14.09.2014 Views

tèks la - Potomitan

tèks la - Potomitan

tèks la - Potomitan

SHOW MORE
SHOW LESS

You also want an ePaper? Increase the reach of your titles

YUMPU automatically turns print PDFs into web optimized ePapers that Google loves.

74

Gwosès ak akouchman

234

fòs kouch

BWOTE

LOPITAL

166

manje ki chaje ak

pwoteyin

Lè w ap bay san nan vajen ou

1. lè gwosès la fèk kòmanse. Si w ap bay ti san nan 3 premye mwa

yo, ou ka pa gen ankenn pwoblèm. Men, si w gen doulè an menm

tan, sa ka vle di gwosès la ap devlope an deyò matris la e sa gen

gwo danje ladan l (gade nan paj 73). Si san an vin pi plis epi fò

pase lè w gen règ ou, ou ka ap fè yon fos kouch.

2. apre twazyèm mwa gwosès la. Si w ap bay san apre 3 premye

mwa yo, sa ka vle di gen pwoblèm nan plasennta a. Ni wou, ni

tibebe a, nou tou le 2 an danje.

Kisa pou w fè:

• Kouri ale nan lopital ki pi pre a.

• Pandan w kouche sou branka a, ou dwe leve pye w anlè.

• Pa foure anyen nan vajen ou.

Lafyèv

Si w gen gwo lafyèv ak frison, ak doulè nan kò w epi gwo mal tèt, ou

ka byen trape yon malarya. Tretman malarya depann de zòn kote w

ap viv la. Pou w jwenn plis enfòmasyon, gade nan liv ki rele “Kote ki

pa gen doktè” a.

Lè men w ak figi w anfle oubyen lè w gen gwo mal

tèt epi w wè twoub (toksemi)

Si janm ou ak je pye w fè yon ti anfle, se yon bagay ki nòmal

pandan yon gwosès. Men si se men w ak figi w ki anfle, sa kapab siy

toksemi, sitou si w gen tèt fè mal, ou wè twoub epi w gen doulè nan

vant ou. Toksemi ka fè w gen kriz epi ni ou menm ni tibebe a ka

mouri.

Kisa pou w fè:

• Fè yon moun pran tansyon w pou wou.

Kouri al wè yon travayè lasante oubyen ale nan yon lopital, si sa nesesè.

• Pran repo chak fwa w kapab, kouche sou bò gòch ou.

• Eseye manje anpil manje ki chaje ak pwoteyin chak jou.

• Prepare w pou w akouche nan yon sant sante oubyen lopital.

Siy danje toksemi

• men ak figi anfle • wè twoub

• gwo mal tèt • tèt vire

• gwo doulè

sanzatann nan bout

anwo lestomak ou

• tansyon w monte 160/

100 oubyen pi wo

ankò (gade paj 528)

BWOTE

LOPITAL

ATANSYON! Si yon fanm gen nenpòt nan siy danje

toksemi yo, li dwe wè doktè touswit. Si l deja kòmanse gen

kriz, gade kisa k dwe fèt nan paj 87.

Hooray! Your file is uploaded and ready to be published.

Saved successfully!

Ooh no, something went wrong!