PI BON METÒD POU patisipasyon paran ak èd fanmi nan pwogram edikasyon timoun piti Carmen Nicholas, PhD., Espesialis Swen Pou Ti Moun Piti ak Edikasyon Primè nan Early Learning Coalition of Broward County (Kowalisyon Pou Edikasyon Primè nan Broward County) “Si yon kominote renmen timoun li yo, li dwe ancheri paran timoun sa yo.” – John Bowlby Bon kalite pwogram preskolè yo mache! Gen anpil bon jan prèv ki montre, timoun ki fè esperyans aprann byen bonè san rete reyisi pi byen sou plan akademik, sou plan sosyal nan lekòl ak nan lavi a. Sa pi grav pou timoun ki soti kote ki pi pòv yo. Malerezman, anpil timoun ki sot nan fanmi malere pa jwenn sa pandan yo tou piti, e y ap pi vit trennen dèyè timoun menm laj avèk yo ki soti nan fanmi kote afè yo bon. Annou klè sou sa, se bon kalite lekòl preskolè ki fè diferans lan! Alò, ki sa yon bon kalite lekòl preskolè sanble? Men pati kle yo: materyèl ki bon pou devlopman timoun yo, epi timoun yo pran pa nan aktivite esperyans pratik, klas ki pa gen anpil elèv epi pwofesè yo pa gen twòp elèv sou kont yo, kourikouloum ki baze sou rechèch, bon jan evalyasyon timoun yo ki fèt tanzantan avèk rezilta ki sèvi pou enfòme pwofesè yo, pwofesè ki gen bon jan kalifikasyon ak esperyans, fòmasyon pwofesyonèl ki kontinye ap fèt, bon salè ak avantaj, mwayen pou kore pwofesè yo, bon jan patisipasyon ak èd paran. An jeneral, sant edikasyon timoun piti ki konte anpil sou revni timoun resevwa nan men sibvansyon gouvènman pa gen mwayen pou yo ofri tout pati ki fòme yon bon kalite pwogram. Youn nan bagay ki fòme yon bon kalite pwogram yo neglije lepli souvan se bon jan patisipasyon paran, se sa ki gen posiblite pou fè envestisman ki fèt nan timoun bay anpil bon rezilta. Nan etid ki fèt, yo egzamine divès metòd patisipasyon paran ki ankouraje yon anviwònman aprantisaj lakay, ki rantre paran nan pwogram lekòl yo, epi tabli bon jan kolaborasyon ant lekòl, fanmi ak kominote pou yo kab fè bon jan efè sou rannman elèv yo. Gen yon bon valè prèv yo jwenn ki montre bon jan efè sou rannman elèv yo, tankou gran amelyorasyon nan ladrès langaj, rannman nan egzamen, ak konpòtman timoun yo nan lekòl. Malgre sa, patisipasyon paran konn pa anpil lepli souvan. Gen yon ekriven ki konpare relasyon ant pwofesè ak paran tankou yon maryaj ranje. Malgre yo tou le de gen menm objektif pou yo ede timoun byen devlope, lepli souvan relasyon an kòmanse yon jan bwete. Paran enkyete pou sante pitit yo, sekirite yo ak jan y ap aprann. Tout paran enkyete de bagay nou pral mansyone la yo oubyen plis toujou a yon pwen kèlkonk: • yo ka kite timoun nan san pa gen moun k ap voye je sou li, lòt timoun ka mòde l, ba l kou, ba l brimad, oubyen maltrete li • pwofesè a ka pa renmen pitit yo a epi li pa pral trete l jan yo ta pito a • pwogram nan pa montre ase, pitit yo a ap jwe tout lajounen epi li p ap aprann jan li te kab aprann Sa ki pi menasan pou relasyon an se lè paran yo pè di pwofesè a ki enkyetid yo genyen paske yo pè pou pwofesè a pa fache epi l al pase raj li sou timoun nan. Sou yon lòt bò, pwofesè a santi travay li an danje si paran yo pa satisfè avèk li. Li gen gwo difikilte pou li kontwole gwo gwoup timoun, anpil nan yo gen konpòtman ki difisil. Sa vin lakòz pwofesè a gen yon gwo sendwòm fatig pwofesyonèl ki vin afekte relasyon pwofesè a ak paran yo ak timoun yo plis toujou. Alò sa pa etonan lè direktè sant edikasyon timoun piti yo di mank patisipasyon paran se youn nan pi gwo pwoblèm yo genyen. Bon kalite pwogram edikasyon timoun piti ki gen bon jan patisipasyon paran gen yon seri prensip yo suiv yo asepte toupatou nan branch lan epi prensip sa yo fè rasin nan misyon pwogram sa yo, nan regleman yo ak nan jan yo aji. • Tèt ansanm: Relasyon ant fanmi ak anplwaye sant lan se youn ki chita sou egalite ak respè nan kontèks yon kolaborasyon ki nan avantaj ni youn ni lòt GADRI POU TIMOUN 114 Si gen moun ki vle fè reklam avè nou, telefone 1.888.708.5700 ext 12. • Pataje pouvwa: yo pataje pouvwa a epi yo trete fanmi yo kòm pi bon defansè pou tèt pa yo ak fanmi yo • Fòs familyal: Tout fanmi gen fòs pa yo e lekòl la konsidere fanmi sa yo kòm yon avantaj, men yo pa wè yo kòm baryè yo oblije janbe oubyen pase akote yo • Konpetans kiltirèl: Nou bay kilti chak fanmi valè, nou rekonèt yo epi nou respekte yo. • Santre sou fanmi: Se fanmi yo ki detèmine ki sèvis pwogram nan ki fè efè sou yo epi nou kite yo chwazi ki aktivite ki reponn a bezwen yo ak enterè pa yo. • Sipò sosyal: Pwogram nan rann ni posib pou yo kreye rezo oubyen koneksyon sipò sosyal pou redui izolasyon epi pou ankouraje byennèt timoun ak byennèt fanmi. • Lespwa ak kè kontan: Fanmi yo ak anplwaye yo vin gen lespwa ak kè kontan toudenkou pandan y ap travay ansanm. Lè yo mete prensip pi wo la yo ann aplikasyon nèt, sa transfòme pwogram ki santre sou timoun tounen yon apwòch ki santre sou fanmi. Sa mande yon chanjman mantalite, tan, fòmasyon ak kèk resous materyèl. Men, men kèk bon jan metòd gratis oubyen ki pa koute chè ki ankouraje patisipasyon fanmi: • Kreye yon anviwònman kote paran santi yo lakay yo lè yo nan sant lan. Kòm egzanp, pou fè oryantasyon sant lan amizan, fè paran yo patisipe nan yon jwèt chache trezò; fè yon pankad akèy ak fanmi yo, sèvi ak desen timoun yo fè epi fè chak moun siyen pankad la; afiche yon foto paran ak piti nan sant aprantisaj la oubyen sou kazye timoun nan; chwazi yon bon kote pou mete yon tablo afichaj ki gen foto nouvo anplwaye ak nouvo fanmi, kon sa nou selebre sa k ap pase nan fanmi yo, pa egzanp, Bòn fèt Carmen Harris (Manman Trevor); pare yon kafetyè plen kafe le maten pou paran yo ka annik pran yon tas pou yo fè wout la; bèl ide pa w ak bèl ide paran yo! • Fè yon ti sondaj sou sa fanmi yo bezwen, sa ki enterese yo, ladrès ak talan yo genyen, oubyen tou, sa k pi bon toujou, fè sa tanzantan sou fòm yon sware pou nou fè yon lis sa moun ta renmen resevwa. Fè paran yo deside ki aktivite pou nou mete sou pye epi ba yo wòl lidè nan planifye aktivite yo. Chache mwayen pou paran yo kapab sèvi ak ladrès yo, talan yo oubyen mwayen yo o sèvis lòt paran, lekòl la oubyen kominote a. Pa egzanp, nou te kab mande yon paran ki ponpye oubyen ki konn yon ponpye pou l vin fè yon kou sekouris oubyen premye swen pou tout paran yo; fè paran yo plante yon ti jaden oubyen pran swen yon ti jaden nan lakou sant lan; bèl ide pa w ak bèl ide paran yo! • Patwone aktivite anplwaye yo ak fanmi yo moute ansanm tankou sware bingo, jwèt sosyete, tire kont, li liv, fèt an pijama; bèl ide pa w ak bèl ide paran yo! Paran yo va vini si: • yo patisipe nan chwazi aktivite, nan planifye aktivite • yo santi anplwaye yo ak lòt paran yo sousye de yo, sousye de prezans yo • yo gen yon bagay ki gen valè pou yo ofri • aktivite yo planifye nan yon lè ki bon, timoun kapab ale avèk yo epi yo bay yon bon ti manje. ■ “Ou kab wete yon timoun nan fanmi an, men ou pa kab wete fanmi an nan timoun nan.” - Anon Atik ak sit entènèt ki itils parentservices.org • www.cssp.org/reform/strentheningfamilies Jor’dan, Jamilah R., Wolf, Kathy G., Douglass, Anne (2012).Increasing Family Engagement in Early Childhood Programs. Young Children 67(5), 12-23 Nan mouvman sipò pou fanmi, yo rekonèt Dr. Nicholas kankou yon lidè ki vreman kwè ke sipò sa a fè yon pati entegral nan byennèt timoun yo. Sa enterese li anpil pou li asire ke timoun yo resevwa bon kalite edikasyon primè, ke yo elve nan yon fanmi ki bay anpil sipò epi pou yo grandi nan yon kominote ki pa fèb e ki an sirte.
Um sonho de cada vez. Um sorriso de cada vez. Uma criança de cada vez. O Children’s Services Council do Condado de Broward financia programas e serviços que impactam uma a cada três crianças de Broward. • Famílias mais fortes • Crianças seguras, alimentadas, saudáveis • Apoio além do orfanato • Jovens infratores não violentos fora da prisão • Empregos para jovens com necessidades especiais Saiba mais sobre o trabalho do Children’s Services Council do Condado de Broward, visite nosso website: VISÃO: Todas as crianças do Condado de Broward devem ter a oportunidade de concretizar seu potencial máximo, suas esperanças e seus sonhos, apoiadas pela família e por uma comunidade acolhedora. MISSÃO: Capacitar as crianças de Broward para que se tornem adultos responsáveis, produtivos, capazes de realizar todo o seu potencial, suas esperanças e seus sonhos. Realizamos estes programas em parceria com dúzias de provedores fidedignos que mantêm os mais elevados padrões de prestação de serviços.