14.09.2014 Views

tèks la - Potomitan

tèks la - Potomitan

tèks la - Potomitan

SHOW MORE
SHOW LESS

You also want an ePaper? Increase the reach of your titles

YUMPU automatically turns print PDFs into web optimized ePapers that Google loves.

Blese ak maleng

307

Tretman blese ak maleng ki enfekte:

Blese ak maleng enfekte, lè:

• yo vin wouj, yo anfle, yo cho epi yo fè mal.

• yo gen pi ladan yo.

• yo kòmanse santi move.

Pou blese ak maleng ki enfekte yo, se pou n kòmanse fè

menm tretman ki nan paj 306 la. Epitou:

1. Kite yon konprès cho fè 20 minit sou maleng nan. Fè menm

operasyon sa a 4 fwa pa jou. Nou gen dwa mete blese a

tranpe tou nan yon bokit dlo cho ki gen savon oubyen

pèmanganat ladan. Se pou n mete yon ti kiyè pèmanganat

nan 4 oubyen 5 lit dlo (4 oubyen 5 boutèy ka). Lè blese a

pa nan dlo a, si n kouche, se pou n mete l pi wo pase kè n.

2. Si n wè kèk kote ki tou gri oswa kèk kote ki pouri nan blese a,

se pou n vide dlo oksijene sou li. Eseye wete kote ki pouri yo

ak yon moso twal gaz tounèf oswa ak ti pens nou konn itilize

pou n rache twal yo, men fòk nou dezenfekte ti pens lan avan.

3. Si n kapab, se pou n mete ble-de-metilèn sou blese a, anvan n

panse l.

4. Si n gen plizyè maleng ki enfekte an menm tan, se pou n

fè tretman an ak antibyotik, sitou si n gen lafyèv. Pran

eritwomisin, dikloksasilin oubyen penisilin pandan 10 jou

(gade nan ‘’paj vèt’’ yo).

Tretman pou absè ak klou.

Ø

Konprès

cho

Pran prekosyon:

si n mete twòp

pèmanganat oubyen

tou si n sèvi ak yon dlo

ki twò cho, nou gen

dwa boule.

Moun pi vit gen abse ak klou nan lenn (abse-glann); anba bra, nan dèyè, nan do

ak nan kwis.

Dèke n wè yon klou oubyen yon abse ap parèt, se pou n mete yon

konprès cho sou li. Mete konprès la 4 fwa pa jou epi kite l fè 20 minit,

chak fwa. Nan anpil ka, konprès la ap fè klou a (oubyen abse a) pete

pou tout pi yo soti. Kontinye mete l jiskaske klou a (oubyen abse a)

sispann bay pi, sètadi jiskaske maleng nan kòmanse geri. Lè sa a, se

poun panse l san n pa sere l twò di, ak yon twal gaz ki tou nèf. Si abse a

vin twò gwo, se pou n kouri al wè yon travayè oubyen travayèz sante ki

konn kijan pou l sèvi ak zouti ki byen dezenfekte pou l netwaye abse a.

Kilè pou n mande konkou:

Fòk nou al wè yon travayè oubyen travayèz sante ki gen konpetans pou l trete enfeksyon

opòtinis SIDA lakòz, si nou gen yon blese epi:

• li ban n lafyèv.

• gen yon zòn wouj arebò blese a k ap laji san rete.

Chache konkou doktè, si n gen yon blese epi:

• nou gen gangliyon (yon bann ti glann ki anfle) anba kou, nan lenn oubyen anba bra.

• blese a santi move, oubyen l ap bay yon pi ki gen yon koulè mawon oswa gri,

oubyen tou li vin tou nwa epi gen yon bann ti boul k ap leve sou li. Li kapab byen

ap tounen gangrèn.

• maleng nan refize geri, malgre nou pran antibyotik.

Hooray! Your file is uploaded and ready to be published.

Saved successfully!

Ooh no, something went wrong!