Haiti Liberte 27 Decembre 2023
You also want an ePaper? Increase the reach of your titles
YUMPU automatically turns print PDFs into web optimized ePapers that Google loves.
Kwonik Kreyòl

17 desanm-6 janvye : Peryòd Makaya

Piard J. Fatal

Se nan bwa m rete o mwen Twa Ile.

M ape mande kisa pwal bay Gad

la manje.

Makaya manje Koki Lanmèèèè

Mwen di se nan bwa m rete ooo Twa

Ile

Chante Vodou

Yon ti rale sou nwèl

Patizan Krimsyanis yo ki fete fèt

nwèl yo fè konprann se dat Zezi

te fèt. Men nan Kilti Vodou menm

epòk sa a se pito peryòd Makaya.

Si nwèl se 24-25 desanm peryòd

Makaya tanmen depi 17 desanm

pou fini 6 janvye ki se jou Lèwa.

Gen anpil Ayisyen sèvèl poul ki kite

menm blan kriminèl ki te konn antere

zansèt nou yo tou vivan yo jwe

nan tèt yo jis yo rive fè yo kwè yo

se kretyen.

Se kretyen bò katedral sa a yomenm

yo fè kwè nwèl se dat yon lamayòt

ekspire yo bay pou Zezi te fèt

nan yon nich poul nan yon peryòd

kote tout bagay nèt kouvri ak nèj.

Siman Zezi sa a te gen po karèt kou

tòti pou fredi pat tou kokobe l epi fè l

fè bwonch pou l ta kadav apre 3 jou.

Alòs tout moun ki gen yon ti zing

bonsans konnen Nwèl sa w tande

a se yon lamayòt pou kraponnen

timoun rechiya.

Si Tonton Nwèl se lamayòt pou

kraponnen timoun, Zezi se lamayòt

tou. Men se pou pase granmoun

nan rizib. Konsa tout moun tèt dwat

konnen se yon fèt loksidan kapitalis

envante pou l ka pwofite fè lavichè

monte bwa pou dechèpiye sa k pi

fèb yo. Kòm pi bèl ekzanp pou n ka

wè pi klè. Lachin se peyi ki fè piplis

abdenwèl pou vann nan epòk nwèl

patikilyèman anvan 24/25 desanm.

Lannwit 24 pou louvri 25 desanm sa

a, se dat sa a zòt pretann Zezi te fèt.

Se dat tou zòt di ti Mari ki

toujou vyèj malgre l te gwòs apre

Sentespri te fin met men sou li devan

2 grenn je ti Zòzèf te met ba. Kòm

rezilta zak kadejak sa a ti Mayòt met

ba yon ti bonnonm li rele ti Zezi. Sa

k pi komik la se sou de twa ti pay

sèch nan mitan yon patiray kote

chen t ap fè lago kache ak ti mouton

k fèk fèt ti Mayòt pouse ti Zizi

sa a san l pat gen okenn chanday

pou chofe l nan peryòd fredi sa kote

tout kote se lanèj ki t ap vide kò l

atè 24/24.

Epoutan ti blofè ki envante istwa

ti Zezi a rakonte koze sa a menm

mounfou sezi jis yo pete kriye de ran

dlo nan je detan y ap ri ak de ran

dan yo griyen. Yon moun ki ka gen

je 1 chèch nan pwen pou l fè w kwè

se nan menm dat 24 pou louvri 25

desanm sa a ti Zezi te fèt li toutouni

kou vètè nan yon ti touf pay, l pap

jennen fè w pran kaka poul blan

pou ze peyi tou. Epoutan, se menm

kriminèl a bib sa a yo ki vann mas

popilè yo lamayòt yo rele Zezi.

Zezi sa a ki fin fè kont gagòt li

ak Mari Madlèn fè kwè l remonte al

prepare yon ti plas dwat papa l anva

l vin chache sa k te dakò viv nan ma

labou yo mennen yo al trip nan 1ye

plas nan wayòm nan. Men se lè yo

fin kite maladi, vyolans, grangou,

toutouni, soufrans fin dekonstonbre

yo apre bandi pè ak pastè vann zam

fin kouri dèyè yo Matisan Kafoufèy

Maryani Pènye, Savyen elariye.

Kiyès Makaya te ye ?

Jou ale, jou retounen, Gason

vanyan k te rele Makaya a se youn

nan 1ye moun ki te koumanse demaske

pil radòt sa a yo blan kretyen

te vin foure nan ti gòjèt sansèt nou

yo. Makaya se te yon Chèf Mawon

ki se te pitit Makandal ki li menm

te yon chèf revolisyonè epi yo gwo

Ougan. Makandal sa a pat konn nan

tete lang ak blan kretyen vakabon

matomann omajiskil. Makaya t ap

dirije yon divizyon rebèl kont lesklavaj

blan kretyen te vin enpoze n nan

non dye Izrayèl yo.

Se Makaya ki te koumanse

mete sou pye premye pepinyè lame

endijèn nan. Se lame endijèn sa a

menm n ki ta pral pran jarèt pou

mennen gwo batay pou chante

lanèman sistèm lesklavaj blan kolon

kreteyen te enpoze zansèt nou yo.

Papa Desalin te vin chante lantèman

sistèm èsklavajis la sou zile a pou

l te ka mennen n sou gwo boulva

Lendepandans Ayiti a 1ye janvye

1804. An n fè sonje dènye rasanbleman

Makaye te fè a te dewoule nan

lannuit 23 desanm 1756.

Menm jan ak bon jan pitit papa

l Makandal, Makaya te wè pi lwen

pase Antwàn nan plenn Gonmye.

Ougan an te gen tan anonse kouman

blan kretyen pral arête l, maspinen l

apre pou yo boule l tou vivan nan lojik

kriminèl kolon eksplwatè yo gen

misyon pou touye l. Men tou Ougan

an te gen tan fè konnen l ap tounen

yon gwo vonvon pou l ka libere anban

flanm dife blan kolon yo. Anvan

jou a rive Makaya te mande pou tout

esklav yo kontinye pale pawòl verite

a menm si l pa ta la ankò.

Makaya te ankouraje frè l ak

sè l yo ak tout lòt kanmrad yo pou

yo kontinye goumen pou yo ka vin

moun kou wè tout kolon yo ki konprann

se yo sèl ki moun pase tout

moun. Menm jan li te anonse sa a, lè

blan kolon yo te fin arete l epi mete

l nan dwoum pou boule tou vivan,

yon gwo gwo vonvon tou nwa kou

chanbon soti nan dife a l vole. Lè

tout lòt esklav yo te wè sa pase jan

l te anonse l la yo tout tonbe kriye.

« Jwaye Makaya, Jwaye

Makaya, Jwaye Makaya ». Se nan

Peryòd Makaya kòmanse17

desanm pou fini 6 janvye, jou Lèwa

memwa gwo kokenn revolisyonè sa

a nan Kilti Vodou pran 17 pou rive

6 janvye se epòk Makaya. Si Ayisyen

alyene yo fete nwèl ki se yon fèt

jidayis ak kretyen, Vodouyizan an

yo pa bò kote pa yo pito swete nou

tout alawonn badè Jwaye Makaya.

Menm jan ak Makaya Gason

Vanyan sa a ki te koumanse ak batay

pou dechouke kolon èsklavajis

yo jounen jodi a tout Ayisyen ki respekte

tèt dwe kontinye gwo batay

sila a pou Ayiti gaya.

Anba Pye Bwa Manbo Inan

Nan ti bat bouch sou koze

Makaya, depi anviwon plis ke 2

lane, men sa Djeri Benjamen Vodou

Lakay di sou sa. Se vre non sa a fè

anpil deba nan tout kominote Vodou

yo. Anpil moun yo gen yon tandans

ranplase Nwèl pa Makaya. E

yo gen rezon yo nan le men yo Pou

anpil moun se yon swaf idantite ki

pwovoke reyaksyon sa, Lakay jèn

yo, pou anpil lòt se twò prese oubyen

mal konprann. Men an reyalite

kisa Makaya an ye ?

Makaya,se yon mo nan nan

Lang Kikongo yo pale nan peyi Kongo,

ki se pliryèl mo Kaya, ki vle di

fèy. Men fèy sa a yo diferan de fèy

yo ka manje yo rele Lukaya. Men an

Ayiti tandans lan change pa rapò ak

sa anpil nan nou,te ka kwè sitou anpil

jèn ki swaf konn TradisyonVodou

an e anbrase li. Makaya se pito yon

epòk ki kòmanse presizeman nan

mitan mwa desanm pou fini nan

finisman 1ye senmenn nan mwa

Janvye an.

Se nan epòk sa menm moun ki

travay ak espri baròk malouk renouvele

tèt yo. Se epòk tou moun ki te

angajman oubyen pran kondisyon

epi fè pwomès ak pwen ou gad sa yo

vin renouvle tèt yo a travè Kondisyon

yo. Men se nan regleman

Makaya se kondisyon bat kòk, tout

ti vis pèt, sa Grandèt yo rele Lalwa

Masyal la. Anndan Tradisyon zansèt

yo, Makaya deziye yon Rit kote ougan

ki sibi inisyasyon sa yo pote Tit

Anperè ou Ougan Anperè.

Anperè, se yon tit lontan ki

te difisil pou wè y ap rele moun.

Men bizaman ki vin trè popilè, sitou

nan zòn lwès lan. Chante Vodou an

di « Se nan bwa m rete o mwen

Twa Ile. M ape mande kisa

pwal bay Gad la manje Makaya

manje Koki Lanmè mwen di

se nan bwa rete ooo Twa Ile.

« Makaya » oubyen « fèy nan

bwa »

BNE : 3 jou Makaya

Pran 20 pou rive 23 desanm

2023, Biwo Nasyonal Etnoloji BNE

te òganize 3 jounen Makaya nan

jaden Biwo a menm sou Channmas.

Nan lokazyon sa a te gen

ekspozisyon zèv atizanal, beny,

mizik, chante Makaya, ak anpil lòt

pratik kiltirèl. Plizyè atis ak atizay

tankou Atòs vèvè ak youn nan

zèv li « Dekapite », atizan Sony ki

reprezante « Atelye potri ravin sèch

nan Latibonit », estaf « Schnai creation

» ak « Diamond collection »,

fè prezans yo tou.Saritha youn nan

sekretè biwo Laboratwa syans pèp la

pa t kache konesans li sou Makaya.

Guarino Funeral Home

FRANTZ DANIEL JEAN

FUNERAL SERVICES INC.

Serving the Haitian Community

for Over 30 Years

9222 Flatlands Avenue

Brooklyn, NY 11236

718-257-2890

• Funerals in All Boroughs

• Transportation of Remains

• Cremation

Nou pale kreyòl.

5020 Foster Avenue

Brooklyn, NY 11203

718.613.0228

6 Haiti Liberté/Haitian Times

Vol 17 # 26 • Du 27 Décembre 2023 au 2 Janvier 2024