03.09.2015 Views

Care

1Nbo3qh

1Nbo3qh

SHOW MORE
SHOW LESS
• No tags were found...

Create successful ePaper yourself

Turn your PDF publications into a flip-book with our unique Google optimized e-Paper software.

Pran tout ransèyman sou gadri kote ou bay gade pitit ou a

Kote ki fè n jwenn ransèyman sa yo se: Florida Department of Children and Families, Office of Child Care Regulation and Background Screening

Tou gadri ki gen pèmi pou yo okipe timoun dwe

ranpli omwen kondisyon preliminè daprè lwa Eta

Florid s. 402.305, F.S., ak chapit lwa 65C-22,

F.A.C. Lis bagay ki make la yo ak yon pakèt lòt

ankò reprezante bagay nou jwenn nan lwa sa yo:

☐ Yon pèmi valid ki afiche yon kote pou tout paran

kab wè l.

☐ Yo fè tout ankèt ki nesesè sou tout anplwaye yo.

☐ Machin pou transpòte timoun an bon eta (si

gadri a gen mwayen transpò pou timoun yo).

☐ Bay paran yo tout detay sou papye sou fason yo

disipline timoun nan gadri a.

☐ Kite paran yo rantre nan lokal la pandan gadri a

ap travay.

☐ Toujou genyen valè anplwaye parapò a kantite

timoun yo:

Laj timoun yo Valè timoun pou chak pwofesè

Tibebe 4:1

Timoun 1 an 6:1

Timoun 2 an 11:1

Timoun 3 an 15:1

Timoun 4 an 20:1

Timoun 5 an ak sa ki pi gran 25:1

Egzijans ki gen rapò ak sante

☐ Pwosedi ijans ki mande bagay sa yo:

• Afiche nimewo telefòn ajans Florida Abuse

Hotline pou moun rapòte abi yo fè sou

timoun ansanm ak nimewo telefòn pou tout

ka ijan.

• Genyen anplwaye ki resevwa fòmasyon

sekouris ak reyanimasyon pou timoun piti

nan lokal gadri a tout tan.

• Yon bwat premye swen ki toujou gen tout

bagay ladan.

• Bonbòn pou touye dife ki mache epi dokiman

ki montre yo fè antrènman ak timoun yo ak

anplwaye yo chak mwa pou montre yo sa yo

dwe fè sizoka ta gen dife.

☐ Yo mete medikaman ak pwodui ki danjere kote

timoun pa kab lonje men pran yo.

Egzijans fòmasyon

☐ Fòmasyon 40 èdtan sou entwodiksyon swen timoun.

☐ Fòmasyon 10 èdtan chak ane pandan anplwaye a

ap travay.

☐ Modil 0.5 pwolongasyon edikatif fòmasyon leta

apwouve oubyen 5 èdtan fòmasyon nan lekti pou

timoun piti ak devlopman lang.

☐ Rekonesans Direktè pou tout direktè sant gadri.

Manje ak Nitrisyon

☐ Afiche meni manje ak ti goute ki fè kò timoun yo

jwenn nitrisyon yo bezwen chak jou (si gadri a

bay timoun yo manje).

GADRI POU TIMOUN

Rantre done nan dosye

112 Si gen moun ki vle fè reklam avè nou, telefone 1.888.708.5700 ext 12.

☐ Mentni rejis egzak ki gen:

• Dosye egzamen medikal timoun yo oubyen kat

vaksen yo.

• Dosye medikal.

• Enfòmasyon enskripsyon.

• Dosye anplwaye yo.

• Prezans ak absans chak jou.

• Aksidan ak ensidan.

• Pèmisyon paran bay pou timoun al nan joune,

pèmisyon pou gadri a bay timoun medikaman.

Anviwònman lokal la

☐ Mentni ase espas atè anndan lokal la ki kapab

sèvi pou timoun jwe, travay e fè ti kabicha.

☐ Ofri yon kote ki pwòp ki pa gen okenn fatra ak lòt

danje.

☐ Mete ase ekleraj ak bon tanperati anndan lokal la.

☐ Mete jwèt ki bon pou laj timoun yo ak jwèt ki

bon pou nivo devlopman yo.

☐ Mete twalèt ki fèt pou timoun ansanm ak ban ak

tab ki fèt pou timoun.

☐ Prepare kote apa pou mete timoun ki santi yo

malad.

☐ Fè egzèsis lave men, egzèsis twalèt, ak egzèsis

chanje kouchèt.

Bon jan gadri pou timoun se kote ki fè timoun

mennen aktivite ki bon sou plan sante, sou plan

sosyal e edikatif pandan moun ki kalifye ap

sipèvize yo nan yon anviwònman ki an sekirite, ki

atiran e ankourajan.

Timoun ki nan anviwònman kon sa, pran pa nan

aktivite ki fèt chak jou, ki bon pou laj yo epi ki

devlope ladrès ki pi enpòtan lakay yo, ki fè yo aprann

vin endepandan epi ki ede yo aprann respekte tèt yo.

Lè n ap evalye nivo kalite travay yon sant gadri pou

timoun, fò n konsidere aspè sa yo:

Bon jan aktivite

☐ Se aktivite timoun yo kòmanse epi gen pwofesè

ki la pou ede yo.

☐ Se aktivite kote tout timoun gen posiblite pou

youn jwe ak lòt.

☐ Se aktivite kote timoun esprime lide yo nan fè

teyat, pentire, desine, rakonte istwa, jwe mizik,

danse, ak divès lòt aktivite.

☐ Se aktivite ki gen egzèsis ak devlopman

kowòdinasyon mouvman kò a.

☐ Se aktivite kote timoun yo fè jwèt yo vle epi pran

pa nan aktivite ki òganize.

☐ Se aktivite ki bay tout timoun okazyon pou yo fè

lekti, kreye kèk bagay, chèche konn nouvo bagay,

epi rezoud pwoblèm.

Bon jan gadò timoun

☐ Se moun ki amikab epi ki renmen okipe timoun.

☐ Se ki moun asepte moun diferan kilti, diferan

gwoup etnik.

☐ Se moun ki akeyan, ki gen konprann, ki

ankourajan, epi ki kab remake sa chak

timoun bezwen.

☐ Se moun ki gen bon bouch epi ki mete timoun

yo chita sou li tanzantan, anbrase yo epi pale

avè yo.

☐ Se moun ki ede timoun kontwole tèt yo yon

fason ki pozitif, ki kab ede yo, epi san l pa

kraponnen yo.

☐ Se moun ki pèmèt timoun jwe pou kont yo

oubyen an ti gwoup.

☐ Se moun ki toujou pòte atansyon epi ki toujou

jwe oubyen pale ak timoun yo.

☐ Se moun ki bay timoun yo aktivite ki

ankourajan, enteresan, e edikatif.

☐ Se moun ki montre li konprann sa timoun

bezwen sou plan sosyal, sou plan emosyonèl

epi ki konprann sa timoun kab fè dapre laj yo.

☐ Se moun ki kominike ak paran.

Bon jan anviwònman

☐ Se kote ki pwòp, ki pa gen danje, ki atiran,

konfòtab, epi ki fèt pou timoun.

☐ Se kote timoun kab al pran jwèt ki bon pou laj

yo byen fasil.

☐ Se kote ki espoze travay timoun fè ak aktivite y

ap mennen.

☐ Se kote ki san danje ki pèmèt tout timoun

aprann vin endepandan ofiamezi.

Wòl paran an

Wòl yon paran enpòtan anpil pou bon jan gadri:

☐ Poze kesyon sou kalifikasyon ak esperyans

anplwaye yo, epi mande ki valè anplwaye ki

kite travay la chak ane.

☐ Chèche konn règleman gadri a ak jan yo

fonksyone.

☐ Pale dirèkteman ak moun k ap pran swen

timoun yo.

☐ Al vizite gadri a epi chita obsève kouman yo

travay.

☐ Pran pa nan aktivite espesyal, nan reyinyon, epi

nan konferans.

☐ Pale ak pitit ou de aktivite li fè chak jou nan

gadri a.

☐ Fè aranjman pou lòt moun okipe timoun yo lè

yo malad.

☐ Pran tout ransèyman sou tout règleman gadri

dwe suiv pou yo kab ba l lisans li.

Men plis ransèyman ak lòt resous gratis:

MyFLFamilies.com/ChildCare ■

Hooray! Your file is uploaded and ready to be published.

Saved successfully!

Ooh no, something went wrong!