14.09.2014 Views

tèks la - Potomitan

tèks la - Potomitan

tèks la - Potomitan

SHOW MORE
SHOW LESS

Create successful ePaper yourself

Turn your PDF publications into a flip-book with our unique Google optimized e-Paper software.

210

Planin familyal

Ø Si pandan n ap

pran grenn nan, yo

preskri n yon lòt

medikaman, fòk nou

mande travayè lasante

a, si l pa ta bon pou n

sèvi ak youn nan metòd

baryè yo tou. Oubyen

pou n ta sispann fè

bagay, pandan n ap

pran medikaman an.

Antibyotik ansanm ak

kèk lòt medikaman ka

fè grenn nan pa bay

twòp bon rezilta.

Siy k ap montre nou gen pwoblèm ak grenn konbine yo:

SISPANN pran grenn nan epi kouri al wè yon

travayè lasante si nou:

• gen gwo maltèt epi si nou wè twoub (migrèn), lè n fèk

kòmanse pran grenn nan.

• santi feblès oubyen angoudisman nan bra nou oubyen

nan janm nou.

• santi gwo doulè nan pwatrin nou epi si souf nou kout.

• gen gwo doulè nan yon janm.

Si n gen nenpòt nan pwoblèm sa yo, li ka danjere pou nou si n

ansent. Toutotan nou poko al wè travayè lasante ki gen bon jan

fòmasyon ak eksperyans nan metòd planin òmonal yo, fòk nou sèvi

ak yon lòt metòd planin tankou kapòt.

Kijan pou n pran grenn konbine yo:

Bwat grenn yo gen oubyen 21 oubyen 28 grenn.

Si se yon bwat 28 grenn nou genyen, se pou n bwè

yon grenn chak jou nan mwa a. Kou bwat la fini,

se pou n ouvri yon lòt bwat.

Paket Grenn

pou 28 jou

Paket Grenn

pou 21 jou

Si nou genyen yon bwat-21 grenn nou dwe

bwè yon grenn chak jou, pandan 21 jou.

Apre sa, se pou n tann 7 jou anvan n ouvri

yon lòt bwat. Règ nou ap vini pandan tan

sa a. Apre 7 jou yo, fòk nou rekòmanse

bwè grenn yo, menm si n pa wè règ nou.

Kit n ap sèvi ak bwat 21, kit n ap sèvi ak bwat 28, se pou n bwè premye

grenn nan, premye jou règ nou. Konsa, y ap anpeche nou ansent touswit. Si

premye jou a deja pase, nou ka bwè premye grenn nan nan youn nan 7 premye

jou apre règ la. Men lè sa a, n ap toujou sèvi ak yon lòt metòd planin oubyen

fòk nou sispann fè lanmou pandan 12 premye semèn n ap pran grenn yo.

Nou dwe bwè yon grenn chak jou, menm lè nou pa fè lanmou. Bwè grenn

nan menm lè a, chak jou. Pa bliye: si se yon lendi nou ouvri premye bwat

grenn nan, se yon lendi tou n ap ouvri tout lòt bwat yo, si se madi, menm

bagay, si se mèkredi, menm bagay... Enfòmasyon sa a ka ede n kontwole si n

sote jou ak si n pa sote jou.

Hooray! Your file is uploaded and ready to be published.

Saved successfully!

Ooh no, something went wrong!