MASSACRE À SEGUIN! - Haiti Liberte
MASSACRE À SEGUIN! - Haiti Liberte
MASSACRE À SEGUIN! - Haiti Liberte
Create successful ePaper yourself
Turn your PDF publications into a flip-book with our unique Google optimized e-Paper software.
Kwonik Kreyòl

Komemorasyon anivèsè nesans

Simon Bolivar !

Komemorasyon Anivèsè nesans

Simon Bolivar – Solidarite Haiti

Venezuela

Madi 24 jiyè ki sot pase a, se

te dat nesans yon potorik gason, yon

nonm ki te wè lwen non sèlman pou

peyi kote l te fèt men pou tout pèp ki

t ap lite nan rejyon Amerik la pou sòti

anba bòt kolon espayòl. N ap pale sou

Simon Bolivar ki te fèt 25 jiyè 1783.

Rèv li ak angajman l pou libere

tout rejyon te mennen l an Ayiti nan

lane 1815. Li te vin chèche èd. Prezidan

Petion te byen akeyi l, li te tande

l e li te konprann rèv li. Bolivar frape,

prezidan Petion reponn e se konsa li

bay Bolivar tout kalite èd Leta ayisyen

te kapab bay yon dirijan mouvman

revolisyonè.

Sa pral pèmèt Bolivar fè yon ti

pa annavan nan lit pou libere rejyon

an, anba grif kolon espanyòl yo. Pi

gwo pa ki vin fèt aprè, Simon Bolivar

retire Lamerik di Sid anba grif kolon

panyòl e li respekte angajman li anfas

Alexandre Pétion, lè li proklame liberasyon

tout esklav yo nan tout zòn

Gran Kolonbi a.

Nou remake apre prèske 200

zan pèp venezelyen an kenbe sa

nan memwa li, jès solidarite sa a pèp

ayisyen an te fè a. Nan traka n ap

Deklarasyon Kolektif mobilizasyon

pou dedomaje viktim kolera yo nan

okazyon 28 jiyè 2012

28 Jiyè 1915 - 28 Jiyè 2012 fè

97 lane depi blan meriken yo te debake

ak gwo zam fann fwa nan peyi

Ayiti, kote yo te pase 19 lane, sòti

1915 pou rive 1934. Okipasyon sa a

te mache ak yon pwojè ekonomik ki

se piye richès peyi a epi toujou kenbe

l anba dominasyon pou yo kontinye

ak eksplwatasyon fewòs yo a sou klas

travayè a. Pou yo kenbe pwojè dominasyon

ak eksplwatasyon yo sou

pèp ayisyen an, yo toujou aranje yo

pou yo enpoze mas pèp la yon diktati

sovaj oubyen yon okipasyon kriminèl.

Se nan sans sa a yo te kenbe

diktati sanginè Duvalier yo diran 29

lane sou pouvwa (1957-1986) ap

BOUKAN

101.9 FM • SCA

Radyo Pa Nou

Emisyon KAKOLA

Konbit Ayisyen pou Kore Lit la ann Ayiti

• Nouvèl •

• Analiz •

• Kòmantè •

• Deba •

Pou yon Ayiti Libere

(917) 251-6057

www.RadyoPaNou.com

Mèkredi 9-10 pm

Simon Bolivar

travèse jodia , kote n ap chèchè nan

diyite ak souverènte retire peyi nou

nan malsite, pèp venezyelyen ansanm

ak otorite peyi Venezyela deside lonje

men ban nou nan yon solidarite reyèl,

men nan men ak respè, san chantaj.

Popilasyon nan Nò kapab mezire kalite

bourad Venezyela ban nou nan efò

pou nou devlope zòn la. Nou gen pou

prèv reyalizasyon solid ak dirab tankou

santral elektrik la ak reparasyon e

agrandisman ayewopò Okap la.

N ap pwofite dat nesans kokèn

chenn gason sa a pou nou eksprime

bon jan rekonesans nou ak pèp venezwelyen

kou direksyon politik revolisyon

bolivaryen an pou michan èd,

touye militan politik ak pitit mas pèp

la. Aprè pèp ayisyen an te leve kanpe

nan lane 1985-1986 pou dechouke

diktati fewòs Duvalier yo, gwo peyi

enperyalis yo tankou : Etazini, Lafrans

ak Kanada te sèvi ak Lame kriminèl la

pou l te kontinye ak pwojè a epi nan

lane 1994 yo kraze l, aprè yo te fin

anvayi peyi a pou yon dezyèm fwa.

Nan lane 2004, aprè yon koudeta/kidnaping

kont prezidan Jean

Bertrand Aristide, gwo peyi enperyalis

sa yo te itilize òganizasyon mondyal

yo rele ONU an, plizyè lòt peyi nan

Amerik Disid la ak yon fòs okipasyon

yo rele MINUSTAH ki debake nan peyi

a pou yon twazyèm fwa. Depi lè sa a

se richès peyi a y ap fin piye, se masak

sou masak y ap fè sou mas pèp

la, nan katye pòv yo, se pèp ayisyen

an y ap touye ak Kolera, se vyòl sou

jenn fi ak jenn gason, se vole kabrit

tipeyizan yo.

Aprè 97 lane okipasyon ak diktati

sou mas pèp la, konsekans yo lou

anpil sou peyi a nan :

1- eseye kraze batay mas yo

ap mennen pou chache wout liberasyon,

pwogrè ak devlopman peyi a,

touye oubyen arete militan politik k

ap goumen kont okipasyon.

2- kraze ekonomi peyi a ak

politik ekonomik liberal, mache lib

la, kote yo depafini ak pwodiksyon

nasyonal la, dekouraje agrikilti peyi

a nan anvayi peyi a ak tout kalte

pwodui pèpè.

3- likide tout antrepriz nasyonal

yo bay etranje epi lage plis pase 10

mil travayè nan chomaj fòse.

4- anvayi peyi a ak ONG, zòn

Franch, k ap ranfòse pwojè dominasyon

ak esplwatasyon enperyalis

la.

5- anvayi peyi a ak tout kalte

vye lide pou zonbifye mas yo.

6- mizè, grangou, Kolera yo

san machanday politik ni dil, èd dirab

nan tout domèn yo bay Ayiti depi

2006 jouk jodi a.

Nou pran okazyon an pou nou

esprime solidarite nou ak pèp venezwelyen

nan lit lap mennen chak jou

pou ranfòse peyi li epi satisfè tout bezwen

debaz popilasyon an pou l ka viv

nan diyite pou anfen wete peyi Venezuela

anba depandans politik, ekonomik

ak kiltirèl peyi enperyalis yo .

N ap sezi òpotinite sa a pou nou

kanpe nan vil Kap-Ayisyen « Komite

solidarite ant pèp ayisyen ak

venezwelyen »

Simon Bolivar – Jean Jacques

Dessalines, Henri Christophe, Alexandre

Pétion - Anténor Firmin – José

Marti – Abizu Campos yon sèl rèv –

yon sèl e menm lit

Viv solidarite Haïti-Venezuela !

Viv solidarite ant pèp ayisyen ak pèp

venezyelyen !

Pou komite a :

Rony Mondestin, Stanley

Jean-Marie, Eddy Lubin, Elusca

Charles, Marlène Nicolas, Edouard

Baker Jr. Agr : Hans St Jean, Nadine

Mondestin, Saul Gauthier, Dr.

Jean Paul Ricot, Stephen Fanfan,

Wilma Innocent Ing., Allan Louis

Sergilus Docteur

pote k ap touye mas pèp la nan katye

pòv yo, pandan rich yo kontinye ap

vin pi rich sou do mas pèp la.

Ki bilan ? Si sòti 1915 pou rive

1934, blan meriken yo te pase 19

lane ap piye richès peyi a, touye tout

moun k ap fè rezistans tankou : Charlmagne

Péralte, Benoit Batraville ak

plizyè milye Ayisyen. Sòti 2004 pou

rive 2012, sa fè 8 lane depi fòs okipasyon

Nasyonzini an ap mache touye

Ayisyen nan tout peyi a. Anplis plizyè

milye konpatriyòt yo touye anba kout

zam, yo deja touye plis pase 7 mil Ayisyen

ak Kolera epi lage maladi sa a

nan san plis pase 500 mil Ayisyen e

maladi Kolera sa a kontinye ap simen

dèy nan fanmi ayisyen yo.

MINUSTAH se bra ame pwojè

ekonomik, dominasyon ak eksplwatasyon

gwo peyi enperyalis yo. Li la

pou l kraze tout mobilizasyon klas

travayè a ak rès mas pèp la ap fè pou

fè revandikasyon yo pase epi òganize

yo pou chavire vye sistèm peze souse:

gwo vale piti a.

Nan kad pwojè lanmò gwo

peyi enperyalis yo kontinye ap manniganse

sou do pèp ayisyen an, nou

wè genyen kèk peyi nan Amerik Latin

nan tankou : Brezil, Ajantin, Chili, Bolivi,

Ekwatè elatriye ki di yo pwogresis,

k ap sipòte pwojè dominasyon ak

eksplwatasyon gwo peyi enperyalis

yo sou do mas pèp ayisyen an. Pèp

ayisyen an pran nòt, kale je w, menm

lè je w fèmen, men se pa dòmi l ap

domi.

Pou kontinye batay kont pwojè

ekonomik sa a ak bra ame li a, ki se

fòs okipasyon ONU, MINUSTAH-Kolera,

KOLEKTIF MOBILIZASYON POU

DEDOMAJE VIKTIM KOLERA YO ap

kontinye mobilize kont okipasyon

L’ONU an, nan menm lespri papa Dessalines,

Charlmagne Péralte ak Benoit

Batraville.

28 jiyè 2012 sa a fè

egzakteman 97 lane

depi militè meriken

te okipe Ayiti

Militè Meriken yo an Ayiti aprè debakman 1915 lan

Depi kòmansman 20tyèm syèk

lan, san konte envazyon ansekrè,

te gen plis pase 120 agresyon militè

meriken, anmwayèn, li fè plis pase

yon agresyon militè chak ane. An

Amerik Santral ak nan Karayib sèlman,

fòs lame meriken yo entèvni : 6 fwa

Kiba, 4 fwa an Repiblik Dominkèn, 2

fwa El Salvador, yon fwa an Grenad,

3 fwa Gwatemala, 4 fwa ann Ayiti, 7

fwa Ondiras, 3 fwa nan peyi Meksik,

6 fwa Nikaragwa, 8 fwa Panama, e 2

fwa Pòtoriko. Gen plis pase 865 baz

miltè nan 63 peyi etranje. An 2011,

depans militè Etazini te fè te reprezante

20% nan bidjè federal la, swa $718 bilyon

(milya) dola. Sa reprezante 41%

nan bidjè militè tout peyi sou latè, lè

w mete tout ansanm. Fòs lamarin militè

Etazini pi gwo pase 13 pi gwo fòs

marin lòt peyi met ansanm, e 11 nan

peyi sa yo se alye militè Etazini. Etazini

dispoze 5,113 bonm nikleyè. Sa kont

pou ekstèmine tout moun k ap viv sou

planèt lan plizyè fwa. Ane sa a, fòs militè

meriken yo angaje dirèkteman nan

omwen 6 peyi : Irak, Afganistan, Pakistan,

Yemen, Somali ak Kongo.

Estatistik sa yo kont pou bay

moun tèt fè mal. Men se twòkèt lan.

Fòs lanmò sa yo reprezante sa moun

konn rele « kanson fè ki kache dèyè

men envizib Mache Lib lan ». Fòs militè

meriken yo se bra an fè pou garanti

miz annaplikasyon politik ekonomik

RADIO

PA NOU

1685 Nostrand Avenue

Brooklyn, NY 11226

67 Khz

www.radyopanou.com

Depuis 2002

Fondateur: Jude Joseph

Bureau:

(718) 940- 3861

Studio:

(718) 469- 8511

enpeyalis yo. Politik ekonomik sa yo,

se ansanm politik pou « ankouraje envestisman

» kote yo sèvi ak dèt peyi

domine yo ki fin fè pil sou pil ansanm

ak yon seri « kriz ekonomik » yo manniganse

pou fòse politik renmèd chwal

FMI sa yo sou do travayè yo atravè

lemonn, tankou sa k ap pase jounen

jodi a nan peyi Lagrès. Politik neyoliberal

sa yo enkli privatizasyon sèvis

Leta yo, plan osterite mare senti, rediksyon

salè ak ogmantasyon lavichè,

rediksyon pansyon, rediksyon nan

ledikasyon, rediksyon nan lasante,

rediksyon nan sèvis sosyal yo, kraze

sendika, mete zòn franch, trete « mache

lib » yo negosye pou louvri vant

peyi domine yo… tout sa swadizan pou

balanse bidjè Leta yo. Jounen jodi a,

enperyalis yo sèvi ak dèt yo kofre sou

Leta domine yo pou yo rive akonpli sa

yo te konn bezwen fè ak envazyon nan

syèk anvan yo. Epi tout politik sa yo

ap benefisye klima laperèz yo fin tabli

ak yon swadizan « Gè mondyal kont

teworis » kote moun ki pa dakò ak

pwogram sa a vin tounen « teworis »

yo ka eliminen (menm jan manifestan

Gwasimal yo te jwenn etikèt « teworis

»). Tout sa, pandan rich yo ap jwenn

egzanpsyon fiskal, konpayi finansye

mondyal yo jwenn plan sovtaj (sètadi

yo jwenn lajan gratis nan men Leta,

ki vle di lajan peyi a, lajan pèp la !),

Suite à la page (18)

6

Haiti Liberté/Haitian Times

Vol. 6, No. 3 • Du 1er au 7 Août 2012