mouri ou pa ko delivre anba grif ava

sa a yo. Menm lè yon grenn zo nan

kadav ou, pa bon pou fè bouton, pè

magouyè ak monsenyè dechèpiyè

kontinye fè gwo lajan sou w. Yo

ekzije kòd fanmi ou chante mès pou

repo nanm ou. Nou kwè n tande

souple. Achte mès pou mò !!

Litè ak Kalven pete kabouya.

Se menm koze vann sakreman

tèt nèg sa a n t ap pale a k fè oktòb

Y & D

HANDYMAN

Plumbing, Heating,

Electrical, Painting,

Cement, Apartment

/Office Cleaning

Yves Dumornay (Owner)

516-864-3707

yvesdumornay@gmail.com

nan lane 1917, de sèl grenn pè ki pat

fin twò maton nan magouyè kòm lòt

makòn magouyè pwofesyonèl a bib

yo te tonbe voye pye. Maten Litè ak

Jan Kalven se non 2 pè grenn plen

ki pat pè lòt pè yo te reziyen yo pete

gwo kabouya kakosal eskonbrit

sou laplas piblik gwo jounen pou

denonse tout ekzèsis magouy nan

legliz katolik.

De sèl grenn pè rekalsitran sa

a yo pat met diven reziyasyon nan

kwen bouch yo pou yo te tonbe

djage maklouklou chaje ak magouy

gwo otorite maton nan jimnastik

ipokrizi malandren a bib nan legliz

katolik t ap plede fè. Depi 1917

kote de pè rekalsitran sa a yo te

pran megafòn pou salanbe vakabon

a bib yo, legliz katolik koumanse

prang gwo kou vendik anba gagann

li. Men kòm nou tout konnen wont

se volonte l ye. E legliz gen volonte

pou yo menm pran lawonte sèvi

kòlè.

Malgre tout denonsiyasyon

pè ak monsenyè san wont yo kontinye

vale teren jis yo vin pi gwo

maton nan chanpyona fè rakèt ak

sakreman menm lè yo fin ekspire

depi Jenèz. Sa k pi mal la tout chanpyona

kòripsyon sa a yo ap fèt

devan de grenn je papa a, pitit la,

pitit pitit la ak lespri sendenden bib

yo fè kwè k te gwòs marigwo jounen

devan de grenn je Jòzèf. Epoutan,

zòt toujou soti pou l fè n kwè krèy

Bondye Izrayèl wè tout bagay.

Men devan flonn kòripsyon ki

blayi sou figi legliz katolib, yo tout

fè grèv wè, grèv bèbè grèv tande ak

grèv santi. Devan siklòn lòbèy ki pe

pase gwo jounen sou tout lotèl legliz

katolib tout kèy Bondye Abraam

Jakòb, David, Lòt, Salomon, yo tout

antann yo pou yo fèmen 2 grenn je

yo. o pa wè anyen, yo pa tande anyen,

yo youn pa pran lòdè chawony

tyaka chen konpoze ak kak ka chat

sa a yo ki pe monte nan 2 twou nen

tout lòt moun sòf yo menm.

Divizyon nan legliz

Depi lè sa a legliz pat gen

okenn lidèchip ankò devan de

grenn je pesonn. Okontrè tout legliz

tounen nan plede fè tout vye dil

vin maton nan dilèchip. Sa w tande

a lwa revandikasyon sele de pè

rekalsitran sa a yo. Yo te estonmake

lè yo wè youn nan gwo responsab

legliz katolik yo pat deside pran bale

pay latanye Pòsali pou yo netwaye

pil malpwòpte ki tèlman santi nan

nen yo yo prèt pou dekonpoze.

Maten Litè ak Jan Kalven yo te

fè tout sa yo kapab pou yo pete apse

kòripsyon an ak kout katchapika

denonsiyasyon san filtè. Tèt legliz

la ta deside chache pran konsyans

pou kite tout matyè kòripsyon yo

vide atè san kite kras. Ontrè, yo

pito choute pè rekalsitran an yo k

ap vin voye move son depaman

nan òkès koken yo ak de majè kout

pye vendik nan dengonn yo. Pi gwo

otorite sitirè sa a yo te pito mete yo

deyò kou chen lamègzo ki pe frite

nan tout pil fatra pe chache mache

chache zo.

Se konsa menm Maten Litè

ak Jan Kalven deside dekouvri gwo

chodyè kote pil kaka chat, kak

chen, kaka kochon yo te kache depi

lakreyasyon. Woy woy woy, ansyen

pè yo al fè boutik mirak pa yo.

Menm si boutik yo chanje non men

se menm kalib magouyè a bib yo. Ni

Maten Litè ni Jan Kalven yo youn

pat konnen si vann sakreman ak fo

mirak ekspire te bon konsa.

Literyen ak Kalvinis menm

biznis

Literyen ak Kalvinis tout

se menm biznis sakreman an yo.

De pwopriyetè tou nèf sa a yo pat

menm jennen pou yo tonbe fè lese

frape dèyè lajan nan met katchapika

anba gagann moun pou yo peye

ladim bay kòlèt fè aksyon ra tankou

lamwason pou yo ka al kale kò yo

nan paradi aloral la 4.2 milya lane lè

yo dènye ti zo yo fin tounen poud.

Sa vin montre aklè Maten Litè ak

Jan Kalven pat gen pwoblèm vre

ak atitid akrèk pou mago pè, monsenyè,

kadinal ak pap nan legliz katolik

yo te genyen.

Sèl bagay se paske resèt la

pat konn al grese pat yo pou yo te

ka vin milyadè sou inyorans moun

pòv menm jan ak Andre Miskaden.

Kòm nou tout konnen l deja ti rat

pa janm fèt san ke. Vakabon a bib

ap toujou rete vakabon a bib. Vye

zak de grenn vakabon a bib sa a

yo pral kontinye fè yo pral montre

aklè chen ki konn manje ze se ze l

pe toujou manje. Menm lè l wè po

ze a chaje ak fwomi l al niche l kan

menm. Paske se chen l ye se ze l

konn manje.

Ni gwo otorite nan legliz katolik

yo, ni de ansyen anyen pè

rekalsitran an yo, yo tout sèvi

ak inyorans moun pou yo di yo

men Jezi Jwif yo nan papòt la depi

200.000.000.000 lane. Men l pa

ko janm jwenn pasaj pou l rantre

VIENT DE PARAÎTRE : LES CAPSULES DESSALINIENNES

Les haïtiens curieux et intéressés à mieux comprendre

Dessalines, cet homme fascinant, conséquent, et exceptionnel

de l’humanité noire, peuvent se procurer, au prix de $45. (+ les

frais postaux si nécessaires) « Les capsules dessaliniennes »

du professeur retraité Raymond Wainwright en téléphonant au

no 1-450-933-5451 ou 718-421-0162

Ce livre concis campe le fondateur, à l’aide de 1804 capsules

émaillées de poèmes adaptés, de citations appropriées et de

significatifs documents authentiques.

Bonne Lecture

e ta sanble Izo ak Manno bloke l

Matisan si l t ap sot nan Sid, 4000

Mawozo bloke l Kwadèboukè si l t

ap sot Sendomeng. Epi, sa k pi mal

la menm lo makak sale yo pase tout

vi yo pe tande menm koze salami

sa a yo chak jou Jezi pe vin chak

denmen.

Sewòm zonbi fè fidèl makak

yo vin pi dous pase makòn akimafe

ki pe vann bouyon tèt kabrit nan

kalfou pi devan legliz Sodo nan lannwit

15 pou louvri 16 jiyè. Youn pa

wè se nan tenten y ap pase yo. Youn

pa deside pou yo fè yon gwo leve

kanpe pou yo di sendika magouyè a

bib yo nan tout makrèl yo bay pou

legliz yo Abraam di sètase otan otan

mangouyan. Konbyen fwa n tande

yon pè, yon pastè, yon mè, yon

monsenyè ki pase tout vil pe bay

manti janm pran menm yon grenn

kout wòch ?

Antouka nan lòt pati atik la,

nou pral montre monsenyè Bovwa

tout sa l te konnen epi l te pran pòz

li pat konnen. Tout chapit koken l

pat ko janm dekouvri nan Apokalips

mètdam nan l pran pòz li pat konnen

yo. Pa ekzanp menm si l ta fè Alzaymè

dènye degre l pa fouti di l pat

konn si Zimbabweyen an te marye

ak pitit fi Monsenyè Zache Sarazen.

Kounye a Monsenyè Bovwa pral di

fidèl yo l pat konn si Zimbabweyen

sa a te voye 5 dwoum asid nan figi

pitit fi monsenyè Sarazen an tou.

Ala moun yo konn kenbe

sekrè se pè nan legliz episkopwal

sa a yo. Moun sa a yo gen tan di

tout moun tout sa k pral pase pase

nan yon wayòm ki pa ko menm

ekziste. Epi pou Zimbabweyen an

voye 5 dwoum asid nan figi pitit fi

Monsenyè Sarazen epi l pa janm di

Bovwa ki pi gwo matchòpwèl li sa ?

Sarazen merite yon pri Kachotri. Jan

moun sa a yo maton nan rablabla.

Dabò metye yo se rablaba yo bann

koze san sèl.

M pap sèmante. Mès se pou

zam youn nan zam touye youn nan

yo sou chè apandan yo te pwomèt

moun retou Jezi Jwif yo. Si Bovwa

pat di Sarazen l abitye bay bofi l

Zimbabweyen an gwo bourad pou

l rantre konntenè zam san fouye,

san gade, san enspekte, san louvre

san deboure, misye pa matchòpwèl

li vre. Li gen pou l trayi l menm jan

Pyè te tryi Jezi a pou yon ti zing afriba...

anvan 3yèm konntenè a dedwane.

Na va di m te di n sa. Bovwa

ak Sarazen do kwè nou kwè yo !

LA DIFFERENCE

AUTO SCHOOL

LEARN TO DRIVE

La Différence Auto School

836 Rogers Avenue

(between Church Avenue

& Erasmus Street)

Brooklyn, NY 11226

Manager: Ernst Sevère

Tel: 718-693-2817

Cell: 917-407-8201

6 Haiti Liberté/Haitian Times

Vol 16 # 05 • Du 3 au 9 Août 2022

Hooray! Your file is uploaded and ready to be published.

Saved successfully!

Ooh no, something went wrong!