03.09.2015 Views

Care

1Nbo3qh

1Nbo3qh

SHOW MORE
SHOW LESS
• No tags were found...

Create successful ePaper yourself

Turn your PDF publications into a flip-book with our unique Google optimized e-Paper software.

Water Smart Broward:

Ann pwoteje pitit nou lè yo bò dlo

Kote ki fè n jwenn atik sa a se Water Smart Broward!

Nwayad se pi move aksidan ki lakòz plis timoun ant 1 an ak 4 an mouri.

Majorite timoun ki neye nan pisin lakay yo, se timoun ki pa t dwe nan pisin nan

oubyen pre pisin nan. Pi fò timoun ki nwaye nan yon pisin prive antre nan dlo a

san paran yo oubyen moun k ap okipe yo a pa konnen.

Timoun bezwen moun voye je sou yo de prè tout tan, sitou timoun 1

an a 3 an ki kab deplase rapid kite yon kote moun ap voye je sou yo san oken

moun pa remake sa.

SÈTEN AKSYON TOU SENP KAPAB SOVE LAVI TIMOUN

Lè yon timoun mouri, sa devaste paran, frè ak sè, gran paran, fanmi ak tout moun

nan zòn nan. Nwayad se yon aksidan nou kab epaye prèske tout tan si nou suiv

konsèy senp sa yo.

Paran dwe pale ak pitit yo de prekosyon yo dwe pran lè yo yon kote ki gen dlo.

Men kèk ide pou kòmanse:

1. “Pa ale twò pre yon pisin san w pa gen granmoun avè w.” Sa se

konvèsasyon ki pi enpòtan ou kapab fè ak timoun konsènan pwoteksyon yo lè

yo pre yon kote ki gen dlo. Se yon konvèsasyon senp.

2. “Si w wè yon moun gen pwoblèm nan dlo, pa kouri plonje pou w al ede l.

Kouri al chache yon granmoun. E si w tonbe nan yon pisin, pa panike, vire

pou w al kenbe mi an, epi grenpe soti oubyen rele mande pou yon moun vin

ede w.”

3. Antrene ladrès sa a nan pisin ak pitit ou. Fè pitit ou fè egzèsis sa a ak tout

rad sou li pou l sa santi sansasyon an.

Pa bliye ladrès pou w pwoteje tèt ou nan

dlo

• Sa ka rive w tou. Anpil paran ki pèdi yon pitit ki nwaye pa t janm panse pitit

yo a te ka an danje; yo jis pa t rann kont nan ki pwen danje a te tou pre.

• Pran pwoteksyon pitit o serye. Pa janm konte sou bon konpòtman pitit ou,

oswa sou bon konpòtman yon lòt timoun oubyen yon lòt granmoun. Konnen

ki moun k ap voye je sou pitit ou lè w pa kab la.

• Pa fè plizyè travay an menm tan. Lè se lè pou pitit ou al nan pisin, LI

BEZWEN tout atansyon w pou w kab voye je sou li kòmsadwa. Nwayad se

yon aksidan ki fèt rapid; pi fò timoun ki pase sèlman 6 minit anba dlo mouri.

• Se pou w gen yon plan entèvansyon. Si pèsonn pa konn ki kote pitit ou ye,

tcheke dlo a an premye – kit se nan pisin nan, nan letan an, nan kanal la

oubyen nan basen nan saldeben an. Ou dwe konnen teknik reyanimasyon

(CPR, ann angle).

Pa bliye: Timoun ki nwaye pa rele, yo pa bat dlo, ni yo pa goumen ak dlo a. Yo

koule anba dlo an silans, e anpil fwa gen yon granmoun tou pre yo.

Nonmen Nonmen tèt ou oubyen yon granmoun kòm yon siveyan ki pou

jwe wòl Granmoun k ap Voye Je sou Timoun kit dlo ki tou pre a se lanmè, letan,

pak dlo, pisin oubyen basen nan saldeben. Sa enpòtan tou pou w enstale plizyè

sistèm pwoteksyon pou anpeche timoun nwaye.

• Enstale pòt ak seri timoun pa kab louvri tout kote ki gen pòt pa anndan

> Manch pòt yo dwe a yon distans 5 pye wotè de atè a

> Toujou klete pòt yo

• Enstale alam nan pòt antre pisin, espa, ak tout kote ki gen dlo

> Pa etenn alam yo

> Si alam nan kab etenn pou yon ti bout tan pou yon granmoun ouvè pòt la,

bouton pou etenn alam nan ta dwe yon kote timoun pa kab rive manyen l

SANTE & SEKIRITE

110 Si gen moun ki vle fè reklam avè nou, telefone 1.888.708.5700 ext 12.

• Enstale lantouraj ki gen 4 kote pou pisin nan oubyen letan nan lakou a pa

kole ak kay la ni ak tout lòt pòt ak antre

> Toujou kite baryè a fèmen lè w p ap sèvi ak pisin nan

> Baryè yo dwe mezire 5 pye wotè, yo dwe fèmen pou kont yo, take pou

kont yo

• Enstale yon alam pisin ki kab flote

> Pa dezaktive alam nan

> Fè lide konekte alam pisin nan ak alam kay ou

• Aprann teknik reyanimasyon ak sekouris

> Tout moun lakay ou ki gen plis pase 14 an ta dwe pran fòmasyon

reyanimasyon

> Moun ki okipe tibebe ak moun k ap okipe timoun ta dwe pran

fòmasyon tou

> Operatè 911 kapab bay esplikasyon jan pou w fè reyanimasyon pandan w

sou telefòn nan

Men ki kote y ap bay kou reyanimasyon

Broward Health 954.759.7400

Coral Springs Fire Academy 954.346.1774

American Heart Association 1.800.242.8721

American Red Cross 1.800.RED.CROSS

Memorial Health 954.265.0994

Fòmasyon kominotè

Men ki òganizasyon ou kab kontakte pou yo vin bay fòmasyon pou sove lavi

moun pou wou ak vwazen w, òganizasyon kominotè ki pre ou, travay ou ak legliz

ou:

> Swim Central 954-357-SWIM

> FL Dept. of Health in Broward Drowning Prevention Task Force of Broward

County 954-467-4700 x 5807

> Pediatric Associates Foundation www.pediatricassociatesfoundation.org

> Water Smart Broward www.watersmartbroward.org

> Children’s Service Council of Broward County www.cscbroward.org

954-377-1000

> 2-1-1 Broward ■

Pwogram Water Smart Broward se yon kolaborasyon ant “Children’s Services Council of

Broward County, Pediatric Associates Foundation” ak “Florida Department of Health in

Broward County”. Pou plis ransèyman sou jan y ap travay pou yo redui sou valè aksidan

kote timoun 1 an a 4 an neye nan tout minisipalite Broward County yo, ale sou sit wèb

www.watersmartbroward.org.

Pwen konpresyon an

Apre chak konpresyon – Kite

pwatrin nan tounen nan

pozisyon nòmal li anvan ou

fè yon lòt konpresyon

Metòd

Pouse desann dwat

Pwofondè konpresyon

sou pwatrin nan

Bay souf ki lakòz pwatrin nan

moute 2 souf pou chak souf

dire 1 segonn

Rapò konpresyon-souf

Rapò konpresyon an se

omwen 100 pa minit pou

nenpòt moun nenpòt laj

Tibebe

Jiska 1 an

De dwèt nan

mitan pwatrin

nan

Egzakteman

anba mak tete a

Anviwon 1

pous edmi

Byen kole bouch ou

sou nen tibebe a ak

bouch li ansanm,

ba li 2 souf

30:2

30 konpresyon

2 souf

Timoun Ant

1 an rive 12 an

Baz yon men nan

mitan pwatrin

nan – sèvi ak de

men pou pi gwo

timoun

Nan pati mwatye

anba zo lestomak la

Anviwon 2 pous

Kole bouch ou

sou bouch li epi

bouche nen li, ba

li 2 souf

30:2

30 konpresyon

2 souf

Timoun 12 an

Rive sou granmoun

Baz yon men nan mitan

pwatrin nan ak lòt men

an sou men k ap fè

konpresyon an

Nan pati mwatye anba

zo lestomak la

Anviwon 2 pous

Kole bouch ou sou

bouch li epi bouche

nen li, ba li 2 souf

30:2

30 konpresyon

2 souf

Hooray! Your file is uploaded and ready to be published.

Saved successfully!

Ooh no, something went wrong!