03.09.2015 Views

Care

1Nbo3qh

1Nbo3qh

SHOW MORE
SHOW LESS
• No tags were found...

Create successful ePaper yourself

Turn your PDF publications into a flip-book with our unique Google optimized e-Paper software.

Enroll America

“Enroll America” se pi gran kowalisyon k ap enskri moun nan plan

asirans maladi nan peyi Etazini. Se yon ONG, ki pa afilye ak oken pati

politik, ki travay ak plis pase 4,600 patnè nan 50 Eta yo pou l kreye bon

jan zouti pou analize done, pou ede pase lwa, epi pou pataje sa yo deja

konnen ki mache pou reyalize misyon li. Misyon li se enskri pi plis

Ameriken yo kapab nan plan asirans maladi epi ede yo kenbe plan yo

dapre lwa sou asirans maladi ki rele “Affordable Care Act” la.

Kanpay “Get Covered America” a (kanpay pou fè moun pran asirans

maladi) kòmanse an 2013. Yo te kreye kanpay sa a pou enfòme plizyè

milyon moun ki gen posiblite pou yo pran asirans maladi sa a

konsènan nouvo chwa yo genyen kounye a. Yo deja teste chwa sa yo,

yo fè kèk amelyorasyon nan plan yo epi yo deja gen anpil siksè nan

enskri moun nan plan sa yo pandan de peryòd enskripsyon. Patnè nou

yo kòmanse sèvi ak zouti e pwogram “Get Covered America” yo nan

enskripsyon y ap fè toupatou nan peyi a. Gen plis pase 100 anplwaye

nan Enroll America k ap travay pou enskri moun nan tout peyi a epi

nan kèk katye yo chwazi toupatou nan peyi a.

Nan premye peryòd enskripsyon an, gen 152.532 kliyan ki enskri nan

plan ki te nan lis plan asirans maladi yo prepare pou kliyan an. Dezyèm

peryòd enskripsyon an te gen plis moun toujou ki enskri pou yo rantre

nan plan asirans maladi. Te gen 221.758 moun ki enskri nan plan

asirans maladi nan Broward County.

Nan dezyèm peryòd enskripsyon an Enroll America sèvi ak zouti ki

pèmèt moun jwenn plan asirans maladi yo bezwen an, sitou zouti

tankou kalkilatè nou an ak zouti pou konekte moun ak plan yo.

Anpil moun di se kesyon pri ki fè yo pa t enskri pou asirans maladi nan

premye peryòd enskripsyon an. Men se 26% rès moun ki poko gen

asirans maladi yo sèlman ki te okouran yo te kab jwenn èd finansyè

pou ede yo peye asirans maladi yo. Epi 82% moun ki enskri nan

asirans maladi nan sit marketplace la jwenn èd pou yo peye pou plan

asirans maladi yo. Lè yon moun al sou sit sa a

getcoveredamerica.org/calculator, yo kapab mete zipkòd yo, mete valè

lajan yo kab fè pa ane, make konbyen moun k ap viv nan kay la, epi

make konbyen moun ki bezwen asirans maladi, kon sa y ap kab evalye

konbyen sa ap koute yo pa mwa pou plan asirans maladi yo.

60% nan moun ki pase nan mache echanj lan pou yo enskri te fè sa gras

ak èd yo te resevwa pèsonèlman. Chwa ki make “Get Covered

Connector” a ede moun jwenn èd yo bezwen an nan zòn bò lakay yo

menm. Nenpòt moun ki bezwen asirans maladi kapab al sou sit sa a

getcoveredamerica.org/connector, make zipkòd yo, dat yo vle, epi lang

yo pale pou yo pran yon randevou pou yo pale ak yon moun ki kalifye

pou ede moun.

Malgre tan pou moun enskri a deja pase, gen yon posiblite toujou pou

moun enskri pou yo jwenn asirans maladi! Gen kèk bagay ki kab fè

yon moun kalifye pou l enskri. Bagay tankou:

• Si yon moun fèk marye

• Si yon moun fè yon pitit oubyen adopte yo timoun

• Si gen chanjman nan valè kòb yo moun ap fè

• Si w gen yon pitit ki fèk gen 26 an

• Si w chanje travay

• Oubyen lòt kalite chanjman

Al sou sit www.getcoveredamerica.org pou w jwenn plis ransèyman

sou fason ou kab jwenn asirans maladi. ■

VIV AN FANMI

www.cscbroward.org | Facebook: www.facebook.com/cscbroward 101

Hooray! Your file is uploaded and ready to be published.

Saved successfully!

Ooh no, something went wrong!