03.09.2015 Views

Care

1Nbo3qh

1Nbo3qh

SHOW MORE
SHOW LESS
• No tags were found...

Create successful ePaper yourself

Turn your PDF publications into a flip-book with our unique Google optimized e-Paper software.

SÈVIS MANJE AK NITRISYON

(FOOD AND NUTRITION SERVICES)

Chak anne, estaf Sèvis manje ak nitrisyon (Food and Nutrition Services - FNS) sèvi

elèv ki nan lekòl piblik Broward County plis pase nèf milyon repa pou tidejene, 26

milyon repa pou manje midi (lench) ak 1.1 milyon goute (snack) apre lekòl. Nou swiv

direktiv nitrisyon USDA rekòmande pou tout repa nou sèvi. Nou pa sèvi manje fri, epi

lench gen mwens pase 30 pousan grès. Chak lekòl nan Distrik-la gen pwogram ki ofri

repa a yon pri rezonnab. Pwogram Manje gratis oswa pi bon mache USDA (Free or

Reduced Price Meal Program USDA) sèvi apeprè 130,000 elèv ki elijib nan Distrik-la.

Aplikasyon pou bennefis manje gratis oswa pi bon mache disponnib nan Entènèt.

Chak mwa, lekòl primè ak midèleskoul, afiche sou sit Entènèt meni dejene ak lench

(ak valè nitrisyonnèl-yo). Emisyon BECON-TV difize tou meni a. Pwogram repa ak

meni ayeskoul kapab pa menm nan chak lekòl. Pou plis ransèyman, rele kafeterya

lekòl pitit-ou.

PWOGRAM INOVATIF (INNOVATIVE PROGRAMS)

Pwogram Inovatif ofri elèv Kindègadenn rive douzyèm anne, yon metòd

pedagojik inik, enstriksyon baze sou tèm. Gen divès pwogram ak tèm diferan.

Pwogram-yo anrichisan epi estimile elèv-yo entelektyèlman.

PWOGRAM MAGNET (MAGNET PROGRAMS)

Yon pwogram magnèt se yon pwogram nan yon lekòl kote pwogram nan santre

sou yon tèm byen detèmine, tankou Bakaloreya Entènasyonal, teyat avèk a

vizyèl, syans, teknoloji, jeni, epi matematik (STEM), Cambridge, syans maritim, afè

entènasyonal, epi lang, teknik ak lòt branch ankò – vin ajoute sou kou nòmal yo

elèv yo dwe pran. Elèv gen dwa chwazi ale nan yon Lekòl magnèt, kon sa y ap

jwenn opòtinite pou yo fè esperyans apwofondi pou yo konnen tèm magnèt la.

AKADEMI MILITÈ (MILATARY ACADEMY)

Elèv-yo kapab dekouvri avantaj ki genyen lè yo swiv pwogram magnet prestijye nan

akademi militè lekòl Hollywood Hills School (Hollywood Hills High School Military

Academy). Pwogram-sa-a poze elèv-yo defi tan nan fizik (kò) ak mantal-yo. Elèv-yo

ap evolye nan yon milye kote lidèchip, etid, amitye epi aktivite anmizan fè youn.

Pou yon elèv ka aplike nan akademi militè, li dwe gen yon mwayèn jeneral 2.0 oswa

pi wo epi gen rezilta nivo 3 oswa pi wo nan tès lekti ak matematik. Yo entèvyou

obligatwa pou yo ka asepte elèv-la.

LEKÒL NOVA (NOVA SCHOOLS)

Lekòl Nova ofri yon kominote aktif nan aprantisay. Elèv depi klas Kindègadenn

rive 12zyèm anne resevwa yon edikasyon bon kalite epi endividyalize.

OFIS PATISIPASYON PARAN (OFFICE OF PARENT ENGAGEMENT)

Paran jwe yon wòl enpòtan nan siksè akademik pitit-li. Kit pitit-ou nan preskolè,

nan klas primè, midèleskoul oswa ayeskoul, patisipasyon-ou esansyèl nan

siksè-li. Ofis Office of Parent Engagement kominike divès enfòmasyon ak

resous pou kenbe fanmi enfòme epi fè yo patisipe nan edikasyon pitit-yo. Sou

sit Entènèt, Parent Engagement, ou kapab jwenn ransèyman sou divès fason

pou w patisipe nan lekòl pitit-ou.

• Bay opòtinite pou aprantisay lakay

• Vin yon volontè (volunteer)

• Vin yon mentò, konseye (mentor)

• Patisipe – Bay lekòl-la ak elèv-la sipò

• Vin manm yon òganizasyon oswa komite pou paran

• Patisipe nan aktivite lekòl

PINNACLE

Avèk Pinnacle Internet Viewer, paran elèv k’ap fè klas midèleskoul ak ayeskoul, kapab

gade sou sit Entènèt-nou, klas pitit-yo ap pran, nòt pitit-yo pran pou devwa epi

regilarite lekòl sètadi dosye prezans ak absans pitit-yo. Fanmi kapab wè enfòmasyonan

nenpòt lè. Sistèm-la ekzije ou gen yon non itilizatè –username- (nimewo

idantifikasyon elèv-la nan lekòl Broward ki se student ID number) ak yon modepas

–password- (se dat nesans elèv-la ekri nan fòma militè). Egzanp, si dat nesans-la se 25

janvye 1992 (01/25/1992), modpas-la ta 19920125.

SCHOOLNOTES

Sou sit www.schoolnotes.com, pwofesè-yo kapab kreye nòt ak mesaj pou devwa,

bay ransèyman sou sa kab pase andedan klas-la epitou poste enfòmasyon-an sou

sit Wèb-la. Fanmi ak elèv-yo kapab konnekte sou sit-la epi louvri yon sesyon pou wè

nòt-yo. Mande pwofesè pitit-ou si li itilize sit Schoolnotes.

SCHOOL REASSIGNMENT

Distrik pèmèt elèv-yo aplike pou demann transfè (reassignment) nan lekòl nan

Distrik-la lè popilasyon elèv pa twòp nan yon lekòl oswa popilasyon-an vin nan yon

pwen kritik. Peryòd pou aplike pou yon demann transfè se ant premye desanm ak

11 fevriye pou anne k’ap swiv. Aplikasyon pou demann transfè disponnib nan chak

lekòl epitou sou sit Entènèt pandan peryòd aplikasyon.

SERVICE LEARNING

Service Learning Graduation Requirement ak Student Volunteer Service Program

familyarize elèv ayeskoul avèk lide pou yo vin patisipan, ajan chanjman lè yo fè

sèvis volontè nan lekòl ak nan kominote-yo. Service learning se yon pwogram

kowòdonnen avèk lekòl epi avèk pwogram sèvis kominotè andedan kominote-a. Li

entegre epi enfliyanse konnesans yon patisipan kapab fè pandan lavi-li epi enkli tan

estriktire pou reflechi sou esperyans sèvis kominotè.

Service learning anseye abilte pou patisipasyon nan lavi sivil epitou pou devlope

sans etik pou sèvis ak responsablite sivik. Elèv-yo kapab fè sèvis volontè nan

kominote a sètadi nan ajans piblik, ajans ki pa pou pwofi, òganizasyon charitab ak

òganizasyon gouvènmantal epi sou kanpis lekòl. Service Learning ak Volunteer

Service Program divize an twa nivo:

• Nivo I - Service Learning Hours - È sèvis obligatwa pou yon elèv ka diplome (40 è).

• Nivo II - Service Learning and Volunteer Service Hours – È sèvis kominotè obligatwa

pou yon elèv ka kalifye pou bous Florida Academic Scholars Program (youn nan

bous Bright Futures Scholarships (75 è).

• Nivo III - Volunteer Service Hours – È sèvis kominotè obligatwa pou yon elèv ka

mete yon kòdon ajan (silver cord) nan moman gradyasyon (250 è).

Elèv-yo dwe rankontre, nan lekòl-yo, Kowòdinatè pwogram sèvis kominotè pou elèv

(Student Volunteer Service Program Coordinator) pou yo ka jwenn fòm yo dwe

ranpli pou è sèvis kominotè.

REZOUD PWOBLÈM AVÈK PÈSONNÈL LEKÒL-LA

Lè pitit-ou gen yon pwoblèm nan lekòl-la, premye etap se asire ou gen tout ransèman

sou sitiyasyon-an, asire ou konnen tout sa ki pase. Pale dirèkteman avèk pwofesè pititou

anvan ou ale wè direktè lekòl-la (prensipal) oswa sipèrentandan-an. Si ou kwè

pwofesè-a pa vle rezoud keksyon-an oswa ou panse jan pwoblèm-la rezoud pa jis, fè

yon sijesyon pou nou toulede pale avèk yon medyatè (yon lòt pwofesè, asistan direktè

oswa direktè lekòl-la). Kontakte ofis Office of Service Quality pou plis estrateji ki kapab

ede-ou efektivman avèk pwoblèm-yo.

S.T.E.M – SCIENCE, TECHNOLOGY, ENGINEERING & MATH

Pwogram STEM – Syans, teknoloji, enjeniri, ak matematik. Bay elèv-yo opòtinite

envante, kreye, epi rezoud pwoblèm anmenmtan yap aprann abilte akademik

epi teknolojik nesesè pou yo kapab fè konkirans sou mache mondyal.

VIRTUAL COUNSELOR

Lè fanmi itilize Virtual Counselor nan Entènèt, li kapab swiv pwogrè pitit-li, epi jwenn

repons sou keksyon tipik li ta ka poze yon konseye oryantasyon lekòl (guidance

counselor). Sistèm-la montre dosye akademik anjeneral (nòt trimès ak semès nan

midèleskoul ak ayeskoul), rezilta nòt tès estanda (FSA, SAT, etc.), kondisyon nesesè

pou elèv diplome (GPA, plas), regilarite lekòl (dosye prezans ak absans), Plan

Edikasyon Endividyèl (Individual Education Plans - IEP), obligasyon (lajan ou dwe

lekòl-la pou liv oswa liv lekòl prete men ki pa tounen, etc.) epi planifye pou kolèj. Ou

va bezwen non itilizatè ak modepas (username and password) pou ou kapab

konekte nan sistèm-la. Kontakte depatman guidance lekòl pitit-ou pou plis

enfòmasyon.

Pwofesè klas-la antre nòt chak devwa ak tès nan sistèm-la epi fanmi kapab wè-yo nan

sistèm-la. Pinnacle kapab voye bay paran notifikasyon pa kourye elektwonnik (imel)

chak jou oswa chak semenn.

ENFÒMASYON SOU LEKÒL LETA NAN BRAWÒD

www.cscbroward.org | Facebook: www.facebook.com/cscbroward 93

Hooray! Your file is uploaded and ready to be published.

Saved successfully!

Ooh no, something went wrong!