03.09.2015 Views

Care

1Nbo3qh

1Nbo3qh

SHOW MORE
SHOW LESS
• No tags were found...

You also want an ePaper? Increase the reach of your titles

YUMPU automatically turns print PDFs into web optimized ePapers that Google loves.

Èd ki disponib pou elèv ki

san kay

Carole D. Mitchell, M.S.W., Broward County Public Schools (BCPS)

Homeless Education Assistance Resource Team (HEART) District Liaison

Tout timoun, menm sa ki pa gen kote pou yo rete, gen

dwa legal pou yo jwenn edikasyon gratis nan bon jan

lekòl leta! Lwa “McKinney-Vento Homeless Assistance Act” an

favè timoun ki pa gen kote pou yo rete, yo te pase an 1987 epi

yo re-otorize an 2001 (nan kad lwa “No child left behind” la), se

yon manda federal ki jere travay enpòtan pwogram “Homeless

Education Assistance Resource Team” (HEART) (Ekip Sipò pou

ede timoun ki pa gen kote pou yo rete al lekòl). Elèv yo

konsidere kòm timoun ki pa gen kote pou yo rete (fanmi an

tranzisyon), se sa yo ki pa gen yon kote fiks, regilyè oubyen ki

bon pou yo dòmi leswa.

Met sou sa toujou, òganizasyon an ede elèv 12yèm ane ki pral

diplome lwe chapo ak tòj epi li ede yo jwenn lèt verifikasyon ki

obligatwa pou yo kab ranpli Aplikasyon gratis pou èd federal

pou etidyan (FAFSA) pou y al nan inivèsite.

Tout resous nou sot mansyone la a, yo a dispozisyon tout elèv

ak fanmi yo twouve ki kalifye pou resevwa sèvis sa yo dapre lwa

McKinney-Vento Homeless Assistance Act la, epi yo gratis.

Si w bezwen plis ransèyman, tanpri kontakte biwo HEART la

nan nimewo sa a (754) 321-1566. ■

Nan menm kategori sa a nou jwenn elèv ki al rete lakay lòt moun

poutèt fanmi pa yo pèdi kay pa yo, poutèt difikilte ekonomik

oubyen poutèt sèten rezon parèy. Leswa, prensipal kote timoun ki

pa gen kay pase nuit yo se motèl, lokal kan, yo rete nan abri

dijans oubyen abri tanporè, e nan sèten ka, yo rete nan machin,

nan pak, nan kay ki abandone, nan estasyon otobis, oubyen nan

lòt plas piblik ki pa fèt pou moun rete ladan yo.

Objektif fondamantal lwa McKinney-Vento Act la avèk

òganizasyon HEART la se bat pou wete tout obstak ki ka

anpeche elèv ki pa gen kote pou yo rete enskri lekòl, ale lekòl

epi travay byen lekòl.

Elèv ak fanmi ki kalifye pou yo resevwa sèvis nan men HEART

jwenn sèvis pandan tout yon ane lekòl menm si yo gen tan

jwenn kay pou yo rete anvan ane lekòl la fini. Men sa

òganizasyon an bay elèv dapre nesesite yo genyen; inifòm

lekòl, sak lekòl ak materyèl lekòl epi kowòdinasyon transpò

lekòl leta BCPS pou elèv yo ale lekòl ki pre kote yo te rete a

anvan yo te deplase a. Met sou sa, Fanmi ki enskri nan

pwogram HEART la kapab aplike pou yo mete pitit yo

nan pwogram apre lekòl ki rele ArtReach nan mize

Young At Art Museum. Pwogram sa a pou timoun

Kindègaden a 8èm ane nan Fort Lauderdale. Epi

tou fanmi sa yo kapab jwenn plas nan

kandete nan sèten kote espesyal.

VIV AN FANMI

100 Si gen moun ki vle fè reklam avè nou, telefone 1.888.708.5700 ext 12.

Hooray! Your file is uploaded and ready to be published.

Saved successfully!

Ooh no, something went wrong!