22.12.2012 Views

déchets. stigmatisations, commerces, politiques ... - Viva Rio en Haiti

déchets. stigmatisations, commerces, politiques ... - Viva Rio en Haiti

déchets. stigmatisations, commerces, politiques ... - Viva Rio en Haiti

SHOW MORE
SHOW LESS

You also want an ePaper? Increase the reach of your titles

YUMPU automatically turns print PDFs into web optimized ePapers that Google loves.

80 | FATRA

rezoud pwoblèm lan, menm si yo konnen ke lè ou

an rapò ak fatra "nesesèman se yon defi si" e pou

tèt sa menm li ta dwe devwa otorite piblik yo. Epi

gen pozisyon yo ki aksantye sou patisipasyon kominotè

yo, ki ankouraje sistèm administrasyon ak

fi nansman pwòp tèt yo, yo defann sa a yon fason

pou yo ka bay sipò pwòp yo menm lan, men yo toujou

konte paradoksalman ak sipò lajan ki sóti deyò,

yo ka ajans entènsyonal oswa konpayi prive yo.

Nan deba sa a esè GRET lan merite pou n prete

atansyon ak li, nan moman rechèch la, li t ap tann

pou yo apwouve yon pwojè pilòt pou ranmase fatra

nan rejyon Matisan an. Teknik "konstriksyon sosyal"

yo ke GRET te aplike yo nan lòt domèn (espesyalman

kyosk dlo yo) y ap dirije omwen nan teori,

pa enstalasyon pwojè a ak transferans li touswit

nan kominote a (pa komite yo) an patenarya ak sektè

Leta yo, li vize tou pou yo retire l rapid nan zòn lan.

Inisyativ sa a prevwa kowòdone rezo yo pou ranmase

fatra a, ak sistèm pou popilasyon an peye. Sa

se yon lòt pwen konfl i nan koze sa a: yo dwe mande

oubyen pa mande popilasyon pòv nan zòn sa yo

pou yo peye pou ranmase fatra yo? GRET defann ke

popilasyon an dwe peye, tankou nan ka pou yo bay

dlo a, sila se pa tankou yon fòm pou yo soutni pwojè

yo se plis yon mwayen pou kreye sans sitwayènte

epi pou pwofi te dwa yo genyen an.

Yon dènye pwen nan diskisyon an ka mansyone

tou. Li te parèt nan yon sans kritik trè klè

pa fonksyonè yo ki responsabl Selil Jesyon objè

Solid yo nan Ministè Travay Piblik yo epi pa kèk

ajans entènasyonal yo, tankou AFD. Relasyon an

ant règleman ki gen rapò ak ranmasman epi tretman

fatra a ak inisyativ yo pou estabilizasyon ak

konba kont vyolans la. Pèspektiv sa a, se yon konbinezon

ki gen risk nan de fason: li pat ka rezoud

pwoblèm sanitasyon an pou anpil tan epi l te ka

kreye gwo fristrasyon ki te ka pwodwi plis vyolans.

Pou rezoud pwoblèm fatra a, sa t ap ekzije aksyon

politik epi bidjè espesifi k pou yon tan ki dire, sila

diferan de bidjè pou pwogram estabilizasyon

ki nesesèman pou yon ti tan kout epi ki plis fokalize.

Anplis sa a, selon yo menm, asosyasyon ant

netwayaj katye ki pòv yo ak kreye travay pou rezidan

yo, pafwa enplike gwo mobilizasyon, kreyasyon

ekspektativ ak risk pou li pa kontinye, sila te

ka chanje efè ke yo te k ap tann lan: dezòd.

Li klè, ke se yon ansanm pozisyon ki pa omojèn,

men ki trase yon chan aksyon, lide ak deba yo. Se nan

chan sa a kote pwogram yo enstale yo, sila yo ke VR

te kòmanse aplike nan domèn fatra a, an 2008, nan

zòn kote nou fè ètnografi an. Pèsepsyon ke kèk rezidan

nan zòn lan genyen de inisyativ VR a, yo gen

nuans tou. Nan yon bò, kèk moun eksprime satisfaksyon

pou lapwòpte ak Chanjman ki remakab yo ki t

ap pase nan kèk kote, pou tèt aksyon ekip netwayaj

lari ak kannal yo, pou enstalasyon poubèl ke yo itilize

touswit epi pou kanpay ki an rapò ak Bèlè Vèt

lan, ki pretand sansibilize moun yo. Nan lòt bò an,

pa janm pa gen dout sou kontinite aksyon sa yo, tankou

nan ka netwayaj kannal Rockfeller an nan zòn

Pon Rouj lan. An menm tan ke rezidan yo te kontan

pou travay brigad yo, yo pa t rate raple ke kannal la

te deja netwaye nan lòt okazyon, se "pa premye fwa

epi apre tout bagay yo tounen menm jan an", epi

pwoblèm salte an pa depann de yo menm, "men, de

sila yo ki jete yo anwo a, etan Petyon Vil".

Pami moun k ap viv nan zòn lan nou wè efè

yo nan pòs yo okipe nan travay yo, parapò ak ranmasman

fatra a ak netwayaj lari yo. Menm si se

pa yon travay ki stab epi se nan kèk okazyon nan

yon kout dire, resevwa yon salè gen yon gwo diferans

pou moun yo, sa a parèt nan konvèsasyon yo

epi nan fason ki jan yo fè travay la. Men yo rete an

dout pou kontinite travay la. Nan epòk rechèch sa

a, lòt moun yo ki pat jwenn travay yo santi yo fristre,

yo montre sa plizyè fwa nan fason yo menase

lòt moun yo avèk fòs yo.

12. KONKLIZYON

"Lanmè a pa janm kenbe salte, dlo an k ap koule

an li toujou pwòp". Deklarasyon tankou sa yo,

ke nou tande pandan rechèch la, sa yo revele bagay

ki pou wè ak linivè fatra a nan Pòtoprens epi

yo pèmèt nou tounen nan twa aspè ke nou te mansyone

nan kòmansman teks sila a: stigmatizasyon

a, politik ak komès yo.

Fraz yo refere ak yon provèb ke selon l fatra a

ta dwe jete tou senpleman, kote y ap jete l lan pa tèlman

enpòtan, paske dlo a ta sipoze pote fatra a nan

lanmè. Fraz yo ki te pwononse an Ayiti, yo dekri sansasyon

enpwisans swadizan kèk abitid riral yo epi

mank enfrastrikti nan mond iben an. Yo tou pote limyè

yon eleman kle nan pwosesis konfi girasyon ki

dekri nan teks sa a, lefèt ke pifò lokatè fèk rive nan

zòn nan yo sòti andeyó nan peyi a. Nan mikwo-rejyon

1 ak 2 yo, pifò lokatè yo pat fèt etan Pòtoprens,

nan mikwo-rejyon 4 ak 6 yo, gen yon gwo pwopòsyon

de pitit imigran yo. Gen kèk moun ki sòti lwen,

Hooray! Your file is uploaded and ready to be published.

Saved successfully!

Ooh no, something went wrong!