14.09.2014 Views

tèks la - Potomitan

tèks la - Potomitan

tèks la - Potomitan

SHOW MORE
SHOW LESS

Create successful ePaper yourself

Turn your PDF publications into a flip-book with our unique Google optimized e-Paper software.

Kijan wou vyolans lan woule

319

Gen kèk fanm ki sibi zak maspinay pi vit pase lòt fanm

Nan anpil rapò fanm ak gason, se lè

fanm nan ansent, nèg la kòmanse fè zak

vyolans sou li. Misye ka santi l ap pèdi

kontwòl li, paske li pa ka sipòte

chanjman k ap fèt nan kò fanm nan. Li

gen dwa fache tou paske fanm nan pa

fin okipe misye byen, paske

manmzèl plis enterese nan

timoun ki nan vant li

an. Li gen dwa fache

tou paske fanm nan

ka pa vle kouche

avè l. Yon lòt bò,

pwoblèm lajan konn

bay anpil fanmi

gwo tèt chaje, lè y

ap tann yon ti bebe.

Medam ki gen enfimite yo tou pi vit viktim

zak maspinay pase lòt fanm.

• Anpil nèg gen dwa pa kontan paske yo

pa t rive jwenn yon fanm ki “ pa gen

ankenn defo nan kò l”.

• Mesye yo ka panse

li pi fasil pou yo

pran pye sou yon

fanm ki gen

enfimite, paske

manmzèl gen

mwens

posiblite

pou l

defann tèt

li.

Anpil fwa, premye zak vyolans nan gen dwa sanble ak yon aksidan,

yon bagay ki rive konsa, men ki pa gen pou l refèt ankò. Alaverite,

nan anpil ka, premye zak sa a se tankou yon wou ki kòmanse woule.

Vyolans

Kijan wou

vyolans lan

woule

Peryòd Akalmi

Tansyon an ap monte

kou, kalòt, kout pye, peze kou, sèvi ak

kèk objè oubyen zam, maspinay

seksyèl, menas ak jouman

Kolè, diskisyon, repwòch, jouman

Nèg la gen dwa pran pòz li pa t fè anyen, li

gen dwa mande padon, li gen dwa deklare l

regrèt epi li gen dwa pwomèt pou l pa janm

fè sa ankò.

Nan anpil rapò fanm ak gason, firanmezi wou vyolans lan ap woule,

se plis peryòd akalmi an ap vin pi kout. Firanmezi volonte fanm

nan ap febli, se plis nèg la ap pran pye sou li nètalkole, jouk misye

vin pa gen ankenn nesesite pou l fè pwomès mete pwen final nan

zak kraze-brize yo.

Ø Gen kèk fanm ki

konn chache fè zak

vyolans lan rive pi

vit, pou l ka fini pi vit.

Konsa, peryòd akalmi

an ap vin pi vit.

Hooray! Your file is uploaded and ready to be published.

Saved successfully!

Ooh no, something went wrong!