03.09.2015 Views

Care

1Nbo3qh

1Nbo3qh

SHOW MORE
SHOW LESS
• No tags were found...

Create successful ePaper yourself

Turn your PDF publications into a flip-book with our unique Google optimized e-Paper software.

Paj-sa-yo gen ladann enfòmasyon ki kapab enterese paran ak fanmi;

enfòmasyon ki konsènen lekòl piblik Broward County. Pou yon

enfòmasyon konplèt, lis lekòl ak depatman, tanpri vizite sit nou

www.getinvolvedineducation.com/parents, pou download (telechaje)

Gid pou Fanmi nan lekòl Broward (Parents’ Guide to Broward Schools).

KI JAN POU W ENSKRI PITIT-OU NAN LEKÒL

Ou dwe enskri pitit-ou pou li ale lekòl. Pou yon lis sa ou bezwen pou anwole pitit-ou

ak Fòm enskripsyon pou elèv (Student Registration Form), kontakte ofis responsab

enskripsyon (registrar) nan lekòl deziyen pou pitit-ou ale oswa download

enfòmasyon-an de sit Entènèt-la.

Distrik-la ofri nan sit Entènèt yon sistèm fasil ou kapab itilize pou pèmèt ou lokalize

lekòl ki deziyen pou pitit-ou ale. Sit-la founi enfòmasyon sou lekòl-la. Pou w konnen

nan ki lekòl pitit-ou dwe ale, baze sou adrès kay-ou, rele swa depatman Innovative

Programs Department nan nimewo telefòn 754-321-2480 oswa itilize school locator ki

an liy. Lè ou rele oswa lè ou vizite sit-la, bay non ri ekzakt ak adrès kote ou rete ak

klas (grade) pitit-ou ap kè kounyea pou nou ka detèminen nan ki lekòl pitit-ou dwe

ale. Kat jewografik ak delimitasyon tout zòn lekòl disponnib tou.

ATOMIC LEARNING

Atomic Learning bay trenning pou plizyè douzèn aplikasyon konpitè, elèv ak

pwofesè lekòl Broward County itilize chak jou. Atomic Learning ofri klas fòmasyon

nan Entènèt, baze sou sòfwè (lojisyèl) ki anseye pwogram konpitè. Titoryèl-yo kout,

fasil pou gade epi konprann; yo se yon bon resous ki kapab sèvi kòm trenning,

nenpòt kote, nenpòt lè. Pou pèmèt aksè nan sistèm-la, ID (non itilizatè - username)

ak yon modepas obligatwa.

SIVEYANS TIMOUN ANVAN AK APRE LEKÒL

(BEFORE AND AFTER SCHOOL CHILD CARE)

Siveyans timoun anvan ak apre lekòl (Before and After School Child Care - BASCC)

founi elèv-yo yon anviwonnman sekirize, ki favorize devlopman epi ki konfòtab. BASCC

pwomouvwa yon pwogram anrichisan ki enkli devlopman fizik (kò), devlopman

entelektyèl, emosyonnèl ak sosyal. Swa School Board (Komisyon eskolè) oswa founisè

prive administre pwogram-yo nan lekòl-la menm.

Nan pwogram Before and After School Care, timoun-yo gen opòtinite pran yon goute

(snack), fè devwa-yo avèk asistans, epi patisipe nan plizyè aktivite ki prevwa. Aktiviteyo

enkli amelyorasyon nan etid, sesyon sou teknoloji, jwèt kreyatif ki angaje imajinasyon

oswa teyat, aktivite deyò pou kenbe elèv-yo anfòm (fitness), ak opsyon yon lòt

pwogram aktivite elèv-la lib chwazi. Yo bay timoun-yo swen ak atansyon chak jou

lekòl-la louvri, ak jou lekòl lage bonnè.

Lè se School Board k’ap administre yon pwogram, chak fanmi ap peye $163.00 pou

chak tan pou yon total nèf peman. (Montan total pou peye diferan selon si se yon

lekòl ki fonksyonnen tout lanne oswa yon lekòl ki lage apre dezè nan lapremidi - 2:00

p.m.) Yo asepte peman alavans pou sèvis founi e fanmi dwe peye nan dat echeyans.

Tarif pwogram Founisè prive administre kapab pa menm ak tarif School Board men yo

pa kapab depase tarif School Board plis pase 20%.

Si ou pa peye atan, yo kapab retire elèv-la nan pwogram-nan. Yo kapab egzante yon

elèv peye kèk frè baze sou elijibilite-li. Tanpri kontakte lekòl pitit-ou pou plis ransèyman.

BROWARD ENTERPRISE EDUCATION PORTAL (BEEP)

Broward Enterprise Education Portal (BEEP) se yon “digital doorway”, pòtay edikatif

ki ofri resous pou ansèyman ak aprantisay. Paj Entènèt BEEP bay paran, elèv,

pwofesè ak administratè lekòl piblik Broward County, yon pwen aksè an liy, inik epi

sekirize, ki pèmèt yo jwenn enfòmasyon ajou epi apwopriye, sou akonplisman elèv,

pèfòmans akademik, ak meyè pratik nan domenn pedagojik.

Parent Portal – Pòtay pou Paran

BEEP Parent Portal bay paran enfòmasyon sou politik ak regleman lekòl, enfòmasyon

sou tès evalyasyon pou elèv, kondisyon nesesè pou yon elèv diplome, kalandriye

anyèl pou tès, sèvis Virtual Counselor, ak piplis ankò.

Student Portal – Pòtay pou elèv

BEEP Student Portal bay elèv-yo aksè nan materyèl preparasyon pou tès, aksè nan

zouti sòfwè (lojisyèl), aksè nan Virtual Counselor, ak lòt resous itil. Pou yon elèv

kapab itilize Student Portal, li dwe gen swa yon non itilizatè (User ID) oswa yon

nimewo idantifikasyon pou elèv (Student Number) ak yon modepas (password)

oswa dat nesans (birth date).

Rechèch ak èd pou devwa

Sou paj Entènèt BEEP Student Portal, elèv-yo kapab klike sou lyen pou yo ka fè

rechèch epitou klike sou resous ki kapab ede-yo nan devwa-yo. Elèv-yo kapab

konsilte an liy bibliyotèk referans tankou diksyonè an liy, ansiklopedi epi baz

donne; elèv-yo kapab klike sou lyen pou yo ka fè lekti jounal an liy, revi, ak yon

katalòg tout liv ak materyèl odyovizyèl disponnib nan lekòl Broward County.

BROWARD VIRTUAL SCHOOL

Lekòl ansèyman adistans, Broward Virtual School (BVS), ofri yon opòtinite inik pou

abandone metòd ak sistèm aprantisay konvansyonnèl. BVS ofri elèv k’ap fè klas

Kindègadenn rive douzyèm anne (Grades K-12) anwolman aplentan avèk yon

sistèm edikatif an liy. BVS se premye pwogram enstriksyon an liy, ki otorize

fonksyone nan lekòl piblik Broward County. BVS ofri aksè egal nan edikasyon

endividyalize, bon kalite, alèd Entènèt epi lòt teknoloji ki ofri ansèyman adistans.

Elèv-yo gen fleksibilite aprann, nenpòt kote yo vle. Yo kapab menm pran diplòm

ayeskoul-yo antyèman an liy. Depi lane 2001, BVS anseye anpil elèv nan

Broward County.

CAREER, TECHNICAL ADULT & COMMUNITY

EDUCATION (CTACE)

Career, Technical, Adult and Community Education (CTACE) fè pati lekòl piblik

Broward County. Elèv k’ap fè klas sizyèm rive douzyèm anne (Grades 6-12) kapab

anwole nan Pwogram Career, technical adult & community education (karyè,

teknik, edikasyon pou adilt ak kominote). Elèv-yo kapab chwazi pami plis pase

100 pwogram, avèk preske 400 klas endividyèl, nan 16 Career Clusters.

Elèv ki konplete yon Pwogram CTACE, selon definisyon depatman Edikasyon Leta

Florid adopte, gen opòtinite diplome avèk sètifikasyon endistri. Diplome avèk

sètifikasyon ke endistri apwouve, ogmante opòtinite pou jwenn djòb ak

avansman potansyèl nan cheminman karyè yon elèv chwazi. Pou li ka diplome ak

yon sètifikasyon endistri epitou pou yo akòde li yon deziyasyon sou diplòm

ayeskoul li, yon elèv dwe konplete epi pase tout konponan tès evalyasyon,

endistri apwouve.

COLLEGE ACADEMY

College Academy (CA), Kolèj akademi nan Broward College se yon

patenarya ant lekòl piblik Broward County ak kolèj Broward College (BC). Elèv

ki ale nan CA@BC k’ap chèche obteni yon diplòm (degree), elèv ki anwole

aplentan nan de lekòl, yo va konplete de dènye anne ayeskoul-yo,

anmenmtan yap pran yon diplòm Associates of Arts degree nan BC.

Pwogram anwolman doub nivo kolèj se yon pwogram strik. Elèv k’ap swiv

pwogram-sa-a dwe gen ase matirite pou viv sou kanpis kolèj, disiplin pou byen

itilize tan yo, epi abilte akademik pou afwonte difikilte klas kolèj. Elèv-yo pap

peye anyen pou ekolaj, frè, ak liv.

PWOGRAM POU TIMOUN PITI

(EARLY CHILDHOOD PROGRAMS)

Se ak fyète Broward County Public Schools ofri pwogram ansèyman timoun piti

ak pwogram preskolè pou ti elèv nou yo ki pi piti pou satisfè bezwen yo ann

edikasyon ak devlopman nan yon anviwònman ki san danje epi ki ankouraje

devlopman. Men ki pwogram Depatman Edikasyon timoun piti (Early

Childhood Education Department) ofri: Early Head Start, Head Start ak

pwogram Voluntary Pre-Kindergarten.

OFIS ESOL PARENT OUTREACH OFFICE

Depatman ESOL pran angajman founi pwogram akademik strik, pwomote

patisipasyon kominote, epi delivre sèvis bon kalite pou elèv k’ap aprann

lang angle (English Language Learners) ak fanmi-yo. Ofis ESOL Parent

Outreach Office founi paran bileng, elèv ESOL ak òganizasyon kominotè,

sèvis konsa fanmi bileng kapab entegre mye nan lekòl ak nan kominote-yo.

Vizite sit wèb ESOL Distrik-la oswa kontakte depatman ESOL nan nimewo

telefòn 754-321-2977

ENFÒMASYON SOU LEKÒL LETA NAN BRAWÒD

92 Reklam 1.888.708.5700 ext 12

Hooray! Your file is uploaded and ready to be published.

Saved successfully!

Ooh no, something went wrong!