14.09.2014 Views

tèks la - Potomitan

tèks la - Potomitan

tèks la - Potomitan

SHOW MORE
SHOW LESS

You also want an ePaper? Increase the reach of your titles

YUMPU automatically turns print PDFs into web optimized ePapers that Google loves.

Divès kalte medikaman

483

MEDIKAMAN POU GWO EMORAJI APRE

AKOUCHMAN OUBYEN AVÒTMAN

Medikaman ki gen ègometrin oubyen oksitosen ka ede matris la

ansanm ak veso sangen yo kontrakte. Medikaman sa yo enpòtan

anpil nan tretman gwo pwoblèm emoraji apre akouchman.

Yo itilize ègometrin pou anpeche oubyen pou kontwole gwo

emoraji medam yo konn genyen, lè plasennta a fin soti.

Lè n ap ba yon fanm ègometrin, nou pa dwe ba l piki a nan

venn. Se nan youn nan gwo misk yo pou n ba l piki a. Fòk

nou pa janm fè yon fanm pran medikaman sa a ni anvan pitit la fèt,

ni anvan plasennta a soti. Yon lòt bò, fanm ki soufri ak ipètansyon

(tansyon wo) pa dwe janm pran ègometrin.

Yo sèvi ak oksitosen pou kwape gwo emoraji medam yo konn genyen,

lè pitit la fin soti. Se raman yon fanm ka bezwen pran oksitosen

anvan ti bebe a soti. Nan ka sa yo, se sèl yon doktè oubyen yon

matwòn konpetan ki dwe bay fanm nan piki oksitosen an nan venn.

Si n sèvi ak medikaman sa a pou n fè tranche a vanse oubyen pou n

bay fanm nan fòs nan mitan tranche a, nou gen dwa mete ni lavi l, ni

lavi ti bebe a an danje.

MEDIKAMAN POU ALÈJI

Moun ka fè alèji ak medikaman, ak manje oubyen ak bagay yo santi

oubyen bagay ki touche ak po yo. Alèji ka bay ti pwoblèm — tankou:

demanjezon, ti boul oubyen bouton sou po, pwoblèm respirasyon ki

fè moun estènen san rete, oubyen pwoblèm grav. Gen kèk pwoblèm

ki ka anvlimen jouk moun nan rive endispoze. Lè alèji bay gwo

pwoblèm ak endispozisyon, fòk moun ki fè alèji a jwenn laswenyay

touswit, paske pwoblèm sa yo gen dwa mete lavi l an danje.

Nan liv sa a, nou wè kijan kèk medikaman ka bay moun pwoblèm

alèji. Kèlkeswa medikaman nou fè alèji avè l la nou fè alèji a, fòk nou

sispann pran l epifòk nou pa janm pran l ankò — menm si se kèk ti

pwoblèm sèlman alèji a ban nou.

Yo trete alèji ak 1, 2 oubyen 3 kalte medikaman. Se selon jan pwoblèm

nan grav:

1. Anti-istaminik, tankou difenidramin, idwoksizin ak pwometazin.

Fanm ansent ak fanm k ap bay tete pa ka pran ankenn nan

medikaman sa yo, men se pwometazin ki gen mwens danje. An

jeneral, se difenidramin ki pi bon mache e se li tou n ap jwenn pi

fasil.

2. Estewoyid, tankou deksametazòn ak idwokòtizòn. Fanm ansent

ak fanm k ap bay tete ap pi byen chwazi, si se deksametazòn yo

pran, lè yo gen pwoblèm alèji.

3. Epinefrin oubyen adrenalin. Medikaman sa yo pa gen danje ni

pou fanm ansent, ni pou fanm k ap bay tete.

541

Kijan pou n trete

pwoblèm alèji ak

pwoblèm

endispozisyon alèji

lakòz

Hooray! Your file is uploaded and ready to be published.

Saved successfully!

Ooh no, something went wrong!