03.09.2015 Views

Care

1Nbo3qh

1Nbo3qh

SHOW MORE
SHOW LESS
• No tags were found...

You also want an ePaper? Increase the reach of your titles

YUMPU automatically turns print PDFs into web optimized ePapers that Google loves.

Pote chanjman.

Travay kòm

VOLONTÈ.

Chache yon bagay ki motive w

Nou gen anpil nesesite nan kominote nou an, e se sa k fè sa enpòtan

pou nou gen volontè k ap travay pou ede fè travay sa yo. Ou menm

tou ou kab pran pa nan rezoud pwoblèm yo lè w antre nan gwoup

HandsOn Broward la. Misyon nou se pou nou ankouraje moun, ba yo

zouti ki nesesè, mobilize yo pou yo kab fè sa ki nesesè pou yo pote

chanjman yon jan ki pozitif nan Broward County. Nan Òganizasyon

HandsOn Broward nou bay volontè tout laj chans pou yo pran pa nan

sèvis ki kab ede kominote a. Kit se yon kòz w ap apiye, kit se nan yon

gwoup biznis, oswa nan yon òganizasyon sivik oswa nan yon

gwoupman relijye, oubyen nan you gwoup etidyan ou ye, pwogram

volontè nou a ap ba w esperyans ou bezwen kòm volontè.

Vin ede lòt moun

Lè HandsOn Broward travay an kolaborasyon ak anpil lòt òganizasyon

lokal sa ap pèmèt li ofri tout yon seri kalite sèvis. Volontè nou yo vin

sèvi kòm gid pou timoun ak jèn moun, ede bay moun ki grangou

manje, pwoteje anviwònman an, pran swen anviwònman an epi ede

moun ki aje. Yo montre timoun kouman pou yo viv, kouman pou yo li

ak ekri, yo ankouraje aktivite atistik ak aktivite kiltirèl nan katye nou

yo, yo bay bèt kay ak bèt sovaj swen yo merite epi yo bay kout men lè

gen dezas. Gen anpil jan ou kab ede lòt moun.

Kòmanse depi kounye a

Telefone nou nan 954-233-1300 oubyen al sou sit wèb nou

www.HandsOnBroward.org pou w kab jwenn ransèyman sou jan ou

kab pran pa nan aktivite yo!www.HandsOnBroward.org to find out

how you can get involved! ■

HandsOn Broward (anvan yo te rele li Volunteer Broward)

6600 West Commercial Blvd., Lauderhill, FL 33319

954-233-1300 | www.HandsOnBroward.org

Se gras a Children’s Services Council of Broward County nou jwenn espas sa a

EDE LÒT MOUN AK ENPO

YO AK VITA

Ede moun ki pa touche gwo lajan, granmoun aje, andikape ak moun

ki pa fò nan lang angle prepare taks federal sou salè yo gras a

pwogram ki rele Volunteer Income Tax Assistance (VITA) (sa vle di,

Kòm volontè nan prepare taks sou salè). Pandan sezon preparasyon

taks sou salè 2015 la, volontè nan Brawòd Konnti te ede plis pase

7.200 moun ki peye taks prepare taks federal sou salè yo pou ane

2014 la nan 29 lokal volontè.

Si w renmen ede moun epi w renmen travay ak moun pou ede yo fè

yon travay ki difisil vin fasil, VITA ka fèt pou wou. VITA ap travay gras

a ajans leta ki rele “Internal Revenue Service” (IRS) ansanm ak divès

patnè kominotè. Nou bezwen volontè pou ede moun ki peye taks nan

preparasyon taks sou salè yo.

VITA ede moun ki gen pwoblèm pou yo prepare papye taks yo pou

kont yo epi ki pa gen lajan pou peye yon pwofesyonèl ede yo. VITA

ede moun sa yo prepare taks òdinè. Yo reponn kesyon sou afè taks

tou. Yo bay èd sa yo kote tankou sant kominotè, bibliyotèk ak legliz.

Pami volontè VITA yo genyen, moun ki retrete, metrès kay, etidyan ki

nan kolèj ak komèsan. Volontè yo pase yon kou fòmasyon pou yo

aprann ki jan pou yo prepare taks òdinè. Nan kou sa a non sèlman yo

anseye lwa òdinè sou afè taks, yo anseye ki jan moun kab sèvi ak

lojisyèl pwofesyonèl pou prepare taks, yon jan pou volontè yo kapab

prepare taks nan konpitè pou voye taks la ale elektwonikman.

Se IRS ki bay volontè yo materyèl gratis pou yo aprann. Se patnè nou

yo ki bay fòmasyon an. An retou, VITA mande volontè yo pou yo pase

kondisyon ke yap travay 4 èdtan pa semèn mimimòm pandan sezon

preparasyon taks la, a pati 23 janvye jiska 15 avril.

Kou fòmasyon yo fèt kote ki bon pou volontè yo. Yo sèvi ak volontè

yo nan diferan jan. Paregzanp, gen volontè ki ede mete yon biwo sou

pye epi òganize biwo a, pandan gen lòt ki al fè reklam nan zòn nan

pou biwo a.

IRS di kon sa, "Si w gen yon talan epi ou ta renmen

ede lòt moun, VITA kapab jwenn yon mwayen

pou fè w patisipe nan pwogram nan."

Kounye an se bon lè pou w al enskri kòm volontè!

Si w ta renmen travay kòm volontè, Rele Kathy Wint nan òganizasyon

HandsOn Broward nan 954-233-1300. Si òganizasyon w lan ta enterese

ede yon pwogram VITA, kontakte moun sa yo ki Kòdonatè Ana Maria

Ceballos at Hispanic Unity of Florida at 954-342-0428. ■

VIV AN FANMI

www.cscbroward.org | Facebook: www.facebook.com/cscbroward 99

Hooray! Your file is uploaded and ready to be published.

Saved successfully!

Ooh no, something went wrong!